Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 29

KANTIK 121 Nou bezwen gen metriz

Veye pou n pa tonbe nan tantasyon

Veye pou n pa tonbe nan tantasyon

“Kontinye veye e kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.”MAT. 26:41.

PWEN KLE

Atik sa a ap fè n sonje nou bezwen fè tout sa n kapab pou n pa tonbe nan peche e pou n pa fè yon seri bagay ki ka lakòz nou fè yon peche grav.

1-2. a) Ki avètisman Jezi te bay disip li yo? b) Sa k fè disip Jezi yo te abandone l? (Gade foto yo tou.)

 “SE VRE, lespri a byen dispoze, men chè a fèb.” a (Mat. 26:41b). Lè Jezi te di pawòl sa yo li te montre li konprann nou enpafè e n ap fè erè. Men, pawòl li te di yo gen yon avètisman tou: Nou bezwen veye pou n pa twò kwè nan tèt nou. Kèk èdtan anvan Jezi te di pawòl sa yo jou swa sa a, disip li yo te pwomèt yo pa t ap janm abandone l (Mat. 26:35). Yo te sensè lè yo te di sa. Men yo pa t rann yo kont jis nan ki pwen yo te ka pran nan presyon nan yon batje. Se sa k fè Jezi te avèti yo lè l te di yo: “Kontinye veye e kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.” — Mat. 26:41a.

2 Malerezman, disip Jezi yo pa t kontinye veye. Lè yo te arete Jezi, èske yo te kanpe ansanm avè l oswa yo te vin pè e yo te kouri? Piske disip yo pa t kontinye veye, yo te fè egzakteman sa yo te di yo pa t ap janm fè a: yo te abandone Jezi. — Mat. 26:56.

Jezi te ankouraje disip li yo pou yo kontinye veye pou yo pa tonbe nan tantasyon, men, yo te abandone l. (Gade paragraf 1-2.)


3. a) Pou n ret fidèl ak Jewova, sa k fè nou pa dwe twò kwè nan tèt nou? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Nou pa dwe janm twò kwè nan tèt nou. Se vre nou pran detèminasyon pou n pa kite anyen fè n vire do bay Jewova. Sepandan, nou enpafè tou, e li fasil pou n anvi fè sa k mal (Wom. 5:12; 7:​21-23). Sanzatann, nou ka vin nan sitiyasyon kote nou vrèman anvi fè yon bagay nou konnen ki pa bon. Pou n ret fidèl ak Jewova ak Pitit Gason l lan, nou bezwen suiv konsèy Jezi te bay pou n kontinye veye pou n pa tonbe nan tantasyon, sa ki ta ka lakòz nou peche. Atik sa a kapab ede nou fè sa. Toudabò, nou pral wè nan ki sitiyasyon nou dwe sitou veye kò n. Apre sa, nou pral wè ki jan nou ka veye pou nou pa tonbe nan tantasyon. Finalman, nou pral wè ki jan nou ka kontinye veye kò n.

NAN KI SITIYASYON NOU BEZWEN VEYE KÒ N?

4-5. Poukisa nou bezwen veye kò n pou n pa menm fè peche ki pa twò grav?

4 Menm peche ki pa twò grav kapab fè nou pa gen bon relasyon ak Jewova. Epitou, yo ka fè n tonbe nan peche ki pi grav.

5 Nou tout jwenn tantasyon pou n peche. Men, nou chak gen feblès pa nou, kit se pou n fè yon peche grav, pou n gen yon konduit ki pa pwòp, oswa pou n vin ap panse menm jan ak moun nan monn nan. Pa egzanp, yon moun ka ap goumen ak tantasyon li jwenn pou l fè imoralite seksyèl. Yon lòt ka gen gwo anvi pou l fè yon seri bagay ki pa pwòp, tankou mastibasyon oswa gade pònografi. Yon lòt li menm ka ap lite ak yon seri feblès: li ka pè moun, li ka gen ògèy, li ka fache pou ti krik ti krak oswa li ka gen yon lòt feblès. Selon sa Jak di: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l.” — Jak 1:14.

6. Ki sa n dwe rekonèt?

6 Èske w konn ki bagay ki plis tante w? Li pa bon pou n fèmen je n sou feblès nou genyen oswa pou n met nan tèt nou nou tèlman djanm nou pap tonbe nan fè sa ki mal. Si n ta fè sa, nou t ap twonpe tèt nou (1 Jan 1:8). Sonje Pòl te di menm moun “ki gen matirite” ka tonbe nan tantasyon si yo pa veye kò yo (Gal. 6:1). Nou dwe sensè ak tèt nou e nou dwe rekonèt nou gen feblès. — 2 Kor. 13:5.

