Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 19

Fason lanmou ak jistis parèt lè gen mechanste ki fèt

Fason lanmou ak jistis parèt lè gen mechanste ki fèt

“Ou pa yon Dye ki pran plezi nan mechanste. Moun ki pa bon pa ka rete bò kote w.” — SÒM 5:4.

KANTIK 142 Annou kenbe esperans nou an fèm

SA NOU PRAL WÈ *

1-3. a) Selon Sòm 5:4-6, ki jan Jewova santi l anrapò ak mechanste? b) Sa k fè nou ka di abi seksyèl sou timoun se yon aksyon ki kontrè nèt ak “lalwa Kris la”?

JEWOVA DYE rayi tout kalite mechanste. (Li Sòm 5:4-6.) Se pa ti rayi li rayi lè moun fè abi seksyèl sou timoun, yon move aksyon ki bay anpil repiyans! Menm jan ak Jewova, nou menm tou antanke Temwen l, nou rayi lè moun fè abi seksyèl sou timoun e nou pa tolere sa nan kongregasyon an. — Wom. 12:9; Ebre 12:15, 16.

2 Kèlkeswa abi seksyèl moun fè sou timoun, se yon aksyon ki kontrè nèt ak “lalwa Kris la”! (Gal. 6:2.) Sa k fè nou ka di sa? Jan nou te aprann sa nan atik ki vin anvan an, lalwa Kris la, sa vle di tout sa Jezi te anseye nan pawòl li ak nan aksyon l, baze sou lanmou e li pèmèt gen jistis. Kòm vrè kretyen yo kite lwa sa a dirije yo, yo aji ak timoun yon fason ki fè timoun yo santi yo byen e ki fè yo santi yo renmen yo toutbon. Men, lè yon moun fè abi seksyèl sou timoun, se yon aksyon ki montre jan l egoyis e se yon enjistis ki fè yon timoun santi pa gen okenn moun k ap pwoteje l e ki renmen l.

3 Malerezman abi seksyèl sou timoun se yon flewo ki gaye nan lemonnantye, e vrè kretyen yo pa epaye anba flewo sa a. Sa k fè sa? Se paske vin gen plis “moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam”, e gen kèk ladan yo ki ka eseye antre nan kongregasyon an (2 Tim. 3:13). Mete sou sa, gen kèk moun ki pran pòz yo fè pati kongregasyon an alòske yo kite yon seri vye dezi lachè anvayi yo, e sa fè yo lage kò yo nan fè abi seksyèl sou timoun. Nou pral pale sou rezon ki fè abi seksyèl sou timoun se yon peche ki grav anpil. Apre sa, nou pral wè sa ansyen yo fè lè yon moun nan kongregasyon an fè yon peche ki grav, tankou lè yon moun fè abi seksyèl sou timoun, ak fason paran yo ka pwoteje pitit yo *.

YON PECHE KI GRAV

4-5. Sa k fè se yon gwo mechanste yo fè yon timoun lè yo fè abi seksyèl sou li?

4 Abi seksyèl sou timoun gen konsekans ki dire anpil tan. Li gen konsekans ni sou timoun ki viktim yo ni sou moun k ap pran swen timoun sa yo, sa gen ladan l manm fanmi yo ak frè ak sè nan kongregasyon an. Abi seksyèl sou timoun se yon peche ki grav.

5 Se yon gwo mechanste yo fè moun ki viktim nan *. Se yon peche sa ye lè yon moun lakòz moun nan lapenn e li fè yo soufri yon fason ki enjis. Jan nou pral wè sa nan atik ki vin apre a, moun ki fè abi seksyèl sou timoun lakòz gwo domaj nan lavi timoun nan. Li trayi konfyans timoun nan e li fè timoun nan pa santi l an sekirite. Nou dwe pwoteje timoun yo kont yon move aksyon konsa, e moun ki viktim move aksyon sa a bezwen konsolasyon ak sipò. — 1 Tes. 5:14.

6-7. Nan ki sans abi seksyèl sou timoun se yon peche kont kongregasyon an e se yon move zak kont otorite Leta yo?

