Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 10

Poukisa w dwe batize?

Poukisa w dwe batize?

“Se pou nou chak batize.” — TRA. 2:38.

KANTIK 34 Mache avèk fidelite

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. Byen souvan, ki sa k konn fèt lè moun ap batize, e ki sa n bezwen egzamine?

 ÈSKE W deja wè yon gwoup kandida batèm? Ou tande yo k ap reponn avèk konviksyon pandan y ap poze yo de kesyon anvan yo batize. Ou wè zanmi yo ak fanmi yo ki kontan. Lè kandida batèm yo sot anba dlo a, ou tande moun k ap bat bravo e moun ki sot batize yo kontan anpil. An mwayèn, plizyè milye moun batize chak semèn, yo vin Temwen ki vwe Jewova Dye lavi yo.

2 E ou menm? Si w ta renmen batize, ou se yon moun espesyal nan monn mechan sa a paske w ap “chèche Jewova”. (Sòm 14:1, 2.) Kit ou jèn kit ou granmoun, atik sa a konsène w. Men, nou menm ki deja batize, nou bezwen pran plis detèminasyon tou pou n sèvi Jewova pou toutan. Donk, ann egzamine twa nan pakèt rezon nou genyen pou n sèvi Jewova.

OU RENMEN LAVERITE E W RENMEN SA KI DWAT

Sa gen plizyè milye ane depi Satan ap bay manti sou non Jewova ki sen. (Gade paragraf 3-4.)

3. Poukisa sèvitè Jewova yo renmen laverite ak sa ki dwat? (Sòm 119:128, 163).

3 Jewova te bay pèp li a lòd pou yo “renmen laverite”. (Zak. 8:19.) Jezi te ankouraje disip li yo pou yo chèche fè sa ki jis (Mat. 5:6). Sa vle di, yon moun dwe anvi fè sa ki dwat, sa ki bon ak sa ki pwòp nan je Bondye ak tout kè l. Èske w renmen laverite e èske w renmen sa ki dwat? Nou pa gen okenn dout sou sa. Ou rayi manti, ou rayi tout sa ki pa bon e w rayi mechanste. (Li Sòm 119:128, 163.) Yon moun k ap bay manti imite Satan, chèf monn nan (Jan 8:44; 12:31). Youn nan objektif Satan se sal non Jewova Dye, yon non ki sen. Satan pa sispann bay manti sou Bondye nou an depi rebelyon ki te fèt ann Edenn nan. Li fè Jewova parèt kòm yon Dirijan ki wè tèt li sèlman e ki pa onèt, ki anpeche lèzòm jwenn sa ki bon pou yo (Jen. 3:1, 4, 5). Manti Satan ap bay sou Jewova yo kontinye fè moun mal wè Jewova. Lè lèzòm chwazi pou yo pa “renmen laverite”, Satan kapab fè yo fè tout kalite bagay ki pa dwat ak tout kalite mechanste. — Wom. 1:25-31.

4. Ki jan Jewova montre li se “Bondye verite a”? (Gade foto a tou.)

4 Jewova se “Bondye verite a”, e li kontan anseye moun ki renmen l yo laverite (Sòm 31:5). Konsa, li ede yo pou yo sispann pran nan manti Satan ap bay yo. Epitou, Jewova aprann sèvitè l yo pou yo aji yon fason ki onèt e pou yo fè sa ki dwat. Konsa, yo gen respè tèt yo e yo santi yo anpè (Pwo. 13:5, 6). Èske l te fè sa pou ou lè w te kòmanse etidye Labib? Ou te aprann fason Jewova aji pi bon pou lèzòm e pou ou pèsonèlman (Sòm 77:13). Se sa k fè ou vle fè sa Bondye di ki dwat (Mat. 6:33). Ou vle fè lòt moun konnen laverite, e w vle montre sa Satan di sou Jewova, Bondye nou an, se manti. Ki jan w ka fè sa?

