Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 29

Èske w pare pou gwo tribilasyon an?

Èske w pare pou gwo tribilasyon an?

“Se pou nou pare.” — MAT. 24:44.

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

SA NOU PRAL WÈ a

1. Sa k fè l enpòtan pou n prepare pou si ta vin gen katastwòf?

 SI N prepare n davans, sa kapab sove lavi n. Pa egzanp, lè gen yon katastwòf, li pi fasil pou moun ki te gentan prepare pou katastwòf la chape e pou yo ede lòt moun. Gen yon òganizasyon ann Ewòp ki konn bay èd ki di: “Bonjan preparasyon kapab sove lavi moun.”

2. Poukisa nou bezwen prepare pou gwo tribilasyon an? (Matye 24:44).

2 “Gwo tribilasyon” an ap vini sanzatann (Mat. 24:21). Men, kontrèman ak anpil lòt katastwòf, se pa tout moun l ap pran pa sipriz. Sa gen anviwon 2 000 an, Jezi te avèti disip li yo pou yo pare pou jou sa a. (Li Matye 24:44.) Si nou prepare, l ap pi fasil pou n andire moman difisil sa a e pou n ede lòt moun fè menm jan an. — Lik 21:36.

3. Ki jan andirans, konpasyon ak lanmou ap ede n pare pou gwo tribilasyon an?

3 Ann wè twa kalite ki kapab ede n pare pou gwo tribilasyon an. Ki jan n ap reyaji si yo ta mande nou pou n preche yon mesaj jijman ki rèd anpil k ap fè moun ki pa kwè nan Jewova yo opoze ak nou (Rev. 16:21)? N ap bezwen gen andirans pou n obeyi Jewova, toutpandan nou gen konfyans l ap pwoteje nou. Ki sa n ap fè si frè n ak sè n yo pèdi kèk nan bagay yo posede oswa yo pèdi tout sa yo posede (Aba. 3:17, 18)? N ap bezwen gen konpasyon k ap pouse n ba yo èd yo bezwen. Ki sa n ap fè si n oblije viv yon kote ansanm ak frè n ak sè n yo pandan yon tan, lè yon gwoup nasyon pral met ansanm pou yo atake nou (Eze. 38:10-12)? N ap bezwen gen anpil lanmou pou yo pou ede n fè fas ak moman difisil sa a.

4. Ki jan Bib la montre nou dwe kontinye chèche gen plis andirans ak konpasyon ak lanmou?

4 Pawòl Bondye a ankouraje n pou n kontinye chèche gen plis andirans ak konpasyon ak lanmou. Lik 21:19 di: “Grasa andirans nou, n ap gen lavi.” Kolosyen 3:12 di: “Se pou nou abiye nou ak [...] yon kè ki sansib.” E 1 Tesalonisyen 4:9, 10 di: “Bondye anseye nou pou youn renmen lòt. [...] Men, nou ankouraje nou, frè nou yo, pou nou kontinye fè sa plis toujou.” Yo te ekri tout vèsè sa yo pou disip ki te deja montre yo gen andirans, konpasyon ak lanmou. Men, yo te bezwen kontinye aprann demontre kalite sa yo. Nou dwe fè menm jan an tou. Pou n rive fè sa, nou pral egzamine fason premye kretyen yo te demontre chak kalite sa yo. Apre sa, nou pral wè fason nou ka imite disip sa yo, e konsa, n ap montre nou pare pou gwo tribilasyon an.

CHÈCHE GEN PLIS ANDIRANS

5. Ki jan premye kretyen yo te andire eprèv yo te jwenn?

5 Premye kretyen yo te bezwen andire (Ebre 10:36). Nonsèlman yo te jwenn yon seri pwoblèm tout lòt moun konn jwenn, yo te jwenn lòt eprèv ankò. Chèf relijye juif yo ak otorite women yo te konn pèsekite anpil nan yo, e pwòp fanmi yo te konn pèsekite yo tou (Mat. 10:21). Pafwa, yo te bezwen veye pou fo ansèyman aposta yo t ap gaye pou met divizyon nan kongregasyon an pa t gen move enfliyans sou yo (Tra. 20:29, 30). Aktout sa, kretyen sa yo te andire (Rev. 2:3). Ki jan yo te rive fè sa? Yo te medite sou egzanp yon seri moun ki te gen andirans Ekriti yo pale de yo, pa egzanp Jòb (Jak 5:10, 11). Yo te priye Jewova pou ba yo fòs (Tra. 4:29-31). E yo te toujou sonje Jewova t ap rekonpanse yo si yo andire. — Tra. 5:41.

