Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 29

Ann kolabore ak Jezi, Siveyan nou an

Ann kolabore ak Jezi, Siveyan nou an

“Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” — MAT. 28:18.

KANTIK 13 Kris se Modèl nou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Jewova vle jodi a?

 JODI A, se volonte Bondye pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a (Mak 13:10; 1 Tim. 2:3, 4). Se Jewova ki Mèt travay sa a. Travay la tèlman enpòtan, li bay Pitit Gason l lan li renmen anpil la dirije l. Piske se Jezi k ap dirije travay predikasyon an, nou gen asirans l ap fin fèt jan Jewova vle l la anvan lafen an vini. — Mat. 24:14.

2. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

2 Nan atik sa a, nou pral wè jan Jezi ap itilize “esklav fidèl ki prevwayan an” pou ban nou enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a e pou òganize disip li yo pou pi gwo kanpay predikasyon k ap fèt nan listwa lèzòm (Mat. 24:45). Nou pral wè tou ki sa nou chak kapab fè pou n kolabore ak Jezi e ak esklav fidèl la.

JEZI AP DIRIJE TRAVAY PREDIKASYON AN

3. Ki pouvwa Jezi te resevwa?

3 Se Jezi k ap dirije travay predikasyon an. Sa k fè nou kwè sa? Yon ti tan anvan Jezi monte nan syèl, li te reyini ak kèk nan disip fidèl li yo sou mòn Galile e li te di yo: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” Note sa l te di annapre: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” (Mat. 28:18, 19). Donk, Jezi te resevwa pouvwa pou l fè anpil travay, e youn nan sa l gen pou l fè se dirije travay predikasyon an.

4. Poukisa nou kapab sèten Jezi kontinye dirije travay predikasyon an?

4 Jezi te fè konnen travay preche ak fè disip la t ap gen pou l fèt nan “tout nasyon”. Li te fè konnen tou li t ap avèk disip li yo “toule jou rive jis nan fen sistèm nan”. (Mat. 28:20.) Pawòl sa yo montre aklè Jezi t ap kontinye dirije travay predikasyon an rive jis nan epòk nou an.

5. Ki jan n ap patisipe nan reyalizasyon pwofesi ki nan Sòm 110:3 a?

5 Jezi pa t mande tèt li èske t ap gen ase moun pou preche nan fen sistèm nan. Li te konnen pawòl youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri a t ap reyalize. Men sa sòm nan di: “Moun ki nan pèp ou a ap ofri tèt yo san fòse nan jou w ap mennen lame w la nan batay la.” (Sòm 110:3). Si w ap patisipe nan travay predikasyon an, w ap kolabore ansanm ak Jezi ak esklav fidèl la e w ap patisipe nan reyalizasyon pwofesi sa a. Travay la ap fèt, men, gen anpil difikilte.

6. Bay youn nan difikilte moun k ap preche mesaj Wayòm nan jwenn jodi a.

6 Youn nan difikilte moun k ap preche mesaj Wayòm nan jwenn se opozisyon. Gen aposta, chèf relijye ak politisyen ki bay anpil moun manti sou travay nou an. Si fanmi nou, lòt moun nou konnen, ak kòlèg travay nou pran nan manti sa yo, yo ka fè presyon sou nou pou n sispann sèvi Jewova e pou n sispann preche. Nan kèk peyi, yo konn eseye fè n pè, yo konn menase nou, arete nou, e menm mete nou nan prizon. Nou pa sezi pou sa. Men sa Jezi te gentan fè konnen: “Tout nasyon ap rayi nou poutèt non mwen.” (Mat. 24:9). Lefètke yo rayi nou konsa, se prèv ki montre nou gen favè Jewova (Mat. 5:11, 12). Se Dyab la ki dèyè opozisyon sa a. Men, Jezi gen plis pisans pase l! Grasa èd Jezi, moun tout nasyon rive jwenn bon nouvèl la. Ann wè prèv ki montre sa.

7. Ki prèv ou genyen Revelasyon 14:6, 7 ap reyalize jodi a?

7 Lefètke gen anpil lang, sa se yon lòt difikilte nou jwenn lè n ap preche mesaj Wayòm nan. Nan revelasyon Jezi te bay apot Jan an, li te fè konnen kesyon lang nan pa t ap anpeche n preche bon nouvèl la nan epòk nou an. (Li Revelasyon 14:6, 7.) Ki jan? Nou bay anpil moun posiblite pou yo montre si y ap aksepte mesaj Wayòm nan oswa si yo pap aksepte l. Jodi a, moun toupatou sou tè a kapab li piblikasyon ki baze sou Bib la sou sit Entènèt jw.org la, paske li gen enfòmasyon nan plis pase 1 000 lang! Kolèj santral la bay otorizasyon pou yo tradui liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an nan plis pase 700 lang. Se liv sa a nou plis itilize pou n fè disip! Nou jwenn enstriksyon ki baze sou Bib la sou fòm videyo pou moun ki soud ak piblikasyon an bray pou moun ki avèg. Vrèmanvre, nou wè pwofesi ki nan Bib la ap reyalize. Moun ki “soti nan tout lang nasyon yo pale” ap aprann pale “lang ki pwòp” la, anpalan de verite ki nan Bib la (Zak. 8:23; Sof. 3:9). Tout travay sa a rive fèt anba direksyon Jezi Kris, yon Siveyan ki kalifye.

