Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 11

Sa w kapab fè pou w pare pou w batize

Sa w kapab fè pou w pare pou w batize

“Ki sa k anpeche m batize?” — TRA. 8:36.

KANTIK 50 Priyè mwen fè pou m bay Bondye lavi m

SA NOU PRAL WÈ a

Toupatou sou tè a, jèn kou granmoun ap fè pwogrè e y ap batize. (Gade paragraf 1-2.

1-2. Si w poko pare pou w batize, poukisa w pa dwe dekouraje? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

 SI W ta renmen batize, se yon bèl objektif ou genyen. Èske w pare pou w fè sa kounye a? Si w panse w pare e ansyen yo dakò, pa ezite pran desizyon pou w batize nan pwochen okazyon w jwenn nan. W ap kapab viv ak kè kontan pandan w ap sèvi Jewova.

2 Yon lòt bò, èske yo fè w konnen ou bezwen fè plis pwogrè anvan w batize? Oswa èske se ou menm ki wè sa? Si sa ta rive, pa dekouraje. Ou ka fè pwogrè jiskaske w pase etap enpòtan sa a, kit ou jèn kit ou granmoun.

“KI SA K ANPECHE M?”

3. Ki sa yon Etyopyen ki te nan gwo pozisyon te mande Filip, e ki kesyon sa ka fè n poze? (Travay 8:36, 38).

3 Li Travay 8:36, 38. Yon Etyopyen ki te nan gwo pozisyon te mande Filip, yon moun ki te konn ap evanjelize: “Ki sa k anpeche m batize?” Etyopyen an te vle batize, men èske l te vrèman pare pou etap enpòtan sa a?

Etyopyen ki te nan gwo pozisyon an te vle kontinye aprann konnen Jewova. (Gade paragraf 4.)

4. Ki jan Etyopyen an te montre l vle kontinye aprann?

4 Etyopyen an “t al Jerizalèm pou l adore Bondye”. (Tra. 8:27.) Donk, li dwe te konvèti nan relijyon juif la. Sandout, li te aprann konn Jewova nan Liv sakre ki te ekri ann ebre yo. Men, li te vle aprann plis. Anfèt, lè Filip te rankontre l sou wout la, ki sa l te jwenn li ap fè? Li t ap li nan yon woulo ki gen liv pwofèt Ezayi a (Tra. 8:28). Pati l t ap li a pa t fasil pou konprann. Mesye sa a, ki te nan gwo pozisyon, pa t jis vle aprann kèk bagay de baz, li te vle kontinye aprann.

5. Ki sa Etyopyen an te fè ak sa l te aprann nan?

5 Mesye a te nan gwo pozisyon sou rèy Kandas, rèn peyi Etyopi, e se li ki “te responsab tout trezò rèn nan”. (Tra. 8:27.) Donk, mesye a dwe te okipe anpil, li dwe te gen anpil responsablite. Sepandan, li te rezève tan pou l adore Jewova. Li pa t kontante l aprann laverite, li te aji ann amoni ak sa l te aprann yo. Anfèt, li te fè yon vwayaj byen long sot Etyopi pou l vin adore Jewova nan tanp lan nan Jerizalèm. Vwayaj sa a dwe te pran anpil tan, e li dwe te fè anpil depans pou sa. Men, piske se Jewova li t apral adore, li te dispoze fè anpil efò.

6-7. Ki sa k te ede Etyopyen an vin pi renmen Jewova?

6 Filip te aprann Etyopyen an kèk verite enpòtan li pa t konnen, pa egzanp, kiyès ki Mesi a (Tra. 8:34, 35). Se sèten, lè mesye sa a ki te nan gwo pozisyon te aprann ki sa Jezi te fè pou li, sa te touche kè l. Ki jan l t apral reyaji? Li te ka annik pa fè anyen, epi l toujou ret nan relijyon juif la kòm yon moun tout moun respekte. Okontrè, li te vin pi renmen Jewova e l te vin aprann renmen Pitit Gason L lan. Sa te fè l pran desizyon pou l batize pou l vin disip Jezi Kris. Piske Filip te wè mesye a te pare, li te batize l.

7 Si w suiv egzanp Etyopyen an, ou kapab pare pou w batize. Ou menm tou, w ap kapab di avèk konviksyon: “Ki sa k anpeche m batize?” Ann wè ki jan w kapab suiv menm etap li te suiv yo: Li te kontinye aprann, li te aji ann amoni ak sa l te aprann, e l te vin pi renmen Bondye.

