Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byografi

Mwen fè sa m te dwe fè

Mwen fè sa m te dwe fè

PANDAN plis pase 30 an, Donald Ridley te defann Temwen Jewova yo nan tribinal. Li te jwe yon wòl enpòtan nan ede moun konprann malad yo gen dwa refize pran san. Grasa travay li te fè, li te ede òganizasyon an ranpòte plizyè viktwa nan divès gwo tribinal Ozetazini. Zanmi l yo te rele l Don, yo te konnen l kòm yon moun ki dilijan, ki gen imilite e ki gen lespri sakrifis.

An 2019, doktè te dekouvri Don fè yon maladi ki ra, ki pa gen gerizon. Maladi a te devlope byen vit e Don mouri nan dat 16 out 2019. Men istwa lavi l.

Mwen te fèt nan vil Sen Pòl nan Minesota Ozetazini an 1954. Paran m pa t ni rich ni pòv e nou te Katolik. Mwen se dezyèm nan senk pitit paran m te genyen. Lè m te nan primè, mwen te nan yon lekòl katolik e m te anfannkè. Epoutan, mwen pa t konn anyen nan Bib la. Byenke m te kwè gen yon Bondye ki kreye tout bagay, mwen te vin sispann kwè nan legliz.

MWEN APRANN LAVERITE

Pandan m te nan premye ane nan yon lekòl dwa ki rele William Mitchell, Temwen Jewova yo te vin frape pòt kay mwen. Mwen te okipe, m t ap fè lesiv, e mari ak madanm ki te vin lakay mwen an te dakò retounen vin wè m yon lòt moman. Lè yo te retounen, mwen te poze yo de kesyon: “Poukisa se moun ki mechan yo ki reyisi nan lavi a? Ki jan yon moun ka gen kè kontan?” Mwen te aksepte liv Laverite k ap mennen nan lavi etènèl la ansanm ak Labib — Tradiksyon monn nouvo a ki te gen yon koulè vèt. Mwen te aksepte tou pou yo etidye Labib avè m e se konsa mwen te vin aprann anpil bagay m pa t konnen. Sa te touche m lè m te vin konnen Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki pral dirije tè a. Mwen te wè gouvènman lèzòm yo echwe e yo pote anpil soufrans, doulè ak enjistis nan monn nan.

Mwen te vwe Jewova lavi m nan kòmansman ane 1982 e m te batize menm ane sa a nan kongrè ki te gen tit “Verite Wayòm nan”, ki te fèt nan yon lokal nan vil Sen Pòl. Mwen te retounen nan menm lokal kote kongrè a te fèt la nan semèn apre a pou m te fè egzamen ki t ap pèmèt mwen vin yon avoka. Nan kòmansman mwa oktòb, mwen te aprann mwen te reyisi egzamen an e sa te ban m posiblite pou m travay antanke avoka.

Mwen te rankontre Mike Richardson, yon Betelit ki te nan Betèl Bwouklin, nan kongrè “Verite Wayòm nan” e li te fè m konnen yo mete yon biwo legal nan syèj mondyal la. Mwen te sonje pawòl Etyopyen ki te nan gwo pozisyon an ki nan Travay 8:36 la e m te mande tèt mwen: ‘Ki sa k anpeche m mande pou m travay nan biwo legal la?’ Se sa k fè m te aplike pou m travay nan Betèl.

Paran m yo pa t kontan aprann mwen te vin yon Temwen Jewova. Papa m te mande m ki avni m ap genyen antanke avoka lè m travay pou Watchtower. Mwen te esplike l mwen pral travay antanke volontè. Mwen te di l y ap ban m 75 dola pa mwa, kantite kòb yon Betelit te resevwa chak mwa nan epòk sa a.

Kòm mwen te deja aksepte travay nan yon tribinal, mwen pa t ka al nan Betèl tousuit. Se sa k fè mwen te antre nan Betèl Bwouklin, Nouyòk an 1984. Yo te mete m travay nan Biwo legal. Eksperyans mwen te vin genyen lefètke m te travay nan tribinal la te prepare m pou sa k t ap tann mwen pi devan.

RENOVASYON TEYAT STANLEY

Fason teyat Stanley te ye lè nou te achte l.

Yo te achte teyat Stanley, ki nan Jèze Siti nan Noujèze, an novanm 1983. Frè yo te mande otorizasyon pou yo fè reparasyon nan sistèm elektrik ak plonbri nan teyat la. Lè frè yo te rankontre ak otorite nan zòn nan, yo te fè yo konnen yo te vle sèvi ak teyat Stanley a pou yo fè yon Sal asanble pou Temwen Jewova yo. Men, te gen yon pwoblèm. Yo te fè konnen selon lalwa, se nan katye kote moun abite sèlman ki gen dwa gen lokal pou moun rasanble pou adorasyon. Teyat Stanley te nan yon zòn biznis, se sa k fè otorite nan vil la te refize bay otorizasyon an. Frè yo pa t dakò ak desizyon an, yo te mande otorite yo pou yo rekonsidere demann nan, men sa pa t mache.

