Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 12

Lanmou ede nou andire lè yo rayi nou

Lanmou ede nou andire lè yo rayi nou

“Mwen ban nou lòd pou nou fè bagay sa yo dekwa pou nou youn ka renmen lòt. Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou.” — JAN 15:17, 18.

KANTIK 129 N ap kontinye andire

SA NOU PRAL WÈ *

1. Selon Matye 24:9, poukisa nou pa dwe sezi si monn nan rayi nou?

JEWOVA te kreye nou pou nou renmen moun e pou nou santi moun renmen nou. Se sa k fè lè moun rayi nou, sa fè nou mal anpil, e petèt sa menm fè nou pè. Pa egzanp, men sa yon sè ki rele Georgina k ap viv ann Ewòp di: “Lè m te gen 14 an, manman m te rayi m poutèt m ap sèvi Jewova. Mwen te santi m poukont mwen e m te kòmanse ap di tèt mwen genlè m pa yon bon moun *.” Men sa yon frè ki rele Danylo ekri: “Lè sòlda yo te bat mwen, yo te manke m dega e yo te menase m paske m se Temwen Jewova, mwen te pè anpil e m te santi yo imilye m.” Sa fè nou mal anpil lè moun rayi nou, men nou pa sezi pou sa. Paske Jezi te fè konnen yo t ap rayi nou. — Li Matye 24:9.

2-3. Poukisa yo rayi disip Jezi yo?

2 Monn nan rayi disip Jezi yo. Sa k fè sa? Paske, menm jan ak Jezi, nou “pa fè pati monn nan”. (Jan 15:17-19.) Se sa k fè, byenke nou respekte gouvènman lèzòm yo, nou refize ba yo adorasyon oswa adore anblèm ki reprezante yo. Se Jewova sèlman nou adore. Nou rekonèt dwa Bondye genyen pou l dirije lèzòm, yon dwa ni Satan ni “desandans” pa l la pa aksepte menm (Jen. 3:1-5, 15). Lè n ap preche, nou fè konnen se sèl Wayòm Bondye a ki kapab rezoud pwoblèm lèzòm genyen yo e ki pral detwi tout moun ki opoze avè l yo talè konsa (Dàn. 2:44; Rev. 19:19-21). Mesaj sa a, se yon bon nouvèl pou moun ki gen imilite yo, men se yon move nouvèl pou mechan yo. — Sòm 37:10, 11.

3 Yo rayi nou tou paske n ap suiv prensip Bondye yo ki jis. Prensip sa yo depaman nèt ak prensip moral moun nan monn nan ap suiv ki pa bon menm. Pa egzanp, anpil moun jodi a montre aklè yo dakò ak yon seri pratik imoral ki bay repiyans ki sanble ak sa ki te konn fèt nan vil Sodòm ak Gomò, de vil Bondye te detwi poutèt sa (Jid 7). Piske nou obeyi prensip Bib la bay anrapò ak pratik sa yo, anpil moun pase nou nan rizib e yo di nou pa eklere. — 1 Pyè 4:3, 4.

4. Ki kalite k ap ban nou fòs lè moun rayi nou?

4 Ki sa k ka ede nou andire lè moun rayi nou e lè y ap manke nou dega? Nou bezwen gen konviksyon Jewova ap ede nou. Menm jan ak yon boukliye, lafwa nou kapab “etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou”. (Efe. 6:16.) Men, se pa lafwa sèlman nou bezwen genyen, nou bezwen gen lanmou tou. Poukisa? Paske lanmou “pa fè kòlè fasil”, li sipòte tout bagay ki fè moun soufri e li andire yo tout (1 Kor. 13:4-7, 13). Kounye a, ann wè ki jan lè nou renmen Jewova, nou renmen kwayan parèy nou e nou renmen menm ènmi nou, sa ede nou andire lè moun rayi nou.

LANMOU POU JEWOVA EDE NOU ANDIRE LÈ MOUN RAYI NOU

5. Lefètke Jezi te renmen Papa l, ki jan sa te ba l fòs?

5 Nan nuit anvan ènmi Jezi yo te touye l, men sa Jezi te di disip fidèl li yo: “Mwen renmen Papa a, [se sa k fè] mwen fè egzakteman sa Papa a ban m lòd fè.” ​(Jan 14:31). Lefètke Jezi te renmen Jewova, sa te ba l fòs pou l prepare l pou eprèv li t apral jwenn yo. Lanmou nou gen pou Jewova ka fè menm bagay la pou nou.

