Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk Konsèy Sou Fason Pou n Etidye

Kèk Konsèy Sou Fason Pou n Etidye

Fason pou n byen sèvi ak seksyon “Fèk ajoute” a

Se atik ki fèk parèt yo ki nan seksyon “Fèk ajoute” nou jwenn nan JW Library® ak sou jw.org. Ki jan w ka itilize seksyon sa a pou w ka toujou ajou?

JW Library

  • N ap jwenn chak atik ki fèk parèt chak fwa yo mete seri atik sa a ajou. Donk, lè yon seri atik parèt nan seksyon “Fèk ajoute” a, ou ka telechaje atik ki fèk parèt nan seri sa a. Konsa, w ap kapab li atik ki fèk parèt ki nan kòmansman lis la. Yo mete yo selon dat yo parèt la.

  • Piblikasyon ki pi long yo, pa egzanp peryodik yo, ka pran plis tan pou w li tout. Ou ka met peryodik ou poko fin li yo nan seksyon ki rele Sa m prefere yo. Konsa, l ap pi fasil pou w jwenn yo lè w bezwen kontinye li yo, e w ka retire yo apre w fin li yo.

JW.ORG

Gen kèk enfòmasyon, tankou nouvèl ak anons, ki parèt sèlman sou sit Entènèt jw.org la, yo pa nan JW Library. Detanzantan, sonje gade seksyon “Fèk ajoute” a sou sit la pou w ka wè atik ki fèk parèt yo.