Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 31

“Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen”

“Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen”

“Frè byenneme m yo, se pou nou vin fèm, san nou pa brannen.” — 1 KOR. 15:58.

KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. Nan ki sans yon kretyen ka tankou yon bilding ki byen wo? (1 Korentyen 15:58).

 NAN fen ane 1970 yo, yo te kòmanse konstwi yon bilding 60 etaj nan vil Tokyo nan peyi Japon. Gen moun ki t ap mande tèt yo si bilding sa a t ap ka ret kanpe etandone te konn gen anpil tranblemanntè nan vil sa a. Ki teknik enjenyè yo te itilize pou bilding sa a ka ret kanpe lè gen tranblemanntè? Yo te konstwi bilding nan yon fason pou l solid e pou l fleksib pou l ka reziste lè gen tranblemanntè. Kretyen yo menm jan ak bilding byen wo sa a. Nan ki sans?

2 Yon kretyen dwe fèm, men anmenmtan, li dwe rezonab. Li bezwen montre l fèm anrapò ak lwa ak prensip Jewova yo e li bezwen pran detèminasyon pou l toujou obeyi yo. (Li 1 Korentyen 15:58.) Li “dispoze obeyi” e li kontinye ret fidèl ak Jewova. Yon lòt bò, li bezwen montre l “rezonab”, oswa fleksib, lè sa posib oswa lè sa nesesè (Jak 3:17). Yon kretyen ki aprann gen kalite ekilib sa a ap fè efò pou l pa ni twò di ni twò toleran. Nan atik sa a, nou pral wè fason n ap kapab montre n fèm. Epitou, nou pral wè senk fason Satan eseye fè l difisil pou n rete fèm e nou pral aprann fason nou ka kenbe tèt ak li.

KI JAN NOU KAPAB MONTRE NOU FÈM?

3. Ki lwa Sila a ki gen plis otorite pou l fè lwa a bay nou jwenn nan Travay 15:28, 29?

3 Jewova se Sila a ki gen plis otorite pou l fè lwa, e lwa li bay yo toujou fasil pou pèp li a konprann (Eza. 33:22). Pa egzanp, kolèj santral nan premye syèk la te montre twa fason kretyen yo dwe rete fèm: 1) yo dwe vire do bay idolatri, sa vle di yo dwe adore Jewova sèlman, 2) yo dwe respekte san ki sakre, e 3) yo dwe suiv prensip moral wo nivo ki nan Bib la. (Li Travay 15:28, 29.) Jodi a, ki jan kretyen yo kapab montre yo obeyi Jewova twa fason sa yo?

4. Ki jan nou montre se ak Jewova nou atache sèlman? (Revelasyon 4:11).

4 Nou vire do bay idolatri, se Jewova sèlman nou adore. Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo atache avè l sèlman (Det. 5:6-10). E lè Dyab la te tante Jezi, Jezi te di byen klè se Jewova sèlman nou dwe adore (Mat. 4:8-10). Donk, nou pa adore zidòl. Epitou, nou pa konsidere kèlkeswa moun nan kòm idòl, kit li se chèf relijye, dirijan politik, vedèt spò, aktè oswa mizisyen, ni nou pa pran yo pou dye. Nou pran pozisyon pou Jewova e se li menm sèlman nou adore antanke Sila a ki “kreye tout bagay”. — Li Revelasyon 4:11.

