Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Poukisa kretyen yo dwe pran prekosyon lè y ap sèvi ak pwogram pou resevwa e pou voye mesaj elektwonik?

Gen kèk kretyen ki sèvi ak teknoloji pou yo ret an kontak ak moun nan fanmi yo ak Temwen parèy yo. Men, kretyen ki gen matirite a ap sonje konsèy sa a ki di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” — Pwo. 27:12.

Nou konprann Jewova vle pwoteje nou. Se sa k fè nou pa frekante moun k ap simen divizyon, moun ki eskominye oswa moun k ap gaye fo ansèyman (Wom. 16:17; 1 Kor. 5:11; 2 Jan 10, 11). Gen moun nan kongregasyon an ki gendwa pa gen bon konpòtman (2 Tim. 2:20, 21). Nou bezwen sonje sa lè n ap chwazi ak kiyès n ap fè zanmi. Men, li gendwa pa fasil pou n byen chwazi zanmi nou yo si se pa mwayen mesaj nou kominike avèk yo.

Lè n ap voye mesaj oswa lè n ap resevwa mesaj, li pi enpòtan toujou pou nou veye ak ki moun n ap fè zanmi si nou ta nan yon gwoup ki gen anpil moun ladan l. Gen kretyen ki te fè move eksperyans ak gwoup ki gen anpil moun ladan yo. Ki jan yon frè oswa yon sè t ap ka pran prekosyon si l ta nan yon gwoup ki gen plizyè santèn oswa plizyè milye moun ladan l? Li t ap enposib pou l konnen kiyès tout moun nan gwoup la ye toutbonvre e si yo gen bon relasyon ak Jewova. Sòm 26:4 di: “Mwen pa mele ak moun k ap twonpe moun, e mwen pa pran pa ak moun k ap kache sa yo ye.” Èske sa pa montre li pi saj pou n voye mesaj bay moun nou byen konnen sèlman?

E menmsi pa ta gen tout moun sa yo nan gwoup la, yon kretyen bezwen veye kantite tan l ap pase nan resevwa oswa voye mesaj, e l ap bezwen veye tou sou ki sa moun ki nan gwoup la ap pale. Nou pa ta dwe santi n oblije reponn mesaj lòt moun voye kèlkeswa kantite tan sa pran oubyen kèlkeswa mesaj yo voye a. Pòl te fè Timote konnen pou l pran prekosyon ak moun k ap “fè tripotay, [k] ap mele nan zafè moun”. (1 Tim. 5:13.) Jodi a, menm bagay la ka rive lè n ap sèvi ak aparèy elektwonik.

Yon kretyen ki gen matirite pap kritike kwayan parèy li ni li pap koute moun k ap fè sa, e li pap bay enfòmasyon moun pa dwe konnen sou yo (Sòm 15:3; Pwo. 20:19). L ap evite met pase genyen nan enfòmasyon l ap bay, e li pap ni koute ni bay enfòmasyon li pa verifye (Efe. 4:25). Gen yon pakèt bon enfòmasyon nou kapab fè konfyans ki baze sou Bib la ki sou sit Entènèt jw.org la ak nan pwogram Tele JW ki parèt chak mwa.

Gen kèk Temwen ki itilize mesaj elektwonik pou yo achte, pou yo vann, pou yo fè pwomosyon pou yon seri pwodui oswa pou yo ofri moun travay. Aktivite sa yo se biznis yo ye, e yo pa gen anyen pou wè ak adorasyon n ap bay Jewova a. Kretyen ki pa vle “gen lanmou pou lajan” pap janm itilize frè n ak sè n yo pou yo chèche fè lajan. — Ebre 13:5.

Èske yon kretyen ta dwe sèvi ak mesaj elektwonik pou l mande lajan pou l ede kwayan parèy li ki nan bezwen oswa ki viktim anba katastwòf? Nou renmen frè n ak sè n yo e nou gen sousi pou yo, se sa k fè byen souvan nou ede yo e nou ankouraje yo (Jak 2:15, 16). Men, si nou ta sèvi ak gwoup ki gen anpil moun ladan yo pou nou chèche ede frè n ak sè n yo, sa kapab deranje dispozisyon ki pi bon biwo filyal la oswa kongregasyon an pran (1 Tim. 5:3, 4, 9, 10, 16). E se sèten nou pa ta vle fè lòt moun konprann se nou menm espesyalman yo chwazi pou ede frè n ak sè n yo.

Nou vle aji yon fason k ap fè Bondye jwenn glwa (1 Kor. 10:31). Se sa k fè, lè n ap deside si n ap itilize pwogram pou voye mesaj oswa lè n ap itilize lòt teknoloji, nou bezwen sonje kapab gen danje, e nou bezwen pran prekosyon.