Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn: Èske w pare pou w batize?

Jèn: Èske w pare pou w batize?

“Kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l?” — LIK 14:28.

KANTIK: 120, 64

Yo ekri atik sa a ak atik ki vin apre a pou jèn ki vle batize.

1, 2. a) Ki sa k fè pèp Bondye a kontan jodi a? b) Ki fason paran ki kretyen yo ak ansyen yo ede jèn yo konprann sa batize vle di?

MEN sa yon ansyen te di Christopher, yon jèn ki gen 12 an: “M konnen w depi lè w fèt e m kontan tande w vle batize. Men, m ta renmen mande w: ‘Poukisa w vle batize?’” Ansyen sa a te gen bonjan rezon pou l poze kesyon sa a. Nou kontan anpil pou n wè gen plizyè milye jèn ki batize chak ane (Eklezyas 12:1). Men, paran ki kretyen yo ak ansyen yo nan kongregasyon an dwe asire yo se jèn yo ki pran pwòp desizyon yo pou yo batize e yo konprann ki sa sa vle di.

2 Nan Bib la, nou aprann lè yon kretyen vwe lavi l bay Bondye epi l batize, se kòmanse l kòmanse yon vi tounèf. Vi tounèf sa a pral fè l jwenn anpil benediksyon nan men Jewova, men, l ap jwenn opozisyon nan men Satan tou (Pwovèb 10:22; 1 Pyè 5:8). Se rezon sa a ki fè paran ki kretyen yo dwe pran tan pou yo anseye pitit yo sa sa vle di toutbon pou yon moun vin disip Kris. Lè yon jèn pa gen paran ki kretyen, ansyen yo nan kongregasyon an ap kontan ede l konprann ki sa sa vle di pou yon moun vwe lavi l epi pou l batize. (Li Lik 14:27-30.) Menm jan sa mande preparasyon pou yon moun fini yon konstriksyon, jèn yo dwe prepare yo anvan yo batize yon fason pou yo ka sèvi Jewova fidèlman “jiska lafen”. (Matye 24:13.) Ki sa k ap ede jèn yo pran detèminasyon pou yo sèvi Jewova pou toutan? Ann wè ki sa.

3. a) Ki sa pawòl Jezi ak Pyè te di yo aprann nou sou enpòtans batèm nan genyen (Matye 28:19, 20; 1 Pyè 3:21)? b) Ki kesyon nou pral egzamine, e poukisa?

3 Èske w se yon jèn ki vle batize? Si se wi, konnen w gen yon bèl objektif! Se yon gwo onè sa ye pou yon moun batize pou l vin Temwen Jewova. Anplis de sa, se yon bagay yon kretyen dwe fè e se yon etap ki enpòtan anpil pou moun ki pral chape vivan nan gwo tribilasyon an (Matye 28:19, 20; 1 Pyè 3:21). Lè w batize, ou montre w pwomèt Jewova w ap sèvi l pou toutan. Piske w vle kenbe pwomès sa a toutbon, kesyon ki vin apre yo ap ede w wè si w pare pou w batize: 1) Èske m gen ase matirite pou m pran desizyon sa a? 2) Èske se sa mwen menm mwen vle? 3) Èske m konprann ki sa vwe lavi m bay Jewova vle di? Ann egzamine kesyon sa yo.

KI LÈ W GEN ASE MATIRITE?

4, 5. a) Ki sa k fè se pa moun ki gran sèlman ki ka batize? b) Ki lè yon kretyen gen matirite?

4 Bib la pa di se sèlman moun ki gran oswa ki gentan gen yon laj byen presi ki ka batize. Men sa nou li nan Pwovèb 20:11: “Menm yon timoun, aksyon l fè montre kiyès li ye, yo montre si konduit li pwòp e si konduit li dwat.” Kidonk, menm yon timoun ka konprann ki sa sa vle di pou l fè sa ki dwat epi pou l vwe lavi l bay Kreyatè l la. Konsa, batèm se yon etap ki enpòtan e ki apwopriye pou yon jèn ki gen matirite e ki vwe lavi l bay Jewova. — Pwovèb 20:7.

