Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 22

Ann montre nou gen rekonesans pou bagay moun pa wè yo

Ann montre nou gen rekonesans pou bagay moun pa wè yo

“Kite je nou fikse sou bagay moun pa wè [...]. Paske, bagay moun wè yo la pou yon ti tan, men bagay moun pa wè yo la pou toutan.” — 2 KOR. 4:18.

KANTIK 45 Meditasyon mwen fè nan kè m

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Jezi te di konsènan trezò ki nan syèl la?

SE PA tout trezò moun ka wè. Anfèt, trezò ki gen plis valè yo se bagay moun pa wè. Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te pale de yon seri trezò ki nan syèl la ki gen plis valè lontan pase byen materyèl. Apre sa, men sa l te di: “Kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou.” ​(Mat. 6:19-21). Kè nou ap pouse nou chèche bagay nou konsidere tankou trezò oswa nou bay anpil valè. Nou anpile “trezò nan syèl la” lè nou chèche gen yon bèl non oswa yon bon repitasyon devan Bondye. Selon sa Jezi esplike, yo pap janm ka ni detwi trezò konsa ni vòlè yo.

2. a) Selon 2 Korentyen 4:17, 18, sou ki sa Pòl ankouraje nou pou nou kite je nou fikse? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

2 Apot Pòl ankouraje nou pou nou “kite je nou fikse sou bagay moun pa wè”. (Li 2 Korentyen 4:17, 18.) Bagay sa yo moun pa wè se yon seri trezò ki gen ladan l benediksyon nou pral jwenn nan monn nouvo Bondye a. Nan atik sa a, nou pral egzamine kat trezò moun pa wè nou ka jwi depi kounye a: vin zanmi Bondye, lapriyè ki se yon kado, èd lespri sen Bondye ak èd nou jwenn nan men Jewova ak Jezi ansanm ak zanj yo nan travay predikasyon an. Nou pral pale tou sou fason nou ka montre nou gen rekonesans pou trezò sa yo moun pa wè.

NOU KAPAB VIN ZANMI JEWOVA

3. Ki trezò moun pa wè ki gen plis valè, e ki jan sa fè posib?

3 Trezò moun pa wè ki gen plis valè a se vin zanmi Jewova Dye (Sòm 25:14). Ki jan l fè posib pou Bondye zanmi moun ki enpafè toutpandan li menm li rete sen nèt? Li ka fè sa paske sakrifis ranson Jezi a “retire peche monn nan” anpalan de peche lèzòm (Jan 1:29). Jewova te deja konnen objektif li genyen pou l voye yon Sovè vin delivre limanite a pap echwe. Se poutèt sa Bondye te ka vin zanmi yon seri moun ki t ap viv sou tè a anvan Kris te mouri. — Wom. 3:25.

4. Bay egzanp kèk moun ki te vin zanmi Bondye anvan Jezi te vin sou tè a.

4 Ann pran egzanp kèk moun ki te vin zanmi Bondye anvan Jezi te vin sou tè a. Abraram se te yon moun ki te gen yon gwo lafwa. Plis pase 1 000 an apre lanmò Abraram, Jewova te rele l “zanmi m”. (Eza. 41:8.) Donk, menm lanmò pa ka separe Jewova ak bon zanmi l yo. Abraram vivan nan memwa Jewova (Lik 20:37, 38). Yon lòt egzanp se Jòb. Jewova te fè konnen li gen konfyans nan Jòb devan yon pakèt zanj ki te reyini nan syèl la. Jewova te di Jòb se “yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal”. (Jòb 1:6-8.) E ki jan Jewova te konsidere Dànyèl ki te sèvi l fidèlman pandan anviwon 80 an nan yon peyi kote moun yo pa t adore Jewova? An twa fwa, gen zanj ki te bay Dànyèl, ki te yon granmoun, asirans li “gen anpil valè” pou Bondye (Dàn. 9:23; 10:11, 19). Nou mèt sèten se pa ti tann Jewova ap tann jou li pral resisite zanmi l li renmen anpil yo ki mouri. — Jòb 14:15.

Ki fason nou ka montre nou gen rekonesans pou trezò moun pa wè yo? (Gade paragraf 5.) *

5. Ki sa yon moun dwe fè pou l vin bon zanmi Jewova?

5 Ki kantite moun enpafè ki bon zanmi Jewova jodi a? Gen plizyè milyon. Nou konn sa paske gen anpil gason ak fi ak timoun sou tout tè a ki montre nan aksyon yo yo vle zanmi Bondye. Jewova “bon zanmi ak moun ki dwat”. (Pwo. 3:32.) Li posib pou yo vin zanmi Bondye paske yo met lafwa yo nan sakrifis ranson Jezi a. Grasa sakrifis sa a, Jewova ki gen bonte pèmèt nou vwe l lavi nou epi batize. Lè nou suiv etap enpòtan sa yo, nou vin fè pati plizyè milyon kretyen ki vwe lavi yo e ki batize ki vin “bon zanmi” Sila a ki pi enpòtan nan linivè a!

6. Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou relasyon nou gen ak Bondye a?

6 Ki jan nou ka montre nou bay relasyon nou gen ak Bondye a anpil valè? Menm jan ak Abraram ak Jòb, ki te rete fidèl ak Bondye pandan plis pase santan, nou dwe rete fidèl, kèlkeswa kantite ane nou genyen depi n ap sèvi Jewova nan sistèm sa a ki la depi lontan an. Menm jan ak Dànyèl, nou dwe bay relasyon nou gen ak Bondye a plis valè pase lavi nou (Dàn. 6:7, 10, 16, 22). Grasa èd Jewova, nou ka andire nenpòt eprèv nou jwenn epi pou n kontinye ret bon zanmi l. — Flp. 4:13.

LAPRIYÈ SE YON KADO

7. a) Selon Pwovèb 15:8, ki jan Jewova santi l lè n priye l? b) Ki jan Jewova reponn priyè nou yo?

7 Lapriyè se yon lòt trezò moun pa wè. Moun ki bon zanmi renmen di youn lòt sa yo panse ak sa yo santi. Èske se menm bagay la tou pou nou menm ki zanmi Jewova? Wi! Jewova pale avèk nou pa mwayen Pawòl li a, e grasa Pawòl sa a li fè nou konnen sa l panse ak sa l santi. Nou pale avè l pa mwayen lapriyè e nou ka fè l konnen panse ak santiman ki pi pwofon nou genyen yo. Jewova pran plezi koute priyè nou yo. (Li Pwovèb 15:8.) Antanke yon Zanmi ki renmen nou, nonsèlman Jewova koute priyè nou, men tou li reponn yo. Pafwa li reponn byen vit. Gen lòt lè nou ka bezwen kontinye priye l pou yon bagay. Menm lè sa a, nou ka gen konfyans l ap reponn nan moman l dwe reponn nan e pi bon fason an. An reyalite, Bondye ka reponn nou yon fason nou pa t ap atann. Pa egzanp, olye l retire yon eprèv n ap sibi, li ka ban nou sajès ak fòs “pou nou ka andire l”. — 1 Kor. 10:13.

(Gade paragraf 8.) *

8. Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou lapriyè ki se yon kado?

8 Ki jan nou ka montre rekonesans pou lapriyè ki se yon kado ki gen anpil valè? Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou koute konsèy Bondye ban nou pou nou “priye toutan”. (1 Tes. 5:17.) Jewova pa fòse nou priye. Okontrè, li respekte libète nou genyen pou nou deside a e li ankouraje nou pou nou “pèsevere nan lapriyè”. (Wom. 12:12.) Donk, nou ka montre nou gen rekonesans lè nou priye souvan chak jou. An reyalite, nou dwe di Jewova mèsi lè n ap priye l epi fè louwanj pou li. — Sòm 145:2, 3.

9. Ki jan yon frè konsidere lapriyè, e ki jan ou menm ou konsidere l?

9 Plis nou gen lontan depi n ap sèvi Jewova e nou wè fason li reponn priyè n, se plis nou ta dwe gen rekonesans pou lapriyè. Ann pran egzanp Chris, yon frè ki gen 47 an nan sèvis aplentan. Men sa l di: “Mwen pran plezi leve granmmaten pou m priye Jewova. M santi m byen lè m ap pale ak Jewova nan moman premye reyon solèy la fè ti gout lawouze yo klere! Sa pouse m di l mèsi pou tout kado l ban m yo, sa gen ladan l lapriyè ki se yon privilèj. Epi, lè m fin priye nan fen jounen an, ala sa bon pou m al dòmi ak yon konsyans ki klè.”

LESPRI SEN SE YON KADO

10. Poukisa nou dwe konsidere lespri sen Bondye tankou yon trezò?

10 Fòs Bondye itilize pou l aji a se yon lòt kado moun pa wè nou dwe konsidere tankou yon trezò. Jezi ankouraje nou pou nou kontinye priye pou nou mande Bondye lespri sen (Lik 11:9, 13). Jewova sèvi ak lespri l pou l ban nou “pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Kor. 4:7; Tra. 1:8.) Grasa lespri Bondye, nou ka fè fas ak nenpòt eprèv nou jwenn.

