Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 32

Ann imite Jewova lè n montre n rezonab

Ann imite Jewova lè n montre n rezonab

“Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” — FLP. 4:5.

KANTIK 89 Koute, obeyi, w ap jwenn benediksyon

SA NOU PRAL WÈ a

Ki kalite pyebwa ou ta renmen ye? (Gade paragraf 1.)

1. Nan ki sans kretyen yo dwe tankou yon pyebwa? (Gade foto a tou.)

 “VAN pa ka kase yon pyebwa ki ka pliye.” Pwovèb sa a montre sa ki fè yon seri pyebwa pa kase lè gen gwo van se paske yo kapab pliye. Pou yon kretyen kontinye sèvi Jewova ak kè kontan, li dwe fleksib, li dwe pare pou l sede. Nan ki sans? Nou dwe montre nou rezonab lè n chèche adapte n lè sitiyasyon n chanje e lè n respekte opinyon lòt moun ak desizyon yo pran.

2. Ki kalite ki kapab ede n adapte n lè sitiyasyon n chanje, e ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Antanke sèvitè Jewova, nou vle montre nou rezonab. Epitou, nou vle gen imilite ak konpasyon. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan kalite konsa te ede kèk kretyen lè sitiyasyon yo te chanje. Nou pral wè tou ki jan kalite sa yo kapab ede n. Men toudabò, ann wè ki jan nou ka imite Jewova ak Jezi ki bay pi bèl egzanp antanke moun ki rezonab.

JEWOVA AK JEZI REZONAB

3. Ki prèv ki montre Jewova rezonab?

3 Nan Bib la, yo rele Jewova “Mas wòch la” paske li rete djanm, li pa brannen (Det. 32:4). Men, Jewova rezonab tou. Tank bagay yo ap chanje nan monn nan, Bondye nou an kontinye adapte l yon fason pou l fè objektif li reyalize. Jewova kreye lèzòm pòtre ak li, sa vle di li kreye yo ak kapasite pou yo adapte yo ak chanjman ki gen nan lavi a. Li ban nou prensip nan Bib la ki ede n pran bon desizyon kèlkeswa difikilte nou ta jwenn. Egzanp Jewova bay ak prensip li ban nou se prèv ki montre, byenke li se “Mas Wòch la”, li rezonab tou.

4. Bay yon egzanp ki montre Jewova rezonab. (Levitik 5:7, 11).

4 Jewova aji yon fason ki san fay e ki rezonab. Jewova pa egzijan nan fason li aji ak lèzòm. Pa egzanp, ann wè ki jan Jewova te montre li rezonab ak Izrayelit yo. Jewova pa t mande pou tout moun, kit yo rich kit yo pòv, ofri menm sakrifis. Nan kèk ka, li te pèmèt chak moun ofri sakrifis selon sitiyasyon yo. — Li Levitik 5:7, 11.

5. Bay yon egzanp ki montre Jewova gen imilite ak konpasyon.

5 Lefètke Jewova gen imilite ak konpasyon, sa fè l rezonab. Pa egzanp, Jewova te montre byen klè li gen imilite lè l t apral detwi moun mechan ki t ap viv nan vil Sodòm yo. Jewova te sèvi ak zanj li pou l bay Lòt, yon moun ki te jis, enstriksyon pou l kouri al nan mòn. Lòt te pè al nan mòn. Donk, li te sipliye Jewova pou l kite li menm ak fanmi l al pran refij nan vil Sowa, yon ti vil Jewova te gen entansyon detwi. Jewova te ka egzije Lòt fè egzakteman sa l te mande l fè a, men li pa t fè sa. Okontrè, li te dakò ak sa Lòt te vle a, menm lè sa t ap fè l pa detwi Sowa (Jen. 19:18-22). Plizyè syèk annapre, Jewova te montre l gen konpasyon pou moun Niniv yo. Li te voye pwofèt Jonas al fè yo konnen l ap detwi vil sa a ak moun k ap viv ladan l yo paske yo mechan. Men, lè moun Niniv yo te repanti, Jewova te vin gen pitye pou yo e l te epaye vil la. — Jon. 3:1, 10; 4:10, 11.

