Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 18

Èske w ap kite yon bagay anpeche w suiv Jezi?

Èske w ap kite yon bagay anpeche w suiv Jezi?

“Byennere moun ki pa gen okenn rezon pou l gen dout sou mwen.” — MAT. 11:6.

KANTIK 54 “Men chemen an”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa petèt ki te fè w sezi premye fwa w te eseye pataje mesaj ki nan Bib la ak lòt moun?

ÈSKE W sonje lè w te fèk rann ou kont ou jwenn laverite? Sa w t ap aprann nan Bib la te parèt tèlman klè, ou te santi tout moun t ap kontan aksepte verite ou vin aprann yo. Ou te gen konviksyon mesaj ki nan Bib la t ap fè yo gen kè kontan nan lavi yo depi kounye a, e sa t ap ba yo yon bèl espwa pou lavni (Sòm 119:105). Se sa k fè ou te chofe pou w pataje verite ou aprann yo ak tout zanmi w e ak tout fanmi w. Men, ki sa k te pase? Ou te sezi wè anpil nan yo pa t aksepte sa w t ap di yo a.

2-3. Ki jan pifò moun nan epòk Jezi a te reyaji devan mesaj li t ap preche a?

2 Nou pa ta dwe sezi lè lòt moun pa aksepte mesaj n ap preche a. Nan epòk Jezi a, pifò moun pa t koute l, menm lè l te fè mirak, alòske sa te montre li te gen favè Bondye. Pa egzanp, Jezi te resisite Laza, yon mirak moun ki te opoze avè l yo pa t ka nye. Aktout sa, chèf pami Juif yo pa t aksepte Jezi se Mesi a. Yo te menm vle touye ni Jezi, ni Laza! — Jan 11:47, 48, 53; 12:9-11.

3 Jezi te konnen pifò moun pa t ap vle aksepte li se Mesi a (Jan 5:39-44). Men sa l te di yon gwoup disip Jan ki te konn batize moun nan: “Byennere moun ki pa gen okenn rezon pou l gen dout sou mwen.” ​(Mat. 11:2, 3, 6). Poukisa anpil moun pa t kwè nan Jezi?

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

4 Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral wè plizyè rezon ki fè anpil moun nan premye syèk la pa t met lafwa nan Jezi. Nou pral wè tou poukisa anpil moun jodi a pa aksepte mesaj n ap preche a. Sa k pi enpòtan an, nou pral wè rezon ki fè nou kapab gen yon lafwa solid nan Jezi dekwa pou nou pa bite.

1) ISTWA LAVI JEZI

Anpil moun pa t kwè nan Jezi akoz kote li te leve. Ki jan menm bagay la ka fè kèk moun bite jodi a? (Gade paragraf 5.) *

5. Poukisa kèk moun te ka panse Jezi pa t ka Mesi yo te pwomèt la?

5 Anpil moun pa t kwè nan Jezi akoz kote l te leve. Yo te dakò Jezi se te yon gran Anseyan e li te konn fè mirak. Men, pou yo menm, se te jis pitit yon ti bòs chapant. E li te sot Nazarèt, yon vil moun sanble pa t bay anpil enpòtans. Menm Natanayèl, anvan li te vin yon disip Jezi, te di: “Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt?” ​(Jan 1:46). Natanayèl te ka pa t renmen vil kote Jezi t ap viv la, oswa li te ka ap panse ak pwofesi ki nan Miche 5:2 a ki te fè konnen Mesi a t ap gen pou l fèt Betleyèm, se pa Nazarèt.

6. Ki sa k te dwe ede moun nan epòk Jezi a rekonèt li se Mesi a?

6 Ki sa Ekriti yo di? Pwofèt Ezayi te anonse ènmi Jezi yo pa t ap enterese “nan detay ki montre nan ki fanmi [Mesi a] soti”. (Eza. 53:8.) Pwofesi yo te fè konnen anpil nan detay sa yo. Si moun sa yo te pran tan pou yo egzamine tout enfòmasyon yo, yo t ap aprann Jezi te fèt Betleyèm, e li te yon desandan wa David (Lik 2:4-7). Donk, kote Jezi te fèt la se egzakteman kote sa a yo te anonse nan pwofesi ki nan Miche 5:2 a. Bon, ki sa k te pwoblèm nan menm? Moun yo te jije twò vit. Yo pa t gen tout enfòmasyon yo. Se poutèt sa, yo pa t kwè nan Jezi.