(Gade paragraf 11.) *

11. Ki jan lespri sen ka ede nou?

11 Lespri sen ka ede nou byen fè travay nou nan sèvis n ap bay Bondye a. Lespri Bondye ka ogmante talan ak kapasite nou genyen. Li ede nou akonpli responsablite nou genyen antanke kretyen. An reyalite nou konnen tout bon rezilta nou jwenn nan sèvis Bondye, se pa grasa fòs pa nou, men se grasa èd lespri Bondye.

12. Selon Sòm 139:23, 24, ki sa nou ka mande Jewova pou lespri sen ede nou fè?

12 Yon lòt fason nou ka montre nou konsidere lespri sen Bondye tankou yon trezò se lè nou mande Jewova pou l ede nou rive wè move panse oswa move dezi nou ta gen nan kè nou. (Li Sòm 139:23, 24.) Lè nou fè yon priyè konsa, Jewova ka sèvi ak lespri l pou l ede nou rive wè move panse oswa move tandans nou genyen. Si nou vin wè nou gen yon move panse oswa yon move dezi, nou dwe priye pou nou mande Bondye lespri sen pou l ban nou fòs pou nou reziste kont yon panse oswa yon dezi konsa. Lè sa a, n ap montre nou pran detèminasyon pou n evite fè nenpòt bagay ki ka fè Jewova sispann ban nou lespri sen pou ede nou. — Efe. 4:30.

13. Ki jan nou ka vin gen plis rekonesans pou lespri sen?

13 Nou ka vin gen plis rekonesans pou lespri sen lè nou reflechi sou sa lespri sa a reyalize jodi a nan epòk nou an. Anvan Jezi monte nan syèl la, li te di disip li yo: “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen [...] jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” ​(Tra. 1:8). Pawòl sa yo ap akonpli yon fason estrawòdinè jodi a. Grasa èd lespri sen, gen anviwon uit milyon edmi adoratè Jewova ki rasanble sou tout kò tè a. Mete sou sa, antanke moun k ap sèvi Bondye, nou fòme yon fanmi ki ini e ki anpè paske lespri Bondye ede nou vin gen yon seri bèl kalite, tankou lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè ak metriz. Kalite sa yo se “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Lespri sen se vrèman yon kado ki gen anpil valè!

JEWOVA AK JEZI AK ZANJ YO AP EDE N NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

14. Ki èd moun pa wè nou jwenn lè n ap preche?

14 “Travay ansanm ak” Jewova ak pati òganizasyon l lan ki nan syèl la se yon trezò moun pa wè (2 Kor. 6:1). Nou fè sa chak fwa nou patisipe nan travay fè disip la. Men sa Pòl te di anpalan de li menm ak lòt moun k ap patisipe nan travay sa a: “Nou se konpayon travay Bondye.” ​(1 Kor. 3:9). Lè nou patisipe nan travay predikasyon an, nou menm tou nou se konpayon travay Jezi. N ap sonje, lè Jezi te fin mande disip li yo pou yo “fè disip pami moun tout nasyon”, li te di yo: “Mwen avèk nou.” ​(Mat. 28:19, 20). Ki sa n ka di konsènan zanj yo? Se yon gwo benediksyon pou nou jwenn direksyon nan men zanj yo pandan n ap bay “yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou [...] moun ki abite sou tè a”! — Rev. 14:6.

15. Bay yon egzanp nan Bib la ki montre gwo wòl Jewova jwe nan travay predikasyon an.

15 Ki sa ki akonpli grasa èd nou jwenn ki sot nan syèl la? Pandan n ap simen mesaj Wayòm nan, gen kèk grenn ki tonbe nan bon kè e ki grandi (Mat. 13:18, 23). Kiyès ki fè grenn verite sa yo grandi epi bay fwi? Jezi te fè konnen pa gen yon moun ki ka vin disip li si “Papa [l] pa rale [moun sa a] vini”. (Jan 6:44.) Bib la bay yon egzanp sou sa. Sonje lè Pòl t al preche gwoup medam ki te pa deyò vil Filip la. Men sa Bib la di sou youn nan medam sa yo, yon dam ki te rele Lidi: “Jewova te ouvri kè l byen laj pou l koute sa Pòl t ap di yo.” ​(Tra. 16:13-15). Menm jan ak Lidi, gen plizyè milyon lòt moun Jewova rale vini.