KONTINYE APRANN

8. Nan ki sans pawòl ki nan Jan 17:3 yo konsène w?

8 Li Jan 17:3. Èske pawòl sa yo Jezi te di yo te ede w pran desizyon pou w etidye Bib la? Se sa ki te ede anpil nan nou. Èske menm pawòl sa yo fè n konnen tou pou n kontinye aprann? Wi. Nou pap janm sispann “aprann konnen [...] sèl vrè Dye a”. (Ekl. 3:11.) N ap kontinye aprann pandan tout letènite. Plis nou aprann, se plis n ap vin pwòch ak Jewova. — Sòm 73:28.

9. Ki sa n bezwen fè apre n fin gen konesans de baz sou laverite?

9 Pou n aprann konnen Jewova, nou bezwen kòmanse ak ansèyman de baz yo. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te rele ansèyman sa yo “bagay de baz”. Li pa t rabese “doktrin de baz yo” lè l te konpare yo ak lèt yo bay tibebe (Ebre 5:12; 6:1). Men, li te ankouraje tout kretyen pou yo pa kontante yo ak doktrin de baz yo e pou yo aprann verite ki pi pwofon ki nan Pawòl Bondye a. Èske w ta renmen konnen ansèyman ki pi pwofon ki nan Bib la? Èske w dispoze fè pwogrè pou w kontinye aprann konnen Jewova ak objektif li?

10. Sa k fè kèk moun ka twouve l difisil pou yo etidye?

10 Sepandan, pou anpil nan nou, li pa fasil pou n etidye. E pou ou menm? Èske nan lekòl ou, yo te byen aprann ou fason pou w li e pou w etidye? Èske w te renmen etidye e w te kontan fè sa? Oswa, èske w te di tèt ou pa fò nan etidye? Si se ka pa w, ou pa poukò w. Men, Jewova kapab ede w. Li se yon Anseyan ki pafè e l se pi bon Anseyan an.

11. Ki jan Jewova montre li se “Gran Pwofesè nou an”?

11 Jewova rele tèt li “Gran Pwofesè nou an”. (Eza. 30:20, 21.) Li se yon Anseyan ki gen pasyans ak bonte e ki konprann nou. Li chèche sa ki bon lakay elèv li yo (Sòm 130:3). E li pa janm atann plis pase sa n ka fè. Sonje se li menm ki fè sèvo w ki se yon bèl kado (Sòm 139:14). Li nòmal pou n renmen aprann. Kreyatè nou an vle n kontinye aprann pou toutan e pou n renmen fè sa. Se sa k fè li bon pou n chèche “gen yon gwo anvi” pou verite ki nan Bib la depi kounye a (1 Pyè 2:2). Chèche gen objektif ou kapab reyalize, e chèche gen yon pwogram pou w li Bib la e pou w etidye l, epi fè efò pou w respekte l (Joz. 1:8). Grasa èd Jewova, w ap vin renmen li e w ap vin renmen aprann konnen Jewova plis toujou.

12. Poukisa li bon pou w medite sou lavi Jezi nan etid pèsonèl ou?

12 Pran tan regilyèman pou w medite sou lavi Jezi ak sèvis li. Lè n suiv Jezi pye pou pye, sa ap ede n sèvi Jewova, sitou nan tan difisil sa yo (1 Pyè 2:21). Jezi te pale aklè konsènan difikilte disip li yo t ap gen pou yo jwenn (Lik 14:27, 28). Sepandan, li te gen asirans vrè disip li yo t ap ret fidèl menm jan avè l (Jan 16:33). Pran tan pou w byen etidye lavi Jezi, epi chèche imite l chak jou nan lavi w.

13. Ki sa w dwe kontinye mande Jewova, e poukisa?

13 Se pa konesans sèlman n ap bezwen genyen. Konesans ap sitou ede w aprann plis sou Jewova epi l ap ede w vin gen yon seri kalite tankou lanmou ak lafwa (1 Kor. 8:1-3). Pandan w ap kontinye aprann, kontinye mande Jewova pou l ede w gen plis lafwa (Lik 17:5). Jewova toujou reponn priyè sa yo. Lè n gen bonjan lafwa ki baze sou konesans egzak nou gen sou Bondye nou an, sa ap ede n pou n fè plis nan sèvis li. — Jak 2:26.

