Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 30

Kontinye mache nan laverite

Kontinye mache nan laverite

“Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite.” — 3 JAN 4.

KANTIK 54 “Men chemen an”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Jan sa parèt nan 3 Jan 3, 4, ki sa k fè nou kontan?

ÈSKE W ka imajine jan apot Jan te kontan lè l te aprann moun li te ede aprann laverite yo te kontinye sèvi Jewova fidèlman? Yo te jwenn anpil pwoblèm, e apot Jan t ap travay di pou l ranfòse lafwa kretyen fidèl sa yo li te konsidere kòm pitit li. Menm jan an tou, nou kontan lè pitit nou yo, kit se pitit nou fè kit se moun nou ede aprann laverite, vwe Jewova lavi yo epi kontinye sèvi l. — Li 3 Jan 3, 4.

2. Nan ki objektif apot Jan te ekri lèt ki pote non l yo?

2 Nan ane 98 epòk nou an, petèt Jan t ap viv nan vil Efèz oubyen toupre. Sanble li t al viv la apre li te retounen sot ann egzil sou zile Patmòs. Apeprè nan menm epòk sa a, lespri sen Jewova te pouse l ekri toule twa lèt ki pote non l yo. Objektif lèt sa yo se te ankouraje kretyen fidèl yo pou yo kontinye gen lafwa nan Jezi e pou yo kontinye mache nan laverite.

3. Ki kesyon nou pral reponn?

3 Jan se te dènye apot ki te vivan e li te enkyete paske te gen yon seri fo anseyan ki t ap enfliyanse kongregasyon yo * (1 Jan 2:18, 19, 26). Aposta sa yo te pretann yo te konnen Bondye, men yo pa t obeyi kòmandman Jewova yo. Ann egzamine konsèy Bondye te enspire apot Jan pou l bay la. Pandan n ap fè sa, n ap reponn twa kesyon: Ki sa mache nan laverite vle di? Ki sa k ka anpeche nou fè sa? E ki jan youn ka ede lòt rete nan laverite?

KI SA MACHE NAN LAVERITE VLE DI?

4. Selon 1 Jan 2:3-6 ak 2 Jan 4, 6, ki sa nou bezwen fè pou nou mache nan laverite?

4 Pou nou mache nan laverite, nou bezwen konnen verite ki nan Labib, Pawòl Bondye a. Mete sou sa, nou dwe “obeyi kòmandman” Jewova yo. (Li 1 Jan 2:3-6; 2 Jan 4, 6.) Se Jezi ki bay pi bèl egzanp nan obeyi Jewova. Donk, youn nan fason ki enpòtan nou obeyi Jewova se lè nou fè tout sa n kapab pou n suiv tras Jezi pye pou pye. — Jan 8:29; 1 Pyè 2:21.

5. Ki konviksyon nou dwe genyen?

5 Pou nou kontinye mache nan laverite, nou dwe gen konviksyon Jewova se Bondye verite a, e tout sa l di nou nan Pawòl li a, Labib, se laverite. Nou dwe gen konviksyon tou Jezi se Mesi li te pwomèt la. Jodi a, gen anpil moun ki pa fin kwè Bondye te chwazi Jezi kòm Wa nan Wayòm li an. Jan te fè konnen te gen “anpil blofè” ki te ka twonpe moun ki pa t pare pou yo defann laverite sou Jewova ak Jezi (2 Jan 7-11). Men sa Jan te ekri: “Kiyès ki mantè a, si se pa moun ki nye se Jezi ki Kris la?” ​(1 Jan 2:22). Sèl fason nou ka anpeche moun twonpe nou se lè nou etidye Pawòl Bondye a. Se sèlman si nou fè sa n ap rive konnen Jewova ak Jezi (Jan 17:3). E se sèlman lè sa a n ap ka gen konviksyon nou nan laverite.

KI SA K KA ANPECHE NOU MACHE NAN LAVERITE?