6 Se yon peche kont kongregasyon an. Lè yon moun nan kongregasyon an fè abi seksyèl sou timoun, li sal repitasyon kongregasyon an (Mat. 5:16; 1 Pyè 2:12). Aksyon sa a se yon enjistis kont plizyè milyon kretyen fidèl k ap mennen “yon gwo lit pou lafwa” yo (Jid 3). Nou pa tolere okenn moun nan mitan nou ki fè move aksyon san yo pa repanti e ki sal bèl repitasyon kongregasyon an.

7 Se yon move zak kont otorite Leta yo. Kretyen yo dwe “soumèt devan otorite yo”. (Wom. 13:1.) Nou montre nou soumèt lè nou respekte lwa peyi a kòmsadwa. Si yon moun nan kongregasyon an koupab akoz li vyole lalwa lè l fè yon zak kriminèl, tankou abi seksyèl sou timoun, se yon move zak li fè kont otorite Leta yo. (Konpare ak Travay 25:8.) Se vre ansyen yo pa otorize pou yo fè moun respekte lalwa peyi a, men yo pap pwoteje okenn moun k ap fè abi seksyèl sou timoun pou l pa jwenn pinisyon lalwa prevwa pou move zak li fè a (Wom. 13:4). Moun ki fè move zak la ap rekòlte sa l simen. — Gal. 6:7.

8. Ki jan Jewova konsidere mechanste moun fè moun parèy yo?

8 Sa k pi rèd la, se yon peche kont Bondye (Sòm 51:4). Lè yon moun fè yon lòt moun mechanste, li peche kont Jewova tou. Ann pran yon egzanp nan Lalwa Bondye te bay pèp Izrayèl la. Lalwa te di yon moun ki twonpe pwochen l montre “li pa fidèl devan Jewova”. (Lev. 6:2-4.) Donk, se sèten, lè yon moun nan kongregasyon an fè abi seksyèl sou timoun, li montre li pa fidèl devan Bondye, paske timoun nan te fè l konfyans men li sèvi ak sa pou l twonpe timoun nan, sa ki fè timoun nan pa santi l an sekirite ankò. Moun ki fè aksyon sa a sal non Jewova anpil. Se poutèt sa nou dwe kondane abi seksyèl moun fè sou timoun paske se yon peche grav kont Bondye.

9. Depi plizyè ane, ki enfòmasyon ki baze sou Bib la òganizasyon Jewova a bay, e poukisa?

9 Depi plizyè ane, òganizasyon Jewova a ap bay anpil enfòmasyon ki baze sou Bib la sou kesyon ki gen rapò ak abi seksyèl sou timoun. Pa egzanp, gen atik nan Toudegad ak Reveye n! ki pale sou fason moun ki te viktim abi seksyèl ka fè fas ak gwo dega aksyon sa a fè sou yo nan domèn afektif, fason lòt moun ka ede yo epi ankouraje yo, ak fason paran yo ka pwoteje pitit yo. Ansyen yo resevwa bonjan fòmasyon ki baze sou Bib la pou yo konn sa pou yo fè lè yon moun fè abi seksyèl sou timoun. Òganizasyon an kontinye ap amelyore fason kongregasyon yo dwe jere ka kote gen peche ki gen rapò ak abi seksyèl moun fè sou timoun. Poukisa? Pou yo asire yo fason yo jere kesyon sa yo ann amoni ak lalwa Kris la.

SA ANSYEN YO FÈ LÈ YON MOUN FÈ YON PECHE KI GRAV

10-12. a) Lè ansyen yo ap jere ka kote gen peche grav ki fèt, ki sa yo sonje, e ki objektif prensipal yo genyen? b) Selon Jak 5:14, 15, ki sa ansyen yo fè efò pou yo fè?

10 Lè ansyen yo ap jere ka kote gen peche ki grav, yo sonje lalwa Kris la mande pou yo demontre lanmou pou twoupo a e pou yo fè sa ki dwat ak sa ki jis nan je Bondye. Se sa k fè, yo oblije byen reflechi sou yon pakèt bagay lè yo aprann yon moun fè yon peche ki grav. Objektif prensipal ansyen yo se onore Jewova e pwoteje repitasyon l (Lev. 22:31, 32; Mat. 6:9). Yon lòt bagay ki enpòtan anpil pou yo se ede frè ak sè yo rete pwòch ak Jewova, konsole moun ki viktim move zak yo epi ba yo sipò.