6. Ki leson w aprann nan sa Merita te fè pou l te andire opozisyon l te jwenn?

6 Nou menm tou n ap kapab andire si n toujou egzamine egzanp moun Pawòl Bondye a pale de yo ki te rive andire ak yon seri egzanp nou jwenn nan piblikasyon nou yo, e si n medite sou egzanp sa yo. Se sa Merita, yon sè nan peyi Albani, te fè pou l te ka andire opozisyon li te jwenn nan fanmi l ki t ap fè vyolans sou li. Men sa l di: “Lè m te li istwa Jòb nan Bib la, sa te touche m anpil. Jòb te soufri anpil, san l pa t konnen kiyès ki te lakòz pwoblèm li te genyen yo. Malgre sa, li te di: ‘Jiskaske m mouri, mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!’ (Jòb 27:5). Lè m te reflechi, m te wè pwoblèm mwen yo pa t anyen devan pwoblèm Jòb te jwenn yo. Kontrèman ak Jòb, mwen konnen kiyès ki te lakòz pwoblèm sa yo.”

7. Menmsi nou pap fè fas ak yon gwo eprèv, ki sa n bezwen aprann fè depi kounye a?

7 Nou menm tou n ap kapab vin gen plis andirans si n priye Jewova souvan e si nou fè l konnen tout sa k ap trakase nou (Flp. 4:6; 1 Tes. 5:17). Petèt pou kounye a ou pap fè fas ak yon gwo eprèv. Men, èske w toujou kite Jewova gide w lè w santi w fache, lè w santi w pa konn sa pou w fè, oswa lè w santi w pa kapab ankò? Si depi kounye a ou gen abitid mande Bondye nou an pou l ede w fè fas ak pwoblèm ou jwenn chak jou, ou pap ezite mande l èd lè w jwenn pi gwo pwoblèm pi devan. Konsa w ap gen konfyans Bondye konnen egzakteman ki lè pou l ede w e ki jan pou l fè sa. — Sòm 27:1, 3.

ANDIRANS

Chak fwa nou andire yon eprèv, sa ka ban n fòs pou n andire lòt eprèv k ap vini an. (Gade paragraf 8.)

8. Ki jan egzanp Mira montre lè n andire eprèv nou jwenn jodi a, sa ka ede n andire eprèv ki gen pou vini yo? (Jak 1:2-4). (Gade foto a tou.)

8 L ap pi fasil pou n andire lè gwo tribilasyon an rive si n andire eprèv nou jwenn jodi a (Wom. 5:3). Sa k fè n ka di sa? Gen anpil frè ak sè ki remake chak fwa yo rive andire yon pwoblèm ki pase lafwa yo anba eprèv sa ede yo andire lòt eprèv yo vin jwenn. Lè yo andire, sa fè yo vin pi bon moun, yo vin gen plis konfyans Jewova pare pou l ede yo e li vle fè sa. E piske yo gen lafwa nan Jewova, sa ap ede yo andire lòt eprèv ki gen pou vini. (Li Jak 1:2-4.) Mira, yon sè ki pyonye nan peyi Albani, te wè lefètke li te andire pwoblèm li te genyen yo, sa ede l kontinye andire. Li rekonèt pafwa li konn santi se li menm sèl ki gen tout pwoblèm sa yo. Men annapre, lè l sonje jan Jewova te ede l anpil pandan 20 ane ki sot pase yo, men sa l di tèt li: ‘Rete fidèl. Pa gaspiye tout ane sa yo ak tout batay ou te rive genyen grasa èd Jewova.’ Ou menm tou ou kapab reflechi sou fason Jewova deja ede w andire. Ou mèt gen konfyans li wè chak fwa ou andire yon eprèv e l ap rekonpanse w (Mat. 5:10-12). Epitou, lè gwo tribilasyon an kòmanse, w ap konnen ki jan pou w andire e w ap pran detèminasyon pou w kontinye andire.