6. Bay youn nan bagay ki ka anpeche jèn kretyen yo kontinye mache nan laverite.

6 Tout kretyen dwe veye pou yo pa kite ansèyman lèzòm yo twonpe yo (1 Jan 2:26). Jèn kretyen yo sitou bezwen veye pou yo pa pran nan pyèj sa a. Men sa Alexia *, yon sè ki moun peyi Lafrans, ki gen 25 an, di: “Lè m te pi jèn, rezònman monn nan, tankou teyori evolisyon an ak ansèyman lèzòm yo, te konn gen efè sou mwen. Pafwa, ansèyman sa yo te konn atire m. Men, mwen te santi mwen pa t ka annik koute sa yo t ap di lekòl la san m pa bay Jewova chans pou l pale avè m.” Alexia te etidye liv La vie: comment est-elle apparue? Evolution ou création? an. Apre kèk semèn, dout li te genyen yo pa t la ankò. Men sa Alexia di: “Mwen te pwouve tèt mwen sa Labib di yo se laverite. E m vin rann mwen kont lè m aplike prensip ki ladan l yo sa fè m gen kè kontan e mwen anpè.”

7. Ki sa nou dwe veye pou nou pa fè, e poukisa?

7 Se tout kretyen, kit yo jèn kit yo granmoun, ki dwe veye pou yo pa fè kòmsi y ap sèvi Jewova epi anmenmtan y ap fè sa k pa bon. Apot Jan te esplike nou pa ka ap mache nan laverite e anmenmtan pou n ap mennen yon vi ki imoral (1 Jan 1:6). Si nou vle gen favè Bondye kounye a e alavni, nou dwe toujou sonje Jewova wè tout sa n ap fè. Jewova konnen lè nou peche, paske tout sa nou fè ekspoze aklè devan Jewova. — Ebre 4:13.

8. Ki sa nou dwe rejte?

8 Nou dwe rejte fason moun nan monn nan konsidere peche. Men sa apot Jan te ekri: “Si nou deklare: ‘Nou san peche’, se tèt nou n ap twonpe, e laverite pa nan nou.” ​(1 Jan 1:8). Nan epòk apot Jan, aposta yo te fè konnen yon moun te kapab ap pratike peche e malgre sa li kontinye gen favè Bondye. Jodi a, n ap viv nan mitan moun ki wè bagay yo menm jan an. Anpil moun di yo kwè nan Bondye men yo pa dakò ak fason Jewova konsidere peche, sitou prensip Jewova bay nan kesyon ki gen rapò ak sèks. Gen yon seri pratik Jewova kondane, men yo konsidere pratik sa yo kòm yon desizyon pèsonèl, sa vle di, yon moun kapab fè yo si l vle.

Jèn, chèche konn rezon ki fè Jewova di yon bagay bon oswa l pa bon. Konsa, w ap ka esplike rezon ki fè w chwazi pa fè sa ki mal. (Gade paragraf 9.) *

9. Ki byenfè jèn yo ap jwenn lè yo suiv prensip ki nan Bib la?

9 Li ka difisil anpil pou jèn kretyen yo suiv prensip Jewova bay anrapò ak sèks lè elèv nan lekòl yo oswa moun nan travay yo pa aksepte sa Bib la di sou kesyon sa yo e y ap fè presyon sou yo pou yo dakò avèk yo. Se sa k te rive yon jèn frè ki rele Aleksandro. Men sa l di: “Gen kèk ti fi nan lekòl la ki t ap fè presyon sou mwen pou m fè sèks avèk yo. Yo te di si m pa gen menaj se paske m se omoseksyèl.” Si w jwenn eprèv konsa, sonje lè w suiv prensip ki nan Bib la, w ap gen respè tèt ou, w ap pwoteje sante w, w ap evite soufrans, e w ap rete pwòch ak Jewova. Mete sou sa, chak fwa ou reziste pou w pa tonbe nan tantasyon, l ap pi fasil pou w fè sa ki byen. Pa bliye tou, se Satan ki fè moun yo gen yon move pwennvi sou sèks. Donk, lè w pa kite fason monn nan panse enfliyanse w, ou “pot laviktwa sou Mechan an”. — 1 Jan 2:14.