7. Poukisa anpil moun jodi a pa koute sèvitè Jewova yo?

7 Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. An jeneral, moun ki fè pati pèp Jewova a se moun ki tou senp. Anpil moun konsidere yo kòm moun ki pa “fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”. (Tra. 4:13.) Gen kèk moun ki panse sèvitè Jewova yo pa ka anseye moun Labib paske yo pa pase nan gwo lekòl teyoloji. Gen lòt moun ki di Temwen Jewova yo se yon “relijyon Ameriken”, alòske, an reyalite, sou chak 100 Temwen Jewova ki gen sou tè a, se anviwon 14 ladan yo sèlman k ap viv Ozetazini. Gen lòt moun menm, yo fè yo konnen Temwen Jewova yo pa kwè nan Jezi. Pandan plizyè ane, moun te konn di nou se “Kominis”, nou se “espyon Ameriken”, e nou se “ekstremis”. Piske moun yo rakonte istwa sa yo pa gen bon enfòmasyon yo, sa fè yo gen dout sou nou.

8. Selon Travay 17:11, ki sa moun yo dwe fè si yo vle konnen kiyès ki sèvitè Bondye yo jodi a?

8 Ki sa yon moun kapab fè pou l pa bite? Moun yo bezwen egzamine enfòmasyon yo jwenn. Se sa Lik, youn nan moun ki te ekri Evanjil yo, te deside fè. Li te fè efò pou l egzamine “tout bagay avèk presizyon”. Li te vle moun ki t ap li sa l te ekri yo “byen konnen bagay yo” te tande konsènan Jezi yo “se laverite”. (Lik 1:1-4.) Juif ki t ap viv nan ansyen vil Bere yo te fè menm jan ak Lik. Lè yo te fèk tande bon nouvèl ki gen rapò ak Jezi a, yo te egzamine Liv ki te ekri ann ebre yo pou yo verifye sa yo te di yo a. (Li Travay 17:11.) Menm jan an tou, jodi a moun yo bezwen verifye enfòmasyon yo jwenn. Yo dwe konpare sa sèvitè Bondye yo ap anseye yo ak sa Ekriti yo di. Epitou, yo bezwen egzamine sa sèvitè Jewova yo fè nan epòk nou an. Si yo byen chèche, yo pap kite prejije oswa sa yo tande moun di fè yo pa wè sa ki verite.

2) JEZI TE REFIZE FÈ MIRAK POU FÈ WÈ

Anpil moun pa t kwè nan Jezi akoz li te refize fè mirak pou fè wè. Ki jan menm bagay la ka fè kèk moun bite jodi a? (Gade paragraf 9-10.) *

9. Ki sa k te rive lè Jezi te refize bay yon siy ki sot nan syèl?

9 Gen kèk moun nan epòk Jezi a ki pa t satisfè ak bèl ansèyman li t ap bay yo. Yo te vle plis. Yo te mande l pou l fè yo wè “yon siy ki sot nan syèl la” pou l ka bay prèv se li ki Mesi a (Mat. 16:1). Petèt yo te vle l fè sa paske yo te mal konprann Dànyèl 7:13, 14. Sepandan, lè Jewova te fikse pou pwofesi sa a reyalize potko rive. Sa Jezi t ap anseye yo te dwe rive konvenk yo li se Mesi a. Men, lè l te refize ba yo siy yo t ap chèche a, yo te bite. — Mat. 16:4.

10. Ki jan Jezi te akonpli sa Ezayi te ekri konsènan Mesi a?

10 Ki sa Ekriti yo di? Men sa pwofèt Ezayi te ekri konsènan Mesi a: “Li pap ni fè bri, ni rele fò. Li pap fè tande vwa l nan lari.” ​(Eza. 42:1, 2). Jezi te fè sèvis li san l pa t atire atansyon sou tèt li. Li pa t konstwi gwo tanp, e li pa t konn mete rad espesyal chèf relijye yo konn mete yo oswa mande pou yo ba l gwo tit. Lè yo t ap jije Jezi, li te refize fè mirak pou l fè wa Ewòd plezi, menm lè lavi l te an danje (Lik 23:8-11). Se vre Jezi te fè kèk mirak, men, prensipal objektif li se te preche bon nouvèl la. Li te di disip li yo: “Se pou sa mwen vini.” — Mak 1:38.

11. Ki fason kèk moun panse jodi a ki pa bon?

11 Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Jodi a, anpil moun renmen wè gwo katedral ki gen dekorasyon ki koute chè anpil, chèf relijye ki gen gwo tit ak yon seri seremoni pifò moun bliye orijin yo ak sans yo. Men, ki sa moun sa yo k ap asiste sèvis relijyon sa yo aprann sou Bondye ak sou objektif li? Yon lòt bò, moun ki asiste reyinyon nou yo aprann sa Jewova vle nou fè ak fason pou yo aji ann amoni ak volonte l. Sal Wayòm nou yo pwòp e yo gen tout sa ki nesesè, men, yo pa estravagan. Moun ki alatèt yo pa met rad ki distenge yo ak lòt moun e yo pa gen gwo tit. Ansèyman n ap bay yo ak kwayans nou baze sou Pawòl Bondye a. Aktout sa, anpil moun jodi a pa aksepte mesaj n ap bay la paske yo panse fason n ap adore Bondye a twò senp e sa n ap anseye yo se pa sa yo ta renmen tande.