5. Ki jan w kapab defann laverite epi defann sa ki dwat?

5 Ou ka chwazi viv yon fason ki montre ou pa dakò ak manti Satan bay yo e w pran pozisyon pou laverite. Ou kapab montre se Jewova ou vle kòm Dirijan w e w vle fè sa li di ki dwat. Ki jan w kapab fè sa? Ou bezwen priye Jewova, ou bezwen vwe l lavi w epi batize pou w montre tout moun desizyon w pran an. Lè yon moun renmen laverite e l renmen sa ki dwat se bonjan rezon ki kapab fè l vle batize.

OU RENMEN JEZI KRIS

6. Selon Sòm 45:4, ki rezon w genyen pou w renmen Jezi Kris?

6 Poukisa w renmen Jezi Kris? Ann wè kèk rezon ki pouse n renmen l nou jwenn nan Sòm 45:4. (Li vèsè a.) Jezi renmen laverite, li renmen imilite e l renmen sa ki dwat. Si w renmen laverite e w renmen sa ki dwat, nou konprann rezon ki fè w renmen Jezi Kris. Reflechi sou jan Jezi te met kouraj sou li pou l te defann laverite ak sa ki dwat (Jan 18:37). Donk, ki jan Jezi aprann nou pou n gen imilite?

7. Lefètke Jezi gen imilite, ki efè sa gen sou ou?

7 Egzanp Jezi bay ankouraje moun pou yo gen imilite. Pa egzanp, li bay Papa l tout glwa, li pa janm atire atansyon sou tèt li (Mak 10:17, 18; Jan 5:19). Lefètke Jezi gen imilite, èske sa pa touche w? Èske sa pa ba w anvi pou w renmen Pitit Gason Bondye a e pou w suiv li? Sandout sa touche w. Sa k fè Jezi gen imilite? Se paske li renmen Papa l ki gen imilite e li imite l (Sòm 18:35; Ebre 1:3). Èske sa pa fè w anvi vin pwòch ak Jezi, li menm ki imite kalite Jewova yo yon fason ki pafè?

8. Poukisa nou renmen Jezi antanke Wa nou?

8 Nou renmen Jezi antanke Wa nou paske se pi bon Dirijan ki genyen. Se Jewova li menm ki bay Pitit Gason l lan fòmasyon e se li menm ki mete l dirije (Eza. 50:4, 5). Epitou, reflechi sou lanmou Jezi genyen ki te pouse l fè sakrifis (Jan 13:1). Li se Wa nou, li vrèman merite pou n renmen l. Li te fè konnen moun ki renmen l toutbon yo, anpalan de moun li rele zanmi l yo, montre yo gen lanmou lè yo obeyi kòmandman l yo (Jan 14:15; 15:14, 15). Se yon gwo onè nou genyen pou n zanmi Pitit Gason Jewova a!

9. Nan ki sans batèm kretyen yo sanble ak batèm Kris la?

9 Youn nan lòd Jezi bay se pou disip li yo batize (Mat. 28:19, 20). Li bay egzanp nan sans sa a. Nan yon sans, batèm Jezi a pa menm ak batèm disip li yo. (Gade kare ki gen tit “ Diferans ki genyen ant batèm Jezi a ak batèm disip li yo”.) Men, yon lòt bò, li sanble ak batèm disip li yo. Lè Jezi te batize li te ofri tèt li pou l fè volonte Papa l (Ebre 10:7). Menm jan an tou, lè disip Kris yo batize, yo montre tout moun yo vwe Jewova Dye lavi yo. Kounye a, sa k pi enpòtan nan lavi yo, se fè volonte Bondye, se pa fè sa yo vle. Konsa, y ap suiv egzanp Mèt yo a.

10. Pou ki rezon w renmen Jezi, e ki sa sa ta dwe pouse w fè?

10 Ou dakò Jezi se sèl Pitit Gason Jewova fè a e w aksepte l antanke Wa Bondye chwazi pou dirije nou. Ou konnen Jezi gen imilite e li imite Papa l yon fason ki pafè. Ou te aprann li te bay moun ki grangou manje, li te konsole moun ki dekouraje, e li te menm geri moun ki malad (Mat. 14:14-21). Ou wè jan l ap dirije kongregasyon an jodi a (Mat. 23:10). E ou konnen li pral fè plis bagay toujou alavni antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Ki jan w kapab montre w renmen l? Se lè w suiv egzanp li (Jan 14:21). Ou kapab kòmanse fè sa lè w vwe Jewova lavi w e w batize.

