Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bonte: Ki jan n ka gen kalite sa a?

Bonte: Ki jan n ka gen kalite sa a?

NATIRÈLMAN, nou tout ta renmen yo konsidere nou kòm bon moun. Men, demontre bonte se pa yon bagay ki fasil nan monn n ap viv jodi a. Anpil moun ‘pa renmen sa ki byen’. (2 Tim. 3:3.) Yo konn gen pwòp prensip pa yo sou sa ki byen ak sa ki mal. Nan yon sans, yo di “sa k bon an pa bon e [...] sa k pa bon an bon”. (Eza. 5:20.) Mete sou sa, nou tout ap lite ak enpèfeksyon nou gen lakay nou ansanm ak sa nou te viv nan lavi nou. Donk, nou ka santi nou menm jan ak Anne * ki pase plizyè dizèn ane ap sèvi Jewova, e malgre sa li te di: “Li difisil anpil pou m kwè mwen ka vin yon bon moun.”

Erezman nou tout ka chèche gen bonte lakay nou! Se nan lespri sen Bondye bonte soti, e lespri Bondye gen plis pisans pase kèlkeswa difikilte nou ta rankontre, kit se lòt moun ki lakòz yo kit se nan nou yo soti. Annou chèche byen konnen ki sa bonte ye e annou aprann fason nou ka demontre kalite sa a plis toujou.

KI SA BONTE YE?

Anfèt, bonte vle di san mechanste oswa san koripsyon. Yon bon moun se yon moun ki gen yon wo nivo nan domèn moral e ki san repwòch. Bonte parèt aklè grasa bon efè li gen sou lòt moun. Li se yon bèl kalite ki parèt nan aksyon nou fè pou ede lòt moun.

Petèt ou deja wè moun ki dispoze fè bon bagay pou moun nan fanmi yo ak zanmi yo. Men, èske se pou moun sa yo sèlman yo ta dwe demontre bonte? Se vre, nou limite nan sa nou ka fè pou nou demontre kalite sa a, paske Labib di “pa gen yon moun ki jis sou tè a ki toujou fè sa k byen e ki pa janm peche”. (Ekl. 7:20.) Men sa apot Pòl te admèt: “Mwen konnen pa gen anyen ki bon ki abite nan mwen, sètadi nan chè m.” (Wom. 7:18). Kidonk, li klè, se Jewova ki pou montre nou ki jan pou nou gen bonte, paske se nan li kalite sa a soti.

“JEWOVA BON”

Se Jewova Dye ki tabli prensip sou sa ki bon. Men sa Bib la di sou Jewova: “Ou bon e aksyon w fè yo bon. Anseye m lwa w yo.” (Sòm 119:68). Annou egzamine de aspè ki genyen nan bonte Jewova gen lakay li jan sa parèt nan vèsè sa a.

Jewova bon. Bonte fè pati pèsonalite Jewova. Ann egzamine sa k te rive lè Jewova te di Moyiz: “M ap fè w wè tout bon bagay mwen gen lakay mwen.” Pandan glwa Jewova, sa ki gen ladan l bonte l, t ap pase devan Moyiz, men pawòl Moyiz tande: “Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite, ki demontre yon lanmou ki fidèl pou plizyè milye jenerasyon, ki padone erè, bagay moun fè ki mal ak peche. Men, li pap pa pini moun ki koupab yo.” (Egz. 33:19; 34:6, 7). Kidonk, nou gen rezon konprann bonte parèt nan tout aspè nan pèsonalite Jewova. Byenke Jezi se pi bon moun ki te gen sou tè a, li te di: “Pa gen yon moun ki bon, yon sèl bon ki genyen se Bondye.” — Lik 18:19.

Sa Jewova kreye yo montre aklè li gen bonte.

