Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 21

Jewova ap ba w fòs

Jewova ap ba w fòs

“Lè m fèb, se atò m gen pisans.” — 2 KOR. 12:10.

KANTIK 73 Fè nou gen kran

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki difikilte anpil Temwen genyen?

APOT Pòl te ankouraje Timote, e anmenmtan tout kretyen, pou yo akonpli sèvis yo nèt (2 Tim. 4:5). Nou tout fè tout sa n kapab pou nou suiv konsèy Pòl te bay la. Men, sa konn difisil pafwa. Pou anpil nan frè n ak sè n yo, sa mande anpil kouraj pou yo patisipe nan travay predikasyon an (2 Tim. 4:2). Pa egzanp, panse ak frè n ak sè n k ap viv nan peyi kote yo met restriksyon sou travay n ap fè a oswa yo menm entèdi l. Yo preche menm lè yo konnen yo ka mete yo nan prizon!

2 Sèvitè Jewova yo oblije fè fas ak divès kalite pwoblèm ki ta ka fè yo dekouraje. Pa egzanp, anpil nan yo pase plizyè èdtan ap travay jis pou bay fanmi yo sa yo gen bezwen. Yo ta renmen fè plis nan travay predikasyon an, men, nan fen semèn nan, yo santi yo faya. Gen lòt ki pa ka fè anpil nan sèvis y ap bay Jewova a akoz yo oblije viv ak yon maladi oswa yo granmoun anpil, e yo ka menm oblije ret lakay yo. Gen lòt menm, se toutan y ap goumen ak santiman kòmkwa yo pa vo anyen. Men sa Mary *, yon sè k ap viv nan Mwayenn Oryan, di: “Mwen tèlman fè efò pou m goumen ak santiman mwen genyen lè m dekouraje, mwen santi m about. Annapre, mwen santi m koupab dèske m te kite sa pran tan ak enèji mwen te ka itilize nan travay predikasyon an.”

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Kèlkeswa sitiyasyon nou, Jewova kapab ban nou fòs pou n rive fè fas ak pwoblèm nou genyen e pou n fè tout sa n kapab pou n kontinye sèvi l. Anvan nou wè fason Jewova kapab ede nou, nou pral wè jan Jewova te bay Pòl ak Timote fòs pou yo akonpli sèvis yo malgre pwoblèm yo te genyen.

JEWOVA BAN N FÒS POU N KONTINYE PRECHE

4. Ki pwoblèm Pòl te genyen?

4 Pòl te gen anpil pwoblèm. Li te bezwen èd Jewova plis toujou lè yo te bat li, lè yo te kalonnen l ak kout wòch ak lè yo te mete l nan prizon (2 Kor. 11:23-25). Pòl pa t wont fè konnen pafwa li te konn goumen ak dekourajman (Wom. 7:18, 19, 24). Epitou, li te gen yon pwoblèm sante ki te tankou “yon pikan nan chè” l, e li te vrèman vle pou Bondye retire l pou li. — 2 Kor. 12:7, 8.

Ki sa k te ede Pòl kontinye preche? (Gade paragraf 5-6.) *

5. Ki sa Pòl te rive fè malgre pwoblèm li te genyen?

5 Jewova te bay Pòl fòs pou l kontinye preche malgre tout pwoblèm li te genyen yo. Ann wè sa Pòl te rive fè. Pa egzanp, pandan li te nan prizon nan yon kay nan vil Wòm, li te defann bon nouvèl la avèk fòs devan chèf relijye juif yo, e petèt devan otorite nan gouvènman an (Tra. 28:17; Flp. 4:21, 22). Epitou, li te preche anpil moun ki te fè pati Gad Anperè a, e li te bay tout moun ki te vin vizite l temwayaj (Tra. 28:30, 31; Flp. 1:13). Pandan tan sa a, Bondye te itilize Pòl pou l ekri yon seri lèt ki ede vrè kretyen yo jis jodi a. Anplis de sa, egzanp Pòl te bay te ankouraje kongregasyon nan vil Wòm nan, e sa te fè frè yo gen “plis kouraj toujou pou yo pale pawòl Bondye a san yo pa pè”. (Flp. 1:14.) Byenke pafwa Pòl pa t ka fè tout sa l te vle fè, li te fè tout sa l kapab selon sitiyasyon l, e sa te “vire nan avantaj bon nouvèl la”. — Flp. 1:12.