OU RENMEN JEWOVA DYE

11. Ki pi gwo rezon n panse ki ta dwe pouse yon moun batize?

11 Ki pi gwo rezon ki ta dwe pouse yon moun batize? Jezi te fè konnen pi gwo nan kòmandman Bondye te bay yo lè l te di: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou.” (Mak 12:30). Èske se konsa w renmen Bondye?

Se Jewova ki bay tout bon bagay ou genyen ak tout bon bagay ou pral genyen alavni. (Gade paragraf 12-13.)

12. Poukisa w renmen Jewova? (Gade foto a tou.)

12 Gen yon pil ak pakèt rezon ki ta dwe pouse w renmen Jewova. Pa egzanp, ou aprann se li menm ki “sous lavi a” e li se Sila a ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè”. (Sòm 36:9; Jak 1:17.) Kèlkeswa bon bagay ou posede, se Bondye nou an ki gen lanmou ki renmen bay ki fè w genyen l.

13. Sa k fè ranson an se yon kado ki vrèman estrawòdinè?

13 Ranson an se yon kado estrawòdinè Jewova ban nou. Sa k fè n di sa? Panse ak bon relasyon ki gen ant Jewova ak Pitit Gason l lan. Jezi te di: “Papa a renmen m.” E li te di tou: “Mwen renmen Papa a.” (Jan 10:17; 14:31). Apre yo te fin fè plizyè milya ane ap viv ansanm, yo te vin pi bon zanmi toujou (Pwo. 8:22, 23, 30). Kounye a, panse ak jan sa dwe te fè Bondye mal pou l kite Pitit Gason l lan soufri epi mouri. Jewova tèlman renmen lèzòm, e l tèlman renmen w, li te dispoze bay sèl Pitit Gason li fè a kòm sakrifis yon fason pou ou menm ak lòt moun viv pou toutan (Jan 3:16; Gal. 2:20). Se pi gwo rezon n genyen pou n renmen Bondye!

14. Ki pi bèl objektif ou kapab chèche gen nan lavi w?

14 Lefètke w vin konn Jewova pi byen, sa fè w vin pi renmen l. Se sèten ou ta renmen vin pi pwòch avè l depi kounye a e pou toutan. E w kapab fè sa. Li ta renmen w fè kè l kontan (Pwo. 23:15, 16). Ou kapab fè sa nonsèlman nan pawòl w ap di, men tou, nan fason w ap aji. Fason w ap viv ap montre si w renmen Jewova toutbon (1 Jan 5:3). E se pi bèl objektif ou kapab chèche gen nan lavi w!

15. Ki jan w ka montre ou renmen Jewova?

15 Ki jan w ka montre ou renmen Jewova? Toudabò, ou kapab fè yon priyè espesyal pou w vwe sèl vrè Dye a lavi w (Sòm 40:8). Apre sa, ou kapab batize pou lòt moun ka wè ou te vwe Jewova lavi w. Jan n te wè sa pi wo a, batèm se yon moman ki bay kè kontan e ki enpòtan nan lavi w. Lavi w pran yon lòt direksyon, ou pap viv pou tèt ou ankò, men, w ap viv pou Jewova (Wom. 14:8; 1 Pyè 4:1, 2). Sa ka sanble yon gwo desizyon w ap gen pou w pran, e vrèmanvre se yon gwo desizyon. Men, li ba w posiblite pou w viv pi bèl fason w ta kapab viv la. Nan ki sans?

