Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 28

KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye

Èske w rive wè diferans ki genyen ant laverite ak manti?

Èske w rive wè diferans ki genyen ant laverite ak manti?

“Kenbe fèm, epi mare laverite nan ren nou tankou se yon sentiwon.”EFE. 6:14.

PWEN KLE

Chèche konprann diferans ki genyen ant laverite Jewova aprann nou ak manti Satan ansanm ak moun ki opoze avè n yo ap fè pwopagann pou yo.

1. Ki jan w santi w anrapò ak laverite?

 PÈP Jewova a renmen laverite yo jwenn nan Pawòl Bondye a. Se sou sa nou bati lafwa nou (Wom. 10:17). Nou vin gen konviksyon Jewova tabli kongregasyon kretyen an kòm “yon pilye ak yon sipò pou laverite”. (1 Tim. 3:15.) Epitou, nou kontan soumèt devan “moun k ap dirije nou yo” pandan y ap esplike nou verite ki soti nan Bib la e pandan y ap ban nou direksyon k ap ede n fè volonte Bondye. — Ebre 13:17.

2. Selon Jak 5:​19, ki sa k ka rive n apre n fin aprann laverite?

2 Sepandan, apre nou fin aksepte laverite e nou aksepte suiv direksyon òganizasyon Bondye a ap ban nou, sa ka rive nou kite laverite. (Li Jak 5:19.) Satan t ap vrèman kontan fè n sispann fè Bib la konfyans oswa fè n sispann fè direksyon òganizasyon Bondye a ap ban nou konfyans. — Efe. 4:14.

3. Poukisa nou bezwen ret atache ak laverite? (Efezyen 6:​13, 14).

3 Li Efezyen 6:​13, 14. Talè konsa, Dyab la pral itilize yon seri pwopagann ki gen fòs pou l twonpe tout nasyon yo pou l fè yo kanpe kont Jewova (Rev. 16:​13, 14). Nou ka atann tou Satan pral fè plis efò toujou pou l twonpe pèp Jewova a (Rev. 12:9). Se sa k fè li enpòtan pou n fè efò pou n rive wè diferans ki genyen ant laverite ak manti e pou n obeyi laverite (Wom. 6:17; 1 Pyè 1:22). Li enpòtan pou n fè sa si nou vle soti vivan anba gwo tribilasyon an!

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

4 Nan atik sa a, nou pral egzamine de kalite nou bezwen genyen k ap ede n rekonèt laverite ki soti nan Bib la epi aksepte suiv direksyon òganizasyon Bondye a ap ban nou. Apre sa, nou pral egzamine twa konsèy nou kapab suiv pou n kontinye ret atache ak laverite.

KALITE NOU BEZWEN GENYEN POU N RIVE WÈ DIFERANS KI GEN ANT LAVERITE AK MANTI

5. Ki jan lakrentif nou gen pou Jewova ede n rive wè diferans ki genyen ant laverite ak manti?

5 Lakrentif pou Jewova. Lè n vin gen bonjan lakrentif pou Jewova, nou vin tèlman renmen l nou pa t ap janm fè yon bagay ki pap fè l plezi. Nou vrèman anvi aprann konnen diferans ki genyen ant sa ki byen ak sa ki mal, ant laverite ak manti, pou n ka jwenn favè Jewova (Pwo. 2:​3-6; Ebre 5:14). Nou pa dwe janm kite laperèz nou gen pou moun vin gen plis fòs pase lanmou nou gen pou Jewova, piske byen souvan sa k fè lèzòm plezi pa fè Jewova plezi.