5 Ki sa gen matirite vle di? Lè yon moun gen matirite, sa pa toujou vle di moun sa a se yon moun ki gran oswa ki byen grandi. Bib la fè konnen moun ki gen matirite yo se moun ki antrene “kapasite yo genyen pou yo konprann nan” yon fason pou yo rive distenge sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:14). Yon moun ki gen matirite se yon moun ki konnen sa ki byen e ki deside fè sa ki byen ak tout kè l. Konsa, li pa fasil pou yo enfliyanse l pou yo fè l fè sa ki mal. Epi l pa toujou bezwen pou se lòt moun ki pou di l fè sa ki byen. Li toutafè rezonab pou n atann pou yon jèn ki batize fè sa ki byen menm lè paran l oswa yon lòt granmoun pa toupre l. — Konpare ak Filipyen 2:12.

6, 7. a) Esplike ki difikilte Dànyèl te jwenn pandan l te Babilòn. b) Ki fason Dànyèl te montre l gen matirite?

6 Èske yon jèn ka montre l gen yon matirite konsa toutbon? Ann konsidere egzanp Dànyèl. Petèt li te yon adolesan lè yo te pran l nan men paran l epi yo te mennen l Babilòn. Sanzatann, Dànyèl te vin ap viv pami moun ki pa t ap obeyi kòmandman Bondye yo. Men, ann fè yon ti pale sou sitiyasyon Dànyèl la yon tikras pi plis. Yo te trete l tankou yon moun espesyal nan Babilòn. Li te youn pami plizyè jèn yo te chwazi avèk swen pou sèvi wa a (Dànyèl 1:3-5, 13). Sanble Dànyèl te nan yon pi bon pozisyon nan peyi Babilòn pase lè l te ann Izrayèl.

7 Men, ki jan Dànyèl te reyaji? Èske l te kite moun peyi Babilòn yo fè l vin chanje oswa fè l pèdi lafwa? Non! Bib la di toutpandan Dànyèl te nan peyi Babilòn, li te deside “nan kè l pou l pa kontamine tèt li”, sa vle di li te deside rete lwen nenpòt bagay ki gen rapò ak fo adorasyon (Dànyèl 1:8). Sa montre l te gen bonjan matirite!

Yon jèn ki gen matirite pap tankou zanmi Bondye lè l nan Sal Wayòm nan epi li tankou zanmi monn nan lè l nan lekòl li. (Gade paragraf 8)

8. Ki leson w ka aprann nan egzanp Dànyèl?

8 Ki leson w ka aprann nan egzanp Dànyèl? Yon jèn ki gen matirite pap abandone kwayans li yo menm lè l nan sitiyasyon difisil. Li pap tankou yon aganman, yon bèt ki konn chanje koulè selon kote l ye a. Sa vle di, li pap tankou zanmi Bondye lè l nan Sal Wayòm nan epi li tankou zanmi monn nan lè l nan lekòl li. Olye de sa, l ap ret fidèl menm lè l jwenn eprèv. — Li Efezyen 4:14, 15.

Yon jèn ki gen matirite pap abandone kwayans li yo menm lè l nan sitiyasyon difisil.

9, 10. a) Ki byenfè yon jèn ka jwenn lè l reflechi ak fason l te reyaji dènye fwa lafwa l te pase anba eprèv? b) Ki sa batèm ye?

9 Nòmalman, pa gen pèsonn ki pafè. Ni jèn yo ni moun ki gran yo konn fè erè pafwa (Eklezyas 7:20). Sepandan, si w vle batize, li vrèman saj pou w chèche wè jis nan ki pwen w detèmine pou w obeyi kòmandman Jewova yo. Mande tèt ou: ‘Èske m gen yon bon kantite tan depi m ap obeyi Jewova?’ Fè yon ti reflechi ak fason w te reyaji dènye fwa lafwa w te pase anba eprèv. Èske w ka deside ki sa bon bagay pou w fè yo ye? Menm jan ak Dànyèl, èske yon moun te ankouraje w sèvi ak kapasite w genyen yo nan monn Satan an? Lè w ap fè fas ak yon tantasyon konsa, èske w ka konprann ki sa volonte Jewova ye? — Efezyen 5:17.