6. Selon 2 Korentyen 12:9, 10, ki sa k te ede Pòl akonpli sèvis li?

6 Pòl te rann li kont se pa t ak pwòp fòs pa l li te rive fè tout sa l te fè nan sèvis Jewova a, men, se grasa fòs Bondye te ba li. Li te rekonèt pisans Bondye te “vin pafè pou [li] lè [l] fèb”. (Li 2 Korentyen 12:9, 10.) Jewova te sèvi ak lespri sen l pou l bay Pòl fòs pou l akonpli sèvis li nèt, malgre yo te pèsekite Pòl, yo te mete l nan prizon e li te gen lòt pwoblèm.

Ki sa k te ede Timote kontinye preche? (Gade paragraf 7.) *

7. Ki pwoblèm Timote te genyen ki te ka fè l difisil pou l akonpli sèvis li?

7 Timote, yon konpayon sèvis Pòl te genyen ki te pi jèn pase l, te bezwen konte sou pisans Bondye tou pou l rive fè travay predikasyon an. Timote te fè yon seri vwayaj byen long ak Pòl kòm misyonè. Anplis de sa, Pòl te konn voye l al vizite kongregasyon yo tou pou l te ka ankouraje yo (1 Kor. 4:17). Timote te ka santi li pa kalifye. Petèt se pou rezon sa a Pòl te di l: “Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn.” ​(1 Tim. 4:12). Epitou, pandan tan sa a, Timote te gen pwòp pwoblèm pa l ki te tankou yon pikan nan chè l. Li te konn “malad souvan”. (1 Tim. 5:23.) Men, Timote te konnen lespri sen Jewova ki gen anpil pisans t ap ba l fòs li bezwen pou l preche bon nouvèl la e pou l sèvi frè l yo. — 2 Tim. 1:7.

JEWOVA BAN N FÒS POU N RET FIDÈL MENM LÈ NOU GEN PWOBLÈM

8. Ki jan Jewova bay moun k ap sèvi l yo fòs jodi a?

8 Jodi a, Jewova bay moun k ap sèvi l yo “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou yo ka kontinye sèvi l fidèlman (2 Kor. 4:7). Ann wè kat dispozisyon Jewova pran pou ban n fòs e pou ede nou ret fidèl: lapriyè, Labib, frè n ak sè n yo ak travay predikasyon an.

Jewova ban nou fòs pa mwayen lapriyè. (Gade paragraf 9.)

9. Ki jan lapriyè kapab ede nou?

9 Yo te jwenn fòs nan lapriyè. Jan sa parèt nan Efezyen 6:18, Pòl ankouraje nou pou n priye Bondye “nan tout okazyon”. Lè n fè sa, Bondye ap ban nou fòs. Jonnie, yon frè k ap viv nan peyi Bolivi, te santi jan Jewova te ede l lè l t ap pase anba yon seri eprèv. Manman l ak papa l ansanm ak madanm li te vin malad grav anmenmtan. Li te difisil anpil pou Jonnie te rive fè tout sa k te nesesè pou l te ka pran swen yo toule twa. Manman l te mouri e madanm li ak papa l te pran anpil tan pou yo refè. Men sa Jonnie di lè l ap panse ak moman difisil sa a: “Lè presyon yo te twòp pou mwen, yon bagay ki te toujou ede m se lè m te priye Jewova e m te di l egzakteman jan m santi m.” Jewova te bay Jonnie fòs li te bezwen pou l andire. Ronald, yon ansyen k ap viv nan peyi Bolivi, te aprann manman l gen kansè. Manman l te mouri sou yon mwa. Ki sa k te ede Ronald fè fas ak sitiyasyon difisil sa a? Men sa l di: “Lè m ap priye Jewova mwen ouvri kè m ba li e m di l tout sa m santi. Mwen konnen li konprann mwen pi byen pase nenpòt moun, e menm pi byen pase m konprann tèt mwen.” Pafwa, nou ka santi nou about oswa nou pa fin konn sa pou n di lè n ap priye. Men, Jewova vle nou priye l, menm lè n twouve l difisil pou n di l sa k nan panse nou e pou n esplike l ki jan n santi n. — Wom. 8:26, 27.

Jewova ban nou fòs pa mwayen Labib. (Gade paragraf 10.)

