Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Lè n pran ka moun, sa fè n jwenn benediksyon nètale

Lè n pran ka moun, sa fè n jwenn benediksyon nètale

Mwen menm ak manman m ak Pat, youn nan sè m yo, an 1948.

“LEGLIZ anglikan pa anseye laverite. Kontinye chèche l.” Apre grann mwen ki te yon Anglikan te di pawòl sa a, manman m te kòmanse chèche vrè relijyon an. Sepandan, li pa t vle pale ak Temwen Jewova yo, e l te konn di m pou m kache lè yo vin lakay nou Towonto, nan peyi Kanada. Men, lè ti sè manman m nan te kòmanse etidye Labib ak Temwen yo nan ane 1950, manman m te aksepte etidye tou. Yo te konn fè etid la lakay matant mwen, e rive yon lè, yo te batize.

Papi te yon ansyen nan L’église Unie du Canada nan zòn kote n te abite a. Donk, chak wikenn, li te konn voye mwen menm ak sè m ki fèt apre m nan nan lekòl di dimanch, apre sa nou te konn al ansanm avè l nan sèvis ki te konn fèt a 11 è dimaten an. Nan aprèmidi, nou te konn al nan Sal Wayòm ansanm ak manmi. Li te fasil pou n te wè diferans ki genyen ant de relijyon yo.

Mwen menm ak fanmi Hutcheson, pandan asanble entènasyonal ki gen tit Volonte Bondye ki te fèt an 1958.

Manman m te pataje sa l te fèk ap aprann nan Bib la ak Bob ak Marion Hutcheson, de zanmi li te gen depi lontan, e yo menm tou yo te aksepte laverite. An 1958, frè ak sè Hutcheson te mennen m nan kongrè entènasyonal ki te gen tit Volonte Bondye ansanm ak twa pitit gason yo te genyen yo. Kongrè a te dire uit jou e l te fèt nan vil Nouyòk. Lè m ap reflechi, mwen vin rann mwen kont yo dwe te fè anpil efò pou yo te mennen m tou. Men, se te youn nan pi bèl moman nan lavi m.

LEFÈTKE FRÈ AK SÈ YO TE PRAN KA M, SA TE VIN POUSE M FÈ PLIS NAN SÈVIS JEWOVA

Nan adolesans mwen, nou te viv nan yon bitasyon, e m te renmen pran swen bèt yo. Mwen te vrèman vle vin veterinè. Manman m te di yon ansyen nan kongregasyon an sa. Avèk jantiyès, frè a te fè m sonje n ap viv “nan dènye jou yo” e l te mande m ki efè tout ane m t ap gen pou m fè nan inivèsite a t ap gen sou relasyon m ak Jewova (2 Tim. 3:1). Se sa k fè mwen te deside pa al nan inivèsite.

Mwen te kontinye ap mande tèt mwen ki sa m ap fè apre m fin lekòl. Menm lè m te konn preche chak wikenn, m pa t renmen sa e m pa t wè mwen menm ki pyonye. Pandan tan sa a, papa m ak tonton m ki pa t ap sèvi Jewova te konn ap ankouraje m travay aplentan pou yon gwo konpayi asirans nan Towonto. Tonton m te nan yon gwo pòs nan konpayi a, se sa k fè m te aksepte djòb la.

Nan Towonto, kòm mwen te konn toujou ap fè siplemantè e m te konn pase tan ak moun ki pap sèvi Jewova, sa te anpeche m asiste reyinyon epi preche regilyèman. Okòmansman, mwen t ap viv ak granpapa m ki pa t Temwen. Men, lè l te vin mouri, mwen te bezwen jwenn yon lòt kote pou m rete.

Frè ak sè Hutcheson ki te mennen m nan kongrè a an 1958 te tankou paran pou mwen. Yo te mande m vin viv lakay yo e yo te ede m fè pwogrè nan sèvis Jewova. An 1960, mwen te batize ansanm ak John, pitit gason yo. John te vin pyonye e sa te ankouraje m fè plis nan travay fè disip la. Frè nan kongregasyon an te wè m ap fè pwogrè, e rive yon lè, yo te nome m sèvitè nan Lekòl ministè teyokratik. a

MWEN TE VIN GEN YON PATNÈ ESTRAWÒDINÈ E M TE VIN PYONYE

Jou maryaj nou, an 1966.

