Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 13

Sèvi ak sa Jewova kreye pou w aprann pitit ou konnen l

Sèvi ak sa Jewova kreye pou w aprann pitit ou konnen l

“Kiyès ki kreye bagay sa yo?” — EZA. 40:26.

KANTIK 11 Kreyasyon an fè louwanj pou Bondye

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki sa paran yo ta renmen pou pitit yo?

 NOU menm paran, nou konnen jan n vle ede pitit nou aprann konnen Jewova epi aprann renmen l. Men, nou pa ka wè Bondye. Ki jan w ka ede pitit ou pou l wè Bondye kòm yon Moun toutbon e pou l pwoche bò kote l? — Jak 4:8.

2. Ki jan paran yo ka aprann pitit yo konn kalite Jewova yo?

2 Yon bon fason pou w ede pitit ou pwoche bò kote Jewova se lè w etidye Labib ak yo (2 Tim. 3:14-17). Sepandan, Bib la montre yon lòt fason timoun yo ka aprann konnen Jewova. Nan liv Pwovèb la, yo pale de yon papa k ap fè pitit li sonje pou l pa janm bliye kalite Jewova yo ki parèt nan kreyasyon an (Pwo. 3:19-21). Nou pral wè kèk fason paran yo ka sèvi ak bagay ki nan kreyasyon an pou ede pitit yo aprann konn kiyès Jewova ye.

KI JAN W KA SÈVI AK SA BONDYE KREYE POU W ANSEYE PITIT OU?

3. Ki sa paran yo bezwen fè pou ede pitit yo?

3 Labib di: “Kalite [Bondye genyen] yo ki envizib [...] parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo.” (Wom. 1:20). Paran, se sèten ou renmen soti ak pitit ou. Pwofite moman sa a pou w ede yo wè rapò ki genyen ant “bagay [Jewova] fè yo” ak bèl kalite l genyen yo. Nan sans sa a, ann wè sa paran yo ka aprann nan egzanp Jezi.

4. Ki jan Jezi te sèvi ak kreyasyon an pou l anseye disip li yo? (Lik 12:24, 27-30).

4 Remake ki jan Jezi te sèvi ak bagay ki nan kreyasyon an pou l anseye. Yon lè, li te mande disip li yo pou yo gade kaw yo ak flè yo. (Li Lik 12:24, 27-30.) Jezi te ka pran egzanp nenpòt bèt oswa nenpòt plant, men, li te chwazi egzanp yon zwazo ak yon flè disip li yo te byen konnen. Disip yo te ka wè kaw k ap vole anlè tèt yo ak flè k ap fleri nan savann nan. Èske w ka imajine Jezi k ap montre yo bagay sa yo pandan l ap pale ak yo? E ki sa Jezi te fè apre l te fin bay egzanp sa yo? Li te anseye disip li yo yon leson enpòtan konsènan Papa yo ki nan syèl la ki renmen bay e ki gen bonte: Jewova ap fè sèvitè fidèl li yo jwenn manje pou yo manje ak rad pou yo met sou yo, menm jan l fè sa pou kaw yo ak flè ki nan savann yo.

5. Ki jan paran yo ka sèvi ak sa ki nan kreyasyon an pou aprann pitit yo konnen Jewova?

5 Paran, èske w ap imite fason Jezi te konn anseye? Ou ka pale ak pitit ou sou yon aspè nan kreyasyon an ou renmen pèsonèlman, pa egzanp bèt oswa plant ou pi renmen an. Pandan w ap fè sa, sonje esplike l sa bagay sa a aprann nou sou Jewova. Epitou, ou ka mande pitit ou ki bèt oswa ki plant li pi renmen. Si w sèvi ak yon bagay nan kreyasyon an li deja renmen, petèt l ap koute w ak plis atansyon toujou lè w ap pale avè l sou kalite Jewova yo.