7. Ki bagay nou bezwen plis veye? Bay yon egzanp.

7 Yonfwa nou fin wè ki bagay ki ka fè l pi fasil pou n tonbe nan tantasyon, ki sa n bezwen fè? Nou bezwen fè efò pou n vin pi djanm! Pa egzanp, nan epòk yo t ap ekri Bib la, pòtay yon vil se kote ki te pi fasil pou yo atake vil la. Se sa k fè se nan pòtay yo yo te konn mete plis gad. Menm jan an tou, se bagay nou konnen ki ka fè l pi fasil pou n tonbe nan tantasyon yo nou bezwen plis veye. — 1 Kor. 9:27.

FASON POU N VEYE KÒ N

8-9. Ki jan jèn gason yo pale de li nan Pwovèb chapit 7 la te ka evite fè yon peche ki grav? (Pwovèb 7:​8, 9, 13, 14, 21).

8 Ki jan n ka veye kò nou? Ann wè ki sa n ka aprann nan istwa jèn gason yo pale de li nan Pwovèb chapit 7 la. Li te fè imoralite seksyèl ak yon fi ki imoral. Vèsè 22 a fè n konnen jèn gason an te mache dèyè fi a “menm kote a”. Men, jan vèsè ki vin anvan yo montre sa, jèn gason an te pran yon seri desizyon anvan sa ki te fè l vin pi fasil pou l tonbe nan peche.

9 Ki sa k te lakòz li tonbe nan peche? Anvan sa, nan aswè, li te “pase nan wout ki toupre kafou kote fi [imoral la] rete a”. Apre sa, li mache al nan direksyon kay fi a. (Li Pwovèb 7:​8, 9.) Epi, lè l te wè fi a li pa t vire l ale. Okontrè, li te aksepte fi a bo l e li te koute l lè l t ap di l li te fè sakrifis kominyon, petèt nan entansyon pou l te fè misye panse li pa t yon move moun. (Li Pwovèb 7:​13, 14, 21.) Si jèn gason an te evite danje ki te lakòz li peche a, li t ap rete sou pinga l, konsa, li pa t ap tonbe nan tantasyon e li pa t ap peche.

10. Jodi a, ki jan yon moun ka fè menm erè jèn gason an te fè a?

10 Istwa Salomon an montre sa k ka rive nenpòt sèvitè Jewova. Li ka fè yon peche ki grav, e pou li menm, se “menm kote a” tout bagay rive. Oswa li ta ka di: “Sa rive m sanzatann.” Epoutan, si l reflechi sou sa k pase a, sandout l ap rann li kont li te pran yon seri move desizyon ki lakòz li peche. Petèt li te chwazi fè zanmi ak moun ki pa renmen Jewova, petèt li te pran detant ki pa kòrèk, oswa li t al yon seri kote yon kretyen pa ta dwe ale, kit se an pèsòn oswa sou Entènèt. Epitou, li ka te sispann priye, li Labib, asiste reyinyon oswa patisipe nan travay predikasyon an. Menm jan ak jèn gason nan liv Pwovèb la, petèt li pa t tonbe nan peche “menm kote a”, men se apre li te fin pran yon seri move desizyon sa te rive l.

11. Ki sa n dwe fè pou n pa tonbe nan peche?

11 Ki leson nou aprann? Nonsèlman nou bezwen evite fè peche, men tou, nou bezwen evite kèlkeswa sa ki ka mennen nan peche. Se egzakteman sa Salomon te esplike apre l te fin rakonte istwa jèn gason ak fi ki imoral la. Men sa l te di konsènan fi a: “Pa vire al nan chemen l yo.” (Pwo. 7:25). Epitou, li te menm di konsènan fi deregle sa a: “Rete lwen fi sa a, pa al toupre antre kay li.” (Pwo. 5:​3, 8). Vrèmanvre, nou veye kò n pou n pa peche lè n evite sitiyasyon ki ka fè n tonbe nan peche b. Sa ka mande pou n evite yon seri sitiyasyon oswa aktivite ki ka pa mal pou yon kretyen fè, men nou konnen ki ka fè n tonbe nan tantasyon. — Mat. 5:​29, 30.