An 1966 mwen te marye ak Randi Berge, yon pyonye ki te renmen sèvis li anpil e ki te vrèman vle al sèvi kote ki gen plis bezwen. Siveyan sikonskripsyon nou an te apresye nou anpil, e l te ankouraje n al ede kongregasyon ki nan Orilya a, nan Ontaryo. Donk, nou te demenaje menm moman an.

Kou nou te rive Orilya, mwen te vin pyonye pèmanan, menm jan ak Randi. Mwen te vin chofe nan sèvis la menm jan avè l! Kou m te met tout kè m nan sèvis la, mwen te vin gen kè kontan lefètke m te sèvi ak Bib la e m te wè efè sa gen sou moun yo lè yo konprann laverite. Mwen te vrèman kontan ede yon mari ak madanm nan Orilya pou yo fè chanjman nan lavi yo e pou yo vin sèvi Jewova.

NOU TE APRANN YON NOUVO LANG E N TE CHANJE FASON N PANSE

Pandan m t ap vizite Towonto, mwen te rankontre Arnold MacNamara, youn nan frè ki te alatèt nan Betèl la. Li te mande m si nou ta renmen vin pyonye espesyal. Mwen te reponn tousuit: “N ap vrèman kontan! Depi se pa nan Kebèk!” Fason moun nan pati nan peyi Kanada ki pale anglè yo te wè moun nan pwovens Kebèk ki pale fransè yo te gen move efè sou mwen. Nan epòk sa a, te gen moun ki t ap fè manifestasyon kont gouvènman an nan Kebèk ki te vle pou Kebèk separe ak rès peyi Kanada.

Men sa Arnold te reponn: “Pou kounye a, se sèlman Kebèk filyal la ap voye pyonye espesyal.” M te dakò ale tousuit. M te deja konnen Randi te vle al sèvi la. Annapre, m te vin rann mwen kont se youn nan pi bon desizyon nou te pran nan lavi nou!

Apre nou te fin suiv yon kou fransè ki te dire senk semèn, mwen menm ak Randi ansanm ak yon lòt mari ak madanm t al Rimouski, ki nan yon distans anviwon 540 kilomèt nan nòdès Monreyal. Nou te gen anpil bagay pou n aprann toujou, e sa te parèt byen klè nan yon reyinyon pandan m t ap li kèk anons. Mwen te di, nan kongrè nou pral genyen an, n ap gen anpil “gwo zwazo ki rele otrich la kòm delege” olye pou m te di n ap gen anpil “delege k ap sot nan peyi Otrich”.

Kay nou te bay non Mezon Blanch lan nan vil Rimouski.

Nan Rimouski, te gen kat sè selibatè ki te zele anpil ki te vin jwenn nou kat la, e frè ak sè Huberdeau ak de pitit fi yo te genyen yo te vin jwenn nou tou. Frè ak sè Huberdeau te lwe yon kay ki te gen sèt chanm akouche, e pyonye yo te bay yon pati nan kòb la. Nou te rele kay la Mezon Blanch paske poto l yo ak fasad li te blan. Nou te konn gen ant 12 ak 14 moun ki t ap viv nan kay la. Antanke pyonye espesyal, mwen menm ak Randi te konn preche maten, aprèmidi ak aswè. Donk, nou te kontan gen moun ki te toujou dispoze preche avèk nou, menm nan sware nan sezon ivè ki te konn fè frèt anpil.

Nou te vin tèlman pwòch ak pyonye sa yo ki te fidèl, yo te vin tankou fanmi nou. Pafwa, nou te konn chita ansanm toutotou yon boukan dife oswa nou te konn gen yon jou pou n fè manje ansanm. Youn nan frè yo te yon mizisyen, donk, souvan, samdi swa nou te konn chante e nou te konn danse.

Anpil moun nan Rimouski te vle aprann konn Bib la. Nan senkan, nou te kontan wè plizyè etidyan Labib fè pwogrè epi batize. Te vin gen anviwon 35 pwoklamatè nan kongregasyon an.