6. Bay kèk egzanp ki montre fason Jezi te imite Jewova ki rezonab.

6 Jezi te imite Jewova ki rezonab. Jewova te voye Jezi sou tè a pou l preche “mouton ki pèdi ki nan pèp Izrayèl la”. Men, Jezi te montre l rezonab pandan l t ap fè sèvis li. Yon lè, te gen yon dam ki pa t Izrayelit ki te sipliye l pou l geri pitit fi l ki te “gen yon demon sou li [ki t ap] malmennen l”. Jezi te demontre konpasyon pou dam nan, li te fè sa l te mande l la, li te geri pitit fi l la (Mat. 15:21-28). Ann pran yon lòt egzanp. Lè Jezi te fèk kòmanse sèvis li sou tè a, li te di: “Nenpòt moun ki nye m [...], mwen menm tou, m ap nye l.” ​(Mat. 10:33). Men, èske l te nye Pyè apre Pyè te fin nye l pandan twa fwa? Non. Jezi te konnen Pyè te regrèt sa l te fè a anpil e l te gen lafwa. Apre Jezi fin resisite, li te parèt devan Pyè, e se sèten li te fè l konprann li padone l e li renmen l. — Lik 24:33, 34.

7. Selon Filipyen 4:5, ki repitasyon nou ta renmen genyen?

7 Nou sot wè Jewova Dye ak Jezi Kris rezonab. E nou menm? Jewova atann pou n rezonab. (Li Filipyen 4:5.) Nou kapab mande tèt nou: ‘Èske yo konnen m kòm yon moun ki rezonab, ki fleksib e ki konn sede? Oswa èske yo wè m kòm yon moun ki strik, ki egzijan oswa ki gen tèt di? Èske m ensiste pou lòt moun fè yon seri bagay egzakteman jan mwen menm mwen panse yo ta dwe fèt la? Oswa èske m konn koute lòt moun e èske m konn sede pou m fè yo plezi lè sa nesesè?’ Plis nou montre nou rezonab, se plis n ap montre n ap suiv egzanp Jewova ak Jezi. Ann wè de sitiyasyon ki mande pou n rezonab: lè sitiyasyon n chanje, ak lè lòt moun pa gen menm opinyon avè n e yo pa pran menm desizyon avè n.

SE POU N MONTRE NOU REZONAB LÈ SITIYASYON N CHANJE

8. Ki sa k ka ede n pou n rezonab lè sitiyasyon n chanje? (Gade nòt la tou.)

8 Si nou rezonab, n ap adapte n lè sitiyasyon n chanje. Chanjman konsa ka lakòz nou gen yon seri pwoblèm nou pa t ap janm panse nou t ap genyen. Pa egzanp, nou ka vin gen gwo pwoblèm sante bridsoukou. Oubyen ka vin gen chanjman sanzatann nan ekonomi oswa nan gouvènman nan zòn kote n ap viv la ki ka fè lavi a vin difisil anpil pou nou (Ekl. 9:11; 1 Kor. 7:31). Si òganizasyon an ta mande n pou n sèvi Jewova yon lòt fason oswa yon lòt kote, sa ka menm yon eprèv pou nou. Kèlkeswa difikilte nou ta jwenn, nou kapab reyisi adapte n ak nouvo sitiyasyon yo si nou fè kat bagay nou pral site la yo: 1) aksepte reyalite a, 2) panse ak lavni, 3) konsantre sou sa ki pozitif, e 4) ede lòt moun b. Ann wè ki jan kèk nan frè n ak sè n yo te jwenn byenfè lè yo te fè bagay sa yo.

