Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

De wa ki opoze nan tan lafen an

De wa ki opoze nan tan lafen an

Pwofesi ki nan tablo sa a pale konsènan evènman ki rive anmenmtan. Yo tout montre n ap viv nan “tan lafen an”. — Dàn. 12:4.

  • Vèsè Rev. 11:7; 12:13, 17; 13:1-8, 12

    Pwofesi “Bèt sovaj” la ap vire won sou tè a depi plizyè santèn ane. Nan tan lafen an, setyèm tèt li a blese. Annapre, tèt sa a geri e “tout moun sou tè a” suiv bèt la. Satan sèvi ak bèt sa a pou l “fè lagè ak rès” moun ki rete yo.

    Akonplisman Apre Delij la, lèzòm te tabli gouvènman ki opoze ak Jewova. Plizyè syèk apre sa, pandan Premye Gè mondyal la, anpi Grann Bretay la te vin pèdi anpil fòs. Li te retounen anfòm ankò lè Etazini te vin fè alyans avè l. Sitou nan tan lafen an, Satan sèvi ak tout sistèm politik li a pou l pèsekite pèp Bondye a.

  • Vèsè Dàn. 11:25-45

    Pwofesi Wa nò a ak wa sid la opoze youn ak lòt nan tan lafen an.

    Akonplisman Almay fè lagè ak Pisans anglo-ameriken an. An 1945 Inyon sovyetik ak patizan l yo te vin tounen wa nò a. An 1991, Inyon sovyetik kraze, e rive yon lè, Larisi ak patizan l yo vin tounen wa nò a.

  • Vèsè Eza. 61:1; Mal. 3:1; Lik 4:18

    Pwofesi Jewova voye “mesaje” l la pou “prepare yon chemen” anvan Wayòm Mesi a tabli. Gwoup moun sa yo te kòmanse “anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la”.

    Akonplisman Depi ane 1870 yo, Charles Taze Russell ak kolaboratè l yo te etidye Labib anpil pou yo ka konnen ki sa l anseye toutbonvre. Pandan ane 1880 yo, yo te vin konprann li vrèman enpòtan pou sèvitè Bondye yo patisipe nan travay predikasyon an. Yo te pibliye yon seri atik tankou “N ap chèche 1 000 pwoklamatè” ak “Bondye chwazi nou pou nou preche”.

  • Vèsè Mat. 13:24-30, 36-43

    Pwofesi Gen yon ènmi ki simen move zèb nan yon jaden ble. Yo kite move zèb yo grandi e move zèb yo kouvri ble a jiskaske peryòd rekòt la rive. Lè sa a, yo separe move zèb yo ak ble a.

    Akonplisman Apati fen ane 1800 yo, diferans ki gen ant vrè kretyen yo ak fo kretyen yo kòmanse parèt aklè. Pandan tan lafen an, yo rasanble vrè kretyen yo e yo separe yo ak fo kretyen yo.

  • Vèsè Dàn. 2:31-33, 41-43

    Pwofesi Pye ki fèt ak fè ak ajil yo se pye yon estati ki fèt ak divès kalite metal.

    Akonplisman Ajil la reprezante moun nan pèp la ki anba dominasyon Grann Bretay ak Etazini ki pa dakò ak gouvènman sa yo. Moun sa yo fè l difisil pou pisans mondyal sa a aji avèk fòs tankou fè.

  • Vèsè Mat. 13:30; 24:14, 45; 28:19, 20

    Pwofesi Yo ranmase “ble a” met nan “depo” epi yo met “esklav fidèl ki prevwayan an” responsab “sèvitè” yo. Yo kòmanse preche “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan sou tout tè a”.

    Akonplisman An 1919, yo met esklav fidèl la responsab pèp Bondye a. Apati epòk sa a, Etidyan Labib yo ogmante travay predikasyon y ap fè a. Jodi a, Temwen Jewova yo preche nan plis pase 200 peyi e yo fè piblikasyon ki baze sou Bib la nan plis pase 1 000 lang.

