Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan w ka kolabore pou n gen plis tèt ansanm antanke kretyen?

Ki jan w ka kolabore pou n gen plis tèt ansanm antanke kretyen?

“Grasa li, tout kò a byen kole ansanm, e li fèt pou l kolabore ansanm.” — EFEZYEN 4:16.

KANTIK: 53, 107

1. Depi okòmansman, ki sa k te toujou parèt nan travay Bondye fè yo?

JEWOVA ak Jezi te konn kolabore ansanm depi nan kòmansman kreyasyon an. Jewova te kreye Jezi anvan tout lòt bagay. Apre sa, Jezi te kolabore avè l e l te “bò kote l kòm yon moun ki konn travay byen”. (Pwovèb 8:30.) Sèvitè Jewova yo te konn kolabore youn ak lòt tou nan travay yo te gen pou yo fè. Pa egzanp, Noye ak fanmi l te bati lach la ansanm. Pi devan, Izrayelit yo te travay ansanm pou yo konstwi tabènak la, pou yo monte l, pou yo demonte l e pou yo pote l sot nan yon zòn al nan yon lòt. Nan tanp lan, yo te konn met tèt ansanm pou yo chante epi jwe enstriman pou yo fè louwanj pou Jewova ak bèl mizik. Pèp Jewova a te ka fè tout bagay sa yo paske yo te konn kolabore youn ak lòt. — Jenèz 6:14-16, 22; Nonb 4:4-32; 1 Kwonik 25:1-8.

2. a) Ki sa k te parèt aklè nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la? b) Ki kesyon nou pral reponn?

2 Kretyen yo nan premye syèk la te konn kolabore youn ak lòt tou. Apot Pòl te montre kretyen yo te gen tèt ansanm byenke yo chak te gen kapasite ak asiyasyon ki diferan. Yo tout t ap suiv Mèt yo a ki se Jezi Kris. Pòl te konpare yo ak yon kò ki gen plizyè pati k ap kolabore ansanm. (Li 1 Korentyen 12:4-6, 12.) Men, e nou menm jodi a? Ki jan nou ka kolabore youn ak lòt nan travay predikasyon an, nan kongregasyon an ak nan fanmi nou?

KOLABORE NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

3. Ki vizyon apot Jan te fè?

3 Nan yon vizyon apot Jan te fè nan premye syèk la, li te wè sèt zanj k ap sonnen twonpèt. Apre senkyèm zanj lan te fin sonnen twonpèt pa l la, Jan te wè “yon zetwal ki sot nan syèl la ki tonbe sou tè a”. “Zetwal” sa a te sèvi ak yon kle pou l ouvè yon pòt ki mennen nan yon pi fènwa ki san fon. Toudabò, lafimen te sot nan pi a epi, apre sa, yon pakèt krikèt te sot nan lafimen an. Krikèt yo pa t atake pyebwa yo oswa plant yo, men, yo te atake moun ki “pa gen so Bondye a sou fwon yo”. (Revelasyon 9:1-4.) Jan te konnen yon pakèt krikèt ka fè anpil ravaj jan sa te deja fèt ann Ejip nan epòk Moyiz la (Egzòd 10:12-15). Krikèt Jan te wè yo reprezante kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo k ap preche yon kokennchenn mesaj kont fo relijyon. Epi, gen plizyè milyon lòt moun ki gen espwa pou yo viv sou tè a ki vin met ansanm ak yo. De gwoup moun sa yo ap kolabore ansanm nan travay predikasyon sa a. Travay sa a ede anpil moun kite fo relijyon epi soti anba men Satan.

Nou rive preche sou tout tè a paske n ap kolabore youn ak lòt.

4. Ki travay pèp Bondye a gen pou l fè, e ki sèl fason yo ka rive fè l?

4 Nou gen responsablite pou n preche tout moun sou tè a “bon nouvèl” la anvan lafen an vini. Se yon kokennchenn travay (Matye 24:14; 28:19, 20). Nou dwe envite tout moun ki “swaf” pou yo vin bwè “dlo lavi a”, sa vle di, nou bezwen pataje verite ki nan Bib la ak tout moun ki vle konprann li (Revelasyon 22:17). Men, nou ka fè sa sèlman si n “byen kole ansanm” epi n kolabore youn ak lòt nan kongregasyon an. — Efezyen 4:16.

