Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 31

Lapriyè se yon privilèj nou bezwen bay anpil valè

Lapriyè se yon privilèj nou bezwen bay anpil valè

“Se pou priyè m nan tankou lansan ki byen prepare y ap prezante devan w.” — SÒM 141:2.

KANTIK 47 Priye Jewova chak jou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan n ta dwe konsidere posiblite nou genyen pou n priye Jewova a?

 NOU gen yon privilèj estrawòdinè, se privilèj pou n priye Sila a ki fè syèl la ak tè a. Jis fè yon ti reflechi: Nou kapab vide kè n bay Jewova nenpòt lè, nan nenpòt lang, san nou pa bezwen pran yon randevou. Nou kapab priye Jewova pandan n sou kabann lopital oswa lè n fèmen nan prizon, paske nou gen konfyans Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou ap koute n. Nou gen anpil rekonesans pou privilèj sa a.

2. Ki jan wa David te montre li te bay privilèj li genyen pou l priye a anpil valè?

2 Wa David te bay privilèj li genyen pou l priye a anpil valè. Men sa l te di Jewova nan yon chante: “Se pou priyè m nan tankou lansan ki byen prepare y ap prezante devan w.” (Sòm 141:1, 2). Nan epòk David la, yo te konn prepare lansan sakre prèt yo te konn itilize nan vrè adorasyon an avèk anpil swen (Egz. 30:34, 35). Lefètke David te konpare priyè l la ak lansan, sa montre li te vle byen reflechi sou sa l t apral di Papa l ki nan syèl la. Nou menm tou nou ta renmen fè sa ak tout kè n. Nou vle pou priyè nou yo fè Jewova plezi.

3. Ki atitid nou ta dwe genyen lè n ap priye Jewova, e poukisa?

3 Lè n ap priye Jewova nou dwe veye pou n pa twò alèz. Okontrè, nou dwe fè sa ak anpil respè. Reflechi ak vizyon estrawòdinè Ezayi, Ezekyèl, Dànyèl ak Jan te resevwa yo. Vizyon sa yo pa t menm, men, gen yon bagay ki te fè yo sanble. Yo tout te pale de Jewova antanke yon gran Wa. Ezayi “te wè Jewova ki chita sou yon gwo twòn byen wo”. (Eza. 6:1-3.) Ezekyèl te wè Jewova ki chita sou twòn li nan syèl la ki te gen yon “limyè toutotou l […] ki te tankou lakansyèl”. (Eze. 1:26-28.) Dànyèl te wè “Sila a ki la depi pi lontan an” ki abiye ak rad blan, e gen flanm dife k ap sot nan twòn Li an (Dàn. 7:9, 10). E Jan te wè Jewova ki chita sou yon twòn ki antoure ak yon bagay ki sanble ak yon bèl lakansyèl ki gen koulè vèt menm jan ak pyè ki rele emwòd la (Rev. 4:2-4). Lè n ap reflechi sou glwa Jewova genyen ki pa gen parèy, sa fè n sonje gwo privilèj nou genyen pou n pwoche bò kote l nan lapriyè ak enpòtans pou n fè sa avèk respè. Men, ki jan nou ta dwe priye?

“KIDONK, MEN KI JAN NOU DWE PRIYE”

4. Ki sa nou aprann nan sa Jezi te di nan kòmansman priyè li te bay kòm modèl la ki nan Matye 6:9, 10?

4 Li Matye 6:9, 10. Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te aprann disip li yo pou yo priye yon fason k ap fè Bondye plezi. Apre Jezi fin di “men ki jan nou dwe priye”, premye bagay li di nan priyè a se yon seri bagay enpòtan ki gen rapò ak objektif Jewova. Li te di yo pou yo priye pou non Bondye vin sen, pou Wayòm nan vini, piske se Wayòm nan ki pral detwi tout ènmi Bondye yo. Epitou, li te fè konnen yo bezwen priye pou bon bagay Bondye pral fè pou tè a e pou lèzòm alavni. Lè n mande bagay sa yo nan priyè nou, nou montre volonte Bondye gen enpòtans pou nou.

5. Èske l nòmal pou n priye pou sa n bezwen?

