Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 30

Ann kontinye fè efò pou n vin gen plis lanmou

Ann kontinye fè efò pou n vin gen plis lanmou

“Annou grandi nan tout bagay grasa lanmou.” — EFE. 4:15.

KANTIK 2 Non ou se Jewova

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki verite ou te aprann lè w te kòmanse etidye Bib la?

 ÈSKE W sonje lè w te kòmanse etidye Labib? Ou ka te sezi aprann Bondye gen yon non. Petèt ou te soulaje lè w te aprann Bondye pa pini moun nan yon dife lanfè. E sandout ou te kontan aprann gen posiblite pou w rewè moun pa w ki mouri yo e pou w viv ansanm avè yo nan yon paradi sou tè a.

2. Apre w te fin aprann verite ki nan Bib la, ki lòt pwogrè w te fè? (Efezyen 5:1, 2).

2 Plis ou te etidye Pawòl Bondye a, se plis ou te vin renmen Jewova. Lanmou sa a te pouse w aplike sa w te aprann yo. Ou te vin pran pi bon desizyon ki baze sou prensip ki nan Bib la. Ou te chanje konpòtman w ak konduit ou paske w te vle fè Bondye plezi. Menm jan yon timoun imite paran l ki renmen l, ou t ap imite Papa w ki nan syèl la. — Li Efezyen 5:1, 2.

3. Ki kesyon nou ka ap poze tèt nou?

3 Nou ka mande tèt nou: ‘Èske lanmou m gen pou Jewova kounye a pi fò pase lanmou m te gen pou li lè m te fèk vin kretyen? Depi lè m fin batize, èske fason m panse ak fason m aji plis sanble ak fason Jewova panse ak fason l aji, sitou nan fason m demontre lanmou pou frè m ak sè m yo?’ Si “lanmou w te genyen okòmansman an” yon ti jan rafredi, pa dekouraje. Sa te rive kèk kretyen nan premye syèk la. Jezi pa t abandone yo pou sa, e li pap abandone nou nonplis (Rev. 2:4, 7). Li konnen nou ka vin gen menm lanmou nou te genyen lè n te fèk aprann laverite a.

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

4 Nan atik sa a nou pral wè ki jan n ka kontinye gen plis lanmou pou Jewova ak pwochen nou. Annapre, nou pral wè kèk nan benediksyon ni nou menm ni lòt moun ka jwenn lè n chèche vin gen plis lanmou.

ANN CHÈCHE GEN PLIS LANMOU POU JEWOVA

5-6. Ki difikilte apot Pòl te jwenn nan sèvis li t ap bay Jewova a, e ki sa k te ankouraje l kontinye sèvi Jewova?

5 Apot Pòl te jwenn anpil kè kontan nan sèvis li t ap bay Jewova a, men, sa pa t toujou fasil. Byen souvan, Pòl te konn fè vwayaj ki byen long, e vwayaj yo pa t fasil nan epòk sa a. Lè Pòl t ap vwayaje, pafwa li te konn fè fas ak “danje nan rivyè” ak “danje anba men bandi”. Pafwa, moun ki te opoze avè l yo te konn maltrete l tou (2 Kor. 11:23-27). E kretyen parèy li yo pa t toujou apresye efò li t ap fè ak tout kè l pou l ede yo. — 2 Kor. 10:10; Flp. 4:15.

6 Ki sa k te ede Pòl kontinye nan sèvis li t ap bay Jewova a? Pòl te aprann anpil bagay sou pèsonalite Jewova nan Ekriti yo ak nan pwòp eksperyans li te fè. Pòl te vin gen konviksyon Jewova Dye renmen l (Wom. 8:38, 39; Efe. 2:4, 5). E li te vin renmen Jewova anpil. Pòl te montre l renmen Jewova lè l te “ede moun ki sen yo e [l te] kontinye ap ede yo”. — Ebre 6:10.

7. Bay youn nan fason nou ka vin gen plis lanmou pou Jewova.

7 Nou ka vin gen plis lanmou pou Bondye lè n byen etidye Pawòl li a. Pandan w ap li Bib la, eseye wè ki sa chak pasaj aprann ou sou Jewova. Mande tèt ou: ‘Ki jan istwa sa a montre Jewova renmen m? Ki jan l ankouraje m renmen Jewova?’

8. Ki jan lapriyè ka ede n vin gen plis lanmou pou Bondye?

8 Yon lòt fason nou ka vin gen plis lanmou pou Jewova se lè n priye l chak jou pou n di l tout sa k nan kè n (Sòm 25:4, 5). Lè n fè sa, Jewova ap reponn priyè nou yo (1 Jan 3:21, 22). Men sa Khanh, yon sè k ap viv ann Azi, di: “Okòmansman, sa m te aprann sou Jewova te fè m vin renmen l, men, lè m te wè fason Jewova reponn priyè m, mwen te vin pi renmen l toujou. Mwen te vle fè sa ki fè l plezi.” b

ANN CHÈCHE GEN PLIS LANMOU POU PWOCHEN NOU

9. Ki jan Timote te montre li te vin pi renmen frè l ak sè l yo?

9 Kèk ane apre Pòl te vin kretyen, li te rankontre yon jèn gason ki rele Timote. Timote te renmen Jewova e li te renmen moun. Men sa Pòl te di kretyen nan vil Filip yo: “Mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid [ak Timote], pa gen pèsonn tankou l ki gen sousi pou nou toutbon.” ​(Flp. 2:20). Nan vèsè sa a, Pòl pa t ap pale sou kapasite Timote genyen pou òganize kongregasyon an oswa pou l pale an piblik, men li klè Pòl te kapab wè jan Timote te renmen frè ak sè yo anpil. Pa gen dout, kongregasyon Timote te konn vizite yo te toujou kontan wè l. — 1 Kor. 4:17.