5, 6. Ki jan nou montre n gen tèt ansanm pandan n ap preche bon nouvèl la?

5 Pou n rive preche plis moun posib, nou bezwen byen òganize pou n fè travay predikasyon an. Enstriksyon nou jwenn nan kongregasyon an ap ede n fè sa. Apre reyinyon predikasyon an, n al nan tèritwa a pou n preche moun yo bon nouvèl Wayòm nan. Nou ofri yo piblikasyon ki baze sou Bib la tou. Anfèt, nou bay plizyè milyon piblikasyon toupatou nan monn nan. Pafwa, yo konn mande n patisipe nan kèk kanpay predikasyon espesyal. Lè w fè travay sa a, se kolabore w ap kolabore ak plizyè milyon lòt moun toupatou nan monn nan k ap preche menm mesaj sa a! Anplis de sa, w ap travay ak zanj yo tou, yo menm k ap ede pèp Bondye a preche bon nouvèl la. — Revelasyon 14:6.

6 Se pa ti kontan nou kontan lè n li bèl rezilta nou jwenn nan travay predikasyon nou an toupatou sou tè a nan Liv aktivite Temwen Jewova yo! Anplis de sa, reflechi sou fason nou vin fè yon sèl toupatou sou tè a toutpandan n ap envite moun yo nan kongrè nou yo. Se tout moun ki resevwa menm enfòmasyon an nan kongrè yo. Diskou yo, dram yo ak demonstrasyon yo ankouraje n bay Jewova tout nou menm. Nou fè yon sèl ak frè ak sè n yo toupatou nan monn nan tou lè n asiste Memoryal la chak ane (1 Korentyen 11:23-26). Nou reyini ansanm nan menm dat la, 14 Nizan, apre solèy la fin kouche pou n montre rekonesans nou pou sa Jewova te fè pou nou an e pou n obeyi kòmandman Jezi te bay la. Epi, kèk semèn anvan Memoryal la, nou kolabore ansanm pou n envite plis moun posib vin patisipe nan evènman enpòtan sa a avè n.

7. Ki sa n rive akonpli toutpandan n ap travay ansanm?

7 Yon sèl grenn krikèt pa ka fè anpil dega poukont li. Konsa tou, nou youn pap ka preche tout moun poukont nou. Men, piske n ap travay ansanm, nou rive pale de Jewova ak plizyè milyon moun e n rive ede kèk nan yo pou yo fè louwanj pou li e pou yo onore l.

KOLABORE NAN KONGREGASYON AN

8, 9. a) Ki egzanp Pòl te pran pou l anseye kretyen yo pou yo kontinye gen tèt ansanm? b) Ki jan n ka kolabore ansanm nan kongregasyon an?

8 Nan lèt Pòl te ekri Efezyen yo, li te esplike kòman kongregasyon an òganize e l te di se tout moun nan kongregasyon an ki bezwen “grandi nan tout bagay”. (Li Efezyen 4:15, 16.) Pòl te sèvi ak egzanp kò moun pou l esplike jan chak kretyen kapab ede kongregasyon an rete kole ansanm epi pou l suiv Jezi ki se Chèf kongregasyon an. Li te di se tout pati nan kò a k ap kolabore ansanm “grasa tout jwenti [yo] k ap founi sa ki nesesè”. Nan ka sa a, ki sa nou chak nou ta dwe fè kit nou jèn kit nou granmoun, kit nou an sante kit nou pa an sante?

Ki sa w ka fè pou w ede kongregasyon an gen tèt ansanm?

9 Jezi te nome ansyen yo pou yo pran latèt nan kongregasyon an, li vle pou n respekte yo epi pou n suiv konsèy yo ban nou (Ebre 13:7, 17). Li pa toujou fasil pou n fè sa. Men, nou ka mande Jewova èd. Lespri sen l ka ede n obeyi nenpòt konsèy ansyen yo ban nou. Fè yon ti reflechi tou anrapò ak fason nou ka ede kongregasyon nou an si n gen imilite epi n kolabore ak ansyen yo. Kongregasyon an ap gen tèt ansanm epi lanmou nou gen youn pou lòt la ap vin pi fò.

