Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche wè ki sa w ka fè pou ede frè ak sè w yo, e chèche wè ki jan w ka ede yo nan domèn afektif ak fason w ka ankouraje yo grasa Bib la.

Èske w ka bay èd nan kongregasyon w lan?

Èske w ka bay èd nan kongregasyon w lan?

ANVAN Jezi te retounen nan syèl la, li te di disip li yo: “Nou pral sèvi m temwen [...] rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” ​(Travay 1:8). Ki jan l t ap fè posib pou disip yo rive preche sou tout tè a?

Men sa Martin Goodman, yon pwofesè nan inivèsite Oksfòd, te di: “Nan anpi Women an, nan premye syèk la, misyon kretyen yo te genyen an te fè yo diferan ak lòt gwoup relijye yo san wete Juif yo.” Jezi te konn al preche nan yon zòn apre lòt. Vrè kretyen yo te dwe imite egzanp li e yo te dwe preche “bon nouvèl Wayòm Bondye a” toupatou. Yo te gen pou yo chèche moun ki vle konn laverite yo (Lik 4:43). Se rezon sa a ki fè nan premye syèk la te gen “apot”, yon mo ki vle di moun yo voye al fè yon bagay (Mak 3:14). Men ki lòd Jezi te bay disip li yo: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” — Matye 28:18-20.

Pa gen youn nan 12 apot Jezi yo ki sou tè a ankò, men, gen anpil sèvitè Jewova ki imite egzanp yo kite nan travay predikasyon an. Lè yo mande yo al preche nan zòn ki gen anpil bezwen yo, yo di: “Men mwen! Voye m!” ​(Ezayi 6:8). Gen kèk nan yo, pa egzanp plizyè milye moun ki gradye nan Lekòl Galaad, k al sèvi nan peyi ki lwen anpil. Gen lòt ki konn deplase al nan lòt zòn nan peyi yo. Gen anpil ki aprann yon lòt lang pou yo ede yon kongregasyon oswa yon gwoup. Sa pa toujou fasil, men, tout frè ak sè sa yo te fè sakrifis sa yo san fòse yon fason pou yo demontre lanmou yo pou Jewova ak lòt moun. Konsa, yo fè bonjan planifikasyon e yo sèvi ak tan yo, enèji yo ak lajan yo pou y al preche kote ki gen plis bezwen (Lik 14:28-30). Sa frè ak sè sa yo ap fè yo gen anpil valè.

Se pa nou tout ki ka al sèvi kote ki gen plis bezwen oswa ki ka aprann yon lòt lang. Men, nou tout ka vin yon misyonè nan pwòp kongregasyon pa nou.

OU KA VIN YON MISYONÈ NAN PWÒP KONGREGASYON PA W

Bay bonjan èd.

Nan premye syèk la, kretyen yo te chofe nan travay predikasyon an byenke pifò nan yo te ret nan zòn kote yo te fèt la e yo pa t misyonè. Men sa Pòl te di Timote: “Travay antanke moun k ap evanjelize, akonpli sèvis ou nèt.” ​(2 Timote 4:5). Pawòl sa yo te konsène premye kretyen yo e yo toujou gen rapò ak nou jodi a. Tout moun ki kretyen dwe obeyi lòd Jezi te bay pou nou preche mesaj Wayòm nan e pou nou fè disip la. Epi, gen anpil fason nou ka vin yon misyonè menm nan pwòp kongregasyon pa nou an.

Pa egzanp, bagay yo pa menm jan an pou misyonè yo lè y al sèvi nan yon lòt peyi, e yo bezwen jwenn kèk fason pou yo adapte yo ak nouvo fason y ap viv la. Menmsi n pa ka al sèvi kote ki gen plis bezwen, èske n ka chèche lòt fason pou n preche moun yo? Pa egzanp, nan ane 1940, yo te ankouraje frè ak sè n yo pou yo bay temwayaj an piblik yon jou chak semèn. Èske w eseye bay temwayaj an piblik? Èske w konn sèvi ak charyo pou piblikasyon yo? Men sa n vle di: Èske w dispoze eseye lòt fason pou w preche bon nouvèl la?

Ankouraje lòt moun “travay antanke moun k ap evanjelize”.

Si w gen yon atitid pozitif, w ap chofe pou travay predikasyon an e w ap kontan patisipe ladan l. Byen souvan, moun k al sèvi kote ki gen plis bezwen oswa ki aprann lòt lang yo se pwoklamatè ki vrèman kalifye e ki ka ede kongregasyon an anpil. Pa egzanp, yo pran latèt nan travay predikasyon an. Se konsa tou, byen souvan, misyonè yo pran latèt nan kongregasyon an jiskaske frè ki moun peyi a vin kalifye pou sa. Si w se yon frè batize, èske w “ap chèche vin” gen plis responsablite, sa vle di èske w vle sèvi frè ak sè nan kongregasyon w lan antanke sèvitè ministeryèl oswa ansyen? — 1 Timote 3:1.

SE POU W VIN ‘YON ÈD KI BAY FÒS’

Fè sa w kapab pou w ede lòt moun.

Nou ka ede kongregasyon an divès lòt fason ankò. Nou tout, kit nou jèn, kit nou granmoun, kit nou se frè kit nou se sè, nou ka vin yon ‘yon èd ki bay fòs’ pou kwayan parèy nou yo ki bezwen sa. — Kolosyen 4:11, nòt anba paj.

Si nou vle ede frè ak sè n yo, nou bezwen byen konnen yo. Labib ankouraje nou pou nou “voye je youn sou lòt” sa vle di pou nou reflechi ak sa frè ak sè nou yo bezwen lè nou reyini ansanm (Ebre 10:24). Sa pa vle di pou n eseye konn tout ti detay sou lavi lòt moun. Sa vle di nou dwe eseye konprann frè ak se nou yo epi n dwe eseye konprann sa yo bezwen. Yo ka bezwen pou nou fè kèk bagay pou n ede yo, yo ka bezwen pou n ede yo nan domèn afektif oswa pou n ankouraje yo grasa Bib la. Se vre, nan kèk ka se ansyen ak sèvitè ministeryèl ki ka ede yo (Galat 6:1). Men nou tout ka gen posiblite pou n ede frè ak sè aje ki gen pwoblèm yo oswa nou ka ede fanmi ki gen pwoblèm yo.

Bay moun k ap fè fas ak pwoblèm nan lavi a èd nan domèn afektif.

Salvatore te resevwa yon èd konsa. Piske l te gen gwo pwoblèm lajan, li te oblije vann biznis li, kay li ak anpil byen fanmi l te genyen. Li te gen anpil sousi pou fanmi l. Gen yon lòt fanmi nan kongregasyon an ki te wè Salvatore ak fanmi l bezwen èd. Yo te bay Salvatore kòb e yo te ede li menm ak madanm li jwenn travay. Mete sou sa, yo te pase plizyè sware ak ap koute fanmi an epi ankouraje yo. Yo te vin bon zanmi. Kounye a de fanmi yo sonje moman yo te pase ansanm nan sitiyasyon difisil sa yo.

Vrè kretyen yo pa ezite pataje kwayans yo ak lòt moun. Nou dwe imite Jezi e n dwe fè tout moun konnen bèl pwomès Bondye yo. Kit nou ka al sèvi kote ki gen plis bezwen kit nou pa kapab, nou tout ka fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun nan pwòp kongregasyon nou (Galat 6:10). Lè n aprann bay, n ap gen kè kontan e “n ap kontinye pote fwi nan tout bon travay n ap fè”. — Kolosyen 1:10; Travay 20:35.