Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 22

Amelyore fason w etidye!

Amelyore fason w etidye!

“Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — FLP. 1:10.

KANTIK 35 “Verifye bagay ki pi enpòtan yo”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k fè kèk moun gendwa pa santi yo gen fòs pou yo etidye?

SA MANDE anpil efò pou nou jwenn sa nou bezwen pou n viv nan epòk sa a. Anpil nan frè nou yo pase yon pakèt tan ap travay jis pou yo ka bay fanmi yo sa yo gen bezwen pou yo viv. Gen anpil lòt ki pase plizyè èdtan nan wout pou y al travay chak jou e pou yo retounen lakay yo. Anpil oblije fè travay ki di pou yo ka pran swen tèt yo. Nan fen jounen an, frè ak sè sa yo ki travay di vin fatige anpil. Lè konsa, anpil nan yo pa santi yo gen fòs pou yo etidye.

2. Ki lè w òganize w pou w etidye?

2 An reyalite, nou dwe jwenn tan pou nou etidye, wi byen etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon nou yo. Relasyon nou gen ak Jewova ak esperans nou gen pou n gen lavi ki pap janm fini an depann de sa (1 Tim. 4:15). Gen kèk moun ki leve granmmaten chak jou pou yo etidye, lè poko gen bri k ap fèt nan kay la e lè lespri yo fre apre yo fin pase yon nuit ap repoze. Gen lòt ki rezève kèk minit nan fen jounen an pou yo rete yon kote ki byen trankil pou yo etidye e pou yo medite.

3-4. Ki chanjman ki te fèt anrapò ak kantite piblikasyon ki parèt yo, e poukisa?

3 Pa gen dout, ou dakò li enpòtan pou nou jwenn tan pou nou etidye. Men, ki sa nou dwe etidye? Ou ka di: ‘Gen anpil bagay pou nou li. Men m twouve l difisil pou m li tout.’ Gen kèk moun ki rive li tout piblikasyon yo e ki rive gade tout videyo nou resevwa yo, men pou anpil nan frè nou yo, se yon bagay ki difisil. Kolèj santral la konn sa. Se poutèt sa, pa gen twò lontan, yo te bay enstriksyon pou yo diminye oswa pou yo redui kantite piblikasyon yo, ni piblikasyon ki enprime yo ni lòt piblikasyon yo ki sou fòm elektwonik.

4 Pa egzanp, nou pa pibliye Liv aktivite Temwen Jewova yo ankò, piske gen anpil eksperyans ankourajan ki disponib sou sit jw.org® la, san wete pwogram Tele JW yo pibliye chak mwa yo. Kounye a, yo pibliye Toudegad piblik ak Reveye n! sèlman twa fwa nan ane a. Yo pa fè chanjman sa yo pou nou ka gen plis tan pou nou fè lòt aktivite. Yo te pran dispozisyon sa yo pou nou ka bay “bagay ki pi enpòtan yo” plis atansyon (Flp. 1:10). Ann egzamine fason nou ka chwazi sa pou n bay priyorite ak fason nou ka pi byen pwofite etid pèsonèl n ap fè nan Bib la.

CHWAZI SA W AP BAY PRIYORITE

5-6. Ki piblikasyon nou dwe pran san nou pou nou byen etidye?

5 Ki sa nou dwe bay priyorite lè n ap etidye? Se sèten nou dwe pase yon kantite tan chak jou ap etidye Pawòl Bondye a. Yo diminye pòsyon lekti Labib kongregasyon an dwe li chak semèn nan yon fason pou nou jwenn plis tan pou nou medite sou sa nou li a e pou nou fè lòt rechèch. Objektif nou se pa ta dwe annik li tout pòsyon yo bay la, men, pou n kite mesaj ki nan Bib la touche kè nou. Konsa, n ap vin pi pwòch Jewova. — Sòm 19:14.

6 Ki lòt bagay nou ta dwe pran san nou pou n etidye? Nòmalman nou vle prepare etid Toudegad la ak Etid biblik kongregasyon an ak lòt bagay yo pwograme pou reyinyon lasemèn nan. Mete sou sa, nou dwe li chak Toudegad ak Reveye n! ki parèt.

7. Èske n ta dwe dekouraje si nou pa rive li oswa gade tout bagay ki parèt sou sit Entènèt nou an ak sou Tele JW?

7 Nou ka di: ‘Pa gen pwoblèm, men e tout bagay ki parèt sou jw.org yo, san wete pwogram ki parèt sou Tele JW yo? Yo anpil!’ Men, ann pran yon egzanp: Kapab gen yon pakèt bon manje nan yon gwo resepsyon. Men, moun ki vin nan resepsyon an pap janm ka goute tout manje yo bay yo. Donk, yo ka annik chwazi kèk bagay. Menm jan an tou, si nou pa ka rive li tout piblikasyon elektwonik ki parèt yo, pa dekouraje. Li oswa gade sa w kapab. Kounye a, ann egzamine sa etidye vle di ak fason nou ka byen pwofite etid nou fè yo.