10. Jan nou wè sa nan Ebre 4:12, poukisa li enpòtan anpil pou n li Bib la e pou n medite sou sa n li yo?

10 Yo te jwenn fòs lè yo te li Bib la. Pòl te konn li Ekriti yo pou l te ka jwenn fòs ak konsolasyon. Nou ka fè menm jan an tou (Wom. 15:4). Lè nou li Pawòl Bondye a e nou medite sou sa nou li yo, Jewova kapab sèvi ak lespri sen l pou l ede n pi byen konprann ki jan nou ka sèvi ak Ekriti yo nan sitiyasyon pa nou. (Li Ebre 4:12.) Men sa Ronald, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen kontan dèske m gen abitid li yon pòsyon nan Bib la chak swa. Mwen medite anpil sou kalite Jewova yo ak sou fason li byen aji ak sèvitè l yo. Sa ede m rejwenn fòs.”

11. Ki jan Bib la te bay yon sè ki te nan lapenn fòs?

11 Lè nou medite sou Pawòl Bondye a, sa ede nou byen reyaji lè n jwenn pwoblèm. Ann wè ki jan Bib la te ede yon vèv ki te nan lapenn. Yon ansyen te ede l wè gen bonjan leson li kapab aprann nan liv Jòb la. Pandan sè a t ap li liv Jòb la, premye sa l te fè se te kritike Jòb poutèt fason Jòb te panse a pa t bon. Nan tèt li, li te menm di l: “Jòb! Ou pa dwe negatif konsa!” Men, annapre li te rann li kont li te aji egzakteman menm jan ak Jòb. Sa te ede l pou l korije fason l panse e sa te ba l fòs pou l fè fas ak soufrans l ap andire lefètke l pèdi mari l.

Jewova ban nou fòs pa mwayen frè n ak sè n yo. (Gade paragraf 12.)

12. Ki jan Jewova sèvi ak frè n ak sè n yo pou ban nou fòs?

12 Yo te jwenn fòs lè yo te ansanm ak frè ak sè yo. Yon lòt fason Jewova ban nou fòs se pa mwayen frè n ak sè n yo. Pòl te fè konnen se pa ti anvi l te anvi wè frè ak sè yo “pou youn ka ankouraje lòt”. (Wom. 1:11, 12.) Mary, nou te pale de li pi wo a, renmen lè l ansanm ak frè ak sè yo. Men sa l di: “Jewova sèvi ak frè ak sè ki pa t menm konn pwoblèm mwen pou ede m. Yo te konn di m ti pawòl ki ankouraje m oswa yo te konn voye yon kat pou mwen, e se egzakteman sa m te bezwen. Yon lòt bagay ki te ede m se lè m te ouvri kè m bay lòt sè ki te gen menm pwoblèm avè m, e m te aprann nan eksperyans yo. Ansyen yo toujou fè m santi mwen gen anpil valè pou kongregasyon an.”

13. Ki jan youn ka bay lòt fòs nan reyinyon yo?

13 Reyinyon yo se youn nan pi bon okazyon nou genyen pou youn ankouraje lòt. Lè nou nan reyinyon, youn ka chèche bay lòt fòs lè nou fè frè n ak sè n yo konnen nou renmen yo e nou gen anpil rekonesans pou sa y ap fè. Pa egzanp, anvan yon reyinyon, men sa yon ansyen ki rele Peter te di yon sè ki gen mari l ki pap sèvi Jewova: “Sa vrèman ankouraje nou lè nou wè w nan reyinyon. Sis pitit ou yo toujou vle fè kòmantè e w toujou prepare yo pou sa.” Dlo te monte nan je sè a lè frè a te di l sa, e l te reponn li: “Mwen te vrèman bezwen tande sa jodi a.”

Jewova ban nou fòs pa mwayen travay predikasyon an. (Gade paragraf 14.)

14. Lè n patisipe nan travay predikasyon an, ki jan sa ede nou?

14 Yo te jwenn fòs lè yo te patisipe nan travay predikasyon an. Lè nou pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun, sa ban nou fòs ak kouraj, kit moun yo byen reyaji, kit yo pa byen reyaji (Pwo. 11:25). Gen yon sè ki rele Stacy ki te wè jan travay predikasyon an ka bay moun fòs. Lè yon moun nan fanmi l te eskominye, sa te fè l tris anpil e li pa t sispann mande tèt li: ‘Èske m te ka fè plis pou m ede l?’ Li pa t ka sispann panse ak sa. Ki sa k te ede l fè fas ak sitiyasyon difisil sa a? Se travay predikasyon an! Lè l t ap preche, li te toujou ap panse ak moun nan tèritwa a ki te bezwen èd li. Men sa Stacy di: “Pandan tan sa a, Jewova te fè m jwenn yon etid ki te pwogrese byen vit. Sa te ankouraje m anpil. Sa k ede m gen plis ekilib nan lavi m se lè m patisipe nan travay predikasyon an.”

