Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 21

Pinga nou kite “sajès monn sa a” twonpe nou

Pinga nou kite “sajès monn sa a” twonpe nou

“Sajès monn sa a se bagay moun sòt li ye devan Bondye.” — 1 KOR. 3:19.

KANTIK 98 Se Bondye ki enspire Ekriti yo

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Pawòl Bondye a ban nou?

NOU ka fè fas ak nenpòt difikilte, paske Jewova se Gran Pwofesè nou an (Eza. 30:20, 21). Pawòl li a ban nou tout sa nou bezwen pou nou vin “kalifye nèt” e pou n “vin gen tout sa [nou] bezwen pou [nou] fè tout bon travay”. (2 Tim. 3:17.) Lè nou aplike ansèyman ki nan Bib la nan lavi nou, nou vin gen plis sajès pase moun k ap di nou dwe suiv “sajès monn sa a”. — 1 Kor. 3:19; Sòm 119:97-100.

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Jan nou pral wè sa, byen souvan, sajès monn nan ankouraje nou obeyi dezi lachè nou genyen yo. Se sa k fè nou ka wè l difisil pou nou pa panse e pou nou pa aji menm jan ak moun nan monn nan. Bib la gen bonjan rezon lè l di: “Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm.” (Kol. 2:8). Nan atik sa a, nou pral wè kòman anpil moun te vin aksepte de manti Satan bay. Nan chak ka, nou pral wè poukisa sajès monn nan se bagay moun sòt e nou pral wè fason sajès ki nan Pawòl Bondye a pi bon lontan pase kèlkeswa sa monn nan ofri.

CHANJMAN KI VIN GENYEN NAN FASON MOUN WÈ KESYON MORALITE A

3-4. Ki chanjman ki te vin genyen nan fason moun wè kesyon moralite nan peyi Etazini nan kòmansman 20yèm syèk la?

3 Ozetazini, nan kòmansman 20yèm syèk la, te vin gen yon gwo chanjman nan fason moun wè kesyon moralite a. Anvan sa, te gen anpil moun ki te kwè se sèlman moun ki marye ki gendwa gen relasyon seksyèl, e se pa t yon sijè yo te ka pale devan moun. Men, prensip sa yo te vin pèdi valè e gen yon seri vye ide ki te vin gaye.

4 Ant 1920 ak 1929, te vin gen gwo chanjman nan fason moun nan sosyete a te wè bagay yo. Gen yon moun k ap fè rechèch ki di: “Kit se fim, pyès teyat, chante, liv ak reklam, yo tout te kòmanse gen yon pakèt bagay ladan yo ki gen rapò ak sèks.” Pandan epòk sa a, fason moun yo te danse te fè moun panse ak sèks e moun yo te kòmanse abiye mal. Jan Bib la te anonse sa konsènan dènye jou yo, moun yo t ap “renmen plezi” yon fason ki egzajere. — 2 Tim. 3:4.

Pèp Jewova a pa kite prensip moral deregle ki gen nan monn nan enfliyanse yo. (Gade paragraf 5.) *

5. Depi ane 1960 yo, ki fason moun nan monn nan wè prensip moral yo?

5 Nan ane 1960 yo, te vin gen plis moun k ap viv nan plasaj, te vin gen plis moun ki nan relasyon gason ak gason, fi ak fi, e moun te divòse pou ti krik ti krak. Anpil divètisman te vin plis ap montre sèn kote moun ap fè sèks. Ki konsekans tout bagay sa yo te vin genyen? Gen yon ekriven ki te fè konnen lè moun yo sispann suiv prensip moral yo sa gen anpil move konsekans sou sosyete a. Pa egzanp, gen fanmi ki kraze, fanmi ki gen yon sèl paran, soufrans nan domèn afektif, moun ki esklav pònografi. Maladi moun pran nan fè sèks vin ogmante, pa egzanp sida, e se youn nan bagay ki montre sajès monn nan se bagay moun sòt. — 2 Pyè 2:19.