11 Mete sou sa, si moun ki peche a se yon moun ki fè pati kongregasyon an, ansyen yo ap eseye ede l retounen gen bon relasyon ak Jewova si sa posib. (Li Jak 5:14, 15.) Yon kretyen ki kite move dezi anvayi l e ki fè yon peche grav se yon moun ki malad nan domèn espirityèl. Sa vle di li pa gen bon relasyon ak Jewova ankò *. Nan yon sans, nan domèn espirityèl, ansyen yo tankou doktè. Yo fè tout sa yo kapab pou yo fè “moun ki malad la [nan ka sa a, se moun ki peche a] vin anfòm”. Konsèy yo bay ki baze sou Bib la ka ede moun nan retounen gen bon relasyon ak Bondye, men sa ap posib sèlman si moun nan repanti toutbon. — Tra. 3:19; 2 Kor. 2:5-10.

12 Li klè, ansyen yo gen yon gwo responsablite. Yo sansib anpil pou twoupo Bondye konfye yo a (1 Pyè 5:1-3). Yo vle pou frè ak sè yo santi yo an sekirite nan kongregasyon an. Se poutèt sa yo aji vit lè yo aprann gen yon peche grav ki fèt, sa gen ladan l abi seksyèl moun fè sou timoun. Ann egzamine kesyon ki parèt nan kòmansman  paragraf 13,  15 ak  17 yo.

13-14. Èske ansyen yo soumèt anba lwa nan peyi yo ki mande pou yo fè otorite Leta yo konnen lè gen abi seksyèl ki fèt? Esplike.

 13 Èske ansyen yo soumèt anba lwa ki gen nan peyi yo ki mande pou yo fè otorite Leta yo konnen lè yon moun fè abi seksyèl sou timoun? Wi. Nan peyi kote gen lwa sa yo, ansyen yo fè tout sa yo kapab pou yo soumèt anba lwa ki gen nan peyi a ki mande pou yo fè konnen lè yon moun fè abi seksyèl sou timoun (Wom. 13:1). Lwa sa yo pa an kontradiksyon ak lwa Bondye a (Tra. 5:28, 29). Se sa k fè, lè ansyen yo aprann yon bagay konsa, san pèdi tan, yo chèche pran kontak ak biwo filyal la pou yo chèche konnen fason yo ka obeyi sa lalwa mande.

14 Ansyen yo fè moun ki viktim yo ansanm ak paran yo ak lòt moun ki konn sa k te pase a konnen si yo vle yo kapab al pot otorite Leta yo plent pou abi seksyèl ki te fèt la. E si se pou yon moun ki fè pati kongregasyon an y al pot plent lan e apre sa moun nan zòn nan vin konn sa k te pase a? Èske kretyen ki t al pot plent lan dwe santi se li ki lakòz yo sal non Bondye? Non. Se moun ki fè abi seksyèl la ki sal non Bondye.

15-16. a) Selon 1 Timote 5:19, poukisa dwe gen omwen de moun ki temwen sa k te pase a anvan ansyen yo fè yon komite disiplin? b) Ki sa ansyen yo fè lè yo aprann gen yon moun nan kongregasyon an yo di ki fè abi seksyèl sou timoun?

 15 Poukisa ansyen yo nan kongregasyon an bezwen gen omwen de moun ki temwen peche grav ki te fèt la anvan yo fè yon komite disiplin? Se paske se prensip jistis wo nivo ki nan Bib la ki mande sa. Lè yo fè konnen yon moun fè yon peche grav, men moun nan pa admèt sa, anvan ansyen yo fè yon komite disiplin, dwe gen de moun ki te temwen sa k te pase a ki vin fè konn sa. (Det. 19:15; Mat. 18:16; li 1 Timote 5:19.) Èske sa vle di yo dwe jwenn de moun ki te temwen abi seksyèl ki te fèt la anvan y al di otorite yo sa k te pase a? Non. Li pa nesesè pou gen de temwen pou ansyen yo oswa lòt moun pote otorite yo plent lè yo aprann gen yon zak kriminèl ki fèt.

