Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 29

“Lè m fèb, se atò m gen pisans”

“Lè m fèb, se atò m gen pisans”

“Mwen kontan anpil lè m fèb, lè y ap joure m, lè mwen nan detrès, lè y ap pèsekite m, lè m nan difikilte, poutèt Kris.” — 2 KOR. 12:10.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa apot Pòl te fè konnen aklè?

APOT Pòl te fè konnen aklè pafwa li te konn santi l fèb. Li te admèt kò l ap “depafini”, li te dwe goumen pou l fè sa ki byen e Jewova pa t toujou reponn priyè l yo fason l te espere Li t ap reponn nan (2 Kor. 4:16; 12:7-9; Wom. 7:21-23). Pòl te fè konnen tou moun ki opoze avèk li yo te konsidere l kòm yon moun ki fèb *. Men, li pa t kite ni pwennvi negatif lòt moun genyen, ni pwòp feblès li fè l panse li pa gen valè. — 2 Kor. 10:10-12, 17, 18.

2. Selon 2 Korentyen 12:9, 10, ki gwo leson Pòl te aprann?

2 Pòl te aprann yon gwo leson: yon moun ka gen fòs menm lè li santi l fèb. (Li 2 Korentyen 12:9, 10.) Jewova te di Pòl pisans Li “ap vin pafè pou [li] lè [l] fèb”, sa vle di pisans Jewova t ap fè Pòl jwenn fòs li manke a. Toudabò, annou wè rezon ki fè nou pa dwe bay tèt nou pwoblèm lè moun ki opoze avè n yo manke nou dega.

SE POU W “KONTAN ANPIL [...] LÈ Y AP JOURE” W

3. Poukisa nou ka kontan anpil lè y ap joure nou?

3 Pèsonn pa renmen lè yo joure yo. Men, si ènmi nou yo joure nou, e nou kite sa yo di nou an ban nou anpil pwoblèm, nou ka vin dekouraje (Pwo. 24:10). Donk, ki jan nou dwe konsidere vye pawòl moun ki opoze avè n yo di nou? Menm jan ak Pòl, nou ka “kontan anpil [...] lè y ap joure” nou (2 Kor. 12:10). Poukisa? Paske jouman ak opozisyon se siy ki montre nou se vrè disip Jezi (1 Pyè 4:14). Jezi te di yo t ap pèsekite disip li yo (Jan 15:18-20). Sa te rive nan premye syèk la. Lè sa a, moun ki te kite filozofi grèk la enfliyanse yo te konsidere kretyen yo kòm moun ki pa entèlijan e ki fèb. E gen kèk Juif ki te konsidere kretyen yo kòm moun ki “pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”, tankou apot Pyè ak apot Jan (Tra. 4:13). Kretyen yo te parèt fèb. Yo pa t nan politik, yo pa t antre nan lame, e moun pa t ba yo valè nan sosyete a.

4. Ki jan premye kretyen yo te reyaji lè opozan yo te mal wè yo?

4 Èske premye kretyen sa yo te kite santiman negatif opozan yo te genyen bloke yo? Non. Pa egzanp, apot Pyè ak apot Jan te konsidere se yon onè pou yo pèsekite yo poutèt y ap suiv Jezi e poutèt y ap fè lòt moun konn ansèyman l yo (Tra. 4:18-21; 5:27-29, 40-42). Disip yo pa t gen okenn rezon pou yo wont. Menmsi moun nan epòk la pa t gen respè pou premye kretyen yo, kretyen sa yo te fè plis bagay pou ede lòt moun pase kèlkeswa moun ki te opoze ak yo. Pa egzanp, liv Bondye te enspire kèk nan kretyen sa yo pou yo ekri yo kontinye ede plizyè milyon moun, e liv sa yo fè yo gen esperans. Nonsèlman Wayòm yo te konn pale de li a egziste jodi a, men talè konsa, li pral dirije tout limanite (Mat. 24:14). Pisans politik ki te gen anpil pouvwa ki t ap pèsekite kretyen yo gen anpil tan depi l pa egziste ankò, alòske disip fidèl sa yo se wa nan syèl la kounye a. Sepandan, moun ki te opoze avèk yo mouri depi lontan. Si jamè y ap resisite, malgre yo te rayi kretyen yo, se anba dominasyon Wayòm kretyen yo t ap preche a yo pral viv. — Rev. 5:10.