6. Ki jan fason moun nan monn nan wè kesyon sèks la soutni objektif Satan?

6 Fason moun nan monn nan wè kesyon sèks la soutni objektif Satan. Pa gen dout, li pran plezi wè moun k ap mal sèvi ak kado Bondye bay la, anpalan de sèks, e konsa yo montre yo pa gen okenn respè pou maryaj, ki se yon kado Bondye bay lèzòm (Efe. 2:2). Nonsèlman imoralite seksyèl fè bèl kado Jewova bay pou moun fè pitit la vin lèd, men tou, li ka anpeche moun ki lage kò yo nan bagay sa a gen lavi ki pap janm fini an. — 1 Kor. 6:9, 10.

FASON BIB LA WÈ KESYON MORALITE A

7-8. Ki jan Bib la prezante kesyon sèks la yon fason ki onore nou e ki bon pou nou?

7 Moun k ap suiv sajès monn nan konn pase prensip moral Bib la bay yo nan rizib, yo fè konprann prensip sa yo pa kadre ak reyalite a. Moun sa yo gendwa di: ‘Poukisa Bondye kreye nou ak dezi seksyèl epi pou l di nou pou n pa satisfè dezi sa yo?’ Kesyon sa a baze sou vye kwayans ki fè konprann depi yon moun gen yon dezi li dwe satisfè l. Men, Labib pa wè bagay yo menm jan an. Li onore nou lè l fè nou konnen nou ka chwazi metrize dezi ki pa kòrèk yo (Kol. 3:5). Mete sou sa, Jewova bay lèzòm maryaj kòm kado. Se yon dispozisyon kote yo ka satisfè dezi seksyèl yo genyen yo yon fason ki kòrèk (1 Kor. 7:8, 9). Konsa, yon mari ak madanm ka satisfè dezi seksyèl yo genyen san yo pa gen okenn remò e san kè yo pa sote, bagay ki konn rive byen souvan lè moun ap fè imoralite.

8 Kontrèman ak sajès monn nan, Labib anseye bon fason pou nou wè kesyon sèks la. Li di sèks se yon bagay ki ka fè moun jwenn plezi (Pwo. 5:18, 19). Sepandan, Bib la di: “Chak moun pami nou dwe konnen ki jan pou l gen kontwòl sou pwòp kò l nan sentete ak nan onè, san l pa gen dezi seksyèl san kontwòl, menm jan ak nasyon sa yo ki pa konn Bondye.” — 1 Tes. 4:4, 5.

9. a) Nan kòmansman 20yèm syèk la, ki jan yo te ankouraje pèp Jewova a suiv sajès ki gen anpil valè ki nan Pawòl Bondye a? b) Ki bon konsèy nou jwenn nan 1 Jan 2:15, 16? c) Jan sa parèt nan Women 1:24-27, ki pratik imoral nou dwe fè efò pou nou pa tonbe ladan yo?

9 Nan kòmansman 20yèm syèk la, pèp Jewova a pa t kite ‘moun ki pa gen okenn moralite’ enfliyanse yo ak vye ide y ap gaye (Efe. 4:19). Yo te fè efò pou yo ret atache ak prensip Jewova yo. Toudegad 15 me 1926 (anglè) te fè konnen “yon gason oswa yon fi dwe pwòp nan domèn moral ni nan panse l ni nan aksyon l, sitou anrapò ak moun ki pa menm sèks avè l”. Kèlkeswa jan bagay yo te ye nan monn nan, pèp Jewova a te suiv sajès ki gen anpil valè ki nan Pawòl Bondye a. (Li 1 Jan 2:15, 16.) Se pa ti rekonesans nou genyen pou Pawòl Bondye a! Epitou, nou gen Jewova rekonesans tou poutèt li ban nou manje espirityèl nan bon moman pou ede nou pa suiv sajès monn sa a genyen nan kesyon moralite *. — Li Women 1:24-27.