10. Ki jan 1 Jan 1:9 ede nou sèvi Jewova ak yon konsyans ki klè?

10 Nou rekonèt Jewova gen dwa pou l di nou ki sa ki peche. E nou fè tout sa nou kapab pou nou pa peche. Men, lè nou peche, nou konfese peche a bay Jewova nan lapriyè. (Li 1 Jan 1:9.) E si nou fè yon peche grav, nou chèche èd nan men ansyen yo, yo menm Jewova bay responsablite pou pran swen nou (Jak 5:14-16). Men, nou pa ta dwe kontinye santi nou koupab poutèt erè nou te fè lontan yo. Poukisa? Paske Papa nou an ki renmen nou bay sakrifis ranson Pitit Gason l lan pou peche nou ka jwenn padon. Lè Jewova di l ap padone moun ki peche ki repanti, li fè sa vre. Kidonk, pa gen anyen ki ka anpeche nou sèvi Jewova ak yon konsyans ki klè. — 1 Jan 2:1, 2, 12; 3:19, 20.

11. Ki jan nou ka pwoteje lespri nou kont ansèyman ki ka kraze lafwa nou?

11 Nou dwe rejte ansèyman aposta yo. Depi nan kòmansman kongregasyon kretyen an, Dyab la ap itilize anpil moun k ap bay manti pou mete dout nan lespri sèvitè fidèl Bondye yo. Donk, nou bezwen konnen ki jan pou n fè diferans ant sa ki verite ak sa ki manti *. Ènmi nou yo ka itilize Entènèt oubyen rezo sosyal yo pou yo eseye fè nou sispann gen konfyans nan Jewova oubyen pou nou sispann renmen frè nou yo. Pa kwè nan pwopagann sa yo, paske se Satan k ap gaye yo. — 1 Jan 4:1, 6; Rev. 12:9.

12. Poukisa nou dwe chèche gen plis lafwa nan verite nou aprann yo?

12 Pou Satan pa rive febli lafwa nou, nou bezwen chèche gen plis konfyans nan Jezi ak nan wòl li jwe nan objektif Bondye. Mete sou sa, nou bezwen gen konfyans nan sèl gwoup moun Jewova ap itilize pou l dirije òganizasyon l lan jodi a (Mat. 24:45-47). Nou ka ranfòse konfyans sa a lè nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman. Lè sa a, lafwa nou ap menm jan ak yon pyebwa ki gen rasin ki fon. Pòl te di apeprè menm bagay la lè l t ap ekri kongregasyon Kolòs la. Li te di: “Piske nou te aksepte Kris Jezi, Seyè a, se pou nou kontinye mache ann inyon avèk li, pou nou anrasinen nan li, pou nou bati nan li, pou nou vin fèm nan lafwa.” ​(Kol. 2:6, 7). Si nou fè gwo efò pou lafwa nou vin solid, ni Satan, ni moun l ap enfliyanse yo pap ka fè anyen k ap anpeche nou kontinye mache nan laverite. — 2 Jan 8, 9.

13. Ki sa nou dwe atann, e poukisa?

13 Nou dwe atann nou moun nan monn nan ap rayi nou (1 Jan 3:13). Apot Jan fè nou sonje “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. (1 Jan 5:19.) Ofiramezi sistèm sa a ap rive nan fen l, Satan ap vin pi fache toujou (Rev. 12:12). Satan sèvi ak yon seri atak anba anba tankou imoralite ak manti aposta yo ap bay yo. Li sèvi ak atak dirèk tou, tankou pèsekisyon. Satan konnen se yon tikras tan li genyen pou l eseye kanpe travay predikasyon n ap fè a oswa pou l kraze lafwa nou. Donk, nou pa sezi lefètke yo anpeche travay nou an fèt oswa yo entèdi l nan anpil peyi. Malgre sa, frè n ak sè n yo nan peyi sa yo gen andirans. Yo montre kèlkeswa sa mechan an fè nou, nou ka pote laviktwa!

SE POU YOUN EDE LÒT RETE NAN LAVERITE

14. Bay youn nan fason nou ka ede frè n ak sè n yo rete nan laverite.

14 Pou n ede frè n ak sè n yo rete nan laverite, nou dwe demontre konpasyon pou yo (1 Jan 3:10, 11, 16-18). Youn bezwen renmen lòt, nonsèlman lè bagay yo ap mache byen, men tou lè gen pwoblèm. Pa egzanp, èske w konn yon moun ki gen yon moun pa l ki mouri e ki bezwen pou w konsole l oswa ede l yon fason pratik? Oswa èske w aprann gen kwayan parèy ou ki pèdi byen yo nan katastwòf natirèl e ki bezwen èd pou yo rekonstwi Sal Wayòm yo oswa kay yo? Nou montre nan ki degre nou renmen frè n ak sè n yo e nou gen konpasyon pou yo, nonsèlman nan sa n ap di, men, sa k pi enpòtan an, grasa sa nou fè.