8. Ki rezilta travay predikasyon n ap fè a bay jodi a?

8 Jodi a, gen plis pase 8 000 000 moun nan 240 peyi ki fè pati òganizasyon Jewova a, e chak ane gen plizyè dizèn milye moun ki batize! Sepandan, se pa kantite a ki pi enpòtan, sa k pi enpòtan se lefètke nouvo disip sa yo vin gen yon seri bèl kalite antanke kretyen, anpalan de “nouvo pèsonalite a”. (Kol. 3:8-10.) Anpil nan yo sispann fè imoralite, yo sispann fè vyolans, yo sispann gen prejije e yo pa kite lanmou yo gen pou peyi yo fè yo vin dozado ak lòt moun. Pwofesi ki nan Ezayi 2:4 la ap reyalize: yo pa “aprann fè lagè ankò”. Piske n ap fè anpil efò pou n abiye ak nouvo pèsonalite a, sa ankouraje lòt moun vin nan òganizasyon Bondye a, e sa montre n ap suiv Kris Jezi, Siveyan nou an (Jan 13:35; 1 Pyè 2:12). Tout sa rive fèt paske Jezi ap ban nou èd nou bezwen.

JEZI TABLI YON ESKLAV

9. Selon Matye 24:45-47, ki sa Jezi te anonse konsènan tan lafen an?

9 Li Matye 24:45-47. Jezi te anonse, nan tan lafen an, li t ap tabli yon “esklav fidèl ki prevwayan” pou bay enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a. Donk, nou ta dwe atann pou esklav sa a gen anpil travay l ap fè nan epòk nou an. E l ap fè anpil travay vre. Siveyan nou an sèvi ak yon ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl pou bay pèp Bondye a ak moun ki enterese nan mesaj y ap preche a “manje nan bon moman”, sa vle di enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a. Mesye sa yo pa panse yo gen dwa domine sou lafwa lòt moun (2 Kor. 1:24). Okontrè, yo rekonèt se Jezi Kris ki “dirijan e [ki] chèf” pèp li a. — Eza. 55:4.

10. Kiyès nan piblikasyon ki parèt nan foto a ki te konvenk ou pou w vin sèvi Jewova?

10 Depi 1919, esklav fidèl la ap prepare divès piblikasyon ki bay moun ki fèk enterese yo posiblite pou yo aprann verite ki nan Pawòl Bondye a. An 1921, esklav la te prepare liv Hap Bondye a (ann anglè) pou ede moun ki enterese yo aprann ansèyman de baz ki nan Bib la. Tank tan yo t ap chanje, yo te vin pibliye plis piblikasyon. Ki piblikasyon ki te ede w aprann konnen Papa nou ki nan syèl la epi vin renmen l? Èske se te liv “Que Dieu soit reconnu pour vrai!”, La vérité qui conduit à la vie éternelle, Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis, Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, Ki sa Labib anseye toutbonvre?, Ki sa Labib kapab anseye nou?, oswa piblikasyon nou fèk genyen an, Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan!? Yo te fè tout piblikasyon sa yo pou ede nou fè disip, e se sa menm nou te bezwen lè yo te pibliye yo a.

11. Poukisa l vrèman enpòtan pou nou tout aprann konn Jewova ak Bib la pi byen?

11 Se pa moun ki fèk enterese yo sèlman ki bezwen gen bonjan konesans sou Jewova ak Bib la. Nou tout bezwen sa. Men sa apot Pòl te ekri: “Gwo manje se pou moun ki gen matirite.” Apre sa, Pòl fè konnen lè n aplike sa nou aprann nan Bib la, sa ap ede n “fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal”. (Ebre 5:14.) Nan tan difisil sa yo kote moun yo imoral anpil, li ka pa fasil ditou pou n obeyi prensip Jewova yo. Men, Jezi fè n jwenn sa n bezwen pou n kontinye gen yon lafwa ki solid. Enstriksyon nou jwenn yo soti nan Labib, Pawòl Bondye a. Esklav fidèl la prepare enstriksyon sa yo e li distribye yo anba direksyon Jezi.

12. Menm jan ak Jezi, ki jan nou bay non Bondye glwa?

12 Menm jan ak Jezi, nou bay non Bondye glwa li merite a (Jan 17:6, 26). Pa egzanp, an 1931, nou te vin pote non Temwen Jewova, yon non ki nan Bib la, sa ki fè nou vin gen yon relasyon sere sere ak Papa nou ki nan syèl la (Eza. 43:10-12). Depi mwa oktòb menm ane sa a, non Bondye ekri sou paj kouvèti chak Toudegad. Mete sou sa, Labib — Tradiksyon monn nouvo a mete non Bondye chak kote l parèt nan Pawòl li a. Sa depaman nèt ak legliz ki fè konnen yo se kretyen yo ki retire non Jewova nan anpil tradiksyon Labib yo genyen!