CHANJMAN KI VIN GENYEN NAN FASON MOUN WÈ TÈT YO

10-11. Ki sa Bib la te avèti nou ki t ap rive nan dènye jou yo?

10 Bib la avèti nou, nan dènye jou yo, moun yo t ap “renmen pwòp tèt yo”. (2 Tim. 3:1, 2.) Nou pa sezi lè nou wè monn nan ap ankouraje moun pou yo wè tèt yo sèlman. Gen yon ansiklopedi ki di pandan ane 1970 yo “yo te vin fè anpil liv pou ede moun yo reyisi lavi yo”. Gen kèk liv “ki ankouraje moun k ap li yo pou yo konnen tèt yo, pou yo aksepte tèt yo jan yo ye a, e pou yo satisfè ak jan yo ye a”. Pa egzanp, ann pran yon deklarasyon ki te parèt nan youn nan liv sa yo: “Se pou w tonbe damou moun ki pi bèl la, ki pi enteresan an e ki pi diy ki egziste a: ou menm.” Liv sa a fè pwopagann pou yon “relijyon kote moun nan ap adore tèt li, kote li chwazi ki konpòtman l ap genyen selon konsyans li ak yon seri lwa li tabli selon sa li wè k ap bon pou li”.

11 Èske sa pa fè w sonje yon bagay? Satan te ankouraje Èv pou l fè yon bagay menm jan an. Li te di Èv li ka “vin menm jan ak Bondye”. (Jen. 3:5.) Jodi a, gen anpil moun ki tèlman pran tèt yo pou yon pakèt afè, yo panse pa gen moun ki ka di yo sa ki byen ak sa ki mal, menm Bondye. Pa egzanp, nou sitou wè atitid sa a nan fason moun yo wè maryaj.

Yon kretyen met enterè lòt moun anvan enterè pa l, sitou enterè moun li marye avè l la. (Gade paragraf 12.) *

12. Ki fason monn nan ankouraje moun wè maryaj?

12 Bib la mande mari ak madanm pou youn onore lòt e pou yo respekte ve yo te fè lè yo t ap marye a. Li ankouraje moun ki marye yo pou yo gen gwo respè pou angajman yo te pran lè yo t ap marye a. Men sa l di: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè.” (Jen. 2:24). Yon lòt bò, moun ki kite sajès monn nan enfliyanse yo ap ankouraje moun yo pou yo wè bagay yo yon lòt jan. Yo fè konprann moun ki marye yo dwe wè tèt yo sèlman. Gen yon liv sou divòs ki fè konnen, “nan kèk seremoni maryaj, yo ranplase ve moun k ap marye yo abitye fè ki di ‘toutotan nou toule de ap viv ansanm’ nan ak yon pwomès ki pi senp, kote yo di ‘toutotan youn renmen lòt’”. Fason vag sa a moun yo konsidere maryaj fè vin gen yon pakèt fanmi ki kraze e sa lakòz yon pil ak yon pakèt pwoblèm nan domèn afektif. Pa gen dout, fason monn nan trete maryaj san respè se bagay moun sòt.

13. Bay youn nan rezon ki fè Jewova rayi moun ki gen ògèy.

13 Bib la di: “Moun ki gen ògèy nan kè yo bay Jewova degoutans.” (Pwo. 16:5). Pou ki rezon Jewova rayi moun ki gen ògèy? Youn nan rezon yo se paske moun ki vin renmen pwòp tèt yo yon fason ki egzajere e ki ankouraje lòt moun fè sa ap vin awogan menm jan ak Satan. Fè yon ti reflechi: Satan te kwè Jezi, sila a Bondye te itilize pou kreye tout bagay la, ta dwe met ajenou devan l pou adore l (Mat. 4:8, 9; Kol. 1:15, 16)! Moun ki bay tèt yo pakèt enpòtans konsa montre aklè sajès monn nan se bagay moun sòt devan Bondye.