12. Ki detèminasyon Jòb te pran, e ki jan sa te ede l pou l pa t tonbe nan tantasyon? (Jòb 31:1).

12 Pou n evite sitiyasyon ki ka lakòz nou peche, n ap bezwen pran bonjan detèminasyon. Se sa Jòb te fè. Li te “fè yon alyans ak je” l pou l pa t janm gade lòt fi ak move lide. (Li Jòb 31:1.) Lefètke Jòb te kenbe detèminasyon l te pran an, sa te ede l pou l pa t tonbe nan adiltè. Nou menm tou, nou kapab pran detèminasyon pou n pa fè kèlkeswa bagay ki ta ka fè n tonbe nan tantasyon.

13. Poukisa nou dwe veye sou sa n ap panse? (Gade foto yo tou.)

13 Nou dwe veye tou sou sa n ap panse (Egz. 20:17). Gen moun ki kwè pa gen anyen ki mal pou yo imajine yo menm k ap fè yon seri bagay ki pa pwòp depi yo pa fè sa y ap imajine yo. Men, kalite panse konsa pa bon. Lè yon moun gen yon move dezi e l ret ap panse avè l, l ap vin pi anvi fè sa ki nan panse l la. Se kòmsi li met yon tantasyon devan l epi l ap goumen pou l pa tonbe ladan l. Nòmalman, move panse ap vin nan lespri nou pafwa. Lè sa rive, nou dwe elimine move panse sa yo tousuit, epi panse ak bon bagay. Lè n fè sa, nou pa kite move panse yo vin tounen gwo anvi ki difisil pou n konbat e ki ta ka menm lakòz nou fè yon peche ki grav. — Flp. 4:8; Kol. 3:2; Jak 1:​13-15.

Nou bezwen evite nenpòt bagay ki ka fè n tonbe nan tantasyon. (Gade paragraf 13.)


14. Ki lòt bagay ki kapab ede n pou n pa tonbe nan tantasyon?

14 Ki lòt bagay nou kapab fè pou n pa tonbe nan tantasyon? Nou bezwen gen bonjan konviksyon sa ap toujou pi bon pou nou lè n obeyi lwa Jewova yo. Pafwa, li ka difisil pou n fè panse nou ak sa nou anvi vin ann amoni ak sa ki fè Bondye plezi. Men, lè n fè efò pou n fè sa, lespri n ap anpè.

15. Lè n fè efò pou sa nou anvi yo se bagay ki kòrèk, ki jan sa ap ede n lè n jwenn tantasyon?

15 Nou bezwen fè efò pou sa nou anvi yo se bagay ki kòrèk. Si nou aprann “rayi sa ki mal e renmen sa ki byen”, n ap vin gen plis detèminasyon pou n fè sa ki byen, e pou n evite sitiyasyon ki ka fè n tonbe nan peche (Amòs 5:15). Lè sa nou anvi yo se bagay ki kòrèk, n ap gen plis fòs pou n reziste si n jwenn yon tantasyon nou pa t atann oswa nou pa t ka evite.

16. Ki jan aktivite nou genyen nan sèvis Bondye kapab ede n pou n kontinye veye kò n? (Gade foto yo tou.)

16 Ki sa n ka fè pou sa nou anvi yo se bagay ki kòrèk? Nou bezwen ret okipe nan fè yon seri aktivite k ap fè n vin pi renmen Jewova. Lè n nan reyinyon oswa nan travay fè disip la, li pa fasil pou n jwenn tantasyon pou n fè sa ki mal. Okontrè, nou vin pi anvi fè Jewova plezi (Mat. 28:​19, 20; Ebre 10:​24, 25). Lè nou li Pawòl Bondye a e nou medite sou sa n aprann yo, nou vin pi renmen sa ki byen e nou vin pi rayi sa ki mal (Joz. 1:8; Sòm 1:​2, 3; 119:​97, 101). Pa bliye Jezi te di disip li yo: “Kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.” (Mat. 26:41). Lè n rezève tan pou n priye Papa nou ki nan syèl la, nou ba l posiblite pou l ede n e nou vin gen plis detèminasyon pou n fè l plezi. — Jak 4:8.

Lè n fè yon seri bagay regilyèman ki fè n vin pi pwòch ak Jewova, sa ede n evite tantasyon. (Gade paragraf 16.) c


KONTINYE VEYE KÒ N

17. Ki feblès Pyè te genyen ki te fè l bite nan plizyè okazyon?

17 Li posib pou n rive elimine yon seri feblès nou genyen. Sepandan, nou ka bezwen kontinye lite kont yon seri lòt tandans nou genyen. Ann pran egzanp apot Pyè. Pyè te kite laperèz li te gen pou moun fè l nye Jezi twa fwa (Mat. 26:​69-75). Sanble Pyè te pot laviktwa sou feblès li te genyen an lè l te bay yon gwo temwayaj devan Sanedren an (Tra. 5:​27-29). Men, kèk ane annapre, li te sispann manje ak kretyen ki moun lòt nasyon yo pandan yon tan paske “li te pè moun ki nan gwoup moun ki sikonsi yo”. (Gal. 2:​11, 12.) Pyè te rekòmanse gen laperèz pou moun. Petèt li pa t janm fin konbat feblès sa a.

