Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn: Ki jan w ka prepare w pou w batize?

Jèn: Ki jan w ka prepare w pou w batize?

“O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w.” — SÒM 40:8.

KANTIK: 51, 58

1, 2. a) Esplike rezon ki fè batèm se yon etap ki enpòtan anpil. b) Ki sa yon moun bezwen anvan l batize, e poukisa?

ÈSKE W se yon jèn ki ta renmen batize? Si se wi, konnen se pi gwo privilèj ou te ka genyen. Jan atik ki vin anvan an te montre sa, batèm se yon desizyon ki enpòtan anpil. Lè w batize se montre w montre lòt moun ou vwe lavi w bay Jewova, sa vle di w pwomèt li pou w sèvi l pou toutan epi w montre fè volonte Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi w. Piske yon pwomès konsa se yon pwomès ki enpòtan anpil pou Bondye, ou ta dwe batize sèlman lè w gen ase matirite, lè w santi se sa ou menm ou vle e lè w konprann sa sa vle di pou w vwe lavi w bay Bondye.

2 Sepandan, petèt ou ka santi w poko pare pou w batize. Oswa, petèt ou santi w pare, men, paran w yo panse w ta dwe tann jiskaske w gen plis laj epi w fè plis eksperyans nan lavi a. Ki sa w ta dwe fè? Pinga w dekouraje. Olye de sa, sèvi ak tan sa a pou w fè pwogrè yon fason pou w ka vin kalifye pou w batize talè konsa. Toutpandan w gen sa nan lespri w, gade ki jan w ka fikse kèk objektif anrapò ak: 1) konviksyon w oswa kwayans ou, 2) aksyon w yo, e 3) fason w montre w rekonesan.

OU BEZWEN GEN KONVIKSYON

3, 4. Ki leson jèn yo ka aprann nan egzanp Timote?

3 Fè yon ti reflechi ak fason w t ap reponn kesyon sa yo: Ki rezon ki fè m kwè Bondye egziste? Ki sa k fè m sèten Bib la se Pawòl Bondye? Poukisa m dwe obeyi kòmandman Bondye yo olye m suiv prensip monn nan bay sou kesyon moralite? Kesyon sa yo ka ede w suiv konsèy apot Pòl te bay lè l te di pou w “verifye pèsonèlman nan lavi [w] sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè”. (Women 12:2.) Poukisa w ta dwe fè sa?

Timote te aksepte laverite paske l te medite sou sa l te aprann yo e yo te konvenk li.

4 Egzanp Timote ka ede w. Li te byen konn Ekriti yo paske manman l ak grann li te anseye l apati Ekriti yo. Sepandan, Pòl te di Timote pou l “rete nan sa [l] te aprann yo, nan sa yo te konvenk [li] pou [l] kwè yo”. (2 Timote 3:14, 15.) Nan vèsè sa a, ekspresyon “sa yo te konvenk [li] pou [l] kwè” a vle di “gen konviksyon epi sèten yon bagay se laverite”. Konsa, Timote te dwe gen konviksyon li ka jwenn laverite nan Ekriti yo. Li pa t aksepte laverite paske manman l ak grann li te di l fè sa, men, li te aksepte l paske l te medite sou sa l te aprann yo e yo te konvenk li. — Li Women 12:1.

5, 6. Ki sa k fè l enpòtan pou w aprann sèvi ak “kapasite [w] genyen pou [w] rezone” a byen bonè nan lavi w?

5 E ou menm? Petèt ou gen lontan depi w konn laverite. Si se wi, fikse objektif pou w reflechi sou rezon ki fè w kwè nan sa w kwè yo. Sa ap ede w fè lafwa w vin pi solid e sa ap ede w pou w pa kite presyon lòt moun ap fè sou ou, fason monn nan panse oswa pwòp santiman w fè w pran move desizyon.

6 Si w aprann sèvi ak “kapasite [w] genyen pou [w] rezone” a pandan w toujou jèn nan, w ap kapab reponn kèk kesyon jèn parèy ou poze w tankou: ‘Ki sa k fè w sèten Bondye egziste? Si Bondye renmen nou, poukisa l kite move bagay rive? Ki jan l fè posib pou Bondye te toujou egziste?’ Lè w prepare w, kesyon sa yo pap kreye dout nan lespri w, men, y ap motive w pou w etidye Bib la plis.

7-9. Esplike kòman fich etid ki nan ribrik “Qu’enseigne réellement la Bible?” ki parèt sou sit la ka ede w vin gen plis konviksyon.

7 Lè w byen pran san w pou w fè etid pèsonèl, sa ka ede w reponn kesyon yo poze w, sa ka ede w venk nenpòt dout ou genyen e sa ka ede w vin gen plis konviksyon (Travay 17:11). Nou gen anpil piblikasyon ki ka ede n fè sa. Gen anpil moun ki twouve l itil pou yo etidye bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a ansanm ak liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous? a. Anplis de sa, gen anpil jèn ki renmen ribrik “Qu’enseigne réellement la Bible?” ki parèt sou sit jw.org la e ki jwenn byenfè nan ribrik sa a. Ou ka jwenn ribrik sa a nan seksyon LA BIBLE ET VOUS. Yo fè chak fich etid ki nan ribrik sa a yon fason pou ede w vin gen plis konviksyon sou yon sijè ki nan Bib la.

