TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Me 2020

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 6 jiyè rive 2 out 2020.

“Wa nò a” nan tan lafen an

Atik etid n19: Semèn 6-12 jiyè 2020. Jodi a, nou wè prèv ki montre pwofesi Dànyèl te bay konsènan “wa nò a” ak “wa sid la” kontinye akonpli. Sa k fè nou gen asirans sa a? E poukisa nou bezwen konprann detay sou pwofesi sa a?

De wa ki opoze nan tan lafen an

Pwofesi sou “wa nò a” ak “wa sid la” ap akonpli ansanm ak lòt pwofesi. Ki jan pwofesi sa yo montre talè konsa sistèm sa a pral detwi?

Kiyès ki “wa nò a” jodi a?

Atik etid n20: Semèn 13-19 jiyè 2020. Kiyès ki “wa nò a” jodi a e ki jan l ap detwi? Lè nou konn repons kesyon sa yo sa ka ranfòse lafwa nou e sa ka ede nou prepare pou eprèv nou pral jwenn talè konsa.

Èske w apresye kado Bondye ban nou yo?

Atik etid n21: Semèn 20-26 jiyè 2020. Atik sa a pral ede nou gen Jewova plis rekonesans e l ap ede nou plis apresye kèk nan kado li ban nou yo. L ap ede nou tou pou nou rezone ak moun ki pa fin kwè Bondye egziste.

Ann montre nou gen rekonesans pou bagay moun pa wè yo

Atik etid n22: Semèn 27 jiyè–2 out 2020. Nan premye atik la nou te pale sou divès trezò moun ka wè Bondye bay. Atik sa a pral konsantre sou trezò nou pa ka wè ak fason nou ka montre nou gen rekonesans pou yo. L ap fè nou gen Jewova, Sila a ki bay trezò sa yo, plis rekonesans.