Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se vre Jezi te vin mouri pou mwen?

Èske se vre Jezi te vin mouri pou mwen?

LABIB chaje ak pawòl sensè yon seri moun “menm jan avèk nou” te di (Jak 5:17). Pa egzanp, li ka fasil pou nou konprann sa Pòl te vle di lè l te di pawòl nou jwenn nan Women 7:21-24 la ki di: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen. [...] Ala mizè pou mwen!” Lè n ap goumen ak enpèfeksyon nou gen lakay nou, li ankourajan pou nou konnen Pòl te gen santiman sa yo tou.

Gen lòt santiman Pòl te fè konnen li genyen. Nan Galat 2:20, li te fè konnen li gen konviksyon Jezi “renmen [l] e [li] livre tèt li pou [li]” pèsonèlman! Èske nou santi nou “menm jan” ak Pòl? Petèt nou pa toujou santi nou konsa.

Si nou konn santi nou pa gen valè akoz peche nou te fè nan tan lontan, pafwa li ka difisil pou n dakò Jewova renmen nou e li padone nou, e li ka pi difisil pou nou konsidere ranson an kòm yon kado ki pou nou menm pèsonèlman! Èske se vre Jezi vle nou konsidere ranson an kòm yon kado? Si repons lan se wi, ki sa k ka ede nou konsidere l konsa? Annou egzamine de kesyon sa yo.

FASON JEZI TE KONSIDERE SAKRIFIS LI FÈ A

Wi, Jezi vle nou konsidere sakrifis li fè a kòm yon kado li fè nou pèsonèlman. Ki jan n fè konn sa? Fè yon ti reflechi sou istwa Bib la pale de li nan Lik 23:39-43. Gen yon mesye ki pandye sou yon poto toupre Jezi. Li admèt li koupab pou move zak li te konn fè yo. Sandout sa l te fè yo te grav anpil, paske se sèl kriminèl ki te fè zak ki grav anpil yo te konn bay pinisyon rèd sa a. Mesye a te tèlman boulvèse, li te sipliye Jezi, li te di l: “Sonje m lè w vin wa.”

Ki jan Jezi te reyaji? Imajine Jezi ki vire tèt li pou l gade mesye a. Nou pa bezwen mande jan l t ap soufri! Malgre tout soufrans sa a, li fè efò pou l souri bay mesye a, epi li konsole l lè l di l: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avè m nan Paradi a.” Jezi te ka annik fè mesye a sonje “Pitit lòm nan [...] te vini [...] pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. (Mat. 20:28.) Men, èske w remake Jezi pa t fè sa? Avèk jantiyès, li te ede mesye a konprann sakrifis li fè a se pou mesye a tou. Li te montre li amikal ak mesye a, li te pale avè l pèsonèlman, li te di l: “W ap avè m.” Yon lòt bagay Jezi te fè ki montre mesye a ranson an se yon bagay ki pou li pèsonèlman se lefètke l te pale ak mesye a konsènan byenfè ranson an ap fè mesye a jwenn: li pral viv nan yon paradi sou tè a.

Pa gen dout nan sa, Jezi te vle mesye a aksepte sakrifis li t ap fè a kòm yon kado ki pou li pèsonèlman. Si Jezi te santi l konsa pou yon kriminèl ki pa t menm ap sèvi Bondye, se sèten l ap santi l konsa pou yon kretyen ki batize k ap sèvi Bondye! Ki sa k ka ede nou kwè sakrifis Kris te fè a ap fè n jwenn byenfè menm lè nou te peche anvan sa?

SA K TE EDE PÒL

Travay predikasyon Pòl t ap fè a te gen yon efè sou fason l te konsidere sakrifis Jezi a. Nan ki sans? Men sa l esplike: “Mwen gen Kris Jezi, Seyè nou an, rekonesans, li menm ki ban m pisans, paske li chwazi m pou sèvis li poutèt li wè m fidèl, byenke lontan mwen te yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan.” (1 Tim. 1:12-14). Travay Pòl t ap fè a te fè l gen asirans Jezi gen mizèrikòd, li renmen l e li fè l konfyans pèsonèlman. Menm jan an tou, Jezi bay nou chak responsablite pou nou fè travay predikasyon an (Mat. 28:19, 20). Èske travay sa a li ban nou fè a pa ede nou konprann li te mouri pou nou tou?

Albert pa gen twò lontan depi l rekòmanse sèvi Jewova apre l fin pase prèske 34 an eskominye. Men sa l esplike: “Se toutan peche m yo devan m. Men, lè m nan travay predikasyon an, menm jan ak apot Pòl, mwen santi se Jezi ki ban m responsablite pou m fè travay sa a. Sa ban m fòs, sa fè m gen santiman pozitif sou tèt mwen, sou lavi m ak avni m.” — Sòm 51:3.

Pandan w ap fè etid ak tout kalite moun, fè yo gen asirans Jezi fè yo mizèrikòd e li renmen yo.

Allan li menm te konn fè anpil krim e li te vyolan anpil anvan l te aprann laverite. Men sa l admèt: “Jiska prezan mwen toujou ap panse ak tout mechanste m te konn fè moun. Pafwa, sa fè m tris anpil. Men, mwen di Jewova mèsi dèske li kite yon pechè tankou m al pote bon nouvèl la bay lòt moun. Lè m wè fason moun yo reyaji devan bon nouvèl la, sa fè m sonje jan Jewova bon ak jan li gen lanmou. Mwen santi li sèvi avè m pou l ede moun ki gen pwoblèm paske yo te fè move aksyon tou.”

Travay predikasyon n ap fè a pèmèt nou sèvi ak tout fòs nou pou nou fè bon aksyon e pou nou gen bon panse. Li fè nou gen asirans Jezi fè nou mizèrikòd, li renmen nou e li fè nou konfyans.

JEWOVA PI GRAN PASE KÈ NOU

Toutotan sistèm mechan Satan an pa fini, kè nou ka kontinye kondane nou akoz peche nou te fè nan tan lontan yo. Ki sa k ap ede nou lite ak santiman konsa?

Tanzantan Jean ap goumen ak santiman ki fè l santi l koupab akoz li t ap mennen de vi lè l te jèn. Men, sa l di: “Mwen kontan konnen ‘Bondye pi gran pase kè nou.’” (1 Jan 3:19, 20). Nou menm tou nou ka jwenn konsolasyon dèske nou konnen Jewova ak Jezi konprann sitiyasyon nou antanke pechè pi byen pase nou. Nou bezwen sonje, ranson yo te bay paske yo renmen nou an, se pa t pou moun pafè yo te bay li, men se pou moun ki fè peche e ki repanti. — 1 Tim. 1:15.

Nou kapab gen konviksyon ranson an se pou nou pèsonèlman lè n priye e nou medite sou fason Jezi te aji ak moun ki enpafè e lè nou fè tout sa nou kapab pou nou fè travay predikasyon li ban nou fè a. Lè nou fè sa, menm jan ak apot Pòl, nou kapab di: Jezi “renmen m e [li] livre tèt li pou mwen.”