ETIDYE MANDE EFÒ!

8. Ki etap nou ta dwe suiv lè n ap prepare etid Toudegad, e ki byenfè n ap jwenn lè nou fè sa?

8 Pou nou etidye nou bezwen konsantre sou sa n ap li a pou nou kapab aprann yon bagay ki enpòtan. Nou pa annik pase byen vit sou sa nou gen pou nou etidye a epi nou annik souliye repons yo. Pa egzanp, lè n ap prepare etid Toudegad la, toudabò, nou bezwen li pati ki nan kòmansman atik la ki esplike sa nou pral wè yo. Apre sa, egzamine tit atik la, soutit yo ak kesyon revizyon yo. Lè nou fini, byen pran san nou pou nou li atik la. Byen gade fraz ki montre pwen prensipal ki nan paragraf la, an jeneral se premye fraz nan chak paragraf. Byen souvan, fraz sa a ap ede w konprann pwen y ap egzamine nan paragraf la. Pandan w ap li atik la, reflechi sou rapò chak paragraf genyen ak soutit la e ak ide prensipal y ap devlope nan atik la. Note chak mo w pa abitye ak pwen ou ta renmen fè rechèch sou yo pou w pi byen konprann yo.

9. a) Poukisa nou dwe byen egzamine vèsè yo lè n ap prepare Toudegad, e ki jan nou dwe fè sa? b) Jan sa parèt nan Jozye 1:8, ki sa nou dwe fè apre nou fin li vèsè yo?

9 Etid Toudegad yo fè nan reyinyon yo la pou ede nou konprann Bib la. Kidonk, byen egzamine vèsè yo, sitou vèsè yo pral li lè y ap egzamine atik la nan kongregasyon an. Pran bonjan nòt sou rapò mo kle yo oswa ekspresyon ki nan vèsè yo genyen ak ide y ap egzamine nan paragraf la. Mete sou sa, pran tan pou w medite sou vèsè w ap li yo, epi reflechi sou fason w ka aplike yo nan lavi w. — Li Jozye 1:8.

Paran, aprann pitit ou fason pou l etidye. (Gade paragraf 10.) *

10. Selon sa nou aprann nan Ebre 5:14, poukisa paran yo dwe pran tan nan adorasyon an fanmi an pou yo anseye pitit yo fason pou yo etidye e pou yo fè rechèch?

10 Paran yo ta renmen pou adorasyon an fanmi yo fè chak semèn nan enteresan pou pitit yo, e se nòmal. Men, byenke paran yo dwe toujou planifye sa y ap fè nan adorasyon an fanmi an, yo pa bezwen santi yo oblije òganize yon aktivite espesyal oswa prepare yon gwo pwojè chak semèn. Se vre pandan adorasyon an fanmi an yo ka gade pwogram Tele JW pou mwa a oubyen pafwa yo ka travay sou yon pwojè espesyal, tankou fè yon modèl lach Noye a, men li enpòtan tou pou yo anseye timoun yo fason pou yo etidye. Pa egzanp, timoun yo bezwen aprann fason pou yo prepare reyinyon kongregasyon an, oswa fason pou yo fè rechèch sou pwoblèm yo konn rankontre nan lekòl yo. (Li Ebre 5:14.) Si timoun yo pase tan ap etidye sijè biblik lakay yo, y ap ka pi byen konsantre sou sijè y ap egzamine nan reyinyon kongregasyon an, nan asanble yo ak nan kongrè yo, ki ka pa toujou gen videyo ladan yo. Natirèlman, longè chak etid pral depann de laj timoun nan ak pèsonalite l.

11. Poukisa li enpòtan pou nou aprann moun n ap etidye Labib avè yo fason pou yo byen etidye poukont yo?

11 Moun n ap fè etid Labib avè yo bezwen aprann fason pou yo etidye tou. Lè n te fèk kòmanse fè etid yo, nou kontan lè yo annik souliye repons yo lè y ap prepare etid yo oswa reyinyon kongregasyon an. Men, nou bezwen montre moun n ap fè etid avè yo fason pou yo fè rechèch ak fason pou yo byen etidye lè yo poukont yo. Konsa, lè yo gen pwoblèm, olye yo kouri mande lòt moun nan kongregasyon an ede yo, y ap konnen fason pou yo jwenn konsèy k ap itil yo lè yo fè rechèch nan piblikasyon nou yo.