KONTINYE APLIKE SA W APRANN

Anvan delij la, Noye ak fanmi l te aplike sa yo te aprann yo fidèlman. (Gade paragraf 14.)

14. Ki jan apot Pyè te montre enpòtans pou n aplike sa n aprann? (Gade foto a tou.)

14 Apot Pyè te montre jan l enpòtan pou disip Kris yo kontinye aplike sa yo aprann. Li te pale konsènan istwa Noye a ki nan Bib la. Jewova te fè Noye konnen li pral fè yon delij pou detwi mechan ki te gen nan epòk sa a. Lefètke Noye ak fanmi l te konnen t apral gen yon delij, sa pa t sifi pou yo te sove lavi yo. N ap remake Pyè te pale de epòk anvan delij la, “pandan yo t ap konstwi lach la”. (1 Pyè 3:20.) Vrèmanvre, Noye ak fanmi l te aplike sa yo te aprann lè yo te konstwi yon lach ki te tankou yon gwo bato (Ebre 11:7). Annapre, Pyè te konpare sa Noye te fè a ak batèm, lè l te ekri: “Sa k te pase a se yon senbòl ki koresponn ak batèm nan k ap sove nou tou kounye a.” (1 Pyè 3:21). Nan yon sans, ou ka konpare efò w ap fè kounye a pou w prepare pou w batize a ak travay Noye ak fanmi l te fè pandan plizyè ane pou yo te konstwi lach la. Ki sa w bezwen fè pou w ka pare pou w batize?

15. Ki sa vrè repantans lan ye?

15 Youn nan premye bagay nou dwe fè se repanti toutbon pou peche n (Tra. 2:37, 38). Bonjan repantans ap ede yon moun chanje toutbon. Èske w sispann fè yon seri bagay ki pa fè Jewova plezi, tankou viv nan imoralite, sèvi ak tabak, oswa di mo sal (1 Kor. 6:9, 10; 2 Kor. 7:1; Efe. 4:29)? Si w poko sispann fè sa, kontinye fè efò pou w fè chanjman. Pale ak moun k ap etidye Labib avè w la oswa mande ansyen nan kongregasyon an pou yo ede w e pou yo gide w. Si w jèn e w ap viv lakay paran w, kontinye mande yo pou yo ede w pou w kite kèlkeswa move abitid ki ta ka anpeche w batize.

16. Ki sa yon bon pwogram nan sèvis Bondye gen ladan l?

16 Li enpòtan tou pou n gen yon bon pwogram nan sèvis Bondye. Sa kapab gen ladan l asiste reyinyon yo epi patisipe ladan yo (Ebre 10:24, 25). E kou w kalifye pou w preche, met aktivite sa a nan pwogram ou regilyèman tou. Plis ou patisipe nan travay sa a k ap sove lavi moun, se plis w ap renmen fè l (2 Tim. 4:5). Si w jèn e w ap viv lakay paran w, mande tèt ou: ‘Èske paran m bezwen fè m sonje pou m al nan reyinyon oswa pou m al preche? Oswa èske se mwen ki pran desizyon pou m fè sa?’ Lè w pran desizyon sa yo poukont ou, ou montre w gen lafwa, ou montre w renmen Jewova Dye e w genyen l rekonesans. Aksyon sa yo se yon seri “aksyon” ki montre “nou gen atachman pou Bondye”, yo se kado nou bay Jewova (2 Pyè 3:11; Ebre 13:15). Tout kado nou bay Bondye nou an san fòse e san yo pa fè presyon sou nou fè l plezi. (Konpare ak 2 Korentyen 9:7.) Nou fè sa paske nou kontan bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an.

KONTINYE CHÈCHE GEN PLIS LANMOU POU JEWOVA

17-18. Ki kalite ki enpòtan anpil k ap ede w fè pwogrè pou w batize, e poukisa? (Pwovèb 3:3-6).

17 Pandan w ap kontinye fè pwogrè pou w batize, w ap jwenn difikilte. Gen kèk moun ki ka pase w nan rizib pou lafwa w vin genyen an. Yo ka menm opoze avè w oswa pèsekite w (2 Tim. 3:12). Pandan w ap lite ak yon move abitid, sa ka rive ou tonbe ladan l ankò. Oswa ou ka kòmanse pèdi pasyans e w kontrarye paske w santi w poko ka reyalize objektif ou genyen. Ki sa k ap ede w andire? Yon kalite ki enpòtan anpil: lanmou pou Jewova.