10. Ki fason sèvitè ministeryèl yo ede kongregasyon an gen tèt ansanm? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

10 Sèvitè ministeryèl yo ap ede kongregasyon an gen tèt ansanm tou. Yo fè anpil efò pou ede ansyen yo e nou rekonesan anvè yo pou tout sa yo fè. Pa egzanp, sèvitè ministeryèl yo asire yo gen ase piblikasyon pou frè ak sè yo itilize nan predikasyon e yo akeyi moun ki vin nan reyinyon yo. Yo fè anpil efò tou pou yo fè reparasyon nan Sal Wayòm nan e pou kenbe l pwòp. Lè n kolabore ak frè sa yo, nou montre n gen tèt ansanm e n ap sèvi Jewova yon fason ki òganize. — Konpare ak Travay 6:3-6.

11. Ki sa jèn yo ka fè pou ede kongregasyon an gen tèt ansanm?

11 Gen kèk ansyen ki gen plizyè ane depi y ap travay di nan kongregasyon an. Men, piske yo vin aje, petèt yo pa ka fè menm kantite travay yo te konn fè anvan yo. Jèn frè yo kapab bay èd yo. Si yo jwenn fòmasyon, yo ka vin gen plis responsablite nan kongregasyon an. Epi, lè sèvitè ministeryèl yo fè anpil efò, yo ka vin sèvi kòm ansyen pi devan (1 Timote 3:1, 10). Gen kèk jèn ansyen ki menm fè plis pwogrè. Kounye a, y ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon e y ap ede frè ak sè yo nan anpil kongregasyon. Nou kontan lè moun ki jèn yo ofri tèt yo pou yo sèvi frè ak sè yo. — Li Sòm 110:3; Eklezyas 12:1.

KOLABORE NAN FANMI NOU

12, 13. Ki sa k ka ede tout moun nan fanmi an kolabore youn ak lòt?

12 Ki jan n ka ede moun nan fanmi nou kolabore youn ak lòt? Adorasyon nou fè an fanmi an chak semèn kapab ede nou. Lè paran yo ak pitit yo pase tan ansanm pou yo pale de Jewova, lanmou yo gen youn pou lòt la vin pi fò. Nan moman sa yo, yo ka fè pratik sou sa yo pral di nan travay predikasyon an e sa ap ede yo tout pou yo pi byen prepare. Epi, lè yo tande youn lòt k ap pale de laverite, lè yo wè tout moun nan fanmi an renmen Jewova e yo vle fè l plezi, y ap vin pi pwòch toujou youn ak lòt.

Lè yon mari ak madanm renmen Jewova e yo sèvi l ansanm, sa fè yo gen tèt ansanm nan maryaj yo e yo viv ak kè kontan.

13 Ki fason yon mari ak madan m li kapab kolabore youn ak lòt (Matye 19:6)? Lè yo toule de renmen Jewova epi y ap sèvi l ansanm, sa ap fè yo gen tèt ansanm nan maryaj yo e y ap viv ak kè kontan. Anplis de sa, youn dwe demontre afeksyon pou lòt menm jan Abraram ak Sara, Izarak ak Rebeka epi Èlkana ak Ana te fè sa (Jenèz 26:8; 1 Samyèl 1:5, 8; 1 Pyè 3:5, 6). Lè mari yo ak madanm yo fè sa, y ap gen tèt ansanm e y ap vin pi pwòch ak Jewova. — Li Eklezyas 4:12.

Adorasyon an fanmi an ka ede jèn yo vin pi pwòch ak moun ki pi gran yo. (Gade paragraf 12, 15.)