16. Selon Sòm 41:12, ki sa Jewova pral fè pou l rekonpanse moun ki itilize lavi yo pou yo sèvi l?

16 Se Jewova ki pi renmen bay. Kèlkeswa sa w ba li a, l ap toujou ba w plis (Mak 10:29, 30). Si w chwazi sèvi Jewova, li kapab ede w viv pi bon fason an, fason ki bay plis satisfaksyon ak kè kontan, menm kounye a nan vye monn sa a k ap depafini. E gen plis bagay k ap tann ou toujou. Lavi ou vin ap mennen apre w fin batize a fèk kòmanse. Ou kapab kontinye sèvi Papa w ou renmen an pou toutan. W ap kontinye renmen l pi plis toujou e li menm tou l ap kontinye renmen w pi plis, epitou w ap ka viv pou toutan menm jan avè l. — Li Sòm 41:12.

17. Ki sa Jewova poko genyen ou kapab ba li?

17 Lè w pran dispozisyon pou w vwe Jewova lavi w e pou w batize, ou gen privilèj pou w bay Papa w ki nan syèl la yon bagay ki vrèman gen anpil valè. Se li menm ki ba w tout bon bagay, tout moman w viv ki ba w kè kontan. E ou menm bò kote pa w, ou kapab bay Sila a ki fè syèl la ak tè a yon bagay li poko genyen, ou kapab chwazi sèvi l ak tout kè w (Jòb 1:8; 41:11; Pwo. 27:11). Se pi bon fason w kapab viv lavi w. Pa gen dout, pi gwo rezon w genyen pou w batize se paske w renmen Jewova.

KI SA W AP TANN?

18. Ki kesyon w ka poze tèt ou?

18 Kidonk, èske w ap batize? Se ou menm sèl ki kapab reponn kesyon sa a. Men, yon bagay ki kapab ede w, se lè w mande tèt ou: ‘Ki sa m ap tann?’ (Tra. 8:36). Sonje twa rezon nou sot wè yo. Premyèman, ou renmen laverite e w renmen sa ki jis. Dezyèmman, ou renmen Jezi Kris. Twazyèmman, e se pi gwo rezon an, ou renmen Jewova. Kounye a, mande tèt ou: ‘Èske m ta renmen wè epòk kote tout moun pral di laverite e yo pral fè sa ki jis?’ ‘Èske m vle Pitit Bondye a kòm Wa m e èske m vle suiv egzanp li?’ ‘Èske m vle fè kè Jewova kontan lè m sèvi l kòm Bondye mwen?’ Si w reponn wi pou kesyon sa yo, ebyen, ki sa k anpeche w batize? Ki sa w ap tann? — Tra. 16:33.

19. Poukisa w pa ta dwe renka pou w batize? Bay yon egzanp. (Jan 4:34).

19 Si w renka pou w batize, egzamine yon egzanp Jezi te bay. (Li Jan 4:34.) N ap remake Jezi te konpare fè volonte Papa l ak manje. Poukisa? Manje bon pou nou. Jezi te konnen kèlkeswa sa Jewova mande n fè bon pou nou. Jewova pa vle n fè anyen k ap fè n soufri. Pami tout sa Jewova vle w fè, èske l vle w batize? Wi (Tra. 2:38). Donk, ou mèt gen konfyans lè w obeyi kòmandman Jewova bay pou w batize a, sa ap bon pou ou. Si w pa t ap renka pou w manje manje w pi renmen an, poukisa w renka pou w batize?

20. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

20 Ki sa w ap tann? Anpil moun ta kapab di: “M poko pare.” Anfèt, desizyon pou w vwe Jewova lavi w e pou w batize se desizyon ki pi enpòtan ou gen pou pran. Sa mande tan, sa mande reflechi, e sa mande bonjan efò pou w pare. Men, si w vrèman anvi batize, ki sa w ka fè depi kounye a pou w prepare w? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik ki vin apre a.

KANTIK 28 Annou travay pou n vin zanmi Jewova

a Batèm se yon etap ki enpòtan anpil pou chak etidyan Labib. Ki sa k ka pouse yon etidyan pase etap sa a? Se lanmou. Lanmou pou ki sa e pou kiyès? Nan atik sa a, nou pral jwenn repons kesyon sa yo e nou pral wè ki jan lavi n kapab ye antanke kretyen ki batize.