16 Lè ansyen yo aprann gen yon moun nan kongregasyon an yo di ki fè abi seksyèl sou timoun, ansyen yo fè tout sa yo kapab pou yo soumèt anba lwa nan peyi yo ki mande pou yo fè otorite Leta yo konn sa, e apre sa y ap fè demach Bib la mande pou yo fè. Si moun yo di ki fè aksyon an pa admèt li te fè sa yo di a, ansyen yo ap koute temwayaj lòt moun. Si gen omwen de moun ki ka pwouve sa k te pase a, sètadi moun ki pote plent lan ak yon lòt moun ki ka sètifye sa k te pase a oswa ki ka sètifye moun nan te fè abi seksyèl sou lòt timoun, ansyen yo ap fè yon komite disiplin *. Si pa gen yon dezyèm temwen, sa pa vle di moun ki pote plent lan bay manti. Menmsi yo pa jwenn de moun pou pwouve move zak ki te fèt la, ansyen yo rekonèt ka gen yon peche grav ki te fèt ki lakòz lòt moun soufri anpil. Ansyen yo ap kontinye soutni kèlkeswa moun ki ta viktim nan. Mete sou sa, ansyen yo ap kontinye montre yo vijilan pou yo ka pwoteje kongregasyon an kont danje ki ka menase l akoz moun yo di ki fè abi seksyèl sou timoun nan. — Tra. 20:28.

17-18. Esplike ki sa yon komite disiplin fè.

 17 Ki sa yon komite disiplin fè? Ansyen ki fè pati komite a egzamine pou yo wè si moun ki fè peche grav la ka kontinye fè pati kongregasyon an. Ansyen yo pa gen anyen pou yo di nan fason otorite yo ap aplike lalwa. Yo kite otorite yo deside ki pinisyon y ap bay moun ki fè zak kriminèl la. — Wom. 13:2-4; Tit 3:1.

18 Wòl ansyen yo lè y ap patisipe nan yon komite disiplin, se egzamine kesyon ki gen rapò ak relasyon moun nan gen ak Bondye e avèk adoratè parèy li. Yo kite Bib la gide yo pou yo konnen si moun ki fè abi seksyèl la repanti oswa si l pa repanti. Si l pa repanti, y ap eskominye l, e y ap bay yon anons nan kongregasyon an pou fè konnen li pa Temwen Jewova ankò (1 Kor. 5:11-13). Si l repanti, li ka rete nan kongregasyon an. Men, ansyen yo ap fè l konnen petèt li pap janm vin kalifye pou l resevwa okenn privilèj oswa pou l gen okenn responsablite nan kongregasyon an. Etandone ansyen yo enterese anpil nan byennèt timoun yo, yo ka fè yon ti pale an prive ak paran ki gen timoun ki minè nan kongregasyon an sou nesesite pou yo veye kontak pitit yo genyen ak moun sa a. Lè ansyen yo pran dispozisyon sa yo, yo veye pou lòt moun pa konnen kiyès ki te viktim abi seksyèl la.

FASON POU W PWOTEJE PITIT OU

Paran k ap bay pitit yo bonjan enfòmasyon konsènan sèks yon fason pou yo pwoteje yo pou moun pa fè abi seksyèl sou yo. Yo sèvi ak zouti òganizasyon an bay pou yo ede pitit yo. (Gade atik etid n19, paragraf 19-22.)

19-22. Ki sa paran yo ka fè pou yo pwoteje pitit yo? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

19 Kiyès ki gen responsablite pou pwoteje timoun yo pou moun pa fè yo sa ki mal? Se paran yo *. Pitit ou se kado Bondye ba ou, yo se “eritaj Jewova bay”. (Sòm 127:3.) Se responsablite w pou w pwoteje kado sa a. Ki sa w ka fè pou w pwoteje pitit ou pou moun pa fè abi seksyèl sou yo?