12. Jan sa parèt nan Ebre 11:1, 6, sou ki sa lafwa nou dwe baze?

12 Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? Apot Pòl te di kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo: “Yon moun gen lafwa apre l fin tande pawòl la. E sa li tande a soti nan pawòl konsènan Kris la.” ​(Wom. 10:17). Donk, se lè nou etidye Ekriti yo n ap vin gen plis lafwa, se pa lè nou patisipe nan sèvis relijyon yo fè ki pa baze sou Bib la, kèlkeswa jan sèvis sa yo ta parèt bèl. Nou dwe chèche gen yon lafwa solid ki baze sou konesans egzak, paske “san lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi”. (Li Ebre 11:1, 6.) Se sa k fè nou pa bezwen wè yon siy estrawòdinè ki sot nan syèl pou fè nou kwè nou jwenn laverite. Lè nou byen egzamine ansèyman ki baze sou Bib la, yon seri ansèyman k ap fòtifye lafwa nou, sa kont pou konvenk nou e pou elimine nenpòt dout nou ta genyen.

3) JEZI PA T SUIV PAKÈT TRADISYON JUIF YO TE GENYEN

Anpil moun pa t kwè nan Jezi akoz li pa t aksepte kèk nan tradisyon yo te genyen. Ki jan menm bagay la ka fè kèk moun bite jodi a? (Gade paragraf 13.) *

13. Sa k fè anpil moun pa t vle wè Jezi?

13 Nan epòk Jezi a, disip Jan ki te konn batize moun nan te genyen yo te sezi wè disip Jezi yo pa fè jèn. Jezi te fè konnen disip li yo pa t gen okenn rezon pou yo fè jèn alòske l te toujou vivan (Mat. 9:14-17). Se poutèt sa Farizyen yo ak lòt moun ki te opoze ak Jezi yo te kondane l paske li pa t suiv koutim ak tradisyon yo te genyen yo. Yo te fache lè l te chwazi geri moun ki malad nan jou saba a (Mak 3:1-6; Jan 9:16). Yo te fyè pou yo te fè konnen yo obsève saba, men yon lòt bò, yo pa t gen pwoblèm pou yo fè komès nan tanp lan. Se pa ti fache yo te fache lè Jezi te kondane yo pou sa (Mat. 21:12, 13, 15)! Moun Jezi te preche nan sinagòg Nazarèt la te fache anpil lè Jezi te pran egzanp nan istwa pèp Izrayèl la pou l montre jan yo egoyis e yo pa gen lafwa (Lik 4:16, 25-30). Anpil moun te bite lefètke Jezi pa t aji jan yo t ap atann nan. — Mat. 11:16-19.

14. Poukisa Jezi te kondane tradisyon moun te genyen ki pa t ann amoni ak Ekriti yo?

14 Ki sa Ekriti yo di? Men sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Ezayi: “Se nan bouch pèp sa a pwoche kote m, e se nan bouch yo onore m, men, kè yo byen lwen m. Epi, lakrentif yo di yo gen pou mwen an chita sou kòmandman yo resevwa nan men lèzòm.” ​(Eza. 29:13). Jezi te gen rezon kondane tradisyon moun te genyen ki pa t ann amoni ak Ekriti yo. Moun ki te bay tradisyon lèzòm yo plis enpòtans pase sa Ekriti yo di pa t aksepte Jewova ak moun li te voye antanke Mesi a.

15. Poukisa anpil moun jodi a pa renmen Temwen Jewova yo?

15 Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Gen anpil moun ki pa kontan lefètke Temwen Jewova yo pa patisipe nan yon seri fèt ki baze sou tradisyon ki pa ann amoni ak Bib la, tankou anivèsè nesans ak fèt Nwèl. Gen lòt menm ki fache lefètke Temwen Jewova yo pa patisipe nan fèt nasyonal oswa yo pa suiv yon seri koutim antèman, alòske koutim sa yo pa ann amoni ak Pawòl Bondye a. Moun ki pa dakò avè n pou rezon sa yo gendwa kwè ak tout kè yo Bondye aksepte fason y ap adore l la. Men, yo pa ka fè Bondye plezi si yo chwazi suiv tradisyon ki gen nan monn nan olye yo chwazi ansèyman klè ki nan Bib la. — Mak 7:7-9.