MONTRE NOU GEN KONPASYON

9. Ki jan frè ak sè nan kongregasyon Antyòch ki nan Siri a te montre yo gen konpasyon?

9 Ann wè sa k te pase lè kretyen nan Jide yo te fè fas ak yon gwo grangou. Apre kongregasyon nan Antyòch ki nan Siri a te aprann nouvèl la, sandout yo te santi yo gen konpasyon pou frè ak sè ki nan Jide yo. Men lè sa a, yo te aji pou yo montre yo gen konpasyon pou frè ak sè sa yo. “Yo te deside, selon mwayen yo chak, pou yo voye sekou bay frè ki t ap viv nan Jide yo.” ​(Tra. 11:27-30). Malgre frè sa yo ki t ap soufri akoz grangou ki te genyen an t ap viv yon ti jan lwen, kretyen nan Antyòch yo te fè tout sa yo kapab pou yo te ede yo. — 1 Jan 3:17, 18.

KONPASYON

Katastwòf natirèl ban n posiblite pou n demontre konpasyon. (Gade paragraf 10.)

10. Ki jan nou ka montre nou gen konpasyon pou kwayan parèy nou lè y ap fè fas ak yon katastwòf oswa lòt sitiyasyon difisil? (Gade foto a tou.)

10 Jodi a, nou kapab montre nou gen konpasyon tou lè n aprann kwayan parèy nou ap soufri akoz yon katastwòf oswa lòt sitiyasyon difisil. Nou aji san pèdi tan, petèt lè n mande ansyen yo si n kapab patisipe nan yon pwojè, lè n fè ofrann pou travay mondyal la oswa lè n priye pou moun ki viktim anba katastwòf la b (Pwo. 17:17). Pa egzanp, nan ane 2020, yo te tabli plis pase 950 komite sekou toupatou sou tè a pou ede frè ak sè ki te bezwen èd pandan pandemi COVID-19 la. Moun ki te travay ak komite sekou sa yo merite pou nou felisite yo ak tout kè n. Etandone yo gen konpasyon pou frè ak sè yo, yo te ede yo jwenn sa yo te bezwen pou yo viv ak sa yo te bezwen pou yo kontinye sèvi Jewova, e nan kèk ka, yo te repare oswa rekonstwi kay frè ak sè yo ak lokal kote y ap adore Jewova yo. — Konpare ak 2 Korentyen 8:1-4.

11. Lè n montre nou gen konpasyon, ki jan sa onore Papa nou ki nan syèl la?

11 Lè n montre nou gen konpasyon pou frè n ak sè n yo apre yon katastwòf, lòt moun wè sakrifis nou fè. Pa egzanp, an 2019, siklòn Dorian te detwi yon Sal Wayòm nan peyi Bahamas. Pandan frè n ak sè n yo t ap rekonstwi Sal la, yo te mande responsab yon konpayi pou fè yo konnen konbyen kòb travay la ap koute. Li te di yo: “Mwen pap fè nou peye [...] ekipman yo ak materyèl yo, e nou pap peye mendèv. [...] Mwen vle fè sa pou òganizasyon nou an. Sa vrèman touche m pou m wè jan [n ap] enkyete pou zanmi nou yo.” Pifò moun nan monn nan pa konnen Jewova. Men, anpil nan yo kapabjan Temwen Jewova yo ede lòt moun. Se pa ti kontan nou kontan konnen lè nou montre nou gen konpasyon, sa kapab atire lòt moun vin sèvi Sila a ki “gen anpil mizèrikòd” la! — Efe. 2:4.

