Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 19

Pa gen anyen ki ka fè moun ki jis la bite

Pa gen anyen ki ka fè moun ki jis la bite

“Moun ki renmen lwa w yo se yo menm k ap viv nan lapè. Pa gen anyen ki ka fè yo bite.” — SÒM 119:165.

KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa yon ekriven te di, e ki sa nou pral wè nan atik sa a?

JODI A, gen plizyè milyon moun ki di yo kwè nan Jezi, men, yo pa aksepte sa l te anseye yo (2 Tim. 4:3, 4). Anfèt, gen yon ekriven ki te di yon lè: “Si ta vin gen yon lòt ‘Jezi’ pami nou jodi a ki ta di menm bagay Jezi te di yo [...], èske nou pa t ap koute l jodi a menm jan nou pa t koute l sa gen de mil an? [...] An jeneral, repons lan se: Non, nou pa t ap koute l.”

2 Anpil moun nan premye syèk la te tande Jezi k ap anseye e yo te wè l ki t ap fè mirak, epoutan, yo te refize met lafwa nan li. Poukisa? Nan atik ki vin anvan an, nou te wè kat rezon ki fè moun yo te bite akoz sa Jezi te di ak sa l te fè. Nou pral wè kat lòt rezon. Toutpandan n ap fè sa, nou pral wè poukisa jodi a moun yo pa vle koute moun k ap suiv Jezi yo, e ki sa n ka fè pou n pa janm kite anyen fè n bite.

1) JEZI PA T GEN PATIPRI

Anpil moun te bite akoz moun Jezi te chwazi pase tan ansanm avèk yo. Ki jan menm bagay la ka fè kèk moun bite jodi a? (Gade paragraf 3.) *

3. Ki sa Jezi te fè ki te lakòz kèk moun bite?

3 Lè Jezi te sou tè a, li te konn pase tan ak tout kalite moun. Li te konn manje ak moun ki rich ansanm ak moun ki gen pouvwa, konsa tou, li te konn pase anpil tan ak moun ki pòv ansanm ak moun ki pa t gen moun pou ede yo. Mete sou sa, li te gen konpasyon pou moun yo te konsidere kòm “moun k ap pratike peche”. Gen kèk moun ki te panse yo pi bon pase lòt moun ki te bite akoz sa Jezi te fè. Yo te mande disip li yo: “Poukisa n ap manje e n ap bwè ak pèseptè ansanm ak moun k ap pratike peche?” Lè sa a, Jezi reponn yo: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè. Mwen pa vin rele moun ki jis pou yo repanti, men se moun k ap pratike peche mwen vin rele pou yo repanti.” — Lik 5:29-32.

4. Selon pwofèt Ezayi, ki sa Juif yo te dwe atann konsènan Mesi a?

4 Ki sa Ekriti yo di? Byen lontan anvan Mesi a te vini, pwofèt Ezayi te gentan fè konnen monn nan pa t ap aksepte l. Men sa pwofesi a te anonse: “Moun te meprize l e yo te demake l [...]. Se kòmsi yo te kouvri figi l pou nou pa wè l. Moun te meprize l, epi nou pa t pran l pou anyen.” ​(Eza. 53:3). Pwofesi a te fè konnen “moun” t ap demake Mesi a, se sa k fè Juif nan premye syèk yo te dwe atann gen moun ki pa t ap koute Jezi.

5. Jodi a, ki jan anpil moun wè moun k ap suiv Jezi yo?

5 Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Anpil chèf relijye kontan lè gen moun ki nan gwo pozisyon, moun ki rich ak moun yo konsidere kòm moun save nan monn nan ki vin fè pati asanble yo. Chèf relijye sa yo aksepte moun sa yo, menm lè yo konnen byen souvan vi moun sa yo ap mennen depaman ak prensip Bondye yo. Menm chèf relijye sa yo meprize sèvitè Jewova yo k ap sèvi l ak tout kè yo e k ap mennen yon vi pwòp, paske selon monn nan yo pa gen enpòtans. Jan Pòl te di sa, Bondye chwazi moun yo “meprize” yo (1 Kor. 1:26-29). Men, pou Jewova, tout sèvitè fidèl li yo gen anpil valè.