Pandan premye semèn mwen nan Betèl, òganizasyon an te depoze yon plent nan tribinal federal la, pou fè konnen yo pa dakò ak desizyon otorite yo pran pou yo pa bay otorizasyon an. Kòm mwen te fèk fin fè dezan ap travay nan yon tribinal nan vil Sen Pòl nan Minesota, mwen te abitye ak ka sa yo anpil. Gen youn nan avoka nou yo ki te fè konnen yo te konn itilize teyat Stanley pou lòt aktivite piblik, soti nan sinema rive nan konsè wòk. Donk, poukisa li t ap ilegal pou nou ta fè aktivite ki gen rapò ak relijyon ladan l? Tribinal federal la te analize ka a e li te fè konnen Jèze Siti te vyole libète nou genyen antanke relijyon. Tribinal la te bay lòd pou vil la bay pèmisyon nou te mande yo, e m te kòmanse wè ki jan Jewova beni fason òganizasyon l lan sèvi ak mwayen legal li genyen pou fè travay Li a mache. Mwen te vrèman kontan bay koutmen pa m.

Frè yo te kòmanse yon gwo pwojè renovasyon e yo te rive fè gradyasyon 79yèm klas Galaad la nan Sal asanble Jèze Siti a nan dat 8 septanm 1985, mwens pase ennan apre renovasyon an te kòmanse. Mwen te vrèman kontan travay konsa pou Jewova. Mwen te jwenn plis satisfaksyon lontan nan travay sa a pase sa m te jwenn nan travay mwen te fè kòm avoka anvan m te vin nan Betèl. Mwen pa t menm konnen fason Jewova t apral itilize m pi devan nan lòt pwosè.

MWEN PATISIPE NAN DEFANN DWA NOU GENYEN POU N PA PRAN SAN

Nan ane 1980 yo, lè Temwen Jewova ki majè yo te konn mande pou yo pa ba yo san, byen souvan doktè yo ak lopital yo pa t respekte sa. Sa te pi difisil pou fi ki ansent yo, paske byen souvan jij yo te konn panse selon lalwa fi yo pa gen dwa pou yo pa dakò pran san. Jij yo te konn di si yo pa bay manman an san, li ka mouri e timoun nan ap ret san manman.

Nan dat 29 desanm 1988, sè Denise Nicoleau te gen yon gwo emoraji apre l te fin fè yon pitit gason. To emoglobin li te desann pi ba pase 5.0, e doktè ki t ap pran swen sè nou an te mande l si l dakò pran san. Sè Nicoleau pa t dakò. Nan demen maten, lopital la te chèche jwenn otorizasyon yon tribinal pou yo bay sè a san. Jij la pa t menm bay sè Nicoleau oswa mari l posiblite pou yo di sa yo panse, e li pa t menm di yo li te bay lopital la pèmisyon pou yo ba l san.

Nan vandredi 30 desanm, doktè yo te bay sè Nicoleau san malgre mari l ak lòt manm nan fanmi an ki te la ansanm avè l te refize. Jou swa sa a, yo te arete plizyè manm fanmi l ak youn oswa de ansyen ki te la, yo te akize yo kòmkwa yo t ap anpeche doktè yo bay sè Nicoleau san. Nan samdi 31 desanm, jounal nan vil Nouyòk ak nan Longaylann t ap pale de arestasyon sa yo.

Mwen menm ak Philip Brumley lè nou te pi jèn.

Nan lendi maten, mwen te pale ak jij Milton Mollen, yon jij ki nan yon pi gwo tribinal. Mwen te esplike l sitiyasyon an, e m te montre l aklè lòt jij la te bay otorizasyon pou yo bay sè a san alòske l pa menm tande l. Jij Mollen te mande m vin nan biwo l pi ta nan apre midi pou l pale sou sitiyasyon an ak sa lalwa di sou sa. Philip Brumley, ki te siveyan m, t al nan biwo jij Mollen ansanm avè m jou swa sa a. Jij la te envite avoka lopital la pou l vini tou. Diskisyon an te chofe. Rive yon moman, frè Brumley te oblije ekri yon ti nòt pou l di m mwen dwe kalme m. Lè m reflechi, mwen wè se te yon bon konsèy paske mwen te kòmanse fache anpil toutpandan m t ap eseye pwouve avoka lopital la te antò.

Soti agoch rive adwat: Richard Moake, Gregory Olds, Paul Polidoro, Philip Brumley, mwen menm, ak Mario Moreno. Se avoka nou yo ki te la nan jou nou te plede ka Watchtower kont Komin Straton devan pi gwo tribinal peyi Etazini an. — Gade Reveye n! 8 janvye 2003 (fransè), “Les origines du litige”, “La Cour suprême accepte la requête”, “Première étape : l’audience devant la Cour suprême” ak “La Cour suprême se prononce en faveur de la liberté d’expression”.