5 Apre sa, Jezi te montre nan priyè a li nòmal pou n priye pou sa n bezwen. Nou ka mande Jewova pou l ban nou manje nou bezwen pou jounen an, pou l padone peche nou, pou l pwoteje n pou n pa tonbe anba tantasyon e pou l delivre n anba mechan an (Mat. 6:11-13). Lè n mande Jewova bagay sa yo, nou montre nou depann de li e nou ta renmen jwenn favè l.

Ki sa yon mari ka mande nan priyè l ap fè ansanm ak madanm li? (Gade paragraf 6.) *

6. Èske se pawòl ki nan priyè Jezi te bay kòm modèl la sèlman nou ta dwe di lè n ap priye? Esplike.

6 Jezi pa t vle pou disip li yo resite priyè li te bay kòm modèl la pa kè. Nan lòt priyè Jezi te fè, li te pale sou lòt bagay ki te enpòtan pou li nan moman an (Mat. 26:39, 42; Jan 17:1-26). Menm jan an tou, nou kapab priye pou nenpòt sa k ap trakase nou. Lè n gen yon desizyon pou n pran, nou ka priye pou n gen sajès ak bon konprann (Sòm 119:33, 34). Lè n pral fè yon travay yo ban nou fè ki difisil, nou ka priye pou n gen entèlijans ak bon jijman (Pwo. 2:6). Paran yo ka priye pou pitit yo, timoun yo ka priye pou paran yo, nou tout ka priye pou moun n ap etidye Labib avèk yo e pou moun n ap preche yo, e nou ta dwe fè sa. Nòmalman, lè n ap priye, nou pa ta dwe ap mande sèlman.

Lè n ap priye, pou ki bagay nou kapab fè louwanj pou Jewova epi di l mèsi? (Gade paragraf 7-9.) *

7. Poukisa nou dwe fè louwanj pou Jewova lè n ap priye?

7 Nou dwe sonje fè louwanj pou Jewova nan priyè nou yo. Pa gen pèsonn ki merite plis louwanj pase Bondye nou an. Li “bon e [li] dispoze padone”. Epitou, li se yon Bondye “ki gen mizèrikòd, ki gen konpasyon, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou e ki fidèl”. (Sòm 86:5, 15.) Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n bay Jewova louwanj pou Moun li ye a e pou sa l fè.

8. Pou ki bagay konsa nou ka di Jewova mèsi? (Sòm 104:12-15, 24).

8 Nonsèlman nou bezwen fè louwanj pou Jewova nan priyè nou yo, men tou, nou bezwen di l mèsi pou bèl bagay li fè yo. Pa egzanp, nou ka di l mèsi pou bèl koulè nou wè flè yo genyen, pou tout kalite bon manje ki genyen e pou bon zanmi nou genyen ki fè kè n kontan. Papa nou an ki renmen nou ban nou bagay sa yo ak anpil lòt bagay ankò, jis pou l fè kè n kontan. (Li Sòm 104:12-15, 24.) Sa k pi enpòtan an, nou di Jewova mèsi pou tout sa l ban nou pou n ka kontinye gen yon lafwa solid e pou bèl esperans nou genyen pou lavni.

9. Ki sa k kapab ede n sonje di Jewova mèsi? (1 Tesalonisyen 5:17, 18).

9 Li ka vrèman fasil pou n bliye di Jewova mèsi pou tout sa l fè pou nou. Ki sa k kapab ede w sonje di l mèsi? Ou ka fè yon lis ki gen ladan l plizyè bagay ou te mande Jewova, epi, gade lis la tanzantan pou w wè jan Jewova reponn priyè w yo. Apre sa, priye l pou w di l mèsi pou èd li ba ou. (Li 1 Tesalonisyen 5:17, 18.) Fè yon ti reflechi: Nou santi n kontan lè lòt moun montre yo gen rekonesans pou sa n fè pou yo e sa fè n santi yo renmen nou. Menm jan an tou, lè nou sonje di Jewova mèsi lè l reponn priyè nou yo, sa fè kè l kontan (Kol. 3:15). Men, èske gen yon lòt rezon enpòtan pou n di Bondye nou an mèsi?