SA BIB LA DI SOU ENPÒTANS NOU DWE BAY TÈT NOU

14. Ki jan Women 12:3 ede nou gen ekilib nan fason nou wè tèt nou?

14 Labib ede nou gen ekilib nan fason nou wè tèt nou. Li rekonèt li nòmal pou yon moun renmen tèt li nan yon degre ki apwopriye. Jezi te di pou nou “renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou”, sa ki montre nou dwe enterese ak tèt nou nan yon degre ki rezonab (Mat. 19:19). Men, Bib la pa aprann nou pou nou panse nou pi enpòtan pase lòt moun. Okontrè, li di: “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” — Flp. 2:3; li Women 12:3.

15. Poukisa w kwè konsèy Bib la bay sou fason pou nou wè tèt nou an se yon bon konsèy?

15 Jodi a, anpil moun yo konsidere kòm moun ki gen sajès pase konsèy Bib la bay sou fason pou moun wè tèt yo nan rizib. Yo fè konprann lè w konsidere lòt moun siperyè w ou ka vin san defans e lòt moun ka eksplwate w. An reyalite, ki rezilta sa bay lè monn Satan an ap ankouraje moun konsantre sou pwòp tèt yo? Ki sa w remake? Èske moun ki egoyis yo gen kè kontan? Èske fanmi yo ap viv ak kè kontan? Èske yo gen bon zanmi? Èske yo gen bon relasyon ak Bondye? Dapre sa w wè, ki sa k bay pi bon rezilta: suiv sajès monn nan oswa suiv sajès nou jwenn nan Pawòl Bondye a?

16-17. Pou ki bagay nou ka gen rekonesans, e poukisa?

16 Moun k ap suiv konsèy moun monn nan konsidere kòm moun ki saj sanble ak yon moun ki pa konn yon zòn k ap mande yon lòt moun ki pa konn zòn nan ki kote pou l fè, alòske yo toude pèdi. Men sa Jezi te di konsènan moun ki te swadizan gen sajès nan epòk li a: “Yo se yon bann gid je pete. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo toule de ap tonbe nan twou.” (Mat. 15:14). Vrèmanvre, sajès monn sa a se bagay moun sòt devan Bondye.

Sèvitè Bondye yo satisfè lè y ap reflechi ak tan yo pase nan sèvis Jewova. (Gade paragraf 17.) *

17 Konsèy saj ki nan Bib la toujou “itil pou anseye, pou reprimande, pou korije, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis”. (2 Tim. 3:16, nòt.) Se pa ti rekonesans nou kapab genyen lefètke Jewova sèvi ak òganizasyon l lan pou l pwoteje nou kont sajès monn sa a (Efe. 4:14)! Manje li bay nan domèn espirityèl la ban nou fòs nou bezwen pou nou rete atache ak prensip ki nan Pawòl li a. Ala yon gwo privilèj nou genyen pou nou kite sajès san parèy nou jwenn nan Bib la gide nou!

KANTIK 54 “Men chemen an”

^ § 5 Atik sa a ap ede nou vin gen plis konviksyon se Jewova sèl ki kapab ban nou bonjan direksyon. Epitou, l ap montre lè yon moun suiv sajès monn nan, sa gen move konsekans, alòske lè yon moun suiv sajès ki nan Pawòl Bondye a, sa bon pou li anpil.

^ § 50 ESPLIKASYON SOU FOTO: N ap gade kèk moman nan lavi yon mari ak madanm ki Temwen. Frè a ak sè a ap preche nan fen ane 1960 yo.

^ § 52 ESPLIKASYON SOU FOTO: Annapre, nan ane 1980 yo, mari a ap pran swen madanm nan ki malad pandan pitit fi yo ap gade.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jodi a, mari a ak madanm nan ap gade kèk bèl souvni ki fè yo sonje moman yo te pase nan sèvis Jewova a. Pitit fi yo a ak fanmi pa l ki kontan avèk yo nan moman sa a.