Apre anviwon inèdtan, jij Mollen te di se ka sa a y ap egzamine an premye demen maten nan tribinal la. Pandan nou t ap soti nan biwo jij Mollen, li te di bagay yo pap fasil pou avoka lopital la demen maten. Sa te vle di li pa t ap fasil pou avoka lopital la pwouve li te gen rezon fòse sè Nicoleau pran san an. Mwen te santi Jewova t ap ede nou konprann n ap genyen pwosè a. Mwen te santi m toupiti lè m wè jan Jewova t ap itilize m pou l akonpli volonte l.

Nou te travay byen ta nan aswè pou n te ka prepare sa n pral di demen maten. Tribinal la pa twò lwen Betèl Bwouklin, donk pifò nan moun ki nan Biwo legal nou an ki pa t gen anpil moun te mache pou y al ladan l. Apre yon gwoup ki gen kat jij te fin tande sa nou t ap di, yo te anile pèmisyon pou yo te bay sè Nicoleau san. Tribinal sa a te pran yon desizyon an favè sè Nicoleau e yo te fè konnen kesyon bay pèmisyon oubyen fè yon jijman san yo pa di moun nan anyen se vyole yo vyole dwa moun.

Apre sa, pi gwo tribinal nan Nouyòk te fè konnen sè Nicoleau gen dwa pou l mande yo pran swen l san yo pa ba l san. Se te premye nan kat desizyon ki gen rapò ak san gwo tribinal Ozetazini te pran mwen te gen privilèj patisipe ladan l (Gade kare ki gen tit “ Viktwa nou te ranpòte nan pi gwo tribinal ki nan kèk eta Ozetazini”.) Mwen te travay avèk lòt avoka nan Betèl sou lòt ka ki gen rapò ak kiyès nan paran yo ki gen dwa kenbe timoun yo, ak divòs ak lwa sou fason pou moun itilize tè ak kay yo genyen.

MARYAJ MWEN AK LAVI FANMI M

Mwen menm ak Dawn, madanm mwen.

Premye fwa m te rankontre Dawn, madanm mwen, li te yon sè ki divòse ki t ap leve twa pitit. Li t ap travay pou l pran swen fanmi l e l te pyonye. Li te jwenn anpil pwoblèm nan lavi l e sa te vrèman touche m lè m te wè jan l detèmine pou l kontinye sèvi Jewova. An 1992, nou te asiste kongrè distri ki gen tit “Moun ki pote limyè yo” nan Nouyòk, e m te mande l renmen. Nou te marye sou ennan, men m te kontinye travay pou Betèl la. Jewova fè m kado yon madanm ki renmen l e ki renmen bay blag. Dawn te vrèman fè byen pou mwen chak jou nan lavi nou ansanm. — Pwo. 31:12.

Lè nou te marye, timoun yo te gen 11, 13 ak 16 an. Mwen te vle vin yon bon papa pou yo, se sa k fè mwen te pran san m pou m te li e pou m aplike tout sa m te jwenn nan piblikasyon nou yo ki konsène bòpè. Te gen pwoblèm pandan ane yo t ap pase, men, mwen kontan dèske timoun yo rive aksepte m kòm yon zanmi yo ka fè konfyans ak yon papa ki renmen yo. Nou te fè zanmi pitit nou yo santi yo alèz pou yo vin lakay nou, e nou te renmen gen ti jèn sa yo ki chaje enèji lakay nou.

An 2013, Dawn avè m t al viv Wiskonsin pou n pran swen paran nou ki granmoun. Mwen te sezi aprann mwen te ka kontinye travay pou Betèl la. Yo te envite m kontinye bay òganizasyon an èd nan domèn legal antanke volontè.

YON CHANJMAN KI VIN SANZATANN

An septanm 2018, mwen te remake mwen te grate gòj mwen souvan. Doktè nou an te konsilte m, men li pa t ka wè koz pwoblèm mwen an. Annapre, yon lòt doktè te ankouraje m al wè yon newològ. An janvye 2019, newològ la te fè konnen sanble mwen gen yon maladi ra ki atake nè yo.

Twa jou apre sa, pandan m t ap fè patinaj sou glas, mwen te kase ponyèt dwat mwen. Depi m piti m ap fè patinaj, mwen te fò ladan l. Sa te fè m wè mwen te kòmanse pèdi ekilib mwen. M te sezi wè jan maladi a te antre sou mwen vit. Mwen te kòmanse gen difikilte pou m pale, pou m fè mouvman e pou m vale.

Mwen te vrèman kontan pou m wè Jewova te ka itilize m pou m ede òganizasyon an antanke avoka. E mwen kontan dèske m te ka ekri anpil atik nan jounal pou doktè, avoka ak jij. Mwen te fè diskou toupatou sou tè a tou pou m defann dwa Temwen Jewova yo genyen pou yo chwazi yon tretman medikal ki pa itilize san. Aktout sa, m ta renmen di pawòl nou jwenn nan Lik 17:10 yo: ‘Mwen se yon esklav ki pa vo anyen, mwen fè sa m te dwe fè.’