6. Ki jan nou ka imite atitid Jezi te genyen an, jan sa parèt nan Matye 11:25, 26?

6 Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? (Li Matye 11:25, 26.) Nou pa dwe kite fason monn nan wè sèvitè Bondye yo aji sou nou. Nou bezwen rekonèt se sèlman moun ki gen imilite Jewova itilize pou fè volonte l (Sòm 138:6). Epi reflechi ak tout sa Jewova reyalize lefètke l sèvi ak moun monn nan pa konsidere kòm moun save oswa moun lespri.

2) JEZI TE DEVWALE FO ANSÈYMAN

7. Poukisa Jezi te rele Farizyen yo bann ipokrit, e ki jan yo te reyaji?

7 Jezi te met kouraj sou li pou l denonse chèf relijye nan epòk li a ki te ipokrit, paske yo pa t anseye pèp la bon fason pou yo adore Bondye. Pa egzanp, li te montre aklè jan Farizyen yo ipokrit, paske yo te bay fason yo lave men yo plis enpòtans pase fason yo pran swen paran yo (Mat. 15:1-11). Disip Jezi yo dwe te sezi lè l te di pawòl sa yo. Anfèt, yo te di l: “Èske w konnen Farizyen yo estomake lè yo tande sa w di a?” Jezi reponn yo, li di: “Tout plant Papa m ki nan syèl la pa t plante, l ap derasinen yo. Pinga nou okipe yo. Yo se yon bann gid je pete. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo toule de ap tonbe nan twou.” ​(Mat. 15:12-14). Aktout chèf relijye yo te fache anpil poutèt sa Jezi te di yo, li pa t kite sa anpeche l di laverite.

8. Ki jan Jezi te montre Bondye pa aksepte tout kwayans relijyon yo genyen?

8 Jezi te fè konnen tou gen bagay relijyon yo anseye ki pa laverite. Li pa t di Bondye aksepte tout kwayans relijyon yo genyen. Okontrè, li te di gen anpil moun ki t ap suiv wout ki gran ki mennen nan destriksyon an alòske se kèk grenn moun ki t ap suiv wout ki jennen ki mennen nan lavi a (Mat. 7:13, 14). Li te fè konnen aklè gen kèk moun ki t ap di y ap sèvi Bondye, alòske an reyalite, yo pap sèvi l vre. Men avètisman Jezi te bay: “Fè atansyon ak fo pwofèt yo k ap vin sou nou ak po mouton sou yo, tandiske se lou voras yo ye pa anndan. Se aksyon yo k ap fè nou rekonèt yo.” — Mat. 7:15-20.

Anpil moun te bite akoz Jezi te kondane fo kwayans ak fason moun yo te konn aji ki pa t bon. Ki jan menm bagay la ka fè kèk moun bite jodi a? (Gade paragraf 9.) *

9. Bay kèk fo ansèyman Jezi te devwale.

9 Ki sa Ekriti yo di? Gen yon pwofesi nan Bib la ki te anonse lanmou Mesi a gen pou kay Jewova a t ap tankou yon dife k ap boule anndan l (Sòm 69:9; Jan 2:14-17). Lanmou sa a Jezi te genyen an te pouse l devwale yon seri fo kwayans ak fason chèf relijye yo te konn aji ki pa t bon. Pa egzanp, Farizyen yo te kwè nanm nan pa ka mouri. Jezi te anseye lè yon moun mouri se dòmi l ap dòmi (Jan 11:11). Sadiseyen yo pa t kwè nan rezirèksyon, alòske Jezi te resisite Laza, zanmi l (Jan 11:43, 44; Tra. 23:8). Farizyen yo te fè kwè tout sa k rive nan lavi a te dwe rive e tout sa k rive se volonte Bondye, alòske Jezi te anseye yon moun kapab chwazi sèvi Bondye oswa pa sèvi l. — Mat. 11:28.