9. Ki jan yon mari ak madanm ki misyonè te rive fè fas ak eprèv yo pa t atann?

9 Aksepte reyalite a. Òganizasyon an te voye Emanuele ak Francesca al sèvi kòm misyonè nan yon peyi etranje. Apèn yo te kòmanse aprann lang peyi a e yo te tabli nan yon nouvo kongregasyon, pandemi COVID-19 la te kòmanse e yo te oblije pa pran kontak ak lòt moun. Epi, manman Francesca te vin mouri sanzatann. Francesca te vrèman vle pou l ansanm ak fanmi l, men, akoz pandemi an li pa t ka al nan peyi l. Ki jan l te rive fè fas ak difikilte sa yo? Premyèman, antanke mari ak madanm, Emanuele ak Francesca te priye Jewova pou l ba yo sajès yo t ap bezwen chak jou. Jewova te sèvi ak òganizasyon l lan pou l te reponn priyè yo nan bon moman. Pa egzanp, pawòl yon frè te di nan yon videyo te ankouraje yo. Men sa frè a te di: “Plis nou adapte n byen vit lè sitiyasyon n chanje, se plis n ap ka vin gen kè kontan byen vit ankò. Lè sa a, n ap fè tout sa n kapab nan sitiyasyon nou ladan l lan. c” Dezyèmman, yo te chofe pou yo vin pi maton nan bay temwayaj nan telefòn, e yo te menm kòmanse yon etid biblik. Twazyèmman, yo te kontan aksepte bonjan ankourajman ak èd frè nan zòn nan te ba yo. Chak jou, yon sè ki konn pran ka moun te konn voye yon ti mesaj ki gen yon vèsè biblik ladan l ba yo, e li te fè ennan ap fè sa. Menm jan an tou, lè n vin ap fè fas ak lòt sitiyasyon e nou aksepte yo, n ap satisfè ak sa nou kapab fè.

10. Ki jan yon sè te adapte l ak yon gwo chanjman ki te fèt nan lavi l?

10 Panse ak lavni, epi konsantre sou sa ki pozitif. Christina, yon sè ki moun peyi Woumani k ap viv nan peyi Japon, te dekouraje lè kongregasyon anglè kote l te konn asiste reyinyon an te vin pa egziste ankò. Sepandan, li pa t ret ap panse ak sa k pase a. Okontrè, li te deside fè sa l kapab nan kongregasyon japonè ki nan zòn nan, li te fè anpil efò pou l preche nan lang sa a. Li te mande yon ansyen kòlèg travay li pou l montre l pale japonè pi byen. Dam nan te dakò sèvi ak Bib la ansanm ak bwochi Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou l aprann Christina japonè. Nonsèlman Christina te vin aprann pale japonè pi byen, men dam nan te kòmanse montre l enterese nan laverite. Lè n panse ak lavni e n rete pozitif, chanjman ki vin genyen sanzatann ka fè n jwenn benediksyon nou pa t ap atann.

11. Ki sa yon mari ak madanm te fè lè yo te vin gen pwoblèm ekonomik?

11 Ede lòt moun. Gen yon mari ak madanm k ap viv nan yon peyi kote yo entèdi travay n ap fè a ki te vin gen gwo pwoblèm kòb lè ekonomi peyi a te pran kou. Ki jan yo te adapte yo? Pou kòmanse, yo te deside viv yon fason ki senp. Annapre, olye yo te ret konsantre sou pwoblèm pa yo, yo te deside ret okipe nan travay predikasyon an pou yo ede lòt moun (Tra. 20:35). Men sa mari a di: “Lefètke nou te okipe nan travay fè disip la, nou te jwenn mwens tan pou n panse ak bagay ki negatif e nou te jwenn plis tan pou n konsantre sou fè volonte Bondye.” Lè sitiyasyon n chanje, nou dwe sonje jan l enpòtan pou n kontinye ede lòt moun, sitou pa mwayen travay predikasyon an.

