Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Poukisa mesye yo te rele “Entèl” la te di li t ap “pèdi” nan eritaj pa l la si l marye ak Rit (Rit 4:1, 6)?

Si nan epòk yo t ap ekri Bib la yon mesye marye ta mouri san l pa gen pitit, gen kèk kesyon ki te merite repons: Ki sa yo t ap fè ak tè moun sa a te genyen? Èske yo t ap bliye non fanmi moun sa a nèt? Lwa Moyiz la te reponn kesyon sa yo.

Si yon gason ta mouri, yon frè l oswa yon fanmi pre l t ap eritye tè l te genyen. Oswa si yon gason ta vin pòv e li ta vann tè l, yon frè l oswa yon fanmi pre l te kapab reyachte tè a. Sa t ap pèmèt tè a ret nan fanmi an. — Lev. 25:23-28; Nonb 27:8-11.

Ki jan yo te ka pa bliye non fanmi mesye ki mouri a? Ebyen, yon gason t ap marye ak madanm frè l ki mouri a pou l te ka fè yon pitit ki t ap pote non defen an e ki t ap eritye byen l te genyen yo. Se nan sitiyasyon sa a Rit te ye. Bèl dispozisyon sa a te kapab ede vèv la tou. — Det. 25:5-7; Mat. 22:23-28.

Ann pran egzanp Nawomi. Li te marye ak yon mesye ki te rele Elimelèk. Lè Elimelèk ak de pitit gason yo te genyen yo mouri, Nawomi pa t gen moun pou pran swen l (Rit 1:1-5). Kou Nawomi te retounen Jida, li te fè Rit, bèlfi l la, mande Bowaz pou l reyachte tè yo te genyen an. Bowaz te yon fanmi pre Elimelèk (Rit 2:1, 19, 20; 3:1-4). Men, Bowaz te rann li kont gen yon lòt moun, Bib la rele “Entèl”, ki te yon fanmi pi pre Elimelèk. Mesye sa a se premye moun ki te gen dwa reyachte tè a. — Rit 3:9, 12, 13.

Okòmansman, “Entèl” te dispoze kolabore (Rit 4:1-4). Byenke sa t ap mande pou l fè kèk depans, li te rann li kont Nawomi pa t ap kapab fè yon pitit ki t ap eritye tè Elimelèk la. Konsa, eritaj Entèl la t ap vin plis, e sanble se t ap yon bon afè.

Men, Entèl te chanje lide lè l te rann li kont li t ap oblije marye ak Rit. Li di: “Mwen pa kapab achte l, paske mwen pè pou m pa pèdi nan eritaj pa m nan.” (Rit 4:5, 6). Poukisa l te chanje lide?

Si Entèl oswa yon lòt moun ta marye ak Rit e Rit ta vin fè yon pitit gason, pitit la t ap eritye tè Elimelèk la. Nan ki sans Entèl t ap “pèdi nan eritaj” pa l la? Bib la pa di anyen sou sa. Sepandan, men kèk fason li te ka pèdi nan eritaj pa l la.

  • Premyèman, se kòmsi li ta gaspiye lajan l te depanse a, paske tè Elimelèk la pa t ap pou li, li t ap pou pitit gason Rit la.

  • Dezyèmman, li t ap responsab pou l bay ni Nawomi ni Rit manje epi pou l pran swen yo.

  • Twazyèmman, si Rit ta fè lòt pitit ak Entèl, yo t ap oblije separe eritaj la ak nenpòt pitit Entèl te genyen.

  • Katriyèmman, si Entèl pa t gen lòt pitit, yon pitit gason li fè ak Rit t ap eritye ni tè Elimelèk la ni tè Entèl la. Donk, tè pa l la t ap vin pou yon pitit ki pote non Elimelèk, men ki pa pote non pa l. Entèl pa t dispoze pran risk ak eritaj li te genyen an pou l ede Nawomi. Li te pito kite moun ki te gen dwa pou reyachte apre l la, anpalan de Bowaz, pran responsablite sa a. Bowaz te fè sa paske l te vle “pou eritaj defen an rete sou non” defen an. — Rit 4:10.

Sanble, sa k te pi enterese Entèl se te pwoteje non pa l ak eritaj pa l. Misye te egoyis anpil. Men, olye Entèl te prezève non l, non Entèl disparèt nèt. Epitou, li te pèdi privilèj espesyal Bowaz te jwenn nan pou l te youn nan moun yo site nan liy fanmi Mesi a, Jezi Kris. Sa vrèman tris dèske Entèl ki te wè tèt li sèlman pa t dispoze ede yon moun ki te nan bezwen! — Mat. 1:5; Lik 3:23, 32.