Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 14

“Tout moun ap konnen nou se disip mwen”

“Tout moun ap konnen nou se disip mwen”

“Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — JAN 13:35.

KANTIK 106 Ann demontre nou gen lanmou

SA NOU PRAL WÈ a

Lè anpil moun ki pa Temwen wè lanmou ki gen nan mitan pèp Jewova a, ki efè sa gen sou yo? (Gade paragraf 1.)

1. Ki sa k touche anpil moun ki asiste reyinyon avè n? (Gade foto a tou.)

 IMAJINE yon mari ak madanm ki vin asiste reyinyon nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo pou premye fwa. Bèl akèy yo jwenn ak lanmou yo wè frè ak sè yo gen nan mitan yo gen gwo efè sou yo. Pandan y ap sot nan reyinyon an pou y al lakay yo, madanm nan di mari l: ‘Temwen Jewova yo pa menm jan ak lòt moun nou konnen yo. M pa regrèt m t ale.’

2. Poukisa gen moun ki sispann sèvi Jewova?

2 Lanmou ki gen nan mitan frè ak sè yo vrèman estrawòdinè! Nòmalman, Temwen Jewova yo pa pafè (1 Jan 1:8). Donk, plis n ap aprann konn frè n ak sè n yo nan kongregasyon an, se plis nou ka wè kèk nan defo yo genyen (Wom. 3:23). Malerezman, gen moun ki kite enpèfeksyon lòt moun fè yo sispann sèvi Jewova.

3. Ki sa k ede moun rekonèt vrè disip Jezi yo? (Jan 13:34, 35).

3 Gade vèsè atik la baze sou li a yon lòt fwa ankò. (Li Jan 13:34, 35.) Ki sa k ap ede moun yo rekonèt vrè disip Kris yo? Se lanmou yo gen youn pou lòt, se pa paske yo pafè. Epitou, remake Jezi pa t di: ‘N ap konnen nou se disip mwen.’ Men, li te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen.” Konsa, Jezi te montre, piske disip li yo t ap renmen youn lòt toutbon, se pa yo menm sèlman ki t ap wè kiyès ki vrè disip li yo, lòt moun t ap wè sa tou.

4. Ki sa kèk moun ta renmen konnen konsènan vrè kretyen yo?

4 Gen moun ki pa Temwen Jewova ki ta kapab di: ‘Nan ki sans lanmou ede n rekonèt kiyès ki vrè disip Jezi yo? Ki jan Jezi te montre li renmen apot li yo? E ki jan n ka suiv egzanp Jezi jodi a?’ Li bon pou Temwen Jewova yo reflechi sou repons kesyon sa yo. Lè n fè sa, sa ka ede n demontre plis lanmou, sitou lè enpèfeksyon nou genyen fè youn mal aji ak lòt. — Efe. 5:2.

SA K FÈ LANMOU SE YON FASON ESPESYAL POU YO REKONÈT VRÈ DISIP JEZI YO?

5. Esplike pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 15:12, 13 la.

5 Jezi te fè konnen aklè disip li yo t ap renmen l yon fason espesyal. (Li Jan 15:12, 13.) Men lòd Jezi te ba yo: “Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.” Ki sa pawòl sa yo vle di? Jan Jezi te esplike sa, se yon kalite lanmou ki fè yon moun pa wè tèt li sèlman, yon lanmou ki t ap pouse yon kretyen menm mouri pou kwayan parèy li, si sa ta nesesè. b

6. Ki jan Pawòl Bondye a montre enpòtans lanmou genyen?

6 Pawòl Bondye a di anpil bagay sou lanmou. Pa egzanp, vèsè ki vin annapre yo, se vèsè anpil moun pi renmen: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” (Mat. 22:39). “Lanmou kouvri yon pakèt peche.” (1 Pyè 4:8). “Lanmou pa janm fayi.” (1 Kor. 13:8). Vèsè sa yo ak lòt vèsè ankò ta dwe fè kèlkeswa moun nan wè aklè jan l enpòtan pou l chèche gen bèl kalite sa a e pou l montre sa nan fason l aji.