16. Selon Sòm 119:97, 113, 163-165, ki sa nou dwe fè e ki sa nou pa dwe fè?

16 Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? Nou bezwen aprann renmen lwa Jewova yo ak prensip li yo anpil. (Li Sòm 119:97, 113, 163-165.) Si nou renmen Jewova, nou pap suiv okenn tradisyon ki pa fè l plezi. Nou pap kite anyen anpeche nou renmen Jewova.

4) JEZI PA T CHÈCHE CHANJE GOUVÈNMAN KI TE LA NAN EPÒK LA

Anpil moun pa t kwè nan Jezi akoz li pa t mele nan politik. Ki jan menm bagay la ka fè kèk moun bite jodi a? (Gade paragraf 17.) *

17. Ki sa anpil moun nan epòk Jezi a te atann Mesi a t ap fè?

17 Gen kèk moun nan epòk Jezi a ki te vle chanje gouvènman ki te la a. Yo te panse Mesi a t ap libere yo anba jouk Women yo. Men, lè yo te vle met Jezi wa, li te refize (Jan 6:14, 15). Te gen lòt moun, san wete kèk prèt, ki te pè pou Jezi pa t vin fè chanjman politik ki t ap fè Women yo fache kont yo, yo menm ki te bay chèf relijye sa yo pouvwa ak otorite. Piske anpil Juif t ap enkyete pou pwoblèm politik ki te genyen, yo pa t vle wè Jezi.

18. Ki pwofesi nan Bib la ki gen rapò ak Mesi a anpil moun pa t bay enpòtans?

18 Ki sa Ekriti yo di? Menm lè anpil pwofesi te anonse Mesi a t ap yon moun ki konn fè lagè e ki t ap pot laviktwa, gen lòt pwofesi ki te montre li t ap gen pou l mouri pou peche nou anvan (Eza. 53:9, 12). Donk, sa k fè sa yo te panse a se pa t sa? Anpil moun nan epòk Jezi a te meprize kèlkeswa pwofesi ki pa t pwomèt y ap jwenn yon solisyon tousuit pou pwoblèm yo te genyen yo. — Jan 6:26, 27.

19. Ki sa k fè anpil moun pa koute mesaj n ap preche a jodi a?

19 Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Anpil moun jodi a pa dakò avè n paske nou pa mele nan politik. Yo panse nou ta dwe vote lè gen eleksyon. Men, si nou ta chwazi yon chèf pami lèzòm pou dirije nou, nou t ap montre nou pa aksepte Jewova kòm Chèf nou (1 Sam. 8:4-7). Gen moun ki panse nou ta dwe konstwi lekòl ak lopital, epi fè lòt aktivite pou ede moun. Yo pa aksepte mesaj nou an paske nou konsantre sou travay predikasyon an olye nou eseye rezoud pwoblèm ki gen nan monn nan jodi a.

20. Jan sa parèt nan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 7:21-23, ki sa k dwe pi enpòtan pou nou?

20 Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? (Li Matye 7:21-23.) Sa k dwe pi enpòtan pou nou se fè travay Jezi te ban n lòd pou nou fè a (Mat. 28:19, 20). Nou pa ta dwe janm ap chèche rezoud pwoblèm politik ak lòt pwoblèm ki gen nan monn sa a. Nou renmen moun e sa touche nou lè yo gen pwoblèm. Men, nou konnen pi bon fason pou nou ede pwochen nou se lè nou anseye yo konsènan Wayòm Bondye a ak lè nou ede yo vin zanmi Jewova.

21. Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

21 Nan atik sa a, nou wè kat bagay ki te fè anpil moun pa t koute Jezi nan premye syèk la e ki ka fè kèk moun pa koute moun k ap suiv Jezi jodi a tou. Men, èske se bagay sa yo sèlman nou bezwen evite? Non. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè kat lòt bagay ki ka fè nou bite. Ann pran detèminasyon pou n pa kite anyen fè nou bite e pou n kontinye gen yon lafwa solid!

KANTIK 56 Viv ak verite

^ § 5 Menm lè Jezi se te pi gran Anseyan ki pase sou tè a, pifò moun nan epòk li a pa t kwè nan li. Pou ki rezon? Nan atik sa a, nou pral wè kat rezon. Nou pral wè tou poukisa anpil moun jodi a gen dout sou sa vrè disip Jezi yo di ak sa yo fè. Sa k pi enpòtan an, nou pral wè pou ki rezon nou kapab gen yon lafwa solid nan Jezi, konsa nou pap kite anyen fè n bite.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Filip k ap ankouraje Natanayèl pou l al kot Jezi.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi k ap preche bon nouvèl la.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi k ap geri yon mesye ki gen yon men pòk pandan kèk moun ki opoze avè l ap gade.

^ § 66 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi k al sou yon mòn poukont li.