20 Premyèman, chèche jwenn enfòmasyon konsènan abi seksyèl. Chèche konn ki kalite moun ki konn fè abi seksyèl sou timoun ak taktik yo itilize pou yo pran timoun yo nan pyèj. Veye sitiyasyon oswa moun ki reprezante yon danje pou pitit ou (Pwo. 22:3; 24:3). Pa bliye, nan pifò ka, moun k ap fè abi seksyèl sou timoun nan se yon moun timoun nan deja konnen e li fè konfyans.

21 Dezyèmman, pale klè ak pitit ou epi mete yo alèz pou yo pale avè w (Det. 6:6, 7). Donk, ou bezwen pran san w pou w koute lè y ap pale avè w (Jak 1:19). Pa bliye, byen souvan timoun yo renka pou yo fè konnen moun fè abi seksyèl sou yo. Yo ka pè pou lòt moun pa kwè sa yo di a, oswa moun ki fè abi seksyèl sou yo a ka fè yo menas pou yo pa di sa. Si w santi gen yon bagay dwòl ki rive, avèk dousè, eseye poze timoun nan kesyon pou w fè l pale. Epi, koute sa l ap di w avèk pasyans.

22 Twazyèmman, bay pitit ou fòmasyon. Pale avèk yo sou kesyon sèks, ba yo enfòmasyon ki apwopriye pou laj yo. Montre yo sa pou yo di ak sa pou yo fè si yon moun eseye manyen yo yon fason ki pa kòrèk. Sèvi ak enfòmasyon òganizasyon Bondye a bay sou fason pou w pwoteje pitit ou. — Gade kare ki gen tit “ Fòme tèt ou epi fòme pitit ou”.

23. Ki jan Temwen Jewova yo konsidere abi seksyèl moun fè sou timoun, e ki kesyon nou pral reponn nan atik ki vin apre a?

23 Antanke Temwen Jewova, nou konsidere abi seksyèl moun fè sou timoun kòm yon peche ki grav e kòm yon gwo zak mechanste. Lefètke se lalwa Kris kongregasyon nou yo suiv, yo pa chèche pwoteje moun ki fè abi seksyèl sou timoun pou anpeche yo peye konsekans peche yo fè a. Men, e si youn nan frè n ak sè n yo te viktim abi seksyèl, ki sa n ka fè pou n ede yo? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa a.

KANTIK 103 Bèje yo se kado Bondye bay

^ § 5 Nan atik sa a nou pral wè fason nou ka pwoteje timoun yo pou yo pa fè abi seksyèl sou yo. Nou pral wè sa ansyen yo fè pou pwoteje kongregasyon an ak fason paran yo ka pwoteje pitit yo.

^ § 3 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Abi seksyèl sou timoun se lè yon granmoun sèvi ak yon timoun pou l satisfè dezi seksyèl li genyen. Sa ka gen ladan l relasyon seksyèl, fè sèks nan bouch oswa fè sèks nan dèyè, karese pati entim, tete oswa dèyè, oubyen lòt aksyon devègonde ki menm jan an. Malgre pifò viktim yo se tifi, yo fè abi seksyèl sou anpil tigason tou. Byenke pifò moun ki fè abi seksyèl yo se gason, gen kèk fi ki fè abi seksyèl sou timoun tou.

^ § 5 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, mo “viktim” nan gen rapò ak yon moun yo te fè abi seksyèl sou li lè l te timoun. Nou sèvi ak mo sa a pou montre aklè yo fè timoun nan soufri e yo pwofite l, e pou montre timoun nan inosan.

^ § 11 Si yon moun fè yon peche grav paske li malad nan domèn espirityèl, sa pa vle di li pa responsab sa l fè a. Jewova ap jije l pou move aksyon l fè a. — Wom. 14:12.

^ § 16 Ansyen yo pap janm mande yon timoun pou l la pandan y ap pale ak moun yo di ki te fè abi seksyèl sou li a. Yon paran oswa yon lòt moun timoun nan fè konfyans ka vin pale ak ansyen yo sou sa timoun nan di yo ki te pase. Konsa, timoun nan pap oblije soufri plis pase sa.

^ § 19 Sa yo di pou paran yo valab tou pou moun ki adopte yon timoun oubyen ki responsab yon timoun ki minè.