10 Ki sa k fè l enpòtan pou w reponn kesyon pèsonèl sa yo? Se paske y ap ede w wè jis nan ki pwen batèm se yon bagay ki serye anpil. Batèm se yon fason pou w montre lòt moun ou fè Jewova yon pwomès ki enpòtan. Ou pwomèt pou w renmen l e pou w sèvi l ak tout kè w pou toutan (Mak 12:30). Tout moun ki batize dwe pran detèminasyon pou yo kenbe pwomès yo fè Jewova a. — Li Eklezyas 5:4, 5.

ÈSKE SE SA OU MENM OU VLE?

11, 12. a) De ki sa yon moun k ap reflechi ak batèm dwe asire l? b) Ki sa k ap ede w byen wè batèm ki se yon dispozisyon Jewova pran?

11 Bib la fè konnen tout moun ki fè pati pèp Jewova a, menm moun ki jèn yo, t ap gen pou yo sèvi Jewova “san fòse”. (Sòm 110:3.) Se sa k fè, yon moun ki vle batize bezwen asire l se sa li menm li vle toutbon. Sa ka mande pou w byen egzamine rezon ki fè w vle batize a sitou si w te leve nan laverite.

12 Toutpandan w t ap grandi, petèt ou te wè anpil moun te batize devan w, se gendwa kèk nan zanmi w yo ak frè ak sè w yo. Men, fè atansyon pou w pa vin santi w oblije batize tou senpleman paske w wè w gen yon laj oubyen paske w wè tout moun ap fè sa. Ki jan w ka sèten ou konsidere batèm menm jan ak Jewova? Pran tan pou w reflechi sou rezon ki fè batèm nan enpòtan anpil konsa. W ap jwenn anpil bon rezon nan atik sa a ak atik ki vin apre a.

13. Ki sa k ka ede w wè si desizyon w pran pou w batize a se yon desizyon ki sot nan kè w?

13 Yon fason w ka rive wè si desizyon w pran pou w batize a se yon desizyon ki sot nan kè w se lè w egzamine priyè w yo. Konbyen fwa w konn priye Jewova? Èske priyè w yo presi? Repons kesyon sa yo ka montre jis nan ki pwen w gen yon relasyon sere ak Jewova (Sòm 25:4). Byen souvan, Jewova sèvi ak Bib la pou l reponn priyè n fè yo. Donk, yon lòt fason w ka rive wè si w vle vin pwòch ak Jewova toutbon ak si w vle sèvi l ak tout kè w se lè w egzamine pwogram ou genyen pou w fè etid pèsonèl (Jozye 1:8). Mande tèt ou: ‘Èske m fè etid pèsonèl mwen regilyèman? Èske m patisipe nan adorasyon an fanmi an san fòse?’ Repons kesyon sa yo ap ede w wè si desizyon w pran pou w batize a se yon desizyon ou menm ou vle.

SA SA VLE DI POU W VWE LAVI W?

14. Esplike ki diferans ki genyen ant vwe lavi w bay Jewova ak batize.

14 Gen kèk jèn ki ka pa fin byen konprann diferans ki genyen ant vwe lavi yo bay Bondye ak batize. Gen kèk nan yo ki ka di yo deja vwe lavi yo bay Jewova, men, yo poko pare pou yo batize. Men, èske sa vrèman posib? Ou vwe lavi w bay Jewova lè w fè yon priyè kote w pwomèt Jewova w ap sèvi l pou toutan. Lè w batize, se montre w montre lòt moun ou deja vwe lavi w bay Jewova. Kidonk, anvan w batize, ou bezwen konprann sa sa vle di pou w vwe lavi w bay Bondye.