SE POU W GEN YON OBJEKTIF LÈ W AP ETIDYE

12. Ki objektif nou ka genyen lè n ap etidye?

12 Si w se yon moun ki pa renmen etidye, ou gendwa panse w pap janm renmen etidye. Men, ou kapab. Okòmansman, etidye pandan yon ti tan tou kout, epi ogmante kantite tan an ti kras pa ti kras. Se pou w gen yon objektif. Nòmalman, pi gwo objektif nou se ta dwe chèche vin pi pwòch Jewova. Okòmansman nou ka gen objektif pou n reponn yon kesyon yon moun poze oswa pou n fè rechèch sou yon pwoblèm nou genyen.

13. a) Ki sa yon jèn kapab fè pou l defann kwayans li nan lekòl li? b) Ki jan w ka aplike konsèy nou jwenn nan Kolosyen 4:6 la?

13 Pa egzanp, èske w se yon jèn ki lekòl? Tout kondisip ou yo ka kwè nan teyori evolisyon. Ou ta renmen defann ansèyman ki nan Bib la, men petèt ou pa santi w ap kapab fè sa. Donk, ou bezwen fè etid pèsonèl ou sou sijè sa a. Ou ka gen de objektif lè w ap fè sa: 1) chèche konvenk tèt ou se Bondye ki kreye tout bagay e 2) chèche vin pi maton nan defann laverite (Wom. 1:20; 1 Pyè 3:15). Ou ta dwe mande tèt ou: ‘Ki agiman kondisip mwen yo itilize pou yo soutni teyori evolisyon an?’ Apre sa, sèvi ak piblikasyon nou yo pou w fè bonjan rechèch. Ou gendwa wè defann kwayans ou pa t difisil jan w te panse a. Pifò moun kwè nan evolisyon senpleman paske yon moun yo respekte fè yo konnen se laverite. Si w jwenn youn oswa de pwen ou ka pataje avèk yon moun ki sensè k ap poze kesyon, ou ka ede l jwenn yon repons k ap satisfè l. — Li Kolosyen 4:6.

CHÈCHE GEN PLIS ANVI POU W APRANN

14-16. a) Ki sa w ka fè pou w aprann plis bagay sou yon liv nan Bib la ou pa fin byen konnen? b) Toutpandan w ap itilize vèsè yo bay kòm referans yo, esplike fason w ka pi byen konprann liv Amòs la. (Gade kare ki gen tit “ Fè Bib la vin vivan!”)

14 Ann sipoze nou gen pou n egzamine youn nan liv yo rele ti pwofèt yo, petèt youn ou pa fin twò abitye, nan reyinyon kongregasyon an. Premye sa pou w ta fè se chèche byen konnen sou ki sa pwofèt sa a pale nan liv li ekri a. Ki jan w ka rive fè sa?

15 Toudabò, ou bezwen mande tèt ou: ‘Ki sa m konnen sou moun ki te ekri liv la? Ki moun li te ye, ki kote l t ap viv, ki aktivite l t ap fè?’ Fason moun sa a te viv ka ede w konprann rezon ki fè se mo sa yo li itilize oswa se kalite egzanp sa yo li pran. Pandan w ap li Bib la, chèche ekspresyon ki gen rapò ak pèsonalite moun ki te ekri pati sa a.

16 Annapre, w ap twouve li itil pou w chèche konnen nan ki peryòd liv la te ekri. Ou ka fè sa byen fasil lè w al nan “Enfòmasyon sou liv ki nan Bib la” ki pa dèyè nèt nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a. Epitou, ou ka al gade tablo ki bay enfòmasyon sou pwofèt yo ak wa yo nan Apendis A6 la. Si liv w ap etidye nan Bib la se yon liv ki gen pwofesi, li ta bon pou w chèche konnen ki jan bagay yo te ye nan epòk yo te ekri liv sa a. Ki move mantalite oswa abitid moun yo genyen pwofèt la te gen espwa l ap ka ede yo korije? Kiyès ki t ap viv nan menm epòk avè l? Pou w ka gen yon ide konplè, ou ka bezwen fouye nan lòt liv nan Bib la. Pa egzanp, si w bezwen byen konprann sa k te genyen nan epòk pwofèt Amòs t ap viv la, li t ap bon pou w li yon seri vèsè nan liv 2 Wa ak 2 Kwonik ki nan referans yo bay pou Amòs 1:1 an. Anplis de sa, ou ka egzamine sa Oze te ekri nan liv li a, li menm petèt ki t ap viv nan menm epòk ak Amòs. Tout enfòmasyon sa yo ka ede n pi byen konprann epòk Amòs t ap viv la. — 2 Wa 14:25-28; 2 Kwo. 26:1-15; Oze 1:1-11; Amòs 1:1.