DI JEWOVA MÈSI POU PITIT GASON L LAN LI RENMEN ANPIL

10. Selon 1 Pyè 2:21, poukisa n gen rezon di Jewova mèsi dèske l te voye Jezi sou tè a?

10 Li 1 Pyè 2:21. Nou dwe di Jewova mèsi dèske l te voye Pitit Gason l lan li renmen anpil vin anseye nou. Lè n etidye lavi Jezi, nou aprann konn anpil bagay sou Jewova ak sou fason pou n fè L plezi. Si n montre nou gen lafwa nan sakrifis Kris la, n ap ka vin gen yon bon relasyon ak Jewova Dye e n ap anpè avè L. — Wom. 5:1.

11. Poukisa nou priye Jewova nan non Jezi?

11 Nou di Jewova mèsi lefètke nou kapab priye l pa mwayen Pitit Gason l lan. Jewova sèvi ak Jezi pou l ban nou sa n mande l. Jewova koute priyè nou fè nan non Jezi e li reponn priyè sa yo. Men sa Jezi te di: “Kèlkeswa sa nou mande nan non m, m ap fè l, yon fason pou Papa a ka jwenn glwa pa mwayen Pitit la.” — Jan 14:13, 14.

12. Bay yon lòt rezon nou genyen pou n di Jewova mèsi pou Pitit Gason l lan.

12 Jewova padone peche nou sou baz sakrifis ranson Jezi a. Labib fè konnen Jezi se “gran prèt [nou an ki] chita adwat twòn Majeste a nan syèl la”. (Ebre 8:1.) Jezi se “èd [nou genyen] bò kot Papa a”. (1 Jan 2:1.) Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li ban nou yon Gran Prèt ki kapab konprann feblès nou e k ap “sipliye pou nou”! (Wom. 8:34; Ebre 4:15.) Piske nou enpafè, si se pa t sakrifis Jezi a nou pa t ap ka priye Jewova. Se sèten w ap dakò nou pap janm ka fin di Jewova mèsi pou kado sa a li ban nou an ki gen anpil valè, anpalan de Pitit Gason l lan li renmen anpil!

PRIYE POU FRÈ N AK SÈ N YO

13. Nan nuit anvan Jezi te mouri a, ki jan l te montre li renmen disip li yo?

13 Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te pase anpil tan ap priye pou disip li yo, li te mande Papa l “voye je sou yo akoz mechan an”. (Jan 17:15.) Sa montre jan Jezi te renmen yo! Byenke l te konnen li t apral soufri anpil, li t ap enkyete l pou apot li yo.

Ki sa n ka mande pou frè n ak sè n yo nan priyè nou? (Gade paragraf 14-16.) *

14. Ki jan nou kapab montre nou renmen frè n ak sè n yo?

14 Menm jan ak Jezi, nou pa panse ak tèt nou sèlman. Okontrè, nou toujou priye pou frè n ak sè n yo. Lè n fè sa, nou obeyi lòd Jezi te bay pou n renmen youn lòt la e n montre Jewova jis nan ki pwen nou renmen frè n ak sè n yo (Jan 13:34). Se pa pou granmesi nou priye pou frè n ak sè n yo. Pawòl Bondye a fè nou konnen “lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas”. — Jak 5:16.

15. Poukisa frè n ak sè n yo bezwen nou priye pou yo?

15 Frè n ak sè n yo bezwen nou priye pou yo paske yo jwenn anpil pwoblèm. Nou kapab mande Jewova pou l ede yo lè yo malad, lè yo viktim anba katastwòf natirèl, lè y ap fè fas ak lagè, pèsekisyon, oswa lòt difikilte ankò. Epitou, nou kapab priye pou frè n ak sè n yo k ap travay di pou ede frè n ak sè n ki nan bezwen yo. Petèt ou ka konn kèk nan yo k ap fè fas ak difikilte konsa. L ap bon pou w site non yo lè w ap priye. Nou montre nou renmen frè n ak sè n yo toutbon lè n mande Jewova pou l ede yo andire.