Aksyon Jewova fè yo bon. Tout sa Bondye fè bon. “Jewova bon ak tout moun, mizèrikòd li parèt nan tout sa l fè.” (Sòm 145:9). Jewova demontre bonte san patipri, li bay lèzòm lavi ak tout sa yo bezwen pou yo viv (Tra. 14:17). Li demontre bonte tou lè l padone nou. Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri Sòm yo te ekri: “Ou bon e w dispoze padone, o Jewova.” (Sòm 86:5). Se sèten, “Jewova pap refize bay moun ki mache dwat yo okenn bon bagay”. — Sòm 84:11.

“APRANN FÈ SA KI BYEN”

Bondye kreye nou pòtre avè l, se sa k fè nou gen kapasite pou nou bon moun e pou nou fè sa ki byen (Jen. 1:27). Sepandan, Pawòl Bondye a ankouraje sèvitè Bondye yo pou yo “aprann fè sa ki byen”. (Eza. 1:17.) Men, ki jan nou ka chèche vin gen bèl kalite sa a? Ann egzamine twa fason nou ka fè sa.

Premyèman, nou ka priye pou nou gen lespri sen k ap ede kretyen yo demontre vrè bonte a (Gal. 5:22). Wi, lespri Bondye ka ede nou pou nou vin renmen sa ki byen e pou nou rejte sa ki mal (Wom. 12:9). Anfèt, Labib fè konnen Jewova ka fè nou “vin fèm nan tout bon aksyon n ap fè ak nan tout bon pawòl n ap di”. — 2 Tes. 2:16, 17.

Dezyèmman, nou dwe li Pawòl Bondye te fè ekri a. Tank n ap fè sa, Jewova kapab fè nou konnen “tout sa ki byen” e li kapab fè nou jwenn sa nou bezwen “pou [n] fè tout bon travay”. (Pwo. 2:9; 2 Tim. 3:17.) Lè nou fè yon lekti konsa e nou medite sou sa nou li a, n ap ranpli kè nou ak bon bagay sou Bondye e sou volonte l. Konsa, n ap ajoute sou trezò nou deja genyen yo e y ap kapab ede nou pi devan. — Lik 6:45; Efe. 5:9.

Twazyèmman, nou eseye fè tout sa nou kapab pou nou “imite sa ki byen”. (3 Jan 11.) Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp pou nou imite. Nòmalman, pi bèl egzanp nou genyen yo se Jewova ak Jezi. Men, nou ka egzamine egzanp lòt moun ki te bon moun. De ladan yo ki ka vin nan lespri nou se Tabita ak Banabas (Tra. 9:36; 11:22-24). L ap bon pou w egzamine istwa yo epi note sa yo te fè pou yo ede lòt moun. Reflechi sou sa w ka fè pou w ede kèk moun nan fanmi w oswa nan kongregasyon an. Mete sou sa, reflechi sou byenfè de moun sa yo te jwenn lefètke yo te konn fè byen pou lòt moun. Ou menm tou ou ka jwenn byenfè.

Nou ka reflechi tou sou egzanp kèk moun nan epòk nou an ki te fè sa ki byen. Pa egzanp, reflechi ak ansyen k ap travay di nan kongregasyon an ki “renmen sa ki byen”, san nou pa bliye sè fidèl yo k ap “anseye sa ki byen” nan pawòl y ap di ak egzanp yo bay (Tit 1:8; 2:3). Men sa yon sè ki rele Roslyn fè konnen: “Zanmi m nan toujou fè efò pou l ede lòt moun nan kongregasyon an e pou l ankouraje yo. Li reflechi sou sitiyasyon yo e tanzantan li ba yo ti kado oswa li ede yo lòt fason ki pratik. M wè li se yon bon moun toutbon.”

Jewova ankouraje pèp li a pou l “chèche fè sa ki byen”. (Amòs 5:14.) Si nou fè sa, nonsèlman n ap vin renmen prensip li yo, men tou, n ap vin gen plis detèminasyon pou nou sa ki byen.