18. Ki sa k ka rive ak yon seri move tandans nou te genyen?

18 Menm bagay la ka rive nou tou. Ki jan? Nou ka panse nou te fin konbat yon feblès epi li retounen ankò. Pa egzanp, men sa yon frè admèt: “Mwen te sispann gade pònografi pandan dizan, e m te konvenk tèt mwen m te fini ak pwoblèm mwen te genyen an. Men, vye feblès sa a te la anba anba, e li t ap tann yon bon moman pou l reparèt.” Erezman, frè a pa t lage ba li. Li te rann li kont li t ap bezwen kontinye fè efò chak jou pou l lite ak vis sa a, petèt pandan tout rès vi l nan sistèm sa a. Li te pran plis prekosyon toujou pou l rete lwen pònografi, e madanm li ak ansyen nan kongregasyon l lan te ede l anpil.

19. Ki sa n ka fè pou n lite ak yon feblès nou genyen ki pa vle lage nou?

19 Ki sa n ka fè pou n pa kite yon feblès nou genyen ki pa vle lage n fè n fè sa ki mal? Nou bezwen suiv konsèy Jezi te bay anrapò ak tantasyon lè l te di: “Kontinye veye.” Menm nan moman ou santi w djanm, ou bezwen kontinye evite sitiyasyon ki ka fè w tonbe nan tantasyon (1 Kor. 10:12). Kontinye fè yon seri bagay ou te konn fè ki te ede w lite ak feblès ou genyen. Pwovèb 28:14 di: “Byennere moun ki toujou ap veye kò l.” — 2 Pyè 3:14.

BYENFÈ NOU JWENN LÈ N VEYE KÒ N

20-21. a) Ki byenfè n ap jwenn lè n veye kò n pou n pa tonbe nan tantasyon? b) Si nou fè efò pa nou, ki sa Jewova ap fè pou nou? (2 Korentyen 4:7).

20 Nou kapab sèten lè n veye kò n pou n pa tonbe nan tantasyon, sa toujou bon pou nou. Kèlkeswa “plezi [nou ta ka pran] pou yon ti tan” nan peche, lè n suiv prensip Jewova yo, sa ap ban n plis kè kontan lontan (Ebre 11:25; Sòm 19:8). Rezon an se paske Jewova kreye nou pou n viv ann amoni ak prensip li yo (Jen. 1:27). Konsa, konsyans nou ap klè e n ap gen posiblite pou n viv pou toutan. — 1 Tim. 6:12; 2 Tim. 1:3; Jid 20, 21.

21 Se vre, “chè a fèb”. Men, sa pa vle di nou lage poukont nou. Jewova toujou pare pou l ban nou fòs nou bezwen. (Li 2 Korentyen 4:7.) Sepandan, se fòs ki depase fòs ki nòmal la Bondye bay. Se responsablite pa nou pou n sèvi ak fòs ki nòmal la, anpalan de efò nou fè chak jou pou n pa tonbe nan tantasyon. Si nou fè efò pa nou, nou mèt gen konfyans Jewova ap reponn nou lè nou priye l pou n mande plis fòs lè n bezwen sa (1 Kor. 10:13). Vrèmanvre, grasa èd Jewova, nou kapab veye kò n pou n pa tonbe nan tantasyon.

KANTIK 47 Priye Jewova chak jou

a PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: “Lespri a”, yo pale de li nan Matye 26:41 an, se fòs ki anndan nou an ki fè nou santi n jan n santi nou an oswa aji fason nou aji a. “Chè a” se tandans nou genyen pou n fè peche paske nou enpafè. Donk, nou ka gen bonjan entansyon pou n fè sa ki dwat, men, si n pa veye, nou ka tonbe nan tantasyon pou n fè sa Bib la di ki mal.

b Yon moun ki fè yon peche grav kapab jwenn èd nan leson 57 pwen 1-3 nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an ak nan atik ki gen tit “Ann gade lavni ‘dwat devan’ nou” ki parèt nan Toudegad novanm 2020, paj 27-29, paragraf 12-17.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap li tèks pou jounen an nan maten, k ap li Labib pandan l nan poz nan travay li e k ap asiste reyinyon ki fèt lasemèn nan nan aswè.