Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Dousè: Sa k fè li bon pou n gen kalite sa a?

Dousè: Sa k fè li bon pou n gen kalite sa a?

Men sa Sara * di: “Mwen se yon moun ki timid, e m pa vrèman kwè nan tèt mwen. Donk, mwen pa santi m alèz lè m ak moun ki twò kwè nan tèt yo e ki agresif. Men, mwen santi m byen lè m bò kot moun ki gen dousè ak imilite. Mwen ka santi m alèz pou m pale ak moun konsa, pou m fè konn sa m santi e pou m pale de pwoblèm mwen. Se konsa pi bon zanmi m yo ye.”

Sa Sara di yo montre lè nou gen dousè sa atire lòt moun. Lè nou gen dousè, sa fè Jewova plezi tou. Men konsèy Pawòl li a ban nou: “Se pou nou abiye nou ak [...] dousè.” ​(Kol. 3:12). Ki sa dousè ye? Ki jan Jezi te montre li gen dousè? E ki jan kalite sa a ka fè nou gen plis kè kontan nan lavi nou?

KI SA DOUSÈ YE?

Dousè se yon kalite yon moun genyen lè l renmen lapè. Yon moun ki gen dousè aji ak lòt moun yon fason ki janti e avèk bonte, e li kapab fè fas ak pwoblèm li gen nan lavi a toutpandan li rete kalm e li kenbe metriz li.

Dousè se pa yon feblès, okontrè! Yo te konn sèvi ak mo grèk lè yo tradui l yo mete “dousè” pou li a pou pale de yon cheval sovaj yo rive donte. Cheval la toujou gen fòs, men, avèk pasyans, yo antrene l pou l kontwole fòs li genyen an. Menm jan an tou, lè nou aji avèk dousè, nou donte tandans natirèl nou genyen ki konn fè n aji san kontwòl e nou rive viv anpè ak lòt moun.

Nou gendwa di tèt nou: ‘Mwen pa yon moun ki gen dousè tou natirèlman.’ N ap viv nan yon monn kote anpil moun montre yo agresif e yo pa gen pasyans. Se sa k fè nou ka twouve l difisil pou nou aji avèk dousè (Wom. 7:19). Donk, sa mande efò pou nou vin gen dousè, men lespri sen Jewova ap ede n nan efò n ap fè pou nou rive gen kalite sa a (Gal. 5:22, 23). Poukisa nou dwe fè efò pou nou vin gen dousè?

Lè nou gen dousè sa atire lòt moun. Jan Sara nou te pale de li pi wo a fè konn sa, nou santi n alèz lè n ansanm ak moun ki gen tanperaman dou. Jezi bay yon bèl egzanp antanke moun ki gen dousè e ki janti (2 Kor. 10:1). Menm timoun ki pa t menm konnen l te vle ret bò kote l. — Mak 10:13-16.

Lè nou gen dousè sa bon ni pou nou ni pou moun ki bò kote nou. Si nou gen dousè, nou pap kouri fache ni reyaji avèk kòlè (Pwo. 16:32). Konsa, nou pap santi nou koupab akoz nou te fè yon moun yon bagay ki fè l mal, sitou yon moun nou renmen. E lè nou gen dousè sa anpeche moun ki bò kote nou soufri poutèt nou aji yon fason ki blese santiman yo.

MOUN KI BAY PI BÈL EGZANP NAN DEMONTRE DOUSÈ

Malgre Jezi te gen gwo responsablite e l te gen anpil bagay pou l fè, li te aji avèk dousè ak tout moun. Anpil moun nan epòk li a t ap lite e yo te gen chay y ap pote, e yo te bezwen yon moun ba yo fòs. Se pa ti ankouraje sa dwe te ankouraje yo lè Jezi te di yo: “Vin jwenn mwen, [...] paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m!” — Mat. 11:28, 29.

Ki jan nou ka vin gen dousè menm jan ak Jezi? Nou etidye Pawòl Bondye a pou nou aprann ki jan Jezi te aji ak lòt moun ak fason li te jere sitiyasyon ki difisil. Konsa, lè nou nan sitiyasyon ki ka fè nou pa aji avèk dousè, nou fè efò pou nou aji menm jan ak Jezi (1 Pyè 2:21). Ann pran twa bagay ki te ede Jezi aji avèk dousè.

Jezi te gen imilite nan kè l. Jezi te di: “Mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” ​(Mat. 11:29). Bib la site de kalite sa yo ansanm paske dousè ak imilite se de kalite ki makònen youn ak lòt (Efe. 4:1-3). Sa k fè sa?

Lè nou gen imilite, sa anpeche nou pran tèt nou pou yon pakèt afè oubyen sa anpeche nou fache pou ti krik ti krak. Ki jan Jezi te reyaji lè moun te kritike l san rezon lè yo te di l se yon “aloufa” e li “se yon moun ki lage kò l nan bwè diven”? Fason l te aji te montre se manti yo t ap fè sou li, e li te fè konnen avèk dousè “se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès”. — Mat. 11:19.

Si yon moun pale san reflechi sou ras ou, sou lefètke w se yon gason oswa w se yon fi oubyen sou orijin ou, li ta bon pou w fè efò pou w reponn avèk dousè. Men sa Peter, yon ansyen ann Afrik disid, di: “Lè m santi m fache poutèt sa yon moun di, m di tèt mwen: ‘Ki jan Jezi t ap reyaji?’” Apre sa, li di: “M aprann pou m pa pran tèt mwen pou yon pakèt afè.”