10. Poukisa anpil moun pa vle koute sa n ap anseye yo?

10 Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Anpil moun pa vle koute nou paske nou sèvi ak Bib la pou n montre gen yon seri bagay relijyon yo ap anseye ki pa laverite. Chèf relijye yo anseye fidèl yo Bondye pini moun ki mechan yo nan lanfè. Yo sèvi ak fo ansèyman sa a pou yo kenbe moun yo anba kontwòl yo. Antanke sèvitè Jewova yo, k ap adore yon Bondye ki gen lanmou, nou ede moun yo konprann ansèyman sa a pa laverite. Chèf relijye yo anseye moun yo tou nanm nan pa ka mouri. Nou montre moun yo aklè ansèyman sa a pa soti nan Bib la. E si ansèyman sa a ta laverite, konnen pa t ap gen rezirèksyon. Kontrèman ak anpil relijyon ki anseye moun yo tout sa k rive nan lavi a te gen pou rive oswa se volonte Bondye, nou anseye moun yo yon moun kapab chwazi sèvi Bondye oswa pa sèvi l. E ki jan chèf relijye yo reyaji? Byen souvan, yo fache anpil!

11. Selon pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 8:45-47, ki sa Bondye vle moun k ap sèvi l yo fè?

11 Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? Si nou renmen laverite, nou dwe aksepte sa Bondye di. (Li Jan 8:45-47.) Kontrèman ak Satan Ledyab, nou pran pozisyon fèm pou laverite. Nou pa janm fè anyen ki pa ann amoni ak kwayans nou (Jan 8:44). Bondye vle pou moun k ap sèvi l yo “gen degoutans pou sa ki mal” epi pou yo “rete atache ak sa ki byen”, menm jan ak Jezi. — Wom. 12:9; Ebre 1:9.

3) YO TE PÈSEKITE JEZI

Anpil moun te bite akoz Jezi te mouri sou yon poto. Ki jan menm bagay la ka fè kèk moun bite jodi a? (Gade paragraf 12.) *

12. Poukisa fason Jezi te mouri a te lakòz anpil Juif bite?

12 Ki bagay ankò ki te fè Juif yo bite nan epòk Jezi a? Men sa Pòl te di: “Sa n ap preche, se Kris yo te kloure sou poto pou l mouri a. Sa lakòz Juif yo bite.” ​(1 Kor. 1:23). Sa k fè anpil Juif te bite poutèt fason Jezi te mouri a? Pou yo menm, fason Jezi te mouri sou poto a te fè l sanble ak yon kriminèl e ak yon moun k ap pratike peche, se sa k fè yo te refize kwè li se Mesi a. — Det. 21:22, 23.

13. Ki sa moun ki te bite akoz Jezi yo pa t rive konprann?

13 Anpil nan Juif ki te bite yo pa t rive wè Jezi te inosan, epi yo pa t rive konprann yo te akize l san rezon e yo te trete l yon fason ki pa jis. Moun ki t ap jije Jezi yo pa t ap chèche fè yon jijman ki jis. Pi gwo tribinal juif la te reyini byen vit pou yo fè jijman an, e yo pa t suiv lwa ki te genyen yo (Lik 22:54; Jan 18:24). Olye jij yo te aji san patipri pou yo koute akizasyon yo te lage sou do Jezi yo e pou yo chèche jwenn prèv sou sa, se yo menm ankò ki t ap chèche jwenn “fo temwayaj sou Jezi, pou yo ka touye l”. Lè sa pa t mache, gran prèt la te eseye fè Jezi di yon bagay ki pa sa pou yo te ka fè konnen li antò. Sa yo te fè a te depaman nèt ak sa lalwa mande (Mat. 26:59; Mak 14:55-64). E apre Jezi te leve sot nan lanmò, jij malveyan sa yo te peye sòlda women ki t ap veye tonm kote Jezi te ye a “yon bon valè pyès monnen ann ajan” pou yo te ka gaye manti pou esplike rezon ki fè tonm nan vid. — Mat. 28:11-15.