10. Ki jan Anna ak mari l te montre yo renmen frè ak sè yo?

10 Nou menm tou nou ka chèche fason pou n ede frè n ak sè n yo (Ebre 13:16). Ann reflechi sou egzanp Anna nou te pale de li nan atik anvan an. Apre yon gwo tanpèt te fin pase, li menm ak mari l t al wè yon fanmi ki Temwen e yo te wè tèt kay la kraze. Sa te vin fè fanmi an pa t gen rad pwòp pou yo mete. Men sa Anna di: “Nou te pran rad yo, nou te lave yo, e nou te pote yo tounen tou pase tou pliye. Pou nou menm se te yon ti jès, men sa te fè nou vin zanmi yo e zanmitay sa a ret byen djanm jis kounye a.” Piske Anna ak mari l renmen frè ak sè yo, sa te pouse yo ba yo èd yo te bezwen. — 1 Jan 3:17, 18.

11. a) Byen souvan, ki jan lòt moun santi yo lè n demontre lanmou pou yo? b) Selon Pwovèb 19:17, ki jan Jewova reyaji lè n demontre lanmou?

11 Lè n montre lòt moun nou renmen yo e nou janti avè yo, byen souvan, yo wè efò n ap fè pou n panse menm jan ak Jewova e pou n aji menm jan avè l. Nou ka pa janm konnen jan yo apresye fason nou byen aji ak yo. Khanh, sè nou te pale de li pi wo a, pa janm bliye moun ki te ede l yo. Men sa l di: “Mwen gen tout sè m sa yo ki te konn mennen m nan predikasyon anpil rekonesans. Yo te konn vin chèche m, yo te konn envite m al manje yon ti bagay avèk yo, e yo te konn mennen m tounen lakay mwen. Se kounye a m rann mwen kont jan sa te mande anpil efò. E yo te kontan fè sa.” Sepandan, se pa tout moun k ap montre yo gen rekonesans pou sa nou fè pou yo. Men sa Khanh di konsènan moun ki te ede l yo: “Yo te tèlman byen aji avè m, mwen ta renmen kapab fè menm bagay la pou yo. Men, mwen pa konn ki kote yo tout ap viv kounye a. Men, Jewova konn kote yo ye, e m priye l pou l rekonpanse yo pou mwen.” Khanh gen rezon. Jewova wè tout bon aksyon nou fè pou lòt moun, menm sa ki pi piti yo. Li konsidere yo kòm yon sakrifis ki gen anpil valè e kòm yon dèt l ap gen pou l peye nou. — Li Pwovèb 19:17.

Lè yon moun fè pwogrè nan sèvis l ap bay Jewova a, li chèche fason pou l ede lòt moun. (Gade paragraf 12.)

12. Ki jan frè yo ka montre yo renmen frè ak sè yo? (Gade foto yo tou.)

12 Si w se yon frè, ki jan w ka demontre lanmou pou lòt moun e ki sa w ka fè pou w ede yo? Yon jèn frè ki rele Jordan te mande yon ansyen ki jan l ka pi itil kongregasyon an. Ansyen an te felisite l pou pwogrè li deja fè e li te ba l kèk konsèy sou fason li kapab fè plis. Pa egzanp, li te ankouraje Jordan pou l rive bonè nan Sal Wayòm nan pou l ka salye lòt moun, li te ankouraje l pou l patisipe nan reyinyon yo, pou l preche regilyèman ak gwoup predikasyon li ladan l lan, e pou l chèche fason pou l ede lòt moun. Lè Jordan te fè sa, nonsèlman li te vin aprann fè yon seri bagay li pa t konn fè, men tou, li te vin pi renmen frè l ak sè l yo. Jordan te aprann se pa lè yon frè vin sèvitè ministeryèl li kòmanse ede lòt moun, okontrè, se kontinye li kontinye ede yo. — 1 Tim. 3:8-10, 13.