  • Vèsè Dàn. 12:11; Rev. 13:11, 14, 15

    Pwofesi Yon bèt sovaj ki gen de kòn di moun ki abite sou tè a pou yo fè “yon estati pou bèt sovaj” la, e li bay “estati [a] souf”.

    Akonplisman Pisans mondyal anglo-ameriken an pran latèt lè y ap kreye Sosyete Nasyon yo. Gen plizyè lòt nasyon k ap soutni òganizasyon sa a. Finalman, wa nò a vin fè pati Sosyete Nasyon yo tou, men se nan peryòd soti 1926 rive 1933 sèlman. Yo bay Sosyete Nasyon yo yon louwanj sèl Wayòm Bondye a merite, menm jan yo fè sa pou Nasyonzini annapre.

  • Vèsè Dàn. 8:23, 24

    Pwofesi Yon wa ki move anpil “fè ravaj yon fason ki terib”.

    Akonplisman Pisans mondyal anglo-ameriken an fè gwo ravaj. Pa egzanp, pandan Dezyèm Gè mondyal la, Etazini te lakòz gwo ravaj moun potko janm wè anvan sa lè l te lage de bonm atomik sou yon nasyon ki ènmi Grann Bretay ak Etazini.

  • Vèsè Dàn. 11:31; Rev. 17:3, 7-11

    Pwofesi Bèt ki gen koulè “wouj vif” ki gen dis kòn nan monte sot nan twou san fon an e li se yon uityèm wa. Liv Dànyèl la pale konsènan wa sa a antanke “bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an”.

    Akonplisman Sosyete Nasyon yo vin pa ka fè anyen pandan Dezyèm Gè mondyal la. Apre gè a, yo “mete” Nasyonzini an “plas”. Menm jan ak Sosyete Nasyon yo ki te la anvan, yo bay Nasyonzini yon glwa ki pou Wayòm Bondye a. Nasyonzini pral atake relijyon yo.

  • Vèsè 1 Tes. 5:3; Rev. 17:16

    Pwofesi Nasyon yo deklare “Lapè! Sekirite!” e “dis kòn” yo ak “bèt sovaj la” atake “pwostitye a” e yo detwi l. Apre sa, nasyon yo detwi.

    Akonplisman Nasyon yo ka fè konnen yo rive met lapè ak sekirite. Apre sa, nasyon k ap soutni Nasyonzini yo detwi òganizasyon fo relijyon yo genyen yo. Sa ap montre gwo tribilasyon an kòmanse. Tribilasyon sa a ap fini lè tout sistèm ki fè pati monn nan detwi nan Amagedon.

  • Vèsè Eze. 38:11, 14-17; Mat. 24:31

    Pwofesi Gòg anvayi peyi kote pèp Bondye a ye a. Apre sa, zanj yo rasanble “moun Bondye chwazi yo”.

    Akonplisman Wa nò a, ansanm ak rès gouvènman ki nan monn nan, atake pèp Bondye a. Yon ti tan apre kòmansman atak sa a, rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo rasanble nan syèl la.

  • Vèsè Eze. 38:18-23; Dàn. 2:34, 35, 44, 45; Rev. 6:2; 16:14, 16; 17:14; 19:20

    Pwofesi “Moun ki chita” sou yon “cheval blan” an fin “pote laviktwa” lè l detwi Gòg ak lame l la. Yo lage “bèt sovaj la” “nan letan dife” a, e yo kraze gwo estati a.

    Akonplisman Jezi, Wa k ap dirije nan Wayòm Bondye a, vin delivre pèp Bondye a. Li menm ansanm ak 144 000 moun k ap dirije ansanm avè l yo ak lame zanj li yo detwi nasyon yo ki mete tèt yo ansanm, anpalan de tout sistèm politik Satan an.