12. Lè n montre nou gen konpasyon kounye a, ki jan sa ap prepare n pou gwo tribilasyon an? (Revelasyon 13:16, 17).

12 Poukisa n ap bezwen demontre konpasyon pou lòt moun pandan gwo tribilasyon an? Labib montre moun ki pap vle soutni gouvènman yo ap jwenn pwoblèm, ni kounye a ni pandan gwo tribilasyon an. (Li Revelasyon 13:16, 17.) Frè n ak sè n yo ka bezwen èd pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Lè Kris Jezi, Wa nou an, vin egzekite jijman l, nou ta renmen li jwenn nou ap demontre konpasyon e n ta renmen l envite n vin “resevwa Wayòm” nan. — Mat. 25:34-40.

ANN RENMEN FRÈ N AK SÈ N YO PI PLIS

13. Selon Women 15:7, ki jan premye kretyen yo te vin pi renmen youn lòt?

13 Tout moun te konnen premye kretyen yo te renmen youn lòt. Men èske li te fasil pou yo te montre yo gen lanmou? Ann pran egzanp kongregasyon nan vil Wòm nan ki te gen divès kalite moun ladan l. Gen nan yo se te Juif ki te konn obeyi Lalwa Moyiz la anvan yo te vin kretyen, e gen lòt se te moun lòt nasyon ki te gen koutim pa yo. Sanble gen kretyen ki te esklav, alòske gen lòt ki te lib, e petèt gen nan yo ki te menm gen esklav pa yo. Ki jan kretyen sa yo te ka kontinye montre yo renmen youn lòt malgre diferans sa yo? Apot Pòl te ankouraje yo pou “youn akeyi lòt”. (Li Women 15:7.) Ki sa l te vle di? Mo lè yo tradui l yo mete “akeyi” pou li a vle di resevwa yon moun avèk jantiyès oswa byen akeyi l, pa egzanp lakay ou oswa pami zanmi w yo. Pòl te di Filemon ki jan pou l akeyi Onezim, yon esklav Filemon ki te sove. Li te di l: “Byen resevwa l.” ​(Flm. 17). Prisil ak Akila yo menm te akeyi Apolòs ki pa t konn anpil bagay sou relijyon kretyen an menm jan ak yo, e yo te “pran l avèk yo”. (Tra. 18:26.) Kretyen sa yo pa t kite diferans ki te gen ant yo menm fè yo pa antann yo, okontrè, yo te akeyi youn lòt.

LANMOU

Nou bezwen lanmou tout frè n ak sè n yo. (Gade paragraf 15.)

14. Ki jan Anna ak mari l te montre yo gen lanmou?

14 Nou menm tou nou kapab montre nou renmen frè n ak sè n yo lè n chèche vin zanmi yo. E byen souvan, yo konn vin renmen nou tou (2 Kor. 6:11-13). Ann pran egzanp Anna ak mari l. Yon ti tan apre yo te fin voye yo al sèvi kòm misyonè ann Afrik delwès, pandemi COVID-19 la te kòmanse. Kòm yo te fèk rive, yo pa t ka rankontre frè ak sè yo paske pa t gen reyinyon nan Sal la. Ki jan yo t ap ka montre frè ak sè yo yo renmen yo? Yo te pale ak yo pa mwayen videyo konferans e yo te di yo jan yo ta renmen aprann konnen yo pi byen. Sa te touche frè ak sè yo ki te konn rele yo souvan e ki te konn voye mesaj tèks pou yo. Ki sa k te pouse misyonè sa yo chèche pran kontak ak frè ak sè yo? Men sa Anna di: “Mwen pap janm bliye lanmou frè m ak sè m yo te demontre pou mwen menm ak moun nan fanmi m nan bon tan kou nan move tan. Egzanp yo te bay te make m anpil, e sa te pouse m demontre lanmou tou.”