15. Ki sa nou bezwen fè selon 1 Jan 4:7, 8?

15 Nou imite Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou lè nou demontre lanmou youn pou lòt. (Li 1 Jan 4:7, 8.) Yon bon fason nou demontre lanmou se lè youn padone lòt. Pa egzanp, yon moun gendwa fè nou yon bagay ki fè nou mal apre sa li mande nou padon. Nou montre nou renmen l lè nou padone l e nou bliye sa l te fè a (Kol. 3:13). Gen yon frè ki rele Aldo ki te jwenn yon eprèv konsa lè l te tande yon bagay mal yon frè li gen anpil respè pou li te di sou moun menm ras avè l. Men sa Aldo di: “M te priye Jewova anpil pou l ede m pou m pa kenbe frè sa a nan kè.” Men, Aldo te fè yon lòt bagay. Li te deside mande frè a al preche avè l. Pandan y ap preche ansanm, Aldo te esplike l jan sa l te di a te fè l mal. Aldo di: “Lè frè a tande jan sa te fè m mal, li te mande m padon. M te ka santi nan ton vwa l jan li te regrèt sa l te di a. Nou te rete zanmi e nou te bliye sa k te pase a.”

16-17. Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

16 Apot Jan te santi li gen anpil lanmou pou frè l yo e li gen anpil sousi pou yo. Nou ka wè santiman sa yo nan konsèy li te ba yo nan toule twa lèt Bondye te pouse l ekri yo. Se pa ti ankourajan sa ankourajan lè nou konnen se yon seri gason ak fi, ki gen lanmou menm jan avè l, Bondye chwazi pou al dirije ansanm ak Kris nan syèl la! — 1 Jan 2:27.

17 Annou bay konsèy nou sot egzamine la yo anpil enpòtans. Annou pran detèminasyon pou nou mache nan laverite, pou nou obeyi Jewova nan tout aspè nan lavi nou. Etidye Pawòl li a, epi fè Pawòl la konfyans. Chèche gen yon lafwa solid nan Jezi. Rejte ansèyman lèzòm yo ak ansèyman aposta yo. Pa janm fè kòmsi w ap sèvi Jewova toutpandan w ap fè move bagay, epi pa koute moun k ap eseye fòse w fè sa k pa bon. Viv ann amoni ak prensip moral wo nivo Jewova yo. Epi, annou ede frè n ak sè n yo rete djanm lè nou padone moun ki fè nou sa ki mal e lè nou ede moun ki nan bezwen. Lè sa a, menm lè nou jwenn difikilte, n ap kontinye mache nan laverite.

KANTIK 49 Annou fè kè Jewova kontan

^ § 5 N ap viv nan yon monn ki anba dominasyon Satan, papa manti a. Sa fè n oblije ap goumen toutan pou nou mache nan laverite. Kretyen ki t ap viv nan fen premye syèk epòk nou an te gen menm pwoblèm nan. Pou Jewova te ede yo e pou l ede n tou, li te pouse apot Jan ekri twa lèt. Sa ki ekri nan lèt sa yo ap ede nou wè ki pwoblèm nou ka jwenn e y ap ede nou rezoud yo.

^ § 6 Gen non moun yo chanje.

^ § 11 Gade atik etid “Èske w gen tout enfòmasyon yo?” nan Toudegad out 2018.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon jèn sè nan lekòl li, tout kote l vire se pwopagann k ap fèt pou omoseksyalite. (Nan kèk peyi, koulè lakansyèl se koulè moun ki omoseksyèl yo adopte.) Annapre, sè nou an pran tan pou l fè rechèch pou l fòtifye lafwa l antanke kretyen. Sa ede l lè l vin fè fas ak yon sitiyasyon difisil.