15. Ki sa nou aprann nan sa Mary te di yo?

15 Gen kèk moun, akoz sitiyasyon yo, ki gendwa santi yo pa kapab fè anpil nan travay predikasyon an. Si se konsa w santi w, sonje Jewova kontan lè w fè tout sa w kapab. Ann fè yon ti pale sou egzanp Mary ankò. Lè l t al viv nan yon tèritwa kote yo pale yon lòt lang, li te santi l pa t vrèman itil. Men sa l di: “Pandan yon tan, se yon ti pawòl tou senp mwen te ka di lè m ap preche, oswa li yon vèsè nan Bib la, oubyen bay yon feyè.” Li te santi sa l te fè a pa t anyen lè l te konpare tèt li ak moun ki pale lang nan byen. Sepandan, li te vin panse yon lòt jan. Li te kòmanse rann li kont Jewova kapab itilize l, menm lè li pa t pale lang nan byen. Men sa l di: “Verite ki nan Bib la senp, e verite sa yo chanje lavi moun.”

16. Ki sa ki ka ede moun ki oblije ret lakay yo jwenn fòs?

16 Jewova wè jan nou anvi patisipe nan travay predikasyon an, menm lè nou oblije ret lakay nou, e li apresye sa. Li kapab fè nou jwenn okazyon pou n bay moun k ap pran swen nou yo oswa doktè yo ak enfimyè yo temwayaj. Si n konpare sa n ap fè kounye a ak sa n te konn fè anvan, nou ka vin dekouraje. Men, si nou konprann jan Jewova ap ede nou kounye a, sa ap ban nou fòs nou bezwen pou n andire nenpòt difikilte ak kè kontan.

17. Selon Eklezyas 11:6, poukisa nou dwe kontinye patisipe nan travay predikasyon an menmsi nou pa jwenn bon rezilta tousuit?

17 Nou pa konnen kiyès nan semans verite nou plante yo k ap leve e k ap grandi. (Li Eklezyas 11:6.) Pa egzanp, Barbara, yon sè ki nan 80 an yo, preche regilyèman nan telefòn e l ekri lèt tou. Nan youn nan lèt li te voye yo, li te met Toudegad 1ye mas 2014 la ki gen atik ki gen tit “Ki sa Bondye fè pou ou?” nan anvlòp la. San l pa t rann li kont, li te voye lèt la bay yon mari ak madanm ki te sispann sèvi Jewova. Yo te li peryodik la plizyè fwa. Mari a te santi se kòmsi se avè l menm Jewova ap pale. Yo te rekòmanse al nan reyinyon, e finalman yo te retounen vin sèvi Jewova apre plis pase 27 an. Imajine jan sa te ankouraje Barbara ak jan sa te ba l fòs lè l te wè jan yon lèt li te voye te bay bon rezilta!

Jewova ban nou fòs pa mwayen 1) lapriyè, 2) Labib, 3) frè n ak sè n yo, e 4) travay predikasyon an. (Gade paragraf 9-10, 12, 14.)

18. Ki sa nou kapab fè pou Bondye ban nou fòs?

18 Jewova pran plizyè dispozisyon pou n benefisye kokennchenn pisans li genyen an. Li ban nou lapriyè, Labib, frè n ak sè n yo ak travay predikasyon an. Lè nou pwofite dispozisyon sa yo nou montre nou gen konfyans li kapab ede nou e li vle fè sa. Ann toujou konte sou Papa nou ki nan syèl la ki pran plezi pou l “chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo”. — 2 Kwo. 16:9.

KANTIK 61 Annavan, nou menm Temwen!

^ § 5 N ap viv nan tan ki difisil, men, Jewova ban nou èd nou bezwen pou nou andire. Nan atik sa a, nou pral wè jan Jewova te ede apot Pòl ak Timote pou yo kontinye sèvi l malgre pwoblèm yo te genyen. Nou pral pale sou kat dispozisyon Jewova pran pou ede nou andire jodi a.

^ § 2 Yo chanje non moun nan.

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan Pòl te nan prizon nan yon kay nan vil Wòm, li te ekri lèt voye bay plizyè kongregasyon e l te pataje bon nouvèl la ak moun ki te vin vizite l yo.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Timote k ap ankouraje frè ak sè yo pandan l ap vizite kongregasyon yo.