6. Ki sa n ka aprann nan egzanp manman Christopher?

6 Èske paran yo oblije pase yon pakèt tan ap fè rechèch sou yon bèt oswa sou yon plant anvan yo fè pitit yo konnen ki sa sa aprann nou sou Jewova? Yo pa oblije fè sa. Jezi pa t pase yon pakèt tan ap esplike fason kaw yo abitye manje oswa fason flè yo fèt. Se vre, yon lè konsa, pitit ou ka bezwen plis esplikasyon sou lanati, men pafwa, yon senp ti pale oswa yon kesyon sifi pou ede l konprann. Men sa yon frè ki rele Christopher sonje lè l te timoun: “Manman m te konn di kèk pawòl tou senp pou ede n apresye bagay ki toutotou nou nan kreyasyon an. Pa egzanp, lè n te toupre mòn, li te konn di: ‘Gad jan mòn sa yo gwo e yo bèl! Èske Jewova pa estrawòdinè?’ Oubyen, lè n te toupre lanmè, li te konn di: ‘Gad jan lanm lanmè yo frape fò! Èske n pa wè jan Bondye gen pisans?’” Christopher di: “Ti pawòl tou senp sa yo te konn fè n reflechi e sa te konn gen gwo efè sou nou.”

7. Ki jan w ka ede pitit ou pou yo reflechi sou kreyasyon an?

7 Toutpandan pitit ou ap grandi, ou ka ede yo pou yo reflechi plis sou kreyasyon an e pou yo rive konprann kiyès Jewova ye. Ou ka atire atansyon pitit ou sou youn nan bagay Bondye kreye yo epi mande yo: “Ki sa sa aprann nou sou Jewova?” Ou ka sezi tande repons yo ba w. — Mat. 21:16.

KI LÈ W KA SÈVI AK KREYASYON AN POU W ANSEYE PITIT OU?

8. Ki posiblite paran ki te Izrayelit yo te genyen lè yo t ap vwayaje “sou wout yo”?

8 Izrayelit yo te resevwa lòd pou yo anseye pitit yo kòmandman Jewova yo lè yo t ap mache “sou wout yo”. (Det. 11:19.) Te gen anpil wout nan zòn andeyò peyi Izrayèl. Moun yo te kapab wè tout kalite bèt, zwazo ak flè. Lè Izrayelit yo t ap vwayaje sou wout yo, yo te gen posiblite pou yo te atire atansyon pitit yo sou kreyasyon Jewova a. Petèt, nou menm paran, nou gen posiblite sèvi ak kreyasyon an tou pou n anseye pitit nou. Ann wè ki jan kèk paran te fè sa.

9. Ki sa w ka aprann nan egzanp Punitha ak Katya?

9 Gen yon manman ki rele Punitha k ap viv nan yon gwo vil ann End ki di: “Lè n al vizite fanmi nou andeyò, nou tou pwofite montre pitit nou yo bèl bagay Jewova kreye. Mwen santi pitit mwen yo pi byen konprann kreyasyon an lè yo pa nan zòn ki gen anpil moun ak anpil machin.” Paran, sandout pitit ou yo pap janm bliye moman w te pase avè yo nan yon bèl zòn. Men sa Katya, yon sè k ap viv nan peyi Mòldavi, di: “Pi bèl souvni m genyen lè m te timoun se moman m te konn pase ansanm ak paran m nan zòn andeyò. Mwen gen paran m yo rekonesans poutèt yo te anseye m depi m toupiti pou m pran tan pou m gade sa Jewova fè yo e pou m rive wè Jewova nan sa l kreye yo.”

Menm lè w ap viv nan yon vil, ou ka sèvi ak yon seri bagay Jewova kreye pou w aprann pitit ou konnen l. (Gade paragraf 10.)

10. Ki sa paran yo ka fè si l pa fasil pou y al andeyò ak pitit yo? (Gade kare ki gen tit “ Èd pou paran yo”.)

10 Ki sa w ka fè si l pa posib pou w al nan zòn andeyò ak pitit ou? Men sa Amol k ap viv ann End di: “Kote m ap viv la, paran yo oblije fè plizyè èdtan ap travay, e sa koute anpil kòb pou yon moun al andeyò. Sepandan, nou ka pwofite lè n yon ti kote ki gen anpil pyebwa oswa sou yon teras ki sou tèt yon kay pou n egzamine kreyasyon an e pou n pale sou kalite Jewova yo.” Lè w byen gade, w ap jwenn yon pakèt bagay kanmenm nan kreyasyon an toupre lakay ou tou pou w montre pitit ou (Sòm 104:24). Sandout w ap jwenn zwazo, ensèk, plant ak lòt bagay ankò. Men sa Karina ki nan peyi Almay di: “Manman m renmen flè, donk, lè m te timoun, li te konn montre m bèl flè lè n t ap flannen ansanm.” Paran, ou kapab sèvi ak pakèt videyo ak piblikasyon sou kreyasyon an òganizasyon nou an fè pou anseye pitit ou. Vrèmanvre, kèlkeswa sitiyasyon w, ou ka ede pitit ou egzamine sa Bondye fè. Kounye a, ann wè kèk nan kalite Jewova genyen ou ka aprann pitit ou.