5. Selon Jan 15:19, poukisa yo meprize moun k ap sèvi Jewova yo?

5 Jodi a, antanke moun k ap sèvi Jewova, pafwa yo konn meprize nou e yo konn pase nou nan rizib kòmkwa nou se moun ki pa entèlijan e ki fèb. Sa k fè sa? Paske nou pa gen menm atitid ak lòt moun yo. Nou fè efò pou nou gen imilite e pou nou obeyisan. Yon lòt bò, monn nan fè lwanj pou moun ki gen ògèy, ki awogan e ki rebèl. Mete sou sa, nou pa antre nan politik e nou pa antre nan lame nan okenn peyi. Nou pa aji menm jan ak moun nan monn nan, se sa k fè yo pa ban nou valè. — Li Jan 15:19; Wom. 12:2.

6. Ki gwo travay Jewova ap ede pèp li a fè?

6 Kèlkeswa sa monn nan panse de nou, Jewova sèvi avè n pou l akonpli yon seri bagay estrawòdinè. Jewova ap reyalize pi gwo kanpay predikasyon an sou tè a. Peryodik ki tradui nan plis lang e yo plis distribye sou tè a, se sèvitè l yo k ap fè yo jodi a. Yo sèvi ak Bib la pou ede plizyè milyon moun amelyore fason y ap viv. Se grasa Jewova tout bèl travay sa yo fèt, li menm ki sèvi ak yon ti gwoup moun ki parèt fèb pou reyalize gwo travay sa yo. Men, e nou chak pèsonèlman, èske Jewova kapab ede nou vin gen pisans? Si l ka fè sa, ki sa nou dwe fè pou l ede nou? Kounye a, ann egzamine twa bagay nou ka aprann nan egzanp apot Pòl.

PA KONTE SOU PWÒP FÒS OU

7. Bay youn nan leson nou aprann nan egzanp apot Pòl.

7 Men youn nan leson nou aprann nan egzanp apot Pòl: Pa konte sou pwòp fòs ou oswa sou kapasite w lè w ap sèvi Jewova. Selon sa yon moun ka panse, Pòl te gen rezon pou l santi l fyè e pou l kwè nan tèt li. Li te grandi nan vil Tas, ki te vil prensipal nan yon pwovens Wòm. Tas se te yon vil ki te gen anpil richès e te gen yon gwo inivèsite nan zòn sa a. Pòl te resevwa gwo fòmasyon. Se youn nan chèf juif moun te pi respekte nan epòk li a ki rele Gamalyèl ki te pwofesè l (Tra. 5:34; 22:3). E pandan yon tan, Pòl te yon moun enpòtan nan mitan Juif yo. Men sa l te di: “Mwen te fè plis pwogrè nan jidayis la pase anpil moun menm nasyon avè m ki te nan laj mwen.” ​(Gal. 1:13, 14; Tra. 26:4). Men, Pòl pa t konte sou tèt li.

Pòl te konsidere sa k te sanble avantaj nan monn nan tankou “yon pil fatra” lè l konpare yo ak privilèj li te genyen pou l suiv Kris. (Gade paragraf 8.) *

8. Selon Filipyen 3:8, ki jan Pòl te konsidere bagay li te abandone yo, e poukisa li te “kontan anpil lè [l] fèb”?

8 Pòl te kontan abandone bagay ki te fè l gen pouvwa selon monn nan. Anfèt, li te vin konsidere sa k te sanble avantaj pou li yo tankou “yon pil fatra”. (Li Filipyen 3:8.) Pòl te jwenn anpil pwoblèm poutèt li te vin disip Kris. Moun nan pwòp nasyon l te rayi l (Tra. 23:12-14). E Women yo, ki te gen menm nasyonalite avè l te bat li e yo te mete l nan prizon (Tra. 16:19-24, 37). Mete sou sa, sa te fè Pòl mal lè l te wè feblès li gen lakay li (Wom. 7:21-25). Men, Pòl pa t kite opozan l yo oswa pwòp feblès li anpeche l suiv Kris, okontrè, li te “kontan anpil lè [l] fèb”. Sa k fè sa? Se paske se lè l te fèb li te wè pisans Bondye k ap aji nan lavi l. — 2 Kor. 4:7; 12:10.

9. Ki jan nou dwe konsidere kèlkeswa bagay ki fè nou parèt fèb?

9 Si nou vle Jewova ban nou pisans, nou pa dwe panse se fòs nou genyen, edikasyon nou te resevwa, kote nou te leve oswa richès nou genyen ki fè nou gen valè. Se pa bagay sa yo ki fè nou itil Jewova. Anfèt, pa gen anpil moun k ap sèvi Bondye “ki save dapre lèzòm, ni anpil moun ki gen pouvwa, ni anpil moun ki fèt nan gran fanmi”. Men, Jewova chwazi itilize “bagay fèb [ki gen] nan monn nan”. (1 Kor. 1:26, 27.) Kidonk, pa panse ou pa ka sèvi Jewova si w pa gen bagay sa yo. Okontrè, lefètke w pa genyen yo sa ba w posiblite pou w wè pisans Jewova k ap aji nan ou. Pa egzanp, si w ta santi w kraponnen devan moun k ap eseye fè w gen dout sou kwayans ou, priye Jewova pou l ba w kran lè w ap defann lafwa w (Efe. 6:19, 20). Si w ap lite ak yon maladi k ap fatige w, mande Jewova pou l ba w fòs ou bezwen pou w ka ret aktif nan sèvis li mezi w kapab. Chak fwa w wè Jewova ede w, w ap vin gen plis lafwa e w ap vin pi djanm.