7. Sa k fè Satan pap janm ka rive aprann moun yo pou yo renmen youn lòt e pou yo gen tèt ansanm?

7 Anpil moun ap mande tèt yo: ‘Ki jan m ap fè rekonèt vrè relijyon an? Tout relijyon fè konnen y ap anseye laverite. Sepandan, yo chak ap anseye afè pa yo sou Bondye.’ Satan kreye yon pakèt fo relijyon, e sa fè l difisil pou moun yo rekonèt vrè relijyon an. Men, li pap janm ka rive fè gen yon fanmi frè ak sè toupatou sou tè a ki renmen youn lòt. Se Jewova sèlman ki kapab fè sa. E se nòmal, paske se nan Jewova vrè lanmou an soti. Se sèlman moun Jewova bay lespri sen l e li beni ki kapab renmen youn lòt toutbon (1 Jan 4:7). Donk, nou konprann rezon ki fè Jezi te di se bonjan lanmou vrè kretyen yo gen youn pou lòt ki t ap fè yo rekonèt yo.

8-9. Lefètke anpil moun remake lanmou Temwen Jewova yo gen nan mitan yo, ki efè sa gen sou yo?

8 Jan Jezi te gentan fè konnen, anpil moun rive rekonèt vrè kretyen yo paske yo gen bonjan lanmou nan mitan yo. Pa egzanp, gen yon frè ki rele Yann ki sonje premye fwa l te asiste yon kongrè ki te fèt nan yon stad toupre lakay li. Kèk mwa anvan sa, Yann t al nan yon match nan stad sa a. Men sa l di: “Gen yon gwo diferans ant moun ki te nan match la ak moun ki te nan kongrè a. Temwen yo te janti, yo te byen abiye e pitit yo te byen konpòte yo.” Apre sa li di: “Sa k te pi enpòtan an, mwen te ka wè moun sa yo te santi yo byen e yo anpè, yon bagay mwen t ap chèche. Mwen pa sonje anyen nan diskou yo te bay jou sa a. Men, fason Temwen yo te aji te gen gwo efè sou mwen pandan anpil tan. c” Nòmalman, rezon ki fè n aji konsa se paske nou renmen youn lòt toutbon. Piske nou renmen frè n ak sè n yo, nou aji ak yo avèk jantiyès e avèk respè.

9 Gen yon frè ki rele John ki te santi l menm jan an lè l te fèk kòmanse asiste reyinyon. Men sa l di: “Tout moun ki te la yo te tèlman janti, sa te gen gwo efè sou mwen. Yo te tankou sen. Bonjan lanmou yo te gen youn pou lòt te fè m gen konviksyon mwen jwenn vrè relijyon an. d” Eksperyans konsa ak anpil lòt eksperyans ankò montre aklè Temwen Jewova yo se vrè kretyen.

10. Ki lè n gen bonjan okazyon pou n demontre lanmou antanke kretyen? (Gade nòt la tou.)

10 Jan n te di sa pi wo a, pa gen youn nan frè n ak sè n yo ki pafè. Pafwa, y ap di oswa fè yon bagay ki fè n fache e (Jak 3:2). Lè sa rive, nou gen bonjan okazyon pou n montre lanmou nou genyen antanke kretyen nan fason n reyaji. Nan sans sa a, ki sa n ka aprann nan egzanp Jezi? — Jan 13:15.

KI JAN JEZI TE MONTRE LI RENMEN APOT LI YO?

Jezi te montre l renmen apot yo, menm lè yo te gen defo. (Gade paragraf 11-13.)

11. Ki defo Jak ak Jan te montre yo genyen? (Gade foto a tou.)

11 Jezi pa t atann pou disip li yo pafè. Okontrè, li te kontan ede yo korije yon seri defo yo te gen nan pèsonalite yo pou yo te ka jwenn favè Jewova. Yon lè, de nan apot yo, Jak ak Jan, te fè manman yo al mande Jezi pou l ba yo gwo pozisyon nan Wayòm nan (Mat. 20:20, 21). Sa Jak ak Jan te fè a te montre yo te gen ògèy ak anbisyon. — Pwo. 16:18.

12. Èske se Jak ak jan sèlman ki te montre yo gen defo? Esplike.