Nan Kebèk, nou te jwenn bonjan fòmasyon antanke moun k ap evanjelize. Nou te wè jan Jewova te ede n nan travay fè disip la ak jan l te ede n jwenn sa n te bezwen pou n viv. Mete sou sa, nou te aprann renmen moun ki pale fransè yo, lang yo pale a ak kilti yo, sa ki te fè n vin renmen lòt kilti tou. — 2 Kor. 6:13.

Sanzatann, filyal la te mande n pou n t al nan vil Trakadi, yon vil ki te sou kot lès Nouvo Bwonzwik. Sa pa t fasil, paske nou te fèk lwe yon apatman e m te jwenn yon kontra pou m fè kou nan yon lekòl kèk èdtan pa semèn. Mete sou sa, kèk nan moun nou t ap etidye Labib avèk yo te fèk vin pwoklamatè, nou t ap konstwi yon Sal Wayòm e n te rive nan mitan travay la.

Nou te fè tout wikenn nan ap priye sou deplase nou te gen pou n deplase a, e n t al vizite Trakadi ki pa t menm ditou ak Rimouski. Men, nou te di tèt nou piske se la Jewova vle nou ale, nou prale. Nou te fè Jewova konfyans e nou te wè l retire tout obstak yo pou nou (Mal. 3:10). Piske Randi te gen bon relasyon ak Jewova, li pa t wè tèt li e l te gen bon jan, deplasman an te pi fasil.

Nouvo kongregasyon nou an te gen yon sèl ansyen. Se te Robert Ross. Li menm ak madanm li, Linda, te pyonye, e yo te deside rete nan zòn nan apre yo te vin gen premye pitit yo. Toutpandan yo t ap pran swen tipitit gason yo a, yo te ankouraje mwen menm ak Randi anpil lefètke yo te byen akeyi nou, yo te gen pèseverans e yo te chofe nan travay fè disip la.

NOU TE KONTAN SÈVI KÈLKESWA KOTE KI TE GEN BEZWEN

Sezon ivè pandan nou te nan premye sikonskripsyon nou.

Apre n te fin fè dezan ap sèvi kòm pyonye nan Trakadi, yon lòt fwa ankò, nou te jwenn yon sipriz nou pa t atann: yo te envite n al sèvi nan sikonskripsyon. Nou te sèvi nan sikonskripsyon anglè yo pandan setan, apre sa, yo te voye n nan yon sikonskripsyon fransè nan Kebèk. Nan Kebèk Siveyan distri nou an se te Léonce Crépeault. Li te konn felisite m pou diskou m fè. Men, annapre, li te konn toujou mande m: “Ki jan diskou w yo te kapab pi pratik?” b Lefètke l t ap ede m, sa te fè m fè efò pou m anseye yon fason ki pi pratik e ki pi senp.

Youn nan travay mwen te fè mwen pap janm bliye se te nan kongrè entènasyonal ki te gen tit “La foi victorieuse” ki te fèt an 1978 nan Monreyal. Mwen te travay nan sèvis kafeterya. Nou t ap tann 80 000 moun, e te vin gen yon nouvo aranjman pou fè manje pou moun yo. Tout bagay te nouvo net: ekipman yo, meni an ak fason pou n te prepare manje a. Nou te gen anviwon 20 gwo konntenè ki te sèvi kòm frijidè pou konsève manje ki pa t konn mache byen pafwa. Lavèy premye jou a, nou pa t ka menm antre nan stad la anvan minui pou n te fè preparasyon, paske te gen yon evènman espòtif ki te deja pwograme. Nou te dwe limen fou yo anvan l fè klè pou n te ka prepare dejene. Nou te fatige, men m te aprann anpil bagay nan men lòt volontè ki te travay di, ki te gen matirite e ki te gen bon jan. Nou te vin pwòch youn ak lòt, e jis kounye a nou zanmi. Se pa ti kontan m te kontan asiste kongrè estrawòdinè sa a nan pwovens Kebèk, yon kote ki te gen gwo pèsekisyon nan ane 1940 yo ak ane 1950 yo!

Mwen t ap ede prepare kongrè ansanm ak Randi nan Monreyal, an 1985.