6. Lefètke dis chèf ann Izrayèl yo te pè moun, ki jan sa te lakòz yo pa t di laverite?

6 Si nou plis pè moun pase nou gen lakrentif pou Bondye, nou ka kòmanse kwè yon seri bagay ki depaman ak laverite. Ann pran egzanp 12 chèf ki t al kòm espyon nan peyi Jewova te pwomèt l ap bay Izrayelit yo. Laperèz dis nan espyon yo te gen pou moun Kanaran yo te pi fò pase lanmou yo te gen pou Jewova. Men sa yo te di lòt Izrayelit yo: “Nou pap kapab monte al goumen ak pèp sa a, paske yo gen plis fòs pase nou.” (Nonb 13:​27-31). Gen moun ki te ka di moun Kanaran yo te gen plis fòs pase Izrayelit yo, e se te vre. Men, si yo ta di Izrayelit yo pa t ap kapab pot laviktwa sou ènmi yo, konnen yo bliye Jewova. Dis espyon yo te bezwen konsantre sou sa Jewova te vle Izrayelit yo fè. Epitou, yo te bezwen medite sou sa l te fè pou yo yon ti tan anvan sa. Lè sa a, yo t ap rann yo kont fòs moun Kanaran yo pa anyen devan kokennchenn pisans Jewova genyen. Kontrèman ak espyon sa yo ki pa t gen lafwa, Jozye ak Kalèb te vle gen favè Jewova. Men sa yo te di pèp la: “Si Jewova kontan ak nou, san mank, l ap mennen nou nan peyi sa a, epi l ap ban nou l.” — Nonb 14:​6-9.

7. Ki jan n ka vin gen plis lakrentif pou Jewova? (Gade foto a tou.)

7 Pou n vin gen plis lakrentif pou Jewova, nou bezwen reflechi sou sa k ap fè l plezi nan chak desizyon n ap pran (Sòm 16:8). Lè w ap li istwa nan Bib la, mande tèt ou: ‘Si se mwen ki te nan sitiyasyon sa a, ki desizyon m t ap pran?’ Pa egzanp, imajine ou menm ki t ap koute dis chèf ann Izrayèl yo ki t ap bay move rapò a. Èske w t ap kwè rapò yo bay la epi w kite sa fè w pè moun? Oswa, èske lanmou w gen pou Jewova ak anvi w genyen pou w fè l plezi t ap gen plis fòs pase laperèz ou genyen an? Se te tout yon jenerasyon Izrayelit ki pa t kwè Jozye ak Kalèb lè yo t ap di laverite. Se sa k fè yo te pèdi posiblite yo te jwenn pou yo te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la. — Nonb 14:​10, 22, 23.

Kiyès ou t ap kwè? (Gade paragraf 7.)


8. Ki kalite nou dwe fè anpil efò pou n genyen, e poukisa?

8 Imilite. Se moun ki gen imilite Jewova fè konnen laverite (Mat. 11:25). Imilite nou genyen te fè n kite lòt moun ede n aprann laverite (Tra. 8:​30, 31). Sepandan, nou dwe fè atansyon pou n pa vin gen ògèy. Si n ta vin gen ògèy, nou ta ka kòmanse panse opinyon nou gen menm enpòtans ak prensip ki nan Bib la e ak direksyon òganizasyon Jewova a ban nou.

9. Ki jan nou ka kontinye gen imilite?

9 Pou n kontinye gen imilite, nou bezwen sonje jan nou piti devan Jewova (Sòm 8:​3, 4). Epitou, nou kapab mande Jewova pou l ede nou vin gen plis imilite e pou n dispoze aprann. Jewova ap ede n bay panse l yo nou jwenn nan Pawòl li a e pa mwayen òganizasyon l lan plis valè pase pwòp panse pa nou. Lè w ap li Labib, chèche wè prèv ki montre jan Jewova renmen moun ki gen imilite ak jan li rayi moun ki gen ògèy, ki awogan e ki pran tèt yo pou yon pakèt afè. E chèche fè plis efò toujou pou w kontinye gen imilite si w resevwa yon privilèj ki ba w kèk otorite oswa ki fè anpil moun konnen w.