6. Selon Women 5:3-5, ki jan sèvitè Jewova yo santi yo menm lè monn nan rayi yo?

6 Lanmou sèvitè Jewova yo gen pou li toujou ede yo andire pèsekisyon. Pa egzanp, lè pi gwo tribinal juif la te bay apot yo lòd pou yo sispann preche, lanmou pou Bondye te pouse yo “obeyi [Bondye] antanke chèf” olye yo obeyi lèzòm (Tra. 5:29; 1 Jan 5:3). Se gwo lanmou sa a ki bay frè nou yo fòs tou jodi a e ki ede anpil nan yo kenbe fèm lè gouvènman ki gen anpil pouvwa e ki mechan ap pèsekite yo. Olye frè nou yo dekouraje, yo wè se yon privilèj pou yo andire menm lè monn nan rayi yo. — Tra. 5:41; li Women 5:3-5.

7. Ki jan nou dwe aji lè moun nan fanmi nou opoze ak nou?

7 Lè se pwòp fanmi nou k ap pèsekite nou, se kapab youn nan pi gwo eprèv nou jwenn. Lè nou kòmanse montre nou enterese nan laverite, gen kèk moun nan fanmi nou ki ka panse se twonpe y ap twonpe nou. Gen lòt menm ki ka panse nou pèdi tèt nou. (Konpare ak Mak 3:21.) Yo ka menm opoze ak nou avèk raj. Opozisyon konsa pa ta dwe fè nou sezi. Jezi te di: “Ènmi yon moun se pral moun lakay li.” ​(Mat. 10:36). Nòmalman, kèlkeswa fason moun nan fanmi nou aji ak nou, nou pap konsidere yo kòm ènmi nou. Okontrè, plis nou renmen Jewova se plis n ap renmen lòt moun (Mat. 22:37-39). Men, nou pap janm sispann obeyi lwa ak prensip ki nan Bib la pou nou fè lòt moun plezi.

Nou ka soufri pandan yon tan, men, Jewova ap toujou bò kote n pou l konsole nou e pou l ban n fòs. (Gade paragraf 8-10.)

8-9. Ki sa k te ede yon sè kenbe fèm malgre gwo opozisyon l te jwenn?

8 Georgina nou te pale de li pi wo a te kenbe fèm malgre manman l te opoze avè l anpil. Men sa l esplike: “Mwen menm ak manman m te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova. Men, sis mwa annapre, lè m te vle asiste reyinyon, manman m te vin chanje nèt. Mwen te rann mwen kont li te pran kontak ak aposta, e lè l t ap pale avè m li te sèvi ak fo rezònman aposta yo te fè. Li te konn joure m, li te konn rale cheve m, li te konn eseye toufe m e li te konn voye liv mwen yo jete. Lè m te vin gen 15 an, mwen te batize. Manman m te mete m nan yon pansyon kote yo mete timoun ki rebèl pou l te eseye anpeche m sèvi Jewova. Gen nan timoun yo ki te konn pran dwòg e ki te konn fè move zak. Li difisil anpil pou w andire opozisyon lè se moun ki ta dwe renmen w e ki ta dwe pran swen w ki opoze avè w.”

9 Ki sa k te ede Georgina andire? Men sa l di: “Jou manman m te kòmanse pèsekite m nan, mwen te fèk fin li tout Bib la. Lè sa a mwen te gen bonjan konviksyon mwen jwenn laverite e mwen te santi mwen pwòch ak Jewova anpil. Mwen te konn priye Jewova souvan e li te tande m. Lè m te nan pansyon an, gen yon sè ki te konn envite m lakay li e nou te etidye Labib ansanm. Pandan tan sa a, frè ak sè yo nan Sal Wayòm nan te konn ankouraje m. Yo te konsidere m tankou fanmi yo. Mwen te wè aklè Jewova gen plis fòs pase moun ki opoze ak nou yo, kèlkeswa moun li ye a.”

10. Ki konfyans nou ka gen nan Jewova, Bondye nou an?

10 Apot Pòl te ekri pa gen anyen ki ka “separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an”. (Wom. 8:38, 39.) Menm lè nou ta soufri pandan yon tan, Jewova ap toujou bò kote nou pou konsole nou e pou ban nou fòs. E jan eksperyans Georgina te fè a montre sa, Jewova sèvi ak frè n ak sè n nan kongregasyon an nou renmen anpil pou l ede nou tou.