12. Ki jan egzanp apot Pòl kapab ede n pou n montre nou rezonab nan travay fè disip la?

12 Nou bezwen montre nou rezonab nan travay predikasyon an. Nou konn rankontre moun divès kwayans, moun ki pa reyaji menm jan, ki sot divès kote e ki pa gen menm kilti. Apot Pòl te konn adapte l, e nou ka aprann nan egzanp li. Jezi te nome Pòl “apot nasyon yo”. (Wom. 11:13.) Antanke apot nasyon yo, Pòl te preche Juif, Grèk, entèlektyèl, ti peyizan, gwo otorite nan gouvènman an ak wa. Pou Pòl te ka touche kè tout kalite moun sa yo, li te vin “tout bagay pou tout kalite moun”. (1 Kor. 9:19-23.) Li te panse ak kilti moun ki t ap koute l yo, fason yo te leve ak kwayans yo, e l te adapte sa l t ap di yo a ak sitiyasyon yo. Nou menm tou, nou kapab vin pi efikas nan travay fè disip la si nou montre nou rezonab e nou chèche wè pi bon fason pou n ede chak moun.

RESPEKTE OPINYON LÒT MOUN

Si nou rezonab, n ap respekte opinyon lòt moun. (Gade paragraf 13.)

13. Selon 1 Korentyen 8:9, ki danje nou kapab evite si n respekte opinyon lòt moun?

13 Si nou rezonab, sa kapab ede n tou pou n respekte opinyon lòt moun. Pa egzanp, gen kèk nan sè n yo ki renmen makiye, alòske gen lòt ki pito pa makiye. Gen kèk kretyen ki renmen bwè bwason ki gen alkòl san yo pa fè eksè, men gen lòt ki deside pa bwè ditou. Tout kretyen ta renmen viv an sante, men yo chwazi divès metòd pou yo pran swen sante yo. Si nou panse nou toujou gen rezon e n ap eseye konvenk frè n ak sè n yo pou yo aji menm jan avè n, nou kapab fè lòt moun bite e nou ka lakòz gen divizyon nan kongregasyon an. Se sèten nou pa ta renmen fè sa! (Li 1 Korentyen 8:9; 10:23, 24.) Ann egzamine de egzanp ki montre lè n aplike prensip ki nan Bib la ki jan sa ka ede n pou n gen ekilib e pou n kontinye viv anpè.

Si nou rezonab, n ap respekte opinyon lòt moun. (Gade paragraf 14.)

14. Ki prensip nan Bib la nou ta dwe suiv anrapò ak fason n ap abiye ak stil n ap fè cheve nou?

14 Fason n abiye ak stil nou fè cheve nou. Jewova pa ban nou règ strik sou fason pou n abiye, okontrè, li ban nou prensip pou n suiv. Nou dwe abiye yon fason ki onore Bondye, yon fason ki rezonab, ki demontre respè ak “bonsans”. (1 Tim. 2:9, 10; 1 Pyè 3:3.) Se sa k fè nou pa ta renmen pou fason nou abiye atire atansyon sou nou. Prensip ki nan Bib la ap ede ansyen yo tou pou yo evite bay règ pa yo sou fason pou moun abiye ak fason pou moun fè cheve yo. Pa egzanp, gen ansyen nan yon kongregasyon ki te vle ede kèk jèn frè ki te fè yon stil ki popilè ak cheve yo. Cheve yo te kout, men yo pa t penyen. Ki jan ansyen yo t ap ka ede frè sa yo san yo pa t bay yon règ? Men konsèy siveyan sikonskripsyon an te di ansyen yo pou bay frè yo: “Si w sou estrad la e moun yo nan oditwa a plis ap gade jan w ye olye y ap tande sa w ap di, konnen gen yon pwoblèm nan fason w abiye ak stil ou fè cheve w.” Esplikasyon tou senp sa a te rezoud pwoblèm nan san ansyen yo pa t bezwen bay yon règ. d

Si nou rezonab, n ap respekte opinyon lòt moun. (Gade paragraf 15.)