16. Poukisa nou dwe priye pou frè ki alatèt nan kongregasyon an?

16 Frè ki alatèt nan kongregasyon an gen anpil rekonesans pou priyè nou fè pou yo, e priyè sa yo ede yo anpil. Apot Pòl te konn sa byen. Men sa l te ekri: “Priye pou mwen tou, pou m ka jwenn pawòl pou m di lè m ouvri bouch mwen, yon fason pou m ka pale avèk kran lè m ap fè konnen sekrè sakre bon nouvèl la.” (Efe. 6:19). Jodi a tou, gen anpil frè ki alatèt nan kongregasyon yo k ap travay di. Nou montre n renmen yo lè n mande Jewova pou l beni travay y ap fè yo.

LÈ N AP PRIYE ANSANM AK LÒT MOUN

17-18. Ki lè yo ka mande n pou n priye ansanm ak lòt moun, e ki sa nou bezwen sonje?

17 Pafwa, yo konn mande nou pou n priye ansanm ak lòt moun. Pa egzanp, yon sè k ap fè yon etid ka mande sè ki akonpaye l nan etid la pou l priye. Sè ki akonpaye l la ka pa konn etidyan an byen, se sa k fè li te ka pi kontan priye nan fen etid la. Konsa, li ka pi fasil pou l konn sa pou l di lè l ap priye pou etidyan an.

18 Yo ka mande yon frè pou l priye nan yon reyinyon predikasyon oswa nan reyinyon kongregasyon an. Frè ki gen privilèj sa a bezwen sonje poukisa yo fè reyinyon yo. Yo pa dwe pwofite moman y ap priye a pou yo bay moun nan kongregasyon an konsèy oswa pou yo bay yon nouvèl. Nan pifò reyinyon k ap fèt nan kongregasyon yo, gen senk minit pou kantik ak priyè. Donk, frè k ap fè priyè a pa bezwen di “yon pakèt pawòl”, sitou nan kòmansman yon reyinyon. — Mat. 6:7.

NOU BEZWEN BAY LAPRIYÈ YON PLAS ENPÒTAN NAN LAVI NOU

19. Ki sa k ap ede n pou n pare lè jou jijman Jewova a rive?

19 Tank jou jijman Jewova a ap pwoche, nou bezwen bay lapriyè plis enpòtans toujou nan lavi nou. Se sa k fè Jezi te di: “Rete je klè. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon yon fason pou nou ka rive chape anba tout bagay sa yo ki dwe rive.” (Lik 21:36). Wi, lè nou priye regilyèman, lafwa nou ap vin djanm, e lè jou jijman Bondye a rive, n ap pare.

20. Ki jan priyè nou yo ka tankou lansan ki santi bon?

20 Ki sa nou sot wè? Nou bay privilèj nou genyen pou n priye a anpil valè. Lè n ap priye, sa k dwe pi enpòtan pou nou se sa ki gen rapò ak objektif Jewova. Nou di Bondye mèsi tou pou Pitit li a, pou Wayòm nan k ap dirije, e nou priye pou frè n ak sè n yo. E Jewova vle n priye tou pou sa nou bezwen chak jou e pou n ka kontinye gen yon lafwa ki solid. Lè n byen reflechi sou sa n pral di nan priyè nou, nou montre nou bay bèl privilèj sa a anpil valè. Pawòl n ap di yo ap tankou lansan ki santi bon pou Jewova, sa vle di y ap “fè l plezi”. — Pwo. 15:8.

KANTIK 45 Meditasyon mwen fè nan kè m

^ Se pa ti apresye nou apresye privilèj nou genyen pou nou priye Jewova! Nou vle priyè nou yo fè l plezi tankou lansan santi bon. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa n kapab di lè n ap priye. Epitou, nou pral wè kèk pwen nou dwe reflechi sou yo lè yo mande n priye.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari k ap priye ansanm ak madanm li pou Bondye pwoteje pitit yo ki lekòl, pou yon paran yo ki aje ki gen pwoblèm sante, e pou yon etidyan yo fè pwogrè.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn frè k ap di Jewova mèsi pou sakrifis ranson Jezi a, pou bèl tè li ban nou pou n abite a, e pou manje li ban nou ki bon pou sante nou.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè k ap priye Jewova pou l mande l pou l bay frè yo nan Kolèj santral la lespri sen e pou l ede frè ak sè ki viktim anba katastwòf natirèl ak frè ak sè k ap fè fas ak pèsekisyon.