15. Sa sa vle di pou w vwe lavi w bay Jewova?

15 Lè w vwe lavi w bay Jewova se di w di l ou pa mèt tèt ou ankò. Se yon pwomès ou fè ki montre sèvi Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi w. (Li Matye 16:24.) Pwomès sa a ou fè Bondye a se yon pwomès ki serye anpil (Matye 5:33)! Nan ka sa a, ki jan w ka montre w konnen w pa mèt tèt ou ankò e se Jewova ki mèt ou kounye a? — Women 14:8.

16, 17. a) Bay yon egzanp ki montre lè yon moun pa nye tèt li. b) Lè n vwe lavi n bay Jewova, ki sa n di an reyalite?

16 Ann pran yon egzanp. Imajine yon zanmi ta fè w kado yon machin. Li lonje papye machin nan ba ou epi l di w: “Machin nan se pou ou.” Men, apre sa li di w: “M ap kenbe kle a. E se mwen menm k ap kondui machin nan, se pa ou menm.” Ki sa w t ap panse de kado sa a? Ki sa w t ap panse de zanmi ki ba w machin nan?

17 Lè yon moun vwe lavi l bay Jewova, se di l di Jewova: “Mwen ba w lavi m. Se ou ki mèt mwen.” Jewova gen dwa pou l atann moun sa a ap kenbe pwomès li fè a. Men, e si moun sa a kòmanse dezobeyi Jewova lè l renmen an sekrè ak yon moun ki pap sèvi Bondye? Oswa, e si moun sa a ta aksepte yon travay ki fè l pa gen ase tan pou l preche oubyen ki lakòz li rate reyinyon kongregasyon an souvan? Si l ta aji konsa, li pa t ap kenbe pwomès li fè Jewova a. Se t ap kòmsi l kenbe kle machin nan. Lè n vwe lavi n bay Jewova se di n di l: “Se ou ki mèt lavi m, se pa mwen menm.” Konsa, nou vle toujou fè sa Jewova vle menmsi se pa sa nou menm nou vle. Kidonk, ann imite Jezi ki te di: “Mwen pa desann sot nan syèl la pou m vin fè volonte pa m, men se pou m vin fè volonte Sila a ki voye m nan.” — Jan 6:38.

Batèm se yon desizyon ki enpòtan anpil e se yon gwo privilèj.

18, 19. a) Kòman pawòl Rose ak Christopher yo montre batèm se yon privilèj k ap fè yon moun jwenn anpil byenfè? b) Ki jan w santi w lefètke w gen privilèj pou w batize?

18 Vrèmanvre, batèm se yon desizyon ki enpòtan anpil. Se yon gwo privilèj sa ye pou yon moun vwe lavi l bay Jewova epi pou l batize. Jèn ki renmen Jewova e ki konprann sa sa vle di pou yo vwe lavi yo ba li, pa pè fè sa ni yo pa pè batize. Yo pa regrèt desizyon yo pran an. Men sa Rose, yon adolesan ki batize, fè konnen: “Mwen renmen Jewova e pa gen anyen ki fè m pi kontan pase sèvi l. Nan tout desizyon m pran nan lavi m, desizyon m te pran pou m batize a se desizyon m pa gen okenn dout sou li.”

19 E Christopher nou te pale de li nan kòmansman atik la? Ki sa l panse de desizyon l te pran pou l batize a 12 an an? Li di l kontan anpil dèske l te pran desizyon sa a. Li te kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan a 17 an e l te vin sèvitè ministeryèl a 18 an. Kounye a, l ap sèvi nan Betèl. Men sa l di: “Mwen te pran yon bon desizyon lè m te batize. Mwen fè anpil travay pou Jewova ak òganizasyon l lan ki ban m satisfaksyon nan lavi m.” Si w vle batize, ki jan w ka prepare w pou sa? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa a.