18 Lanmou w gen pou Jewova se yon bèl kalite, se pi bèl kalite ou genyen. (Li Pwovèb 3:3-6.) Lè w renmen Bondye ak tout kè w, w ap rive andire pwoblèm ou jwenn nan lavi a. Byen souvan, Labib pale de lanmou fidèl Jewova genyen pou sèvitè l yo. Sa vle di, li pap janm abandone sèvitè l yo oswa sispann renmen yo (Sòm 100:5). Nou fèt pòtre ak Bondye (Jen. 1:26). Ki jan w kapab demontre kalite lanmou sa a?

Chak jou, ou ka fè Jewova konnen jan w genyen l rekonesans. (Gade paragraf 19.) b

19. Ki jan w ka vin gen plis rekonesans pou tout sa Jewova fè pou ou? (Galat 2:20).

19 Ann kòmanse avèk rekonesans (1 Tes. 5:18). Chak jou, mande tèt ou: ‘Ki jan Jewova montre m li renmen m?’ Apre sa, sonje di Jewova mèsi lè w priye l e w site yon seri bagay li fè pou ou. Chèche wè jan Jewova montre l renmen w pèsonèlman, menm jan apot Pòl te rive wè sa. (Li Galat 2:20.) Mande tèt ou: ‘Èske m vle montre l mwen renmen l tou?’ Lanmou pou Jewova ap ede w kontinye reziste lè w jwenn tantasyon e l ap ede w fè fas ak difikilte. L ap ede w pou w respekte pwogram ou genyen pou w adore Jewova a, konsa, w ap kontinye montre ou renmen Papa w ki nan syèl la chak jou.

20. Ki sa w dwe fè pou w vwe Jewova lavi w, e poukisa desizyon sa a enpòtan?

20 Rive yon lè, lanmou w gen pou Jewova a ap pouse w fè yon priyè espesyal. W ap vwe Bondye lavi w. Sonje, yonfwa w vwe Jewova lavi w, ou vin gen yon bèl posiblite devan w: Ou kapab vin byen pa l pou toutan. Lè w vwe Jewova lavi w, ou pwomèt li pou w sèvi l ni nan bon tan ni nan move tan. Ou pap janm bezwen refè ve sa a ankò. Vrèmanvre, lè n vwe Jewova lavi n, se yon gwo desizyon nou pran. Sepandan, men sa pou w sonje: Ou pral gen pou w pran yon pakèt desizyon nan lavi w. Gen ladan yo k ap bon anpil, men w pap janm pran yon desizyon ki pi bon pase desizyon pou w vwe Jewova lavi w la (Sòm 50:14). Satan pral chèche fè w sispann renmen Papa w ki nan syèl la, li ta swete pou w sispann ret fidèl ak Jewova. Pa janm bay Satan legen (Jòb 27:5)! Gwo lanmou w gen pou Jewova ap ede w pou w kontinye respekte ve w te fè a e pou w vin pi pwòch ak Papa w ki nan syèl la.

21. Poukisa lè n batize sa pa vle di nou rive kote n prale a, okontrè se kòmanse nou kòmanse?

21 Apre w fin vwe Jewova lavi w, pale ak ansyen nan kongregasyon an sou pwochen desizyon enpòtan w ap gen pou w pran an. Sepandan, toujou sonje lefètke w batize, sa pa vle di ou rive kote w prale a, okontrè, ou apèn kòmanse. Sa ba w posiblite pou w sèvi Jewova pou toutan. Kidonk, chèche gen plis lanmou pou Papa w ki nan syèl la depi kounye a. Chèche gen yon seri objektif pou lanmou w gen pou Jewova a ka vin pi plis chak jou. Lè w fè sa, sa ap pouse w batize. Se pral yon bèl jou. Men, se jis yon kòmansman. Nou swete pou lanmou w gen pou Jewova ak Pitit Gason l lan kontinye vin pi plis chak jou!

KANTIK 135 “Pitit mwen, montre w saj”

a Se bonjan lanmou ki ta dwe pouse n fè pwogrè pou n batize. Epitou, nou bezwen fè sa ki dwat. Nou pral wè etap yon etidyan Labib bezwen suiv pou l kalifye pou l batize. Pou n fè sa, n ap pran egzanp yon Etyopyen ki te nan gwo pozisyon.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn sè k ap priye Jewova pou l di l jan l gen rekonesans pou sa L fè.