Nou fè anpil efò pou n bon moun e pou n fè sa ki byen.

Nou pa dwe panse pou nou pratike sa ki byen nou bezwen fè gwo aksyon pou ede lòt moun oubyen fè gwo sakrifis pou yo. Ann pran yon egzanp: Èske w panse yon atis pent ap fè yon tablo ak sèlman youn oswa de kout penso? Non. Okontrè, l ap fè anpil kout penso pou l fè tablo a. Menm jan an tou, moun ka remake bonte nou demontre grasa plizyè ti jès nou fè pou n ede lòt moun.

Labib ankouraje nou pou nou “prepare” e pou nou “pare” pou n fè bon aksyon (2 Tim. 2:21; Tit 3:1). Si nou chèche konprann sitiyasyon lòt moun, nou ka wè fason pou nou fè pwochen nou plezi “pou byen l, pou nou ankouraje l”. (Wom. 15:2.) Sa ka mande pou nou pataje sa nou genyen avè l (Pwo. 3:27). Pa egzanp, nou ka envite yon moun vin manje yon ti manje avèk nou oswa pase yon moman ankourajan avèk nou. Si nou konn yon moun ki malad, nou ka voye yon kat pou li, nou ka vizite l oswa nou ka ba l yon ti kout fil. Nou ka chèche jwenn anpil okazyon pou nou di “pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo”. — Efe. 4:29.

Menm jan ak Jewova, nou chèche fè byen pou tout moun. Se sa k fè nou aji ak lòt moun san patipri. Youn nan bèl fason nou ka fè sa se lè nou preche tout moun bon nouvèl Wayòm nan. Jan Jezi te bay lòd pou nou fè, nou chèche fè byen menm ak moun ki sanble rayi nou (Lik 6:27). Li toujou bon pou nou aji avèk byenveyans e pou nou fè sa ki byen pou lòt moun, paske “pa gen lwa ki kont bagay sa yo”. (Gal. 5:22, 23.) Lè nou gen bon konduit malgre opozisyon oswa eprèv nou jwenn, nou ka atire lòt moun vin nan laverite e n ap bay Bondye glwa. — 1 Pyè 3:16, 17.

NOU JWENN BYENFÈ LÈ NOU AJI AVÈK BONTE

“Moun ki bon an ap jwenn rekonpans pou sa l fè.” (Pwo. 14:14). Ki rekonpans konsa? Lè nou fè sa ki byen pou lòt moun, yo plis gen tandans fè sa ki byen pou nou tou (Pwo. 14:22). Menmsi lòt moun pa aji byen avèk nou, lè nou kontinye fè bon aksyon, sa ka fè yo pi byen dispoze epi fè yo pa aji di ankò. — Wom. 12:20, nòt.

Anpil nan nou ka rekonèt lè nou vire do bay sa ki mal e nou fè sa ki byen, nou jwenn byenfè. Ann pran egzanp Nancy. Men sa l admèt: “Lè m t ap grandi, m te rebèl, m t ap mennen yon vi imoral e m pa t respekte moun.” Apre sa li di: “Men, toutpandan m t ap aprann prensip Bondye bay sou sa ki byen e m te aplike prensip sa yo, m te kòmanse santi m pi kontan. Kounye a, m gen diyite e m respekte tèt mwen.”

Pi gwo rezon nou genyen pou nou chèche gen bonte, se paske sa fè Jewova kontan. Menmsi anpil moun pa wè sa nou fè, Jewova wè. Li remake tout bon aksyon nou fè ak tout bèl panse nou genyen (Efe. 6:7, 8). Ki rekonpans n ap jwenn? “Jewova fè moun ki bon yo favè.” (Pwo. 12:2). Kidonk, annou kontinye chèche gen bonte. Jewova pwomèt “tout moun k ap fè sa ki byen pral jwenn glwa, onè ak lapè”. — Wom. 2:10.

^ § 2 Gen non moun yo chanje.