LANMOU POU FRÈ N AK SÈ N YO EDE N ANDIRE LÈ MOUN RAYI NOU

11. Ki jan lanmou Jezi te pale de li nou jwenn nan Jan 15:12, 13 la t ap ede disip li yo? Bay yon egzanp.

11 Nan nuit anvan Jezi te mouri a li te fè disip li yo sonje pou youn renmen lòt. (Li Jan 15:12, 13.) Li te konnen yon lanmou konsa ki mande sakrifis t ap ede yo kontinye gen tèt ansanm e sa t ap ede yo andire menm lè monn nan rayi yo. Ann pran egzanp kongregasyon ki te nan vil Tesalonik la. Depi lè kongregasyon sa a te fòme, yo t ap pèsekite frè ak sè ki te ladan l yo. Malgre sa, yo te bay bèl egzanp lefètke yo te ret fidèl e yo te gen lanmou youn pou lòt (1 Tes. 1:3, 6, 7). Pòl te ankouraje yo pou yo kontinye gen lanmou youn pou lòt, e pou yo “kontinye fè sa plis toujou”. (1 Tes. 4:9, 10.) Lanmou t ap pouse yo pou yo konsole moun ki tris yo e pou yo soutni moun ki fèb yo (1 Tes. 5:14). Yo te suiv enstriksyon Pòl yo, paske nan dezyèm lèt li te ekri a, anviwon ennan apre, li te di yo: “Lanmou nou chak ak lanmou nou tout ap ogmante youn pou lòt.” ​(2 Tes. 1:3-5). Lanmou yo te genyen an te ede yo andire pwoblèm ak pèsekisyon.

Lanmou nou genyen antanke kretyen an ka ede nou andire lè yo rayi nou. (Gade paragraf 12.) *

12. Ki jan frè ak sè nan yon peyi te montre lanmou youn pou lòt lè te gen lagè?

12 Ann pran egzanp Danylo, nou te pale de li pi wo a, ak madanm li. Lè te vin gen lagè nan vil kote yo te abite a, yo te kontinye asiste reyinyon, yo te fè sa yo kapab pou yo preche e yo te pataje tout manje yo te genyen ak frè ak sè yo. Epi yon jou, te gen kèk sòlda ak zam nan men yo ki te vin lakay Danylo. Men sa l di: “Yo te mande m pou m sispann sèvi Jewova. Lè m te refize, yo te bat mwen e yo te fè kòmsi y ap tire m. Yo te tire anlè tèt mwen. Anvan yo ale, yo te di m y ap retounen vin vyole madanm mwen. Men frè yo te kouri mete nou nan yon tren pou n al nan yon lòt vil. Mwen pap janm bliye lanmou frè sa yo nou renmen anpil te montre yo gen pou nou. Lè nou te rive nan lòt vil la, frè nan zòn nan te ban nou manje e yo te ede m jwenn yon travay ak yon kay pou nou rete! Konsa, nou te vin kapab akeyi lòt Temwen ki t ap kouri kite zòn ki te gen lagè a.” Eksperyans konsa montre lanmou nou genyen antanke kretyen an ka ede nou andire lè yo rayi nou.

LANMOU POU ÈNMI NOU YO EDE NOU ANDIRE LÈ YO RAYI NOU

13. Ki jan lespri sen ede nou andire nan sèvis Jewova a menm lè moun rayi nou?

13 Jezi te di disip li yo pou yo renmen ènmi yo (Mat. 5:44, 45). Èske se yon bagay ki fasil? Non! Men, sa posib grasa èd lespri sen Bondye. Fwi lespri a gen ladan l: lanmou, pasyans, byenveyans, dousè ak metriz (Gal. 5:22, 23). Kalite sa yo ede nou andire lè yo rayi nou. Gen anpil opozan ki vin chanje paske mari yo, madanm yo, pitit yo, oswa vwazen yo montre yo gen bèl kalite sa yo ki soti nan Bondye. Gen anpil opozan ki menm vin frè nou ak sè nou. Donk, si w twouve l difisil pou w renmen moun ki rayi w poutèt w ap sèvi Jewova, priye l pou l ba w lespri sen (Lik 11:13). E se pou w gen bonjan konviksyon li toujou pi bon lè w obeyi Bondye. — Pwo. 3:5-7.

14-15. Ki jan Women 12:17-21 te ede Yasmeen montre mari l li renmen l malgre mari l te opoze avè l anpil?

14 Ann pran egzanp Yasmeen k ap viv nan Mwayenn Oryan. Lè l te vin Temwen Jewova, mari l te panse yo pran tèt li e l te eseye fè l sispann sèvi Bondye. Mari l te joure l e l te fè fanmi l ansanm ak yon chèf relijye ak yon ougan menase l. Li te fè konnen se madanm li k ap kraze fanmi an. Mari a te menm joure frè yo pandan yon reyinyon nan kongregasyon an. Yasmeen te konn kriye souvan paske yo te konn maltrete l anpil.

15 Frè ak sè yo nan Sal Wayòm nan te konn konsole Yasmeen e yo te konn ba l fòs. Ansyen yo te ankouraje l pou l aplike pawòl ki nan Women 12:17-21. (Li vèsè yo.) Men sa Yasmeen di: “Sa pa t fasil. Men, mwen te mande Jewova ede m e m te fè anpil efò pou m aplike sa Bib la di. Lè mari m te konn fè espre li antre ak soulye l plen tè nan kizin nan, mwen te konn netwaye kizin nan. Lè l te joure m, m te reponn avèk dousè. E lè l te malad, m te pran swen l.”