5. Poukisa nou soutni lwa Jewova bay anrapò ak lavi ak san ki sakre?

5 Nou soutni lwa Jewova bay anrapò ak lavi ak san ki sakre. Poukisa? Paske Jewova di san reprezante lavi, yon kado li bay ki gen anpil valè (Lev. 17:14). Premye fwa Jewova te bay moun posiblite pou yo manje vyann bèt, li te ba yo lòd pou yo pa manje san an (Jen. 9:4). Li te rebay Izrayelit yo menm kòmandman sa a lè l te bay Lwa Moyiz la (Lev. 17:10). E li te fè kolèj santral premye syèk la bay tout kretyen lòd pou yo “kontinye evite [...] san”. (Tra. 15:28, 29.) Nou obeyi kòmandman sa a ak tout kè nou lè n ap chwazi ki tretman n ap aksepte anrapò ak sante nou. b

6. Ki efò nou fè pou n viv ann amoni ak prensip moral wo nivo Jewova yo?

6 Nou soutni prensip moral wo nivo Jewova yo ak tout kè n (Ebre 13:4). Apot Pòl te itilize yon langaj senbolik ki frapan lè l te di pou n fè manm kò nou “mouri”, sa vle di pou n fè gwo efò pou n elimine kèlkeswa move dezi nou genyen. Nou evite gade oswa fè nenpòt bagay ki ta ka fè n tonbe nan imoralite seksyèl (Kol. 3:5; Jòb 31:1). Lè n jwenn tantasyon, nou evite kèlkeswa panse oswa aksyon ki ta ka fè n pèdi amitye nou gen ak Bondye a, e nou fè sa san pèdi tan.

7. Ki detèminasyon nou bezwen pran, e poukisa?

7 Jewova atann pou n “obeyi [...] ak tout kè nou”. (Wom. 6:17.) Sa Jewova mande nou fè yo toujou bon pou nou e nou dwe obeyi lwa l yo (Eza. 48:17, 18; 1 Kor. 6:9, 10). Nou fè tout sa n kapab pou n fè kè Jewova kontan e nou montre nou gen menm atitid ak youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di: “Mwen detèmine pou m toujou obeyi lwa w yo, wi, jiskaske m mouri.” ​(Sòm 119:112). Sepandan, Satan pral chèche fè l difisil pou n rete fèm. Ki taktik li itilize?

KI JAN SATAN CHÈCHE FÈ L DIFISIL POU N RETE FÈM?

8. Ki jan Satan sèvi ak pèsekisyon pou l fè l difisil pou n rete fèm?

8 Pèsekisyon. Dyab la sèvi ak vyolans ak pèsekisyon pou l ka fè l difisil pou n ret fidèl. Objektif li se “devore” nou, e li vle detwi relasyon nou gen ak Jewova a (1 Pyè 5:8). Nan premye syèk la, yo te menase kretyen yo, yo te bat yo e yo te touye yo paske yo te detèmine pou yo rete fèm (Tra. 5:27, 28, 40; 7:54-60). Satan kontinye sèvi ak pèsekisyon jodi a. Sa parèt klè lè n wè jan gouvènman peyi Larisi ak lòt peyi ap maltrete frè n ak sè n yo. E nou wè sa tou nan atak opozan fè sou frè n ak sè n yo.

9. Bay yon egzanp ki montre nou bezwen veye kò nou ak presyon anba anba y ap fè sou nou.

9 Presyon anba anba. Nonsèlman Satan sèvi ak pèsekisyon pou l anpeche n rete fèm, li itilize lòt “manèv” tou (Efe. 6:11). Ann pran egzanp yon frè ki rele Bob ki te entène lopital paske l te gen pou l fè yon gwo operasyon. Li te fè doktè yo konnen kèlkeswa jan sa ye li pap aksepte pran san. Doktè ki t apral opere l la te dakò respekte desizyon l lan. Sepandan, jou swa anvan operasyon an, lè fanmi Bob t al lakay yo, anestezis la te vin kot Bob. Li te fè Bob konnen petèt li pap nesesè pou yo ba l san, men, li t ap la pou sizoka yo ta bezwen l. Petèt doktè a te panse Bob t ap chanje lide apre fanmi l fin ale. Men, Bob te rete fèm, li te fè konnen li pa t ap aksepte pran san kèlkeswa sa k ta rive.