15. Ki sa w aprann nan egzanp Vanessa sou lanmou nou bezwen genyen pou tout frè n ak sè n yo? (Gade foto a tou.)

15 Anpil nan nou nan kongregasyon kote frè n ak sè n yo pa t leve menm jan, e nou pa gen menm pèsonalite. Sepandan, nou kapab aprann renmen tout frè n ak sè n yo pi plis lè n konsantre sou bèl kalite yo genyen. Gen yon sè ki rele Vanessa k ap viv Nouvèl Zelann ki te twouve l difisil pou l antann li ak kèk frè ak sè nan kongregasyon kote l te ye a. Men, olye l te rale kò l sou frè ak sè pèsonalite yo deranje l, li te chèche pase plis tan ak yo. Sa te ede l wè sa Jewova renmen lakay frè ak sè sa yo. Men sa l di: “Depi lè mari m vin siveyan sikonskripsyon, nou pase anpil tan ak plis frè ak sè ki pa gen menm pèsonalite ak nou, e li vin pi fasil pou m antann mwen ak yo. Kounye a, mwen renmen diferans ki gen nan mitan nou an. Se sèten Jewova renmen sa tou paske li rale nou vin jwenn li menm lè nou chak gen pèsonalite pa nou.” Lè n aprann wè lòt moun jan Jewova wè yo, nou montre nou renmen yo. — 2 Kor. 8:24.

Pandan gwo tribilasyon an, n ap rive jwenn pwoteksyon Jewova pwomèt la si n ret ini ak frè n ak sè n yo. (Gade paragraf 16.)

16. Poukisa l ap enpòtan anpil pou n demontre lanmou pandan gwo tribilasyon an? (Gade foto a tou.)

16 L ap enpòtan anpil pou n montre nou renmen frè n ak sè n yo pandan gwo tribilasyon an. Lè tribilasyon sa a kòmanse, ki kote n ap jwenn pwoteksyon? Ann wè sa Jewova te mande pèp li a pou yo fè lè ènmi te atake Babilòn tan lontan an: “Ale, pèp mwen an, antre nan chanm nou epi, fèmen pòt nou. Kache pou yon ti tan jiskaske kòlè a pase.” ​(Eza. 26:20). Petèt nou menm tou nou pral gen pou n suiv menm enstriksyon sa yo pandan gwo tribilasyon an. “Chanm” yo pale de yo la a se kapab kongregasyon nou yo. Pandan gwo tribilasyon an, n ap jwenn pwoteksyon Jewova pwomèt la si n ret ini ak frè n ak sè n yo. Kidonk, nou dwe fè anpil efò depi kounye a pou n pa jis sipòte frè n ak sè n yo, men pou n renmen yo tou. Petèt n ap bezwen fè sa pou n ka sove!

ANN PREPARE N DEPI KOUNYE A

17. Si n prepare n depi kounye a, ki sa n ap kapab fè pandan gwo tribilasyon an?

17 “Gran jou Jewova a” pral difisil anpil pou tout moun nèt (Sof. 1:14, 15). Pèp Jewova a pral soufri tou. Men si n prepare n depi kounye a n ap kapab rete kalm e n ap ka ede lòt moun. N ap rive andire kèlkeswa difikilte nou ta jwenn. Lè frè n ak sè n yo ap soufri, n ap fè tout sa n kapab pou n soulaje yo lè n montre nou gen konpasyon pou yo ak lè n ede yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. E n ap rive rete pwòch ak frè n ak sè n yo paske nou deja aprann renmen yo. Lè sa a, Jewova ap rekonpanse nou, l ap ban nou lavi ki pap janm fini an nan yon monn kote n ap bliye tout katastwòf ak tout tribilasyon. — Eza. 65:17.

KANTIK 144 Fikse je n sou pri a!

a Gwo tribilasyon an pral kòmanse talè konsa. Kalite tankou andirans, konpasyon ak lanmou ap ede n pare pou yon seri evènman nou poko janm wè ki pral rive lè sa a. Ann wè fason premye kretyen yo te aprann demontre kalite sa yo, fason nou kapab fè menm jan an jodi a, ak fason kalite sa yo ap prepare n pou gwo tribilasyon an.

b Moun ki ta renmen patisipe nan yon operasyon sekou ta dwe ranpli yon Aplikasyon pou moun ki ta renmen sèvi kòm volontè pou plan ak konstriksyon lokal (DC-50) oswa yon Aplikasyon pou moun ki ta renmen sèvi kòm volontè (A-19), e apre sa y ap bezwen tann yo envite yo vin patisipe nan pwojè a.