VEYE TOUT TI DETAY

17-18. Sèvi ak egzanp ki nan paragraf yo oswa ak egzanp pa w pou w montre etid n ap fè nan Bib la ka vin pi enteresan lè nou veye sou yon seri ti detay.

17 Lè w ap li Bib la, li bon pou w anvi aprann plis. Pa egzanp, ann sipoze w ap li 12yèm chapit nan pwofesi Zakari a, ki te anonse Mesi a t ap gen pou l mouri (Zak. 12:10). Lè w rive nan vèsè 12, ou li “gwoup moun nan fanmi Natan yo” t ap nan gwo lapenn lè Mesi a mouri. Olye w pase byen vit sou detay sa a, ou fè yon poz pou w mande tèt ou: ‘Ki rapò ki genyen ant fanmi Natan ak Mesi a? Èske gen yon mwayen pou m jwenn plis enfòmasyon?’ Ou fè yon ti rechèch. Gen yon referans nan mitan paj la ki voye w nan 2 Samyèl 5:13, 14, kote ki montre Natan se te youn nan pitit gason wa David te genyen yo. Yon dezyèm referans, Lik 3:23, 31, montre Jezi se desandan dirèk Natan ki te zansèt Mari (Gade Toudegad 2016 n3, paj 9.) Menm moman an, ou vin enterese! Ou te konnen yo te anonse Jezi t ap yon desandan David (Mat. 22:42). Men, David te gen plis pase 20 pitit gason. Èske sa pa enteresan pou n wè Zakari te atire atansyon sou fanmi Natan ki te gen rezon nan lapenn nan moman lanmò Jezi?

18 Ann pran yon lòt egzanp. Nan Lik chapit premye, nou li zanj Gabriyèl te vizite Mari e l te anonse l li t ap gen pou l fè yon pitit gason. Men sa l te di l: “L ap vin yon moun enpòtan, y ap rele l Pitit Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. Jewova Dye ap ba li twòn David, papa l. Li va dirije tout kay Jakòb la antanke wa pou toutan.” (Lik 1:32, 33). Nou ka gen tandans ret konsantre sou premye pati mesaj zanj Gabriyèl la, ki fè konnen yo t ap rele Jezi “Pitit Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”. Men, zanj Gabriyèl te anonse tou Jezi t ap gen pou ‘dirije antanke wa’. Donk, n ap mande tèt nou ki sans pawòl zanj Gabriyèl yo te gen pou Mari. Èske l te panse zanj Gabriyèl te vle di Jezi t ap gen pou l pran plas wa Ewòd oubyen l t ap vin wa Izrayèl lè wa Ewòd pa la ankò? Si Jezi te vin wa, Mari t ap manman wa a, donk li t ap rèn, e fanmi l t ap vin viv nan palè wa a. Sepandan, Bib la pa di Mari te pale sou yon bagay konsa ak zanj Gabriyèl, ni nou pa janm wè yon kote yo ekri Mari te mande pou yo mete l nan gwo pozisyon nan Wayòm nan, jan de nan disip Jezi yo te fè sa (Mat. 20:20-23). Detay sa a konvenk nou plis toujou Mari se te yon fi ki te gen anpil imilite!

19-20. Jan sa parèt nan Jak 1:22-25 ak 4:8, ki objektif nou dwe genyen lè n ap etidye?

19 Nou pa dwe bliye sa, lè n ap etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon nou yo, prensipal objektif nou se vin pi pwòch Jewova. Epitou, nou bezwen konnen “ki jan” nou ye e ki chanjman nou bezwen fè pou n fè Bondye plezi. (Li Jak 1:22-25; 4:8.) Chak fwa nou pral kòmanse etidye, nou ta dwe mande Jewova pou l ban nou lespri sen. Nou dwe sipliye l pou l ede n byen pwofite etid la pou n wè tèt nou jan li menm li wè nou.

20 Youn nan moun ki te ekri sòm yo te pale konsènan yon sèvitè fidèl Bondye, li te di: “Li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. [...] L ap reyisi nan tout sa l fè.” (Sòm 1:2, 3). Se pou nou tout vin menm jan ak sèvitè fidèl Bondye sa a!

KANTIK 88 Ede m konn chemen w yo

^ § 5 Jewova ban nou yon pakèt bagay pou nou gade, pou nou li e pou nou etidye. Atik sa a pral ede w wè ki sa pou w etidye e li pral ba w kèk konsèy pratik sou fason pou w byen pwofite etid pèsonèl ou.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Paran k ap montre pitit yo fason pou yo prepare etid Toudegad pou semèn nan.

^ § 63 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap fè rechèch sou pwofèt Amòs, youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la. Imaj ki pa dèyè a montre sou ki sa frè a ap reflechi pandan l ap li istwa ki nan Bib la e pandan l ap medite sou yo.