10. Sa k fè fason lèzòm rezone se yon pyèj? (1 Korentyen 3:19, 20).

10 Rezònman lèzòm. Si n wè bagay yo jan lèzòm wè yo, nou ka vin pa bay Jewova ak prensip li yo regle anyen pou nou. (Li 1 Korentyen 3:19, 20.) Byen souvan, “sajès monn sa a” pouse moun lage kò yo nan dezi lachè. Gen kèk kretyen nan vil Pègam ak nan vil Tiyati ki te kite moun nan vil sa yo enfliyanse yo. Yo te lage kò yo nan adore zidòl ak nan imoralite. Jezi te bay toule de kongregasyon sa yo bonjan avètisman poutèt yo te tolere imoralite seksyèl (Rev. 2:14, 20). Jodi a, gen moun k ap fè presyon sou nou pou nou dakò ak move fason yo panse. Moun nan fanmi nou ak moun nou konnen ka ap eseye konvenk nou pou n sispann obeyi lwa Jewova yo. Pa egzanp, yo ka fè n konnen pa gen anyen ki mal pou n satisfè dezi nou genyen e yo ka chèche fè n kwè prensip moral ki nan Bib la pa alamòd.

11. Toutpandan n ap rete fèm, ki sa n dwe evite?

11 Pafwa, nou ka panse enstriksyon Jewova ban nou yo pa fin twò klè. Nou ka menm anvi “ale pi lwen pase sa ki ekri”. (1 Kor. 4:6.) Chèf relijye nan epòk Jezi a te fè peche sa a. Yo te ajoute pwòp règ pa yo sou Lwa Jewova te bay la e sa te fè l difisil anpil pou pèp la obeyi Lwa Jewova a (Mat. 23:4). Jewova ban nou enstriksyon klè pa mwayen Pawòl li a e pa mwayen òganizasyon l lan. Nou pa gen okenn rezon pou n ajoute sou enstriksyon li bay yo (Pwo. 3:5-7). Kidonk, nou pa ale pi lwen pase sa ki ekri nan Bib la ni nou pa mande kwayan parèy nou yo suiv yon seri règ sou yon seri bagay Bib la pa di anyen sou sa.

12. Ki jan Satan sèvi ak “twonpri ki san valè”?

12 Twonpri. Satan itilize “twonpri ki san valè” ak “bagay monn nan baze sou yo” pou l ka twonpe nou e pou l chèche met divizyon nan mitan nou (Kol. 2:8). Nan premye syèk la, pami bagay sa yo te gen yon seri filozofi ki te baze sou rezònman lèzòm, sou bagay Juif yo t ap anseye ki pa t baze sou Ekriti yo, ak sou ansèyman ki fè konnen kretyen yo dwe obeyi Lwa Moyiz la. Ide sa yo te twonpe moun yo paske yo te anpeche yo wè vrè Sous sajès la, anpalan de Jewova. Jodi a, Satan sèvi ak medya yo ak rezo sosyal yo pou l gaye rimè ak manti y ap bay nan nouvèl e gen lidè politik k ap ankouraje bagay sa yo. Pandan pandemi COVID-19 la te gen anpil fo enfòmasyon konsa c. Temwen Jewova ki te koute enstriksyon òganizasyon nou an te bay pa t gen tout tètchaje moun ki te koute fo enfòmasyon sa yo te genyen. — Mat. 24:45.

13. Poukisa n dwe veye pou n pa kite yon seri bagay fè n distrè?

13 Bagay ki ka fè nou distrè. Nou dwe ret konsantre sou “bagay ki pi enpòtan yo”. (Flp. 1:9, 10.) Lè nou distrè, sa ka fè n pèdi anpil tan e sa ka fè n pa konsantre sou bagay ki te ka pi itil nou. Aktivite nou abitye fè, tankou manje, bwè, pran detant ak travay, kapab fè nou vin distrè si n kite yo vin bagay ki pi enpòtan nan lavi nou (Lik 21:34, 35). Epitou, se chak jou n ap tande yon bann nouvèl sou chirepit ki gen nan sosyete a ak pwoblèm politik. Nou dwe veye pou n pa kite bagay sa yo fè n distrè. Si n pa fè sa, nou ka kòmanse pran pozisyon nan lespri nou ak nan kè nou. Satan sèvi ak tout taktik nou sot wè la yo pou l chèche anpeche n kontinye fè sa ki dwat. Ann wè ki jan n ka kenbe tèt avè l epi rete fèm.