JEZI BAY DISIP LI YO FÒMASYON

13. Ki sa k fè w gen konviksyon Jezi ap itilize “esklav fidèl ki prevwayan an” jodi a? (Jan 6:68).

13 Jezi sèvi ak “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l mete yon bèl òganizasyon sou tè a pou soutni vrè adorasyon an. Ki jan w konsidere òganizasyon sa a? Petèt ou panse menm jan ak apot Pyè ki te di Jezi: “Kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an.” (Jan 6:68). Ki kote nou tout t ap ye jodi a si n pa t vin konnen òganizasyon Jewova a? Kris sèvi ak òganizasyon sa a pou l ban nou tout sa n bezwen pou n ret fidèl ak Bondye. Epitou, li ban nou fòmasyon pou n kapab byen fè travay preche ak anseye a. Anplis de sa, li ede n abiye ak “nouvo pèsonalite a” pou n kapab fè Jewova plezi. — Efe. 4:24.

14. Lefètke w fè pati òganizasyon Jewova a, ki jan sa ede w pandan pandemi COVID-19 la?

14 Jezi ban nou bonjan direksyon nan moman bagay yo difisil anpil. Nou te kapab wè sa aklè lè pandemi COVID-19 la te kòmanse. Pandan anpil moun nan monn nan pa t konn ki sa pou yo fè, Jezi te asire l nou jwenn bonjan enstriksyon pou n kapab pwoteje lavi nou. Yo te ankouraje n met kachnen lè n an piblik e pou n ret nan yon distans parapò ak lòt moun. Ansyen yo te jwenn rapèl pou yo kontinye ret an kontak ak tout frè ak sè yo nan kongregasyon an, pou yo chèche konnen ki jan sitiyasyon yo ak sante yo ye e ki jan yo ka ede yo rete pwòch ak Jewova (Eza. 32:1, 2). Anplis de sa, Kolèj santral la pa t sispann ban nou enstriksyon ak ankourajman.

15. Ki enstriksyon nou te jwenn anrapò ak asiste reyinyon e anrapò ak travay predikasyon an pandan pandemi an, e ki rezilta sa te bay?

15 Pandan pandemi an, nou te jwenn enstriksyon klè tou sou fason pou n fè reyinyon nan kongregasyon yo ak sou fason pou n patisipe nan travay predikasyon an. Byen vit, nou te kòmanse asiste reyinyon, asanble ak kongrè pa mwayen videyo konferans. Epitou, nou te plis preche pa mwayen lèt ak telefòn. Jewova te beni efò nou. Gen anpil filyal ki fè konnen kantite pwoklamatè yo genyen yo vin ogmante anpil. Anfèt, anpil moun te fè bèl eksperyans nan moman sa a. — Gade kare ki gen tit “ Jewova beni travay predikasyon n ap fè a”.

16. Ki asirans nou kapab genyen?

16 Petèt gen kèk moun ki te santi òganizasyon an te pran twòp prekosyon anrapò ak pandemi an. Men, pandan plizyè fwa, nou te vin wè aklè jan enstriksyon nou te resevwa yo te itil (Mat. 11:19). E lè n medite sou fason Jezi dirije pèp li a avèk lanmou, nou vin gen asirans kèlkeswa sa demen pote, Jewova ak Pitit Gason l lan li renmen anpil la ap avèk nou. — Li Ebre 13:5, 6.

17. Ki jan n santi n lefètke n ap travay anba direksyon Jezi?

17 Se pa ti benediksyon nou jwenn lefètke n ap travay anba direksyon Jezi! Nou nan yon òganizasyon ki ede n pou n pa kite kilti nou, lanmou nou gen pou peyi nou ak kesyon lang fè n vin dozado ak lòt moun. Nou jwenn anpil enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a e nou gen tout sa ki nesesè pou n fè travay predikasyon an. Nou chak jwenn èd nou bezwen pou n abiye ak nouvo pèsonalite a, e n aprann renmen youn lòt. Nou gen bonjan rezon pou n vante tèt nou dèske Jezi se Siveyan nou!

KANTIK 16 Louwe Ja pou Pitit Gason l lan

^ Gen plizyè milyon gason ak fi ak timoun k ap preche bon nouvèl la jodi a ak tout kè yo. Èske w se youn nan yo? Si se sa, w ap travay anba direksyon Jezi Kris, Seyè nou an. Nan atik sa a, n ap jwenn prèv ki montre Jezi ap dirije travay predikasyon an jodi a. Lè nou medite sou sa, sa ap fè n vin gen plis detèminasyon pou n kontinye sèvi Jewova anba direksyon Kris.