Jezi te konprann feblès lèzòm gen lakay yo. Disip Jezi yo te gen bon entansyon. Men pafwa, akoz enpèfeksyon yo te genyen, yo pa t toujou rive fè sa yo te vle fè. Pa egzanp, nan nuit anvan Jezi te mouri a, Pyè, Jak ak Jan pa t rive ret je klè pou yo te kontinye veye ak Jezi jan l te mande yo a. Jezi te konnen “lespri a byen dispoze, men chè a fèb”. (Mat. 26:40, 41.) Piske Jezi te konprann sa, li pa t fache sou apot li yo.

Mandy se yon sè ki te renmen kritike moun anpil, men, kounye a li fè anpil efò pou l demontre dousè menm jan ak Jezi. Men sa l di: “Mwen fè efò pou m aksepte enpèfeksyon lòt moun e pou m wè sa ki bon lakay yo, menm jan ak Jewova.” Èske konpasyon Jezi te montre nan fason l te konsidere feblès lòt moun ka ede nou pou n aji avèk dousè?

Jezi te kite bagay yo nan men Bondye. Jezi te aksepte enjistis yo te fè l lè l te sou tè a. Yo te mal konprann li, yo te meprize l e yo te tòtire l. Malgre sa, li te kontinye aji avèk dousè paske li te “remèt tèt li nan men Sila a ki jije avèk jistis la”. (1 Pyè 2:23.) Jezi te konnen Papa l ki nan syèl la ap ede l e l ap fè l jwenn jistis nan bon moman.

Si nou fache e nou eseye fè tèt nou jistis, byen fasil nou ka aji yon fason ki egzajere e nou ka fè sitiyasyon an vin pi mal. Se pou sa Ekriti yo fè nou sonje: “Kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande.” ​(Jak 1:20). Menm lè nou gen rezon santi nou an kòlè, enpèfeksyon ka fè nou mal aji.

Gen yon sè ann Almay ki rele Cathy ki te konn di tèt li: ‘Si w pa defann tèt ou, pèsonn pap fè sa pou ou.’ Men, lè l te aprann fè Jewova konfyans, li te chanje fason l panse. Men sa l di: “Kounye a mwen pa bezwen toujou pare pou m defann tèt mwen. Mwen santi m kontan aji avèk dousè paske m konnen Jewova gen kontwòl tout bagay.” Si yo ta fè w enjistis, lè w suiv egzanp Jezi e w mete konfyans ou nan Bondye, sa ap ede w kontinye gen dousè.

“BYENNERE MOUN KI GEN TANPERAMAN DOU”

Ki jan dousè ka ede n lè n nan sitiyasyon ki difisil?

Jezi te fè konnen si nou vle gen kè kontan nou dwe gen dousè. Li te di: “Byennere moun ki gen tanperaman dou.” ​(Mat. 5:5). Remake ki jan dousè ap ede nou nan sitiyasyon ki vin annapre yo.

Lè nou gen dousè, sa diminye pwoblèm ki gen nan maryaj nou. Men sa Robert, yon frè nan peyi Ostrali, fè konnen: “Mwen te di madanm mwen yon pakèt pawòl ki te fè l mal san m pa t vle fè sa. Men, lè nou di pawòl ki rèd pandan nou an kòlè, nou pa ka efase sa n te di a. Sa te fè m mal anpil lè m te wè jan m te fè l soufri.”

“Nou tout nou bite tanzantan” nan pawòl nou, e lè nou pale san reflechi sa ka lakoz pwoblèm nan maryaj nou (Jak 3:2). Lè konsa, dousè ede nou ret kalm e sa ede nou kontwole lang nou. — Pwo. 17:27.

Robert te fè anpil efò pou l vin kalm e pou l gen metriz. Ki rezilta sa te bay? Men sa l di: “Jodi a, nenpòt lè nou gen yon mezantant, mwen fè anpil efò pou m byen koute, pou m pale avèk dousè e pou m pa fache. Mwen viv pi byen ak madanm mwen kounye a.”

Lè nou gen dousè, sa ede nou viv pi byen ak lòt moun. Moun ki fache fasil pa gen anpil zanmi. Men, lè nou gen dousè, sa ede nou “kenbe [...] chenn inyon lapè a”. (Efe. 4:2, 3.) Men sa Cathy, nou te pale de li pi wo a, di: “Lefètke m fè efò pou m gen dousè sa fè m kontan lè m ansanm ak lòt moun, menm lè l pa fasil pou m antann mwen ak kèk moun.”

Lè nou gen dousè, sa fè nou santi nou anpè. Labib montre rapò ki gen ant “sajès ki sot anwo a” ansanm ak dousè ak lapè (Jak 3:13, 17). Yon moun ki gen dousè se yon moun ki gen “kè [...] poze”. (Pwo. 14:30.) Men sa Martin, ki te fè anpil efò pou l vin gen dousè, fè konnen: “Kounye a, m pi dispoze sede e m vin mwens agresif, epi kè m vin pi poze e m gen plis kè kontan.”

Vrèmanvre, nou ka oblije lite pou nou vin gen dousè. Men sa yon frè di: “Franchman, jiska prezan gen kèk moman m konn santi san m ap bouyi tèlman m fache.” Men, Jewova, li menm ki ankouraje nou pou n chèche gen dousè, ap ede nou nan lit sa a (Eza. 41:10; 1 Tim. 6:11). Li ka “fin fòme nou”, li ka “fè nou vin djanm”. (1 Pyè 5:10.) Rive yon lè, n ap ka demontre “dousè ak bonte Kris genyen an”, menm jan ak apot Pòl. — 2 Kor. 10:1.

^ § 2 Gen kèk non yo chanje.