LESON NOU APRANN NAN EGZANP KI NAN BIB LA

10. Poukisa nou dwe etidye egzanp yon seri moun fidèl, tankou moun Bib la pale de yo nan Ebre 11:32-34?

10 Pòl te yon moun ki te renmen etidye Pawòl Bondye a. Li te aprann anpil bagay nan egzanp yon seri moun yo pale de yo nan Pawòl Bondye a ki te konn sèvi Jewova fidèlman. Lè Pòl t ap ekri kretyen ebre yo, li te mande yo pou yo reflechi sou egzanp yon pakèt sèvitè fidèl Jewova nan tan lontan. (Li Ebre 11:32-34.) Ann pran egzanp wa David ki te youn nan moun sa yo. Li te fè fas ak opozisyon nonsèlman anba men ènmi l yo, men tou anba men kèk moun ki te zanmi l yon lè. Lè nou egzamine egzanp David, n ap wè jan Pòl te jwenn fòs lè l te medite sou lavi David, e n ap wè fason nou ka imite Pòl.

Lè David te leve defi Golyat te ba l la, li te fè sa ki pa t sanble yon avantaj tounen yon okazyon pou l wè pisans Bondye k ap aji. (Gade paragraf 11)

11. Sa k fè David te parèt fèb? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

11 Golyat, ki te yon sòlda ki te gen anpil fòs ki te konn fè lagè, te konsidere David tankou yon moun ki fèb. Lè Golyat te wè David, li te “pase l nan rizib”. Dayè, Golyat te pi gwonèg pase David, li te gen pi bon ekipman pase l e li te pi byen antrene pou l fè lagè. Alòske David se te yon tigason ki pa gen eksperyans e ki te sanble pa gen bon ekipman pou l batay. Men, David te fè sa k te parèt pa nan avantaj li a vin tounen fòs li. Li te konte sou Jewova pou l jwenn fòs e li te rive pot laviktwa sou ènmi l lan. — 1 Sam. 17:41-45, 50.

12. Ki lòt difikilte David te jwenn?

12 David te gen yon lòt pwoblèm ki te ka fè l santi l fèb. David te yon sèvitè fidèl wa Sayil, moun Jewova te chwazi kòm wa Izrayèl la. Okòmansman, wa Sayil te respekte David. Annapre, ògèy te fè Sayil vin jalou David. Sayil te mal aji ak David, li te menm eseye touye l. — 1 Sam. 18:6-9, 29; 19:9-11.

13. Ki jan David te reyaji devan enjistis wa Sayil te fè l?

13 Malgre wa Sayil te mal aji ak David, David te kontinye montre respè pou wa Jewova chwazi a (1 Sam. 24:6). David pa t akize Jewova pou move bagay Sayil te fè yo. Okontrè, David te konte sou Jewova pou l ba l fòs li te bezwen pou l andire gwo eprèv sa a. — Sòm 18:1, pawòl ki anlè tèt chapit la.

14. Ki sitiyasyon apot Pòl te fè fas ki sanble ak sitiyasyon David?

14 Apot Pòl te fè fas ak yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon David la. Ènmi Pòl yo te gen plis fòs pase l lontan. Anpil dirijan nan epòk li a ki te gen anpil pouvwa te rayi l. Byen souvan, yo te konn fè bat li e yo te konn mete l nan prizon. Menm jan ak David, gen yon seri moun ki te dwe zanmi Pòl ki te mal aji avè l. Te gen kèk moun nan kongregasyon an ki te menm opoze avè l (2 Kor. 12:11; Flp. 3:18). Men, Pòl te pot laviktwa sou tout moun ki t ap konbat li yo. Ki jan? Li te kontinye preche malgre opozisyon. Li te ret fidèl ak frè l ak sè l yo menm lè yo te desevwa l. E sa k te pi enpòtan an, li te ret fidèl ak Bondye pandan tout vi l (2 Tim. 4:8). Se pa paske l te konte sou pwòp fòs li ki fè l te rive fè fas ak tout pwoblèm sa yo, men se paske l te konte sou Jewova.