13. Ki jan lanmou te ede yon frè ki rele Christian vin kalifye pou l sèvi kòm ansyen ankò?

13 E si yon lè ou te sèvitè ministeryèl oswa ansyen? Jewova sonje travay ou te konn fè ak lanmou ki te pouse w fè travay sa yo (1 Kor. 15:58). Li wè jan w kontinye demontre lanmou. Gen yon frè ki rele Christian ki te santi l dekouraje lè l te vin pa ansyen ankò. Sepandan, men sa l di: “Piske m renmen Jewova, mwen te deside fè tout sa m kapab pou m sèvi l, kit mwen ansyen kit mwen pa ansyen.” Rive yon lè, yo te vin nome l ansyen ankò. Men sa l rekonèt: “Mwen te yon ti jan renka pou m rekòmanse sèvi antanke ansyen. Men, mwen te di tèt mwen, si Jewova fè m mizèrikòd e li aksepte m pou m sèvi kòm ansyen ankò, m ap aksepte fè sa paske m renmen l e paske m renmen frè m ak sè m yo.”

14. Ki sa w aprann nan pawòl yon sè nan peyi Jeyòji di?

14 Sèvitè Jewova yo montre yo renmen pwochen yo tou (Mat. 22:37-39). Pa egzanp, men sa yon sè nan peyi Jeyòji ki rele Elena, di: “Okòmansman, sèl bagay ki te konn ankouraje m preche se lanmou m gen pou Jewova. Men, plis m te vin renmen Papa m ki nan syèl la, se plis m te vin renmen lòt moun tou. Mwen te eseye imajine ki pwoblèm y ap rankontre e ki sijè ki ka touche kè yo. Plis m t ap panse ak yo se plis mwen te vle ede yo.” — Wom. 10:13-15.

JEWOVA AP REKONPANSE N LÈ N MONTRE NOU RENMEN LÒT MOUN

Yon sèl aksyon nou fè ki demontre lanmou ka fè anpil lòt moun jwenn benediksyon. (Gade paragraf 15-16.)

15-16. Jan sa parèt nan foto yo ki repwodui yon bagay ki te rive toutbon, ki benediksyon nou jwenn lè n montre nou renmen lòt moun?

15 Lè n montre nou renmen frè n ak sè n yo, se pa pou yo sèlman sa bon. Apre pandemi COVID-19 la te kòmanse, yon frè ki rele Paolo ak madanm li te ede plizyè sè aje aprann sèvi ak aparèy elektwonik pou yo ka preche. Gen yon sè okòmansman ki te twouve l difisil pou l sèvi ak aparèy elektwonik li genyen, men li te rive fè sa. Li te sèvi avè l pou l envite fanmi l nan Memoryal. Gen swasant ladan yo ki te rive asiste Memoryal la pa mwayen videyo konferans! Efò Paolo ak madanm li te fè yo te byen itil sè a ak moun nan fanmi l. Men sa sè a te ekri Paolo annapre: “Mèsi dèske n te ede n nou menm ki granmoun. M pap janm bliye jan Jewova gen sousi pou moun ki granmoun yo ak tout efò n te fè pou ede nou.”

16 Eksperyans konsa te aprann Paolo yon leson ki enpòtan anpil. Li te vin aprann lanmou pi enpòtan pase konesans oswa kapasite yon moun genyen. Men sa l sonje: “Mwen te siveyan sikonskripsyon. Jodi a, mwen rann mwen kont menmsi pwoklamatè yo pa sonje diskou m fè yo, yo toujou sonje jan m te konn ede yo.”

17. Lè n demontre lanmou, kiyès sa ap ede tou?

17 Lè n montre nou renmen lòt moun, nou menm tou sa ede nou fason nou pa t ap atann. Jonathan k ap viv Nouvèl Zelann te viv sa. Yon samdi aprèmidi ki te fè cho, li te wè yon pyonye k ap preche poukont li sou wout la. Jonathan te deside preche ak pyonye sa a chak samdi aprèmidi. Lè sa a, li pa t rann li kont jan bèl aksyon l te fè a t apral itil li. Men sa Jonathan rekonèt: “Nan epòk sa a, mwen pa t renmen preche. Men lè m te wè fason pyonye a t ap anseye ak fason l te jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an, sa te fè m vin renmen preche. Mwen menm ak frè a nou te vin bon zanmi, li te ede m vin renmen travay predikasyon an e li te ede m vin pi pwòch Jewova.”

18. Ki sa Jewova vle nou fè?

18 Jewova vle pou nou tout vin gen plis lanmou pou li ak pou lòt moun. Jan nou te aprann sa, nou ka vin pi renmen Jewova lè nou li Pawòl li a, lè nou medite sou sa nou li yo ak lè nou priye L chak jou. Nou ka vin pi renmen frè n ak sè n yo lè n fè yon jan pou n ede yo. Tank lanmou nou genyen an ap vin pi fò, n ap vin pi pwòch Jewova e n ap vin pi pwòch frè n ak sè n yo. Epitou, n ap ret zanmi yo pou toutan!

KANTIK 109 Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou

a Kit nou pa gen lontan nan laverite kit nou gen anpil ane depi n ap sèvi Jewova, nou tout ka kontinye fè pwogrè. Atik sa a pral montre yon bon fason nou ka kontinye fè pwogrè se lè n vin gen plis lanmou pou Jewova ak pwochen nou. Pandan w ap medite sou atik sa a, reflechi sou pwogrè ou deja fè ak fason ou ka kontinye fè plis pwogrè.

b Gen kèk non yo chanje.