8 Piske w se yon etidyan Labib, ou ka deja konn repons kèk kesyon ki nan fich etid la. Men, èske w sèten de repons ou yo? Fich etid yo ap ede w byen pran san w pou w reflechi sou pakèt vèsè yo bay yo epi, apre sa, pou w ekri rezon ki fè w kwè nan sa w kwè yo sou fich la. Sa ap ede w konn ki jan pou w esplike lòt moun sa w kwè yo. Si w gen posiblite al sou ribrik “Qu’enseigne réellement la Bible?” la sou Entènèt, ou ka sèvi ak ribrik sa a nan etid pèsonèl ou yon fason pou w ka vin gen plis konviksyon.

9 Ou dwe verifye pèsonèlman nan lavi w ou nan laverite. Sa ap ede w prepare w pou w batize. Men sa yon sè ki adolesan fè konnen: “Anvan m te pran desizyon pou m batize, m te etidye Bib la e m te wè m nan vrè relijyon an. Epi, chak jou m ap viv, mwen vin gen plis konviksyon.”

OU BEZWEN AJI

10. Ki sa k fè l rezonab pou n atann pou yon kretyen ki batize fè aksyon ki montre l gen lafwa?

10 Bib la di: “Lafwa, depi pa gen bon aksyon ki mache avè l, li mouri.” ​(Jak 2:17). Si w gen konviksyon ki solid, w ap montre sa nan aksyon w fè. W ap vin gen sa Bib la rele “konduit ki sen” an e w ap “montre nan aksyon [w ou] gen atachman pou Bondye”. — Li 2 Pyè 3:11.

11. Esplike ki sa ekspresyon gen “yon konduit ki sen” an vle di.

11 Ki sa gen “yon konduit ki sen” vle di? Yon moun ki gen yon konduit ki sen se yon moun ki pwòp nan domèn moral. Pa egzanp, fè yon ti reflechi ak sis mwa ki sot pase yo. Lè w te anvi fè yon bagay ki mal, èske w te byen pran san w pou w reflechi sou sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:14)? Èske w sonje kèk moman byen presi kote w pa t tonbe anba tantasyon oswa presyon lòt moun te fè sou ou? Nan lekòl ou, èske w se yon bon egzanp pou lòt moun? Èske w ret fidèl ak Jewova oubyen èske w ap eseye vin menm jan ak elèv lekòl ou yo yon fason pou yo pa fawouche w (1 Pyè 4:3, 4)? Nòmalman, pa gen okenn moun ki pafè. Pafwa, menm moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova ka santi yo wont epi yo ka twouve l difisil pou yo preche lòt moun. Men, yon moun ki vwe lavi l bay Bondye ap fyè dèske l se Temwen Jewova e l ap montre sa nan bon konduit li genyen.

12. Site kèk ‘aksyon w ka fè ki montre w gen atachman pou Bondye’, e ki jan w konsidere aksyon sa yo?

12 Ki sa ‘aksyon ki montre w gen atachman pou Bondye yo’ gen ladan yo? Yo gen ladan yo aktivite w fè nan kongregasyon an tankou al nan reyinyon epi al preche. Men tou, yo gen ladan yo aktivite w fè lòt moun pa wè tankou lè w ap priye Jewova poukont ou e lè w ap fè etid pèsonèl. Yon moun ki vwe lavi l bay Jewova pap konsidere aktivite sa yo kòm yon chay. L ap santi l menm jan ak wa David ki te di: “O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m.” — Sòm 40:8.

Èske w presi nan priyè w fè yo, e ki sa priyè sa yo montre sou lanmou w gen pou Jewova?

13, 14. Ki zouti ki kapab ede w fè ‘aksyon ki montre w gen atachman pou Bondye’, e ki jan zouti sa a te ede kèk jèn?

13 Pou ede w fikse kèk objektif, w ap jwenn yon fich aktivite nan paj 308 ak 309 liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 2 a. Nan fich aktivite sa a, ou ka ekri repons ou jwenn pou kèk kesyon tankou: “Èske w presi nan priyè w fè yo, e ki sa priyè sa yo montre sou lanmou w gen pou Jewova a?” “Ki sa w mete nan etid pèsonèl ou?” “Èske w konn al preche menmsi paran w yo pa ale?” Anplis de sa, fich aktivite a gen espas pou w ekri nenpòt objektif ou ta renmen fikse anrapò ak priyè w, etid pèsonèl ou ak travay predikasyon an.

14 Gen anpil jèn ki ta renmen batize ki rann yo kont jan fich aktivite sa a se yon zouti ki efikas anpil. Men sa yon jèn sè ki rele Tilda fè konnen: “M te sèvi ak fich aktivite a pou m fikse objektif. M te atenn objektif sa yo youn apre lòt, e konsa, m te vin pare pou m batize anviwon ennan annapre.” Gen yon jèn frè ki rele Patrick ki te fè menm eksperyans lan. Men sa l di: “M te deja konn ki objektif mwen genyen, men, lefètke m te ekri yo, sa te ankouraje m fè plis efò pou m atenn yo.”