Se pou w montre respè ak jantiyès lè w ap rezone ak moun ki pa dakò ak kwayans ou antanke kretyen. (Gade paragraf 15.) *

15. Ki objektif nou genyen e ki jan nou ka reyalize objektif sa a?

15 Èske w oblije fè fas ak moun k ap manke w dega oswa k ap pèsekite w nan lekòl ou, nan travay ou oswa moun nan fanmi w ki pa Temwen? Èske gen yon moun nan kongregasyon an ki te mal aji avè w? Si sa te rive w, sonje egzanp David ak Pòl. Ou ka kontinye “pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen”. (Wom. 12:21.) Ou pa gen objektif pou w fè yon wòch antre nan fontenn tèt pèsonn, jan David te fè a, men, pou w fè Pawòl Bondye a chita nan lespri ak nan kè moun. Ou ka rive fè sa lè w sèvi ak Bib la pou w reponn kesyon moun yo poze, lè w demontre respè ak jantiyès pou moun ki mal aji avè w e lè w fè byen pou tout moun, menm moun ki ènmi w. — Mat. 5:44; 1 Pyè 3:15-17.

KITE LÒT MOUN EDE W

16-17. Ki sa Pòl pa t janm bliye?

16 Anvan apot Pòl te vin yon disip Kris, li te yon jèn gason ki te ensolan e ki te konn pèsekite disip Jezi yo (Tra. 7:58; 1 Tim. 1:13). Se Jezi ki te fè Pòl, ki te rele Sòl anvan sa, sispann pèsekite kongregasyon an. Jezi te pale ak Pòl detan l nan syèl la e li te fè l vin avèg. Pou Pòl te ka wè ankò, li te oblije chèche èd nan men moun li t ap pèsekite yo. Avèk imilite, li te kite yon disip ki rele Anànyas ede l vin wè ankò. — Tra. 9:3-9, 17, 18.

17 Annapre, Pòl te vin yon kretyen moun byen konnen nan kongregasyon an, men li pa t janm bliye leson Jezi te ba l sou wout Damas la. Pòl te kontinye gen imilite, e li te dispoze kite frè l ak sè l yo ede l. Li te rekonèt yo se “yon èd ki [ba l] fòs”. — Kol. 4:10, 11, nòt.

18. Sa k fè nou ka renka pou nou kite lòt moun ede n?

18 Ki sa nou ka aprann nan egzanp Pòl? Lè nou te kòmanse frekante pèp Jewova a, petèt nou te kontan kite lòt moun ede n, nou te rann nou kont nou tankou tibebe e nou gen anpil bagay pou n aprann (1 Kor. 3:1, 2). Men, ki jan sa ye kounye a? Si nou gen anpil ane depi n ap sèvi Jewova e nou vin gen anpil eksperyans, nou ka pa dispoze aksepte èd menm jan nou te konn fè sa anvan, sitou si nou gen plis tan nan laverite pase moun k ap ede nou an. Men, byen souvan Jewova sèvi ak frè n ak sè n yo pou ban nou fòs (Wom. 1:11, 12). Nou dwe rekonèt sa si nou vle Jewova ban nou fòs.

19. Sa k fè Pòl te reyisi?

19 Pòl te fè kèk bagay estrawòdinè lè l te vin kretyen. Sa k fè sa? Se paske li te aprann pou yon moun reyisi sa pa depann de pwòp fòs pa l, oswa fòmasyon l te resevwa, oubyen richès li genyen oswa klas sosyal li, men se si l gen imilite e si l konte sou Jewova. Se pou nou tout imite Pòl 1) lè nou konte sou Jewova, 2) lè nou aprann nan egzanp ki nan Bib la e 3) lè nou kite kwayan parèy nou ede nou. Lè nou fè sa, menmsi nou ta santi nou fèb, Jewova ap ban nou fòs!

KANTIK 71 Nou se lame Jewova!

^ § 5 Nan atik sa a, nou pral pale sou egzanp apot Pòl. Nou pral wè si nou gen imilite Jewova ap ban nou fòs nou bezwen pou nou andire lè moun ap pase nou nan rizib e lè nou santi nou fèb.

^ § 1 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nou ka santi nou fèb pou plizyè rezon: akoz nou enpafè, oswa nou pòv, oubyen nou malad, oswa nou pa t fè gwo klas. Mete sou sa, ènmi nou yo ka eseye fè nou santi nou fèb lè yo atake nou ak pawòl nan bouch yo oubyen lè yo atake nou fizikman.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lè Pòl te vin ap preche konsènan Kris, li te abandone bagay ki te fè pati lavi l antanke Farizyen. Petèt sa te gen ladan l woulo lòt moun te ekri ak yon ti bwat ki gen pasaj Ekriti yo ladan l.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Kòlèg travay yon frè k ap eseye fè presyon sou li pou l patisipe nan yon fèt anivèsè nesans y ap fè pou yon lòt kòlèg.