FASON NOU KA KONTINYE RET ATACHE AK LAVERITE

10. Kiyès Jewova te itilize pou bay pèp li a enstriksyon e pou dirije yo?

10 Kontinye gen konfyans nan direksyon òganizasyon Jewova a ap ban nou. Nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te itilize Moyiz e annapre li te itilize Jozye pou l te bay pèp Li a direksyon (Joz. 1:​16, 17). Lè Izrayelit yo te aksepte mesye sa yo kòm reprezantan Jewova Dye, sa te byen mache pou yo. Plizyè syèk annapre, lè kongregasyon kretyen an te vin fòme, 12 apot yo te konn bay direksyon (Tra. 8:​14, 15). Annapre, gwoup sa a te vin gen lòt ansyen nan Jerizalèm yo ladan l tou. Lè frè ak sè yo te fè sa mesye fidèl sa yo te di yo, “kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun”. (Tra. 16:​4, 5.) Menm jan an tou nan epòk pa nou an, Jewova beni nou lè n suiv direksyon òganizasyon l lan bay. Men, ki jan Jewova t ap santi l si n refize aksepte moun li chwazi pou pran latèt yo? Pou n reponn kesyon sa a, nou pral wè sa k te pase lè Izrayelit yo t apral nan Peyi Bondye te pwomèt la.

11. Ki sa k te rive moun nan Izrayèl tan lontan an ki pa t gen respè pou Moyiz antanke moun Bondye te chwazi pou dirije pèp Li a? (Gade foto a tou.)

11 Rive yon lè, pandan Izrayelit yo te sou wout pou yo t al nan Peyi Bondye te pwomèt la, te gen yon seri mesye ki te gen gwo renome ki te fè rebèl ak Moyiz e ki pa t gen respè pou li antanke moun Jewova te chwazi. Yo te di l: “Tout pèp la nèt se moun ki sen yo ye, e Jewova nan mitan yo.” (Nonb 16:​1-3). Byenke pou Bondye “tout pèp la” te sen vre, men, se Moyiz Jewova te chwazi pou dirije pèp Li a (Nonb 16:28). Lè rebèl yo t ap kritike Moyiz, an reyalite se Jewova yo t ap kritike. Yo pa t konsantre sou sa Jewova te vle, yo te konsantre sou sa yo te vle, sa vle di yo t ap chèche gen plis pouvwa e yo te dèyè fè plis moun konnen yo. Bondye te touye moun ki te alatèt rebèl yo, san wete plizyè milye lòt moun ki te met ansanm avèk yo (Nonb 16:​30-35, 41, 49). Menm jan an tou jodi a, nou kapab sèten Jewova pa tolere moun ki pa respekte dispozisyon òganizasyon l lan pran.

Kiyès ou t ap soutni? (Gade paragraf 11.)


12. Sa k fè nou ka kontinye fè òganizasyon Jewova a konfyans?

12 Nou ka kontinye fè òganizasyon Jewova a konfyans. Lè sa parèt klè gen yon ajisteman ki bezwen fèt nan fason nou konprann yon verite nan Bib la, oswa nan fason nou sèvi Jewova, frè ki alatèt yo pa ezite fè chanjman ki nesesè yo (Pwo. 4:18). Yo fè sa paske sa k pi enpòtan pou yo se fè Jewova plezi. Epitou, yo fè anpil efò pou yo kite Pawòl Bondye a gide yo nan desizyon y ap pran, e se modèl sa a tout Temwen Jewova dwe suiv.

13. Ki sa “modèl pawòl ki pwofitab” yo ye, e ki sa nou dwe fè avè l?

13 “Kontinye kenbe modèl pawòl ki pwofitab” yo (2 Tim. 1:13). “Modèl pawòl ki pwofitab” yo gen rapò ak ansèyman kretyen nou jwenn nan Bib la (Jan 17:17). Ansèyman sa yo se baz tout sa nou kwè. Òganizasyon Jewova a aprann nou pou n toujou suiv modèl sa a. Toutotan nou fè sa, n ap jwenn benediksyon.