KI JAN N KAPAB RETE FÈM?

Pou w ka rete fèm, reflechi sou rezon ki te pouse w vwe Jewova lavi w epi batize, etidye Pawòl Bondye a epi medite sou li, fè kè w vin fèm, epi fè Jewova konfyans. (Gade paragraf 14-18.)

14. Ki sa ki ka ede n ret atache ak Jewova?

14 Reflechi sou rezon ki te pouse w vwe Jewova lavi w epi batize. Ou te franchi etap sa yo paske w te vle pran pozisyon pou Jewova. Sonje sa k te ede w vin gen konviksyon ou jwenn laverite. Ou te vin aprann konn Jewova e w te vin gen respè ak lanmou pou li antanke Papa w ki nan syèl la. Ou te vin gen lafwa e sa te pouse w repanti. Ou te sispann fè sa Bondye rayi e w te vin ap fè sa ki fè l plezi. Ou te santi w soulaje lè w rann ou kont Bondye padone w (Sòm 32:1, 2). Ou t al nan reyinyon e w te kòmanse pataje bèl bagay ou te aprann yo ak lòt moun. Kounye a, antanke yon kretyen ki vwe Jewova lavi l e ki batize, w ap mache nan wout lavi a e w pran detèminasyon pou w kontinye mache nan wout sa a. — Mat. 7:13, 14.

15. Poukisa lè n etidye ak lè n medite sa bon pou nou?

15 Etidye Pawòl Bondye a epi medite sou li. Menm jan yon pyebwa ka rete djanm si rasin li byen fon nan tè, se menm jan an tou, nou kapab rete fèm si lafwa nou byen anrasinen nan Pawòl Bondye a. Tank yon pyebwa ap grandi, se tank rasin li ap antre pi fon nan tè e se tank y ap gaye pi lwen. Lè nou etidye e nou medite, lafwa nou vin pi solid e nou vin gen plis konviksyon se fason Bondye aji ki pi bon (Kol. 2:6, 7). Reflechi sou fason enstriksyon, konsèy ak pwoteksyon Jewova te bay sèvitè l yo nan tan lontan te ede yo. Pa egzanp, Ezekyèl t ap suiv ak anpil atansyon jan yon zanj t ap pran san l pou l byen mezire tanp Ezekyèl te wè nan yon vizyon l te fè. Vizyon sa a te bay Ezekyèl fòs, e li ban nou bonjan leson sou fason nou ka soutni prensip Jewova bay anrapò ak vrè adorasyon an d (Eze. 40:1-4; 43:10-12). Nou menm tou n ap jwenn byenfè lè n pran tan pou n etidye bagay pwofon ki nan pawòl Bondye a e pou n medite sou yo.

16. Lefètke kè Bob te fèm, ki jan sa te pwoteje l? (Sòm 112:7).

16 Fè kè w vin fèm. Wa David te di li pa t ap janm sispann renmen Jewova. Men sa li te fè konnen nan yon chante: “Kè mwen fèm, o Bondye.” ​(Sòm 57:7). Kè n kapab fèm tou lè n met tout konfyans nou nan Jewova. (Li Sòm 112:7.) Ann wè jan sa te ede Bob nou te pale de li pi wo a. Lè yo te fè Bob konnen yo t ap gen san an la pou sizoka yo ta bezwen l, menm kote a li te fè konnen si ta gen posiblite pou yo ba l san, li t ap kite lopital la tousuit. Annapre, men sa Bob te di: “M pa t gen okenn dout sou sa m dwe fè e m pa t bay tèt mwen pwoblèm pou sa k te ka rive.”