Lè nou montre lanmou pou moun k ap pèsekite n, souvan, sa konn touche kè yo. (Gade paragraf 16-17.) *

16-17. Ki sa nou aprann nan egzanp Yasmeen?

16 Bagay yo te vin amelyore pou Yasmeen lefètke li te montre mari l li renmen l. Men sa l di: “Mari m te vin fè m plis konfyans paske li konnen m ap toujou di laverite. Li te kòmanse koute m avèk respè lè n ap pale sou relijyon e li te dakò fè lapè nan kay la. Kounye a, li ankouraje m al nan reyinyon. Nou vin pi pwòch youn lòt e nou vin gen bonjan lapè nan fanmi nou. Sa m swete, se pou mari m ta aksepte laverite pou l ta vin sèvi Jewova ansanm avè m.”

17 Egzanp Yasmeen nan montre lanmou “sipòte tout bagay, [...] li espere tout bagay, li andire tout bagay”. (1 Kor. 13:4, 7.) Rayisman gen fòs e l ka fè moun soufri anpil. Men, lanmou gen plis fòs toujou. Li gen pouvwa pou l chanje kè moun. E lè nou kontinye montre nou gen lanmou, sa fè kè Jewova kontan. Menmsi opozan yo kontinye rayi nou, nou ka toujou gen kè kontan. Ki jan?

NOU KONTAN LÈ MOUN RAYI NOU

18. Poukisa nou ka kontan lè moun rayi nou?

18 Jezi di: “Nou byennere lè moun rayi nou.” ​(Lik 6:22). Nou pa ta renmen moun rayi nou. Sa pa fè n plezi lè y ap pèsekite nou poutèt n ap sèvi Jewova. Donk, poukisa nou ka gen kè kontan lè yo rayi nou? Ann wè twa rezon. Premyèman, lè nou andire, nou fè Bondye plezi (1 Pyè 4:13, 14). Dezyèmman, sa gen bon efè sou lafwa nou e li vin pi solid (1 Pyè 1:7). Twazyèmman, n ap resevwa yon rekonpans ki gen anpil valè, anpalan de lavi ki pap janm fini an. — Wom. 2:6, 7.

19. Poukisa apot yo te kontan apre yo te fin bat yo?

19 Yon ti tan apre Jezi fin resisite, apot yo te vin gen kè kontan Jezi te di y ap genyen an. Apre yo te fin bat yo e yo te ba yo lòd pou yo sispann preche, yo te kontan. Poukisa? Paske “Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”. (Tra. 5:40-42.) Yo pa t pè dèske ènmi yo te rayi yo, paske lanmou yo te gen pou Mèt yo a te pi fò. E yo te montre lanmou sa a nan fason yo te kontinye preche bon nouvèl la “san rete”. Anpil nan frè nou yo jodi a kontinye sèvi Bondye fidèlman malgre difikilte yo jwenn. Yo konnen Jewova pap bliye travay yo fè ak lanmou yo demontre pou non l. — Ebre 6:10.

20. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

20 Toutotan sistèm sa a la toujou, monn nan ap rayi nou (Jan 15:19). Men, nou pa bezwen pè. Jan nou pral wè sa nan atik ki vin apre a, Jewova “ap fòtifye [moun ki fidèl avè l yo] e l ap pwoteje” yo (2 Tes. 3:3). Kidonk, ann kontinye renmen Jewova, ann kontinye renmen frè n ak sè n yo e ann kontinye renmen menm ènmi nou yo. Lè nou suiv konsèy sa a, n ap kontinye gen tèt ansanm, lafwa nou ap vin solid, n ap onore Jewova e n ap montre lanmou gen plis pouvwa lontan pase rayisman.

KANTIK 106 Ann demontre nou gen lanmou

^ § 5 Nan atik sa a, nou pral wè lè nou renmen Jewova, nou renmen kwayan parèy nou e nou renmen menm ènmi nou, ki jan sa ede nou andire menm lè monn nan rayi nou. Nou pral wè tou, poukisa Jezi te di nou ka gen kè kontan lè yo rayi nou.

^ § 1 Yo chanje non moun yo.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Apre yon seri sòlda te fin menase Danylo, frè yo te ede li menm ak madanm li al nan yon lòt vil, e lè yo te rive, frè nan zòn nan te byen akeyi yo.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Mari Yasmeen te opoze avè l, men, ansyen yo te bay Yasmeen bon konsèy. Li te montre l se yon bon madanm e li te pran swen mari l lè l te malad.