14. Ki sa Ekriti yo te gentan anonse anrapò ak lanmò Mesi a?

14 Ki sa Ekriti yo di? Byenke anpil Juif nan epòk Jezi a pa t atann Mesi a t ap gen pou l mouri, remake sa Ekriti yo te gentan anonse: “Li te bay lavi l, e yo te konsidere l menm jan ak moun k ap fè peche yo. Li te pot peche anpil moun, e li te plede kòz moun ki peche yo.” ​(Eza. 53:12). Donk, Juif yo pa t gen okenn rezon pou yo bite lè yo te touye Jezi tankou yon moun ki fè yon bagay ki mal.

15. Ki akizasyon yo lage sou do Temwen Jewova yo ki lakòz kèk moun bite?

15 Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi, pa gen okenn dout! Yo te lage fo akizasyon sou do Jezi e yo te kondane l. Jodi a, yo aji menm jan an ak Temwen Jewova yo. Ann wè kèk egzanp. Pandan ane 1930 yo ak ane 1940 yo, nan peyi Etazini, pandan plizyè fwa, nou te oblije parèt devan tribinal pou n defann libète nou genyen pou n adore Bondye. Gen kèk jij ki te montre aklè yo te kont nou. Nan Kebèk, nan peyi Kanada, Legliz ak Leta te met tèt yo ansanm pou anpeche nou fè travay n ap fè a. Yo te met anpil pwoklamatè nan prizon senpleman paske yo t ap pale ak vwazen yo konsènan Wayòm Bondye a. Nan peyi Almay, gouvènman Nazi a te touye yon pakèt jèn frè fidèl. E nan dènye ane sa yo, nan peyi Larisi, yo kondane anpil nan frè nou yo e yo mete yo nan prizon paske y ap pale de Bib la, yon bagay otorite yo konsidere kòm yon “aktivite ekstremis”. Yo menm entèdi Labib — Tradiksyon monn nouvo a nan lang ris e yo konsidere l kòm yon “liv ekstremis” paske li gen non Jewova ladan l.

16. Jan sa parèt nan 1 Jan 4:1, poukisa nou pa dwe kite yo twonpe nou ak fo enfòmasyon y ap bay sou Temwen Jewova yo?

16 Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? Chèche konn sa ki laverite. Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te fè moun ki t ap koute l yo konnen gen moun ki t ap “di tout kalite move bagay ki pa vre sou” yo (Mat. 5:11). Se Satan ki vin ak manti sa yo. Li pouse moun ki kont moun ki renmen laverite yo gaye yon seri vye manti sou yo (Rev. 12:9, 10). Nou pa dwe koute manti moun ki opoze ak nou yo ap gaye sou nou. Nou pa dwe janm kite manti sa yo fè nou kraponnen oswa kraze lafwa nou. — Li 1 Jan 4:1.

4) YO TE TRAYI JEZI E YO TE ABANDONE L

Anpil moun te bite akoz Jida te trayi Jezi. Ki jan menm bagay la ka fè kèk moun bite jodi a? (Gade paragraf 17-18.) *

17. Ki jan evènman ki te rive yon ti tan anvan Jezi te mouri te kapab fè kèk moun bite?

17 Yon ti tan anvan Jezi te mouri, gen youn nan 12 apot li yo ki te trayi l. Gen yon lòt apot ki te nye Jezi pandan twa fwa, e tout apot li yo te abandone l jou swa anvan l mouri a (Mat. 26:14-16, 47, 56, 75). Jezi pa t sezi pou sa. Li te menm gentan fè konnen sa t ap gen pou rive (Jan 6:64; 13:21, 26, 38; 16:32). Lè yon bagay konsa rive, gen moun ki te gendwa bite e yo te gendwa di tèt yo: ‘Si se konsa apot Jezi yo aji, mwen pa vle fè pati gwoup moun sa yo!’