14. Ki jan kèk kretyen te sispann kenbe “modèl pawòl ki pwofitab” yo?

14 Ki sa k ka rive si nou sispann baze kwayans nou sou “modèl pawòl ki pwofitab” yo? Ann pran yon egzanp. Nan premye syèk la, sanble te gen yon rimè ki te vin gaye pami yon seri kretyen ki te fè konnen jou Jewova a deja rive. Petèt te gen yon lèt, moun te panse apot Pòl te ekri, ki te di sa. Gen kretyen nan vil Tesalonik ki pa t menm pran tan pou yo verifye sa yo te tande a ki te kwè nan rimè a e ki te menm gaye l. Yo pa t ap pran nan rimè sa a si yo te sonje sa Pòl te anseye yo lè l te ansanm avè yo toujou (2 Tes. 2:​1-5). Pòl te bay frè l ak sè l yo konsèy pou yo pa t kwè tout sa yo tande. E pou Pòl te ede kretyen nan vil Tesalonik yo pi devan, men ki jan l te fini dezyèm lèt li te voye ba yo a: “Men salitasyon pa m, mwen menm Pòl, mwen ekri ak pwòp men m. Sa a se yon siy nan chak lèt, se konsa mwen ekri.” — 2 Tes. 3:17.

15. Ki jan nou ka pwoteje tèt nou pou n pa kwè nan manti ki sanble laverite? Bay yon egzanp. (Gade foto yo tou.)

15 Ki sa nou ka aprann nan pawòl Pòl te di frè ak sè nan vil Tesalonik yo? Lè nou tande yon bagay ki depaman ak sa nou te aprann nan Bib la oswa nou tande yon gwo rimè, nou bezwen sèvi ak kapasite nou genyen pou n konprann nan. Nan ansyen Inyon sovyetik la, yon lè, ènmi nou yo te voye yon lèt bay frè yo swadizan syèj mondyal la te ekri. Lèt la te ankouraje kèk nan frè yo pou yo fòme yon lòt òganizasyon apa. Sa te parèt kòmsi se syèj mondyal la ki te ekri lèt la vre. Men, frè ki te fidèl yo pa t pran nan pyèj la. Yo te rann yo kont mesaj ki te nan lèt la te depaman ak sa yo te aprann. Jodi a, pafwa ènmi laverite yo konn sèvi ak teknoloji pou yo lage konfizyon oswa simen divizyon nan mitan nou. Olye n “kite lespri nou twouble fasil”, nou kapab pwoteje tèt nou lè n pran tan pou n byen reflechi pou n wè si sa nou tande yo oswa sa nou li yo ann amoni ak verite nou te aprann yo. — 2 Tes. 2:2; 1 Jan 4:1.

Pa kwè nan manti ki sanble laverite. (Gade paragraf 15.) a


16. Selon Women 16:​17, 18, ki sa nou bezwen fè si kèk moun ap di yon seri bagay ki depaman ak laverite?

16 Kontinye sèvi Jewova ansanm ak moun ki fidèl ak li yo. Bondye vle nou fè yon sèl nan adorasyon n ap ba li a. N ap kontinye gen tèt ansanm toutotan nou ret atache ak laverite. Nenpòt moun k ap gaye enfòmasyon ki depaman ak laverite ap met divizyon nan kongregasyon an. Se sa k fè Bondye avèti nou pou nou “evite moun sa yo”. Si n pa fè sa, nou ka kòmanse kwè yon seri bagay ki pa laverite e nou ka vin pa fidèl ak Jewova. — Li Women 16:​17, 18.

17. Ki byenfè n ap jwenn lè n rive wè diferans ki genyen ant laverite ak manti e n ret atache ak laverite?

17 Lè n rive wè diferans ki genyen ant laverite ak manti e nou ret atache ak laverite, n ap rete pwòch ak Jewova e n ap kontinye gen yon lafwa ki solid (Efe. 4:​15, 16). Nou pap kwè nan fo ansèyman Satan ap gaye yo e nou pap pran nan pwopagann li yo. Epitou, Jewova ap kontinye pwoteje nou pandan gwo tribilasyon an. Kontinye ret atache ak sa ki laverite, “e Bondye lapè a ap avèk nou”. — Flp. 4:​8, 9.

KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!

a ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon foto ki montre yon bagay ki te rive toutbon sa gen plizyè dizèn ane: Kèk frè nan ansyen Inyon sovyetik ki te resevwa yon lèt swadizan syèj mondyal la te voye ba yo, men an reyalite se ènmi nou yo ki te voye l. Nan epòk pa nou an, ènmi nou yo ka sèvi ak Entènèt pou gaye yon seri enfòmasyon sou òganizasyon Jewova a pou twonpe moun.