16. Kiyès ki dwe jwenn glwa lè nou jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an?

16 Kiyès ki fè nou jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an? Pòl bay repons kesyon sa a nan yon pawòl li te ekri konsènan kongregasyon Korent lan. Men sa l te di: “Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè sa k plante a grandi. Konsa, se pa ni moun ki plante a, ni moun ki wouze a ki yon bagay, men se Bondye ki fè l grandi a.” ​(1 Kor. 3:6, 7). Menm jan ak Pòl, nou dwe toujou bay Jewova glwa lè nou jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an.

17. Kòman nou ka montre nou gen rekonesans pou privilèj nou genyen pou nou “travay ansanm ak” Bondye ak Kris ansanm ak zanj yo?

17 Kòman nou ka montre nou gen rekonesans pou privilèj nou genyen pou nou “travay ansanm ak” Bondye ak Kris ansanm ak zanj yo? Nou ka fè sa lè nou montre nou chofe pou nou chèche okazyon pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Nou ka fè sa plizyè fason, pa egzanp lè nou bay temwayaj “ni an piblik ni kay an kay”. (Tra. 20:20.) Gen anpil moun ki renmen bay temwayaj enfòmèl. Lè yo rankontre yon moun yo pa konnen, yo salye l yon fason ki amikal e yo eseye kòmanse yon konvèsasyon avè l. Si moun nan byen reyaji, yo fè yon jan pou yo ba l mesaj Wayòm nan.

(Gade paragraf 18.) *

18-19. a) Ki jan nou wouze grenn verite yo? b) Rakonte yon eksperyans ki montre jan Jewova te ede yon etidyan Labib.

18 Antanke “konpayon travay Bondye”, nonsèlman nou dwe plante grenn verite yo, men nou dwe wouze yo tou. Lè yon moun montre li enterese, nou vle fè tout sa nou kapab pou nou retounen vizite l oswa nou fè aranjman pou yon lòt moun kontakte l pou kòmanse yon etid Labib avè l. Toutpandan etid la ap pwogrese, n ap kontan wè fason Jewova ap ede etidyan Labib sa a chanje fason l panse ak fason l te wè bagay yo.

19 Ann pran egzanp Raphalalani ki te ougan ann Afrik disid. Li te renmen sa l t ap aprann nan etid Labib la. Men, li te difisil pou l aksepte sa Pawòl Bondye a di sou kesyon pale ak zansèt yo ki mouri (Det. 18:10-12). Ofiramezi, li te kite Pawòl Bondye a chanje fason l panse. Rive yon lè, li te kite travay li t ap fè kòm ougan an, malgre se sa l te konn fè pou l viv. Kounye a Raphalalani gen 60 an. Men sa l di: “Mwen gen Temwen Jewova yo anpil rekonesans poutèt yo te soutni m divès fason pandan tout ane sa yo, pa egzanp, yo te ede m jwenn travay. Mwen gen Jewova plis rekonesans toujou dèske l te ede m pwòpte lavi m e sa pèmèt mwen patisipe nan travay predikasyon an antanke yon Temwen batize.”

20. Ki sa w pran detèminasyon pou w fè?

20 Nan atik sa a, nou te pale sou kat trezò moun pa wè. Pi gwo a se privilèj nou genyen pou nou gen Jewova kòm pi bon Zanmi nou. Sa pèmèt nou jwenn lòt trezò moun pa wè yo, tankou privilèj pou nou priye Jewova, pou nou benefisye èd lespri sen l e pou nou resevwa èd Jewova ak Jezi ak zanj yo nan travay predikasyon an. Annou pran detèminasyon pou nou montre plis rekonesans pou trezò sa yo moun pa wè. E annou pa janm sispann di Jewova mèsi lefètke li se yon bon Zanmi.

KANTIK 145 Bondye pwomèt yon paradi

^ § 5 Nan atik ki vin anvan an, nou te pale sou plizyè trezò Bondye ban nou e nou ka wè. Atik sa a pral atire atansyon nou sou trezò nou pa ka wè ak fason nou ka montre nou gen rekonesans pou yo. Mete sou sa, li pral ede nou gen plis rekonesans pou Jewova Dye, Sila a ki ban nou trezò sa yo.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: 1) Toutpandan yon sè ap pran plezi gade kreyasyon Jewova a, l ap medite sou relasyon l ak Jewova.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: 2) Menm sè sa a mande Jewova pou l ba l fòs pou l bay temwayaj.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: 3) Lespri sen ede sè sa a pou l gen kouraj pou l bay mesaj Wayòm nan yon fason enfòmèl.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: 4) Sè sa a kondui yon etid biblik avèk moun li te bay temwayaj enfòmèl la. Sè a rive fè travay predikasyon an ak travay fè disip la grasa èd zanj yo.