18. Ki pwofesi evènman ki te pase anvan Jezi te mouri yo te reyalize?

18 Ki sa Ekriti yo di? Plizyè syèk alavans, Jewova te gentan fè konnen yo t ap gen pou yo trayi Mesi a pou 30 pyès monnen ann ajan (Zak. 11:12, 13). Se youn nan bon zanmi Jezi yo ki t ap gen pou fè kou trèt sa a (Sòm 41:9). Men sa pwofèt Zakari te di tou: “Frape bèje a, e tout mouton yo ap gaye.” ​(Zak. 13:7). Evènman sa yo pa ta dwe fè moun ki sensè yo bite, okontrè, yo ta dwe vin gen plis lafwa lè yo wè pwofesi sa yo reyalize sou Jezi.

19. Ki sa moun ki sensè yo konnen?

19 Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Nan epòk pa nou an, gen kèk Temwen moun byen konnen ki kite laverite, ki vin aposta, e apre sa k ap eseye rale lòt moun vin jwenn yo. Y ap gaye move enfòmasyon, y ap di pawòl ki pa fin verite ak yon seri manti kri sou Temwen Jewova yo sou Entènèt ak nan medya yo. Men, moun ki sensè yo pa kite yo twonpe yo. Okontrè, yo konnen Labib te gentan anonse bagay sa yo t ap gen pou rive. — Mat. 24:24; 2 Pyè 2:18-22.

20. Ki sa nou kapab fè pou nou pa janm kite moun ki vire do bay laverite fè n bite? (2 Timote 4:4, 5.)

20 Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? Nou bezwen kontinye fè efò pou lafwa n rete djanm. N ap rive fè sa, lè nou etidye regilyèman, lè nou toujou priye ak lè nou ret okipe nan travay Jewova ban nou fè a. (Li 2 Timote 4:4, 5.) Si nou gen lafwa, nou pap panike lè nou tande move enfòmasyon y ap gaye sou Temwen Jewova yo (Eza. 28:16). Lanmou nou gen pou Jewova, pou Pawòl li a ak pou frè n ak sè n yo ap ede nou pou nou pa janm kite moun ki vire do bay laverite fè n bite.

21. Menmsi pifò moun jodi a pa aksepte mesaj n ap preche a, ki asirans nou kapab genyen?

21 Nan premye syèk la, te gen anpil moun ki te bite e ki pa t aksepte mesaj Jezi t ap preche a. Sepandan, gen anpil lòt ki te aksepte l. Pami moun sa yo, te gen omwen youn nan moun ki te fè pati Sanedren juif la, e te menm gen “anpil prèt”. (Tra. 6:7; Mat. 27:57-60; Mak 15:43.) Menm jan an tou jodi a, gen plizyè milyon moun ki pa kite anyen fè yo bite. Sa k fè sa? Paske yo konnen verite ki nan Ekriti yo e yo renmen verite sa yo. Men sa Pawòl Bondye a di: “Moun ki renmen lwa w yo se yo menm k ap viv nan lapè. Pa gen anyen ki ka fè yo bite.” — Sòm 119:165.

KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl

^ § 5 Nan atik ki vin anvan an, nou te wè kat rezon ki fè moun pa t vle koute Jezi nan epòk li a ak rezon ki fè moun pa vle koute moun k ap suiv li jodi a. Nan atik sa a, nou pral wè kat lòt rezon. Nou pral wè tou poukisa yon seri moun sensè ki renmen Jewova pa kite anyen fè yo bite.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi k ap manje ak Matye ansanm ak plizyè pèseptè.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi k ap met machann yo deyò nan tanp lan.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yo fè Jezi pote poto soufrans lan.

^ § 66 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jida k ap trayi Jezi ak yon bo.