‘KALITE JEWOVA YO KI ENVIZIB PARÈT KLÈ’

11. Ki jan paran yo ka ede pitit yo rive wè lanmou Jewova genyen?

11 Pou w ede pitit ou wè lanmou Jewova genyen, ou ka montre yo fason anpil bèt pran swen pitit yo ak tandrès (Mat. 23:37). Ou ka atire atansyon yo tou sou tout kalite bèl bagay nou pa sispann jwi nan kreyasyon an. Men sa Karina nou te pale de li pi wo a di: “Lè manman m te konn al flannen avè m, li te konn ankouraje m pou m pran tan pou m gade jan chak flè espesyal e jan fason yo bèl montre Jewova gen lanmou. Plizyè ane annapre, mwen toujou pran san m pou m gade flè yo, tout kalite ki genyen, fòm yo ak koulè yo. Yo kontinye fè m sonje jan Jewova renmen nou.”

Ou ka atire atansyon pitit ou sou jan kò nou fèt yon fason estrawòdinè pou w anseye yo sajès Bondye genyen. (Gade paragraf 12.)

12. Ki jan paran yo ka ede pitit yo wè sajès Bondye genyen? (Sòm 139:14). (Gade foto a tou.)

12 Ede pitit ou wè sajès Bondye genyen. Se sèten Jewova gen plis sajès lontan pase n (Wom. 11:33). Pa egzanp, ou ka montre pitit ou jan dlo ki vin tounen nyaj deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt byen fasil (Jòb 38:36, 37). Ou ka atire atansyon yo tou sou jan kò moun fèt yon fason estrawòdinè. (Li Sòm 139:14.) Ann wè ki jan yon papa ki rele Vladimir te fè sa. Men sa l di: “Yon jou, pitit gason nou an te sot tonbe sou bekàn li, e l te blese. Apre kèk jou, blese a te geri. Mwen menm ak madanm mwen te esplike l Jewova te kreye selil nou yo yon fason pou yo repare poukont yo. Nou te ede l konprann bagay lèzòm fè yo pa kapab fè sa. Pa egzanp, yon machin pa ka repare tèt li apre yon aksidan. Eksperyans sa a te ede pitit gason nou an konprann sajès Jewova genyen.”

13. Ki jan paran yo ka ede pitit yo wè pisans Bondye genyen? (Ezayi 40:26).

13 Jewova mande n pou n leve je n gad syèl la e pou n reflechi sou jan pisans estrawòdinè li genyen an fè tout bagay nan linivè ret nan plas yo. (Li Ezayi 40:26.) Ou ka mande pitit ou pou yo gade syèl la e pou yo reflechi sou sa yo wè. Men sa yon sè nan peyi Taywann sonje lè l te timoun: “Yon lè, manman m te òganize yon ti pwogram ansanm avè m. Li te mennen m yon kote nou te ka gade syèl la nan nuit san pa t gen okenn limyè pou deranje nou. Se te yon epòk kote lòt timoun t ap ban m presyon e m t ap mande tèt mwen si m t ap kapab kontinye sèvi Jewova fidèlman. Manman m te ankouraje m pou m reflechi sou pisans Jewova te itilize pou l kreye tout zetwal sa yo, e pou m sonje li kapab sèvi ak pisans sa a pou l ede m fè fas ak kèlkeswa eprèv la. Apre m te fin gade kreyasyon an nan moman sa a, mwen te vin anvi konn Jewova pi byen e m te vin pran plis detèminasyon pou m sèvi l.”

14. Ki jan paran yo ka sèvi ak kreyasyon an pou ede pitit yo wè Jewova se yon Bondye ki gen kè kontan?

14 Kreyasyon Jewova a montre jan L gen kè kontan ak jan L pran plezi nan sa L kreye yo. Gen yon seri syantifik ki remake pifò bèt konn jwe, san wete zwazo ak pwason (Jòb 40:20). Èske pitit ou konn ri lè y ap gade yon bèt k ap jwe? Petèt yo konn wè yon ti chat k ap kouri dèyè yon ti boul oswa ti chen k ap jwe ansanm. Pwochèn fwa w wè pitit ou ri pandan l ap gade jès yon bèt ap fè, l ap bon pou w fè l sonje n ap sèvi yon Bondye ki gen kè kontan. — 1 Tim. 1:11.