12 Se pa Jak ak Jan sèlman ki te montre yo te gen defo lè sa a. Gade ki jan lòt apot yo te reyaji: “Lè dis lòt disip yo tande sa, yo vin fache kont de frè yo.” (Mat. 20:24). Nou ka imajine gwo diskisyon ki te genyen ant Jak, Jan ansanm ak lòt apot yo. Petèt lòt apot yo te di: ‘Kiyès nou panse nou ye pou n ap mande gwo pozisyon nan Wayòm nan? Nou genlè panse se nou menm sèl k ap travay di ansanm ak Jezi. Nou menm tou nou merite jwenn privilèj espesyal menm jan avè n!’ Kèlkeswa sa k te pase a, pandan yon ti tan, apot yo te kite sa fè yo bliye yo bezwen toujou demontre lanmou ak konsiderasyon youn pou lòt.

13. Ki jan Jezi te reyaji lè apot li yo te montre yo gen defo? (Matye 20:25-28).

13 Ki jan Jezi te jere sitiyasyon an? Li pa t fache. Li pa t di li pral chèche jwenn pi bon apot, moun ki te gen plis imilite ki t ap toujou montre yo renmen youn lòt. Okontrè, Jezi te rezone ak yo avèk pasyans paske l te konnen yo te vle fè sa ki dwat. (Li Matye 20:25-28.) Li pa t sispann montre l renmen yo nan fason l te konn aji ak yo, menm lè se pa t ni premye fwa ni dènyè fwa apot yo te fè diskisyon pou yo chèche konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan. — Mak 9:34; Lik 22:24.

14. Ki fason apot Jezi yo te leve?

14 Se sèten Jezi te konnen fason apot yo te leve te gen gwo efè sou yo (Jan 2:24, 25). Depi yo piti, yo te konn wè chèf relijye yo k ap bay gwo pozisyon anpil enpòtans (Mat. 23:6; konpare ak atik ki gen tit “Sinagòg — Kote Jezi ak disip li yo te konn anseye” ki parèt nan Toudegad 1ye avril 2010, paj 16-18.) Epitou, chèf relijye juif yo te panse yo pi bon pase lòt moun f (Lik 18:9-12). Jezi te konprann, piske se fason sa a apot yo te leve, sa te ka gen efè sou fason yo te wè tèt yo ak sou fason yo te wè lòt moun (Pwo. 19:11). Li te konnen disip li yo te kapab fè erè e li pa t kouri fache lè yo te mal aji. Li te konnen yo te gen bon kè. Donk, avèk pasyans, li te ede yo pou yo gen lanmou olye yo gen ògèy ak anbisyon.

KI JAN NOU KA SUIV EGZANP JEZI?

15. Ki sa n ka aprann nan sa k te rive akoz sa Jak ak Jan te fè a?

15 Gen anpil bagay nou ka aprann nan sa k te rive akoz sa Jak ak Jan te fè a. Yo pa t dwe mande pou yo te gen gwo pozisyon nan Wayòm nan. Men, lòt apot yo te antò tou lefètke yo te kite sa k te pase a kraze tèt ansanm yo te genyen an. Aktout sa, Jezi te byen aji ak toule 12 apot yo e l te montre l renmen yo. Ki leson nou aprann? Menmsi n gen rezon pou n fache akoz sa lòt moun fè, nou dwe fè atansyon ak fason n reyaji lè yo fè erè. Ki sa k ka ede n? Lè yon frè oswa yon sè fè yon bagay ki fè n fache, nou ka mande tèt nou: ‘Poukisa sa l fè a kontrarye m konsa? ‘Èske sa montre gen yon bagay mwen bezwen korije nan pèsonalite m? Èske moun ki fè m fache a petèt ap fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil? E menmsi mwen santi m gen rezon pou m fache, èske m ka montre bonjan lanmou pou moun nan epi m annik pase sou sa l fè a?’ Plis nou fè efò pou n renmen youn lòt se plis nou montre nou se vrè disip Jezi.

16. Ki bagay ankò nou ka aprann nan egzanp Jezi?

16 Epitou, egzanp Jezi aprann nou nou bezwen fè efò pou n konprann frè n ak sè n yo (Pwo. 20:5). Jezi te kapab li kè moun, men nou menm, nou pa kapab fè sa. Sepandan, nou kapab pran pasyans ak frè n ak sè n yo lè yo fè yon bagay ki fè n fache (Efe. 4:1, 2; 1 Pyè 3:8). L ap pi fasil pou n fè sa si n aprann konnen yo pi byen. Ann pran yon egzanp.

