Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk Konsèy Sou Fason Pou n Etidye

Kèk Konsèy Sou Fason Pou n Etidye

Sa n ta dwe bay priyorite

Nou tout pa gen anpil tan pou n fè etid pèsonèl. Ki jan n ka pi byen sèvi ak tan nou genyen an? Toudabò, pran san w lè w ap etidye. W ap pi byen pwofite si w byen egzamine kèk enfòmasyon, olye w egzamine yon pakèt enfòmasyon nan kouri.

Apre sa, bay yon seri aktivite priyorite (Efe. 5:15, 16). Men kèk konsèy:

  • Li Bib la chak jou (Sòm 1:2). Pwogram lekti Labib nou gen nan reyinyon lasemèn nan se yon bon fason pou n kòmanse fè sa.

  • Prepare etid Toudegad la ak reyinyon lasemèn nan. Byen prepare pou w ka fè kòmantè. — Sòm 22:22.

  • Fè efò pou w li lòt piblikasyon yo, tankou Toudegad piblik la ak Reveye n!, pran tan pou w gade videyo yo e pou w egzamine lòt enfòmasyon ki sou sit jw.org la.

  • Fè rechèch sou yon sijè ki enterese w. Pa egzanp, yon pwoblèm ou genyen, yon kesyon ou ta renmen jwenn repons li, oswa yon bagay ou ta renmen pi byen konprann nan Bib la. Pou w jwenn kèk ide, ale nan seksyon “Ann fouye nan Bib la” sou jw.org.