ADMIRE KREYASYON JEWOVA A ANSANM AK FANMI W

Pitit ou ka santi yo pi alèz e yo ka pi dispoze fè w konnen jan yo santi yo lè y ap admire lanati ansanm avè w. (Gade paragraf 15.)

15. Ki sa k ka ede paran yo pou yo konnen sa k nan panse pitit yo? (Pwovèb 20:5). (Gade foto a tou.)

15 Pafwa, paran yo ka twouve l difisil pou yo fè pitit yo pale sou pwoblèm yo jwenn. Si se ka pa w, ou ka bezwen chèche konn sa k nan panse pitit ou. (Li Pwovèb 20:5.) Gen kèk paran ki ka twouve l pi fasil pou yo fè sa, lè y ap admire lanati ansanm ak pitit yo. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo se paske nan moman sa a timoun yo ak paran yo gen mwens bagay ki pou fè yo distrè. Gen yon papa ki rele Masahiko k ap viv nan peyi Taywann ki bay yon lòt rezon. Men sa l di: “Lè n soti ak pitit nou, pa egzanp lè n al flannen nan mòn oswa n al mache bò plaj, an jeneral, yo santi yo pi rilaks. Konsa, nou twouve l pi fasil pou n fè yo pale e pou n konn sa k nan lespri yo.” Men sa Katya nou te pale de li pi wo a di: “Lè m te konn sot lekòl, manman m te konn mennen m al vizite yon bèl kote ki gen anpil pyebwa. Nan yon bèl anbyans konsa, m te twouve l pi fasil pou m te di l sa k te pase nan lekòl la, oswa sa k t ap trakase m.”

16. Ki jan fanmi yo ka detann yo epi amize yo pandan y ap gade sa Jewova kreye yo?

16 Epitou, pandan fanmi yo ap admire bagay Jewova kreye yo, sa ka ba yo okazyon pou yo detann yo e pou yo amize yo, konsa, yo vin pi pwòch youn ak lòt. Labib di gen “yon lè pou moun ri” e gen “yon lè pou moun vole anlè”. (Ekl. 3:1, 4, nòt.) Jewova kreye yon pakèt bèl zòn sou tè a kote n ka fè yon seri bagay nou renmen. Gen anpil fanmi ki renmen al vizite bèl zòn lè y al andeyò, nan mòn oswa nan plaj. Gen timoun ki renmen kouri e ki renmen jwe nan zòn ki gen anpil pyebwa. Yo kontan wè bèt yo, oswa yo renmen naje nan rivyè, nan lak oswa nan lanmè. Ala bèl okazyon nou genyen pou n detann nou lè n ap admire lanati ki chaje ak bagay Jewova fè!

17. Poukisa paran yo bezwen ede pitit yo admire kreyasyon Bondye a?

17 Nan monn nouvo Bondye a, paran ak pitit ap kontan admire kreyasyon Jewova a yon fason yo potko janm fè anvan sa. Kontrèman ak jodi a, nou pap gen okenn rezon pou nou pè bèt, e yo pap pè nou nonplis (Eza. 11:6-9). N ap gen anpil tan pou n admire sa Jewova fè (Sòm 22:26). Men, nou menm paran, nou pa bezwen tann moman sa a rive pou n ede pitit nou aprann admire kreyasyon an. Pandan w ap sèvi ak kreyasyon an pou w aprann pitit ou konnen Jewova, sandout y ap dakò ak pawòl wa David te di a. Men sa l te di: “Ala anpil sa w fè yo anpil, o Jewova!” — Sòm 104:24.

KANTIK 134 Timoun yo se byen Bondye konfye nou

a Anpil frè ak sè sonje bèl moman yo te konn pase ap admire kreyasyon an ansanm ak paran yo ki kretyen. Yo pa bliye fason paran yo te sèvi ak okazyon sa yo pou aprann yo konn kiyès Jewova ye. Si w gen pitit, ki jan w ka sèvi ak kreyasyon an pou w aprann yo kalite Bondye genyen yo? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik sa a.