17. Lefètke yon siveyan sikonskripsyon te chèche konn yon kwayan parèy li pi byen, ki jan sa te ede l?

17 Gen yon siveyan sikonskripsyon ann Afrik delès ki sonje jan yon frè te parèt tchak. Ki sa siveyan sikonskripsyon an te fè? Men sa l di: “Olye m te evite frè a, mwen te deside chèche konnen l pi byen.” Lè siveyan an te fè sa, li te vin aprann kèk bagay sou fason frè a te leve ki fè l gen tanperaman sa a. Men sa siveyan sikonskripsyon an di ankò: “Lè m te vin rann mwen kont jan l te difisil pou l te fè chanjman l te vle fè pou l te ka antann li ak lòt moun, e lè m te wè tout chanjman l te deja fè, mwen te vin apresye l anpil. Nou te vin bon zanmi.” Vrèmanvre, lè n chèche konprann frè n ak sè n yo, byen souvan, li vin pi fasil pou n montre n renmen yo.

18. Ki kesyon nou ta ka poze tèt nou si yon frè oswa yon sè ta fè n yon bagay ki fè n mal? (Pwovèb 26:20).

18 Pafwa nou ka santi n bezwen al kot yon frè oswa yon sè ki te fè n yon bagay ki te fè n mal. Men, anvan n fè sa, l ap bon pou n poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m byen konprann sa k pase a?’ (Pwo. 18:13). ‘Èske petèt li pa t fè espre lè l te fè m yon bagay ki fè m mal?’ (Ekl. 7:20). ‘Èske m te deja fè yon moun yon bagay menm jan an?’ (Ekl. 7:21, 22). ‘Si m pale ak moun nan sou sa, èske m ap fè pwoblèm nan vin pi grav?’ (Li Pwovèb 26:20.) Lè n pran tan pou n reflechi sou kesyon sa yo, nou ka vin rann nou kont lanmou n gen pou frè n nan oswa sè n nan ka ede n pou n pa ret ap panse ak sa k te pase a.

19. Ki detèminasyon w pran?

19 Temwen Jewova yo montre aklè yo se vrè disip Jezi. Nou chak montre nou se yon vrè disip Jezi lè n renmen frè n ak sè n yo ak tout kè n malgre yo pa pafè. Lè n montre n renmen frè n ak sè n yo ak tout kè n, lòt moun ap ka rekonèt vrè relijyon an e y ap vin adore Jewova, Bondye lanmou an, ansanm avè n. Ann pran detèminasyon pou n kontinye demontre lanmou k ap ede lòt moun wè se nou menm ki vrè kretyen!

KANTIK 17 “Wi, mwen vle”

a Anpil moun vle konn plis bagay sou Jewova ak Pawòl li a paske yo wè nou gen bonjan lanmou nan mitan nou. Men, nou pa pafè. Pafwa, nou ka twouve l difisil pou n demontre lanmou youn pou lòt. Ann wè rezon ki fè lanmou enpòtan konsa, e ki jan n ka suiv egzanp Jezi lè enpèfeksyon nou genyen fè youn mal aji ak lòt.

b Gade liv Vin suiv mwen” an, chapit 17, paragraf 10-11.

c Gade atik ki gen tit “Ma vie a enfin un but” ki parèt nan Toudegad 1ye novanm 2012, paj 13-14.

d Gade atik ki gen tit “Tout semblait me réussir” ki parèt nan Toudegad 1ye me 2012, paj 18-19.

e Atik sa a pap pale konsènan peche grav kote se ansyen yo ki ta dwe jere sitiyasyon sa yo, pa egzanp peche ki nan 1 Korentyen 6:9, 10 yo.

f Yo fè konnen gen yon raben ki te di kèk tan annapre: “Monn nan gen pou pi piti trant moun ki jis menm jan ak Abraram. Si gen trant moun ki jis, mwen menm ak pitit gason m nan se de ladan yo. Si gen dis, mwen menm ak pitit gason m nan se de ladan yo. Si gen senk, mwen menm ak pitit gason m nan se de ladan yo. Si gen de, se mwen menm ak pitit gason m nan. Si gen yon sèl, se mwen menm.”