Si nou gen yon lafwa ki solid, n ap kapab rete fèm kèlkeswa eprèv nou ta jwenn. (Gade paragraf 17.)

17. Ki sa nou ka aprann nan eksperyans Bob te fè a? (Gade foto a tou.)

17 Bob te kenbe tennfas paske li te pran desizyon pou l rete fèm anvan menm li t al lopital. Premyèman, li te vle fè kè Jewova kontan. Dezyèmman, li te byen etidye sa Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la di anrapò ak lavi ak san ki sakre. Twazyèmman, li te gen konviksyon si l fè sa Jewova mande l fè, Jewova t ap rekonpanse l. Nou menm tou kè nou kapab rete fèm kèlkeswa eprèv nou ta jwenn.

Barak ak mesye l yo ki met kouraj sou yo pou y al batay ak lame Sisera a. (Gade paragraf 18.)

18. Ki jan egzanp Barak aprann nou pou n met konfyans nou nan Jewova? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

18 Fè Jewova konfyans. Ann wè ki jan Barak te rive pot laviktwa lefètke li te gen konfyans nan fason Jewova t ap gide l. Lè sa a, pèp Izrayèl la pa t pare pou y al nan lagè. Yo pa t menm gen zam. Aktout sa, Jewova te mande Barak pou l al batay ak Sisera, chèf lame moun Kanaran yo, ak lame Sisera a ki te gen yon pakèt zam (Jij 5:8). Debora, dam ki te pwofèt la, te di Barak pou l desann nan plèn nan pou l al rankontre Sisera ak 900 cha Sisera te genyen yo. Menm lè li t ap difisil anpil pou Izrayelit yo batay ak Sisera ak 900 cha li te genyen yo sou yon tè ki plat, Barak te obeyi kanmenm. Pandan sòlda yo t ap desann mòn Tabò, Jewova te fè yon gwo lapli tonbe. Charyo Sisera yo te kole nan labou, e se konsa Jewova te fè Barak pot laviktwa (Jij 4:1-7, 10, 13-16). Menm jan an tou, Jewova ap fè nou pot laviktwa si n met konfyans nou nan li e si n suiv enstriksyon li bay pa mwayen òganizasyon l lan. — Det. 31:6.

PRAN DETÈMINASYON POU N RETE FÈM

19. Poukisa w vle rete fèm?

19 Toutotan n ap viv nan monn sa a, n ap bezwen kontinye lite pou n rete fèm (1 Tim. 6:11, 12; 2 Pyè 3:17). Ann pran detèminasyon pou n pa kite pèsekisyon, presyon anba anba, rezònman lèzòm, twonpri, ak bagay ki ka fè n distrè fè n pèdi ekilib nou (Efe. 4:14). Okontrè, ann rete fèm, ann ret atache ak Jewova e ann kontinye obeyi kòmandman l yo. Anmenmtan, nou bezwen montre nou rezonab. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan Jewova ak Jezi se pi bèl egzanp antanke moun ki rezonab.

KANTIK 129 N ap kontinye andire

a Depi epòk Adan ak Èv, Satan ap chèche konvenk moun pou yo deside poukont yo sa ki byen ak sa ki mal. Li ta renmen nou aji menm jan an anrapò ak lwa Jewova yo e anrapò ak kèlkeswa enstriksyon òganizasyon Jewova a ban nou. Atik sa a ap ede n veye kò nou pou n pa gen menm atitid ak moun nan monn Satan an ki chwazi viv jan yo vle e pou n pran detèminasyon pou n toujou obeyi Jewova.

b Pou n jwenn plis enfòmasyon sou fason yon kretyen kapab konsidere san menm jan ak Bondye, gade leson 39 nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.

c Gade atik ki gen tit “Veye pou w pa pran nan fo enfòmasyon” sou jw.org.