15. Ki lwa ak prensip nan Bib la ki ede n lè n ap chwazi tretman nou ta renmen suiv? (Women 14:5).

15 Swen sante. Se chak kretyen ki dwe deside ki jan y ap pran swen sante yo (Gal. 6:5). Lè yon kretyen ap chwazi tretman li ta renmen suiv, li bezwen obeyi lwa Bib la bay pou nou evite san ak bagay ki gen rapò ak movèzespri (Tra. 15:20; Gal. 5:19, 20). Lè Labib pa di anyen sou yon tretman, se kretyen an ki pou deside ki tretman l ap suiv. Gen kèk moun se tretman doktè sèlman yo suiv, alòske gen lòt ki chwazi lòt kalite tretman. Kit nou gen konviksyon yon tretman bon kit nou gen dout sou li, nou bezwen respekte dwa frè n ak sè n yo genyen pou yo pran pwòp desizyon pa yo anrapò ak swen sante yo. Donk, men sa nou bezwen sonje: 1) Se sèlman Wayòm Bondye a ki pral elimine maladi nèt (Eza. 33:24). 2) Chak kretyen dwe “ret ak konviksyon pa yo” lè y ap pran desizyon anrapò ak sante yo. (Li Women 14:5.) 3) Nou pa jije lòt moun oswa nou pa met yon obstak devan yo ki ka fè yo bite (Wom. 14:13). 4) Kretyen yo montre yo gen lanmou e yo konprann tèt ansanm ki gen nan kongregasyon an pi enpòtan pase opinyon pa yo (Wom. 14:15, 19, 20). Si n sonje pwen sa yo, n ap kontinye gen bon relasyon ak frè n ak sè n yo e n ap travay pou gen lapè nan kongregasyon an.

Si nou rezonab, n ap respekte opinyon lòt moun. (Gade paragraf 16.)

16. Ki jan yon ansyen ka montre l rezonab nan fason l kolabore ak lòt ansyen yo? (Gade foto yo tou.)

16 Ansyen yo dwe bay bon egzanp nan kesyon montre yo rezonab (1 Tim. 3:2, 3). Pa egzanp, yon ansyen pa ta dwe atann se opinyon pa l k ap toujou pase poutèt li pi gran pase lòt ansyen yo. Li konnen lespri Jewova ka sèvi ak nenpòt ansyen nan gwoup la pou di yon bagay k ap pèmèt yo pran yon bon desizyon. E si desizyon yo pran an pa kont okenn prensip nan Bib la, ansyen ki rezonab yo ap dispoze soutni desizyon pifò frè nan gwoup ansyen an chwazi pran an, menmsi se pa li yo t ap pran.

BYENFÈ N AP JWENN LÈ N MONTRE NOU REZONAB

17. Ki byenfè kretyen ki rezonab yo jwenn?

17 Antanke kretyen, nou jwenn anpil benediksyon lè n montre nou rezonab. Nou gen pi bon relasyon ak frè n ak sè n yo, e gen lapè nan kongregasyon an. Nou apresye tout kalite bèl pèsonalite ak koutim ki gen nan mitan moun k ap adore Jewova nan tèt ansanm yo. Sa k pi enpòtan an, nou kontan lefètke nou konnen n ap imite Jewova, Bondye nou an ki rezonab.

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

a Jewova ak Jezi rezonab, e yo vle n gen kalite sa a tou. Si nou rezonab, l ap pi fasil pou n adapte n lè sitiyasyon n chanje, pa egzanp, si n ta vin gen pwoblèm sante oswa si n ta vin gen pwoblèm kòb. Epitou, n ap aji yon fason k ap pèmèt gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an.

b Gade atik ki gen tit “Comment faire face aux changements” ki parèt nan Reveye n! no 4 2016.

c Gade videyo ki gen tit Entèvyou ak frè Dmitriy Mikhaylov nan atik ki gen tit “Jewova fè pèsekisyon tounen yon temwayaj” ki parèt nan Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri, mas-avril 2021.

d Pou n jwenn plis enfòmasyon anrapò ak fason n ap abiye ak stil n ap fè cheve nou, gade leson 52 nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.