Èske w ap kontinye sèvi Jewova menmsi paran w yo sispann fè sa? (Gade paragraf 15.)

15. Esplike rezon ki fè desizyon pou w vwe lavi w bay Jewova a dwe se yon desizyon pèsonèl.

15 Men youn nan kesyon yo poze nan fich aktivite a: “Èske w ap sèvi Jewova menmsi paran w yo oswa zanmi w yo sispann fè sa?” Lè w vwe lavi w bay Jewova e w batize, ou vin gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova. Kidonk, sa w fè pou Jewova yo pa dwe depann de paran w oswa lòt moun. Aksyon w fè ki montre w gen yon konduit ki sen e ki montre w gen atachman pou Bondye yo bay prèv ou gen konviksyon ou jwenn laverite epi w vle obeyi prensip Bondye yo. Nan yon tikras tan, w ap vin kalifye pou w batize.

OU BEZWEN GEN REKONESANS

16, 17. a) Ki sa k ta dwe fè yon moun vin kretyen? b) Ki egzanp nou ka pran pou n esplike rekonesans nou gen pou ranson an?

16 Yon jou, gen yon mesye ki te konn Lalwa byen ki te mande Jezi: ‘Ki kòmandman ki pi gwo?’ Men sa Jezi te reponn: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.” ​(Matye 22:35-37). Jezi te montre se lanmou pou Jewova ki ta dwe fè yon moun vle batize pou l vin kretyen. Youn nan pi bon fason ou ka vin gen plis lanmou pou Jewova se lè w byen pran san w pou w reflechi ak ranson an ki se pi gwo kado Bondye bay lèzòm. (Li 2 Korentyen 5:14, 15; 1 Jan 4:9, 19.) Lè w fè sa, sa ap fè w anvi montre w rekonesan pou bèl kado sa a.

17 Men ki jan w ka esplike rekonesans ou genyen pou ranson an: Imajine w t ap neye epi yon moun vin sove w. Èske w t ap annik al lakay ou, ou seche kò w epi w bliye sa moun nan te fè pou ou a? Non! Ou t ap toujou santi w rekonesan dèske moun sa a te sove lavi w! Menm jan an tou, nou dwe gen anpil rekonesans pou Jewova ak Jezi dèske yo te ban nou ranson an. Nou dwe yo lavi nou! Yo te delivre nou anba peche ak lanmò. Piske yo renmen nou, kounye a, nou gen espwa pou n viv pou toutan nan yon paradi sou tè a!

18, 19. a) Poukisa w pa dwe pè bay Jewova lavi w? b) Ki fason lavi w vin pi bon lefètke w ap sèvi Jewova?

18 Èske w gen rekonesans pou sa Jewova fè pou ou? Si se wi, l ap bon pou w vwe lavi w bay Jewova e pou w batize. Lè w vwe lavi w bay Jewova, se pwomèt ou pwomèt li w ap toujou fè sa l vle. Èske w ta dwe pè fè yon pwomès konsa? Non! Jewova vle sa ki pi bon an pou ou, e l ap rekonpanse moun ki fè sa l vle yo (Ebre 11:6). Lè w vwe lavi w bay Bondye e w batize, se pa pi mal lavi w ap vin pi mal, okontrè, se pi bon l ap vin pi bon! Men sa yon frè ki gen 24 an e ki te batize anvan l te adolesan fè konnen: “M te ka pi byen konprann bagay yo si m te pi gran, men, lefètke m te pran desizyon pou m vwe lavi m bay Jewova, sa te pwoteje m pou m pa kouri dèyè bagay ki nan monn nan.”

Satan egoyis, li pa ba w regle anyen pou li.

19 Jewova vle sa ki pi bon an pou ou. Men, Satan li menm, li egoyis, li pa ba w regle anyen pou li. Li pa ka ba w anyen ki bon si w suiv li. Ki jan l ka fè ba w yon bagay li pa genyen? Li pa gen okenn bon nouvèl e l pa gen okenn espwa pou l bay. Li ka sèlman gache avni w paske se malè k ap tann li alavni! — Revelasyon 20:10.

20. Ki sa yon jèn ka fè yon fason pou l pwogrese jis li rive vwe lavi l bay Jewova epi l batize? (Gade kare “Enfòmasyon k ap ede w pwogrese” a tou.)

20 Lè w vwe lavi w bay Jewova, se pi bon desizyon w te ka pran. Èske w pare pou w fè sa? Si w pare, pa pè fè Jewova pwomès sa a. Men, si w santi w poko pare, suiv konsèy yo bay nan atik sa a pou w kontinye fè pwogrè. Pòl te di frè ki te nan kongregasyon Filip yo pou yo kontinye fè pwogrè (Filipyen 3:16). Si w suiv konsèy sa a, ou pap pran tan pou w vle vwe lavi w bay Jewova e pou w batize.