14. Si mari w oswa madanm ou pap sèvi Jewova, ki sa w ka fè pou maryaj ou ret solid?

14 Bib la montre byen klè nou pa dwe marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova (2 Korentyen 6:14). Sepandan, gen kèk frè ak sè mari yo oswa madanm yo pa Temwen Jewova. Gen kèk moun se apre yo fin marye yo vin aprann laverite e moun yo marye avè l la pa vin Temwen. Gen lòt ki ka te marye ak yon moun k ap sèvi Jewova epi moun sa a vin kite kongregasyon an. Nan sitiyasyon sa yo, kretyen yo fè tout sa yo kapab pou maryaj yo ret solid lè yo suiv konsèy ki nan Bib la. Sa ka pa toujou fasil. Pa egzanp, Mary ak David, mari l, t ap sèvi Jewova ansanm. Apre sa, David te vin sispann al nan reyinyon. Men, Mary te toujou fè efò pou l yon bon madanm e pou l demontre kalite kretyen yo. Anplis de sa, li te anseye sis pitit li yo laverite sou Jewova e l te kontinye al nan reyinyon yo ak kongrè yo. Plizyè ane annapre, lè timoun yo fin grandi e yo kite kay la, Mary te kontinye sèvi Jewova menm lè sa te pi difisil pou li. Antretan, David te vin kòmanse li peryodik Mary te konn kite pou li yo. Rive yon lè, li te rekòmanse al nan kèk reyinyon. Pitit pitit gason l lan, ki gen sizan, toujou rezève yon plas pou li, epi, lè David pa vini, ti gason an konn di l: “Granpa, m te sonje w nan reyinyon jodi a.” David te retounen vin jwenn Jewova apre 25 an, e kounye a, li menm ak madanm li kontan dèske yo ka sèvi Jewova ansanm ankò.

15. Ki jan moun ki gen lontan depi yo marye yo ka ede moun ki pa gen lontan depi yo marye yo?

15 Satan ap atake fanmi yo jodi a. Sa se youn nan rezon ki fè yon mari ak yon madanm k ap sèvi Jewova bezwen kolabore youn ak lòt. Kèlkeswa kantite ane w genyen depi w marye a, reflechi sou sa w ka di oswa w ka fè pou w fè maryaj ou vin pi solid. Si ou menm ak konjwen w gen lontan depi nou marye, nou ka vin yon bon egzanp pou moun ki fèk marye yo. Petèt ou ka envite de moun ki pa gen lontan depi yo marye vin asiste adorasyon an fanmi w lan. Y ap rann yo kont kèlkeswa kantite tan de moun genyen depi yo marye, youn dwe demontre afeksyon pou lòt epi yo dwe viv nan tèt ansanm. — Tit 2:3-7.

“ANNOU MONTE SOU MÒN JEWOVA A”

16, 17. Toutpandan sèvitè Bondye yo met tèt yo ansanm, ki sa y ap tann?

16 Lè Izrayelit yo te konn al asiste fèt yo te konn fè Jerizalèm yo, yo te konn kolabore youn ak lòt. Yo te konn prepare tout sa yo te bezwen pou vwayaj la, annapre, yo te konn vwayaje ansanm e youn te ede lòt. Nan tanp lan, yo tout te konn fè louwanj pou Jewova ansanm e yo te konn adore Jewova ansanm (Lik 2:41-44). Jodi a, toutpandan n ap prepare n pou n viv nan monn nouvo a, nou bezwen gen tèt ansanm e n bezwen fè tout sa n kapab pou n kolabore youn ak lòt. Èske w ka imajine lòt fason w ka fè sa plis toujou?

17 Nan monn sa a, moun yo pa gen tèt ansanm e yo menm konn goumen youn ak lòt pou anpil bagay. Men, se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova ede n gen lapè epi l ede n konprann laverite! Toupatou nan monn nan, pèp li a ap adore l fason l vle a. Sitou nan dènye jou sa yo, pèp Jewova a gen plis tèt ansanm pase nenpòt lòt epòk. Menm jan pwofèt Ezayi ak pwofèt Miche te di sa, n ap monte ansanm “sou mòn Jewova a”. (Ezayi 2:2-4; li Miche 4:2-4.) Se pa ti kontan nou pral kontan alavni lè tout moun sou tè a pral “byen kole ansanm” epi yo pral kolabore youn ak lòt pou yo adore Jewova!