Mwen te aprann anpil bagay nan men lòt siveyan sikonskripsyon yo pandan gwo kongrè ki te fèt nan Monreyal yo. Gen yon ane, se te David Splane ki te siveyan kongrè a. Kounye a, l ap sèvi kòm manm Kolèj santral. Nan yon lòt kongrè ki te vin fèt apre, se mwen yo te mande fè travay sa a. Men, David te vrèman byen kolabore avè m.

An 2011, apre nou te fin fè 36 an nan sèvis sikonskripsyon, yo te envite m al sèvi antanke enstriktè nan Lekòl pou ansyen yo. Pandan dezan, mwen menm ak Randi te dòmi nan 75 kabann, men, nou pa regrèt nou te fè sakrifis sa yo. Nan fen chak semèn, ansyen yo te montre yo gen anpil rekonesans paske yo te wè jis nan ki pwen Kolèj santral la bay relasyon ansyen yo gen ak Jewova a valè.

Apre sa, mwen te anseye nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Byen souvan, elèv yo te konn fatige anpil akoz pwogram nan ki te chaje: chak jou, yo te konn fè anviwon setèdtan chita nan klas, yo te konn pase twazèdtan chak swa ap fè devwa, e yo te gen kat oswa senk patisipasyon chak semèn. Mwen menm ak lòt enstriktè a te fè yo konnen yo pap ka fè tout sa yo gen pou yo fè si Jewova pa ede yo. M ap toujou sonje jan elèv yo te sezi wè lè yo konte sou Jewova, yo rive fè plis pase sa yo te panse.

LÈ N PRAN KA MOUN, SA FÈ N JWENN BENEDIKSYON NÈTALE

Lefètke manman m te konn pran ka moun, sa te ede moun li t ap etidye Labib ak yo fè pwogrè e sa te menm fè papa m chanje fason l te wè laverite. Twa jou apre lanmò manman m, nou te sezi wè papa m vin asiste yon diskou piblik nan Sal Wayòm nan, e li te fè 26 an ap asiste reyinyon. Byenke papi pa t janm batize, ansyen yo te di m li te toujou rive nan reyinyon yo an premye chak semèn.

Manman m te yon bèl egzanp pou mwen menm ak sè m yo tou. Toule twa sè m yo ak mari yo ap sèvi Jewova fidèlman. De nan sè m yo ap sèvi nan biwo filyal. Gen youn ki nan peyi Pòtigal e gen yon lòt ki ann Ayiti.

Kounye a, mwen menm ak Randi ap sèvi kòm pyonye espesyal nan Amilton, Ontaryo. Lè nou te nan travay sikonskripsyon an, nou te konn kontan akonpaye frè ak sè yo lè yo pral fè nouvèl vizit ak etid. Men kounye a, nou vrèman kontan wè pwòp etidyan pa nou ki vin aprann renmen Jewova. E tank n ap vin zanmi frè ak sè nan kongregasyon nou ye a, sa ankouraje n pou n wè jan Jewova ede yo nan bon tan kou nan move tan.

Lè n ap reflechi, nou vrèman apresye fason anpil moun te pran ka nou. Nou menm tou, nou fè efò pou n montre “jan nou gen sousi” pou lòt moun, pou n ankouraje yo fè tout sa yo kapab nan sèvis Jewova (2 Kor. 7:6, 7). Pa egzanp, gen yon fanmi, ni madanm nan, ni pitit gason yo ak pitit fi yo, yo tout te nan sèvis aplentan. Mwen te mande mari a si l te janm panse vin pyonye. Li te di m li gen twa pyonye sou kont li. Donk, mwen te mande l: “Èske w ka pran swen yo pi byen pase Jewova?” Mwen te ankouraje l vin goute kè kontan fanmi l jwenn nan sa y ap fè a. Sis mwa apre, li te vin pyonye.

Mwen menm ak Randi ap kontinye “fè jenerasyon k ap vini an konnen” “gwo aksyon” Jewova fè yo, e nou gen espwa y ap kontan sèvi l menm jan nou kontan fè sa. — Sòm 71:17, 18.

a Kounye a yo rele l siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè.

b Gade byografi Léonce Crépeault nan Toudegad fevriye 2020, paj 26-30.