Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 20

Liv Revelasyon an: Ki sa l anonse pou ènmi Bondye yo?

Liv Revelasyon an: Ki sa l anonse pou ènmi Bondye yo?

“Yo rasanble wa yo nan yon zòn yo rele ann ebre: Amagedon.” — REV. 16:16.

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa liv Revelasyon an di konsènan pèp Bondye a?

 LIV Revelasyon an fè konnen Wayòm Bondye a tabli nan syèl la e yo met Satan deyò nan syèl la (Rev. 12:1-9). Piske yo met Satan deyò, sa fè gen lapè nan syèl la, men sa lakòz anpil pwoblèm pou nou. Sa k fè sa? Se paske Satan an kòlè e l ap atake sèvitè fidèl Jewova yo sou tè a. — Rev. 12:12, 15, 17.

2. Ki sa k ap ede n ret tennfas?

2 Ki jan n kapab ret tennfas devan atak Satan yo (Rev. 13:10)? Youn nan bagay k ap ede n se lefètke n konnen sa k pral rive alavni. Pa egzanp, nan liv Revelasyon an, apot Jan fè konnen kèk nan benediksyon nou pral jwenn talè konsa. Youn nan benediksyon yo se ènmi Bondye yo ki pral detwi. Kounye a, ann wè sa liv Revelasyon an fè konnen konsènan ènmi sa yo ak sa k pral rive yo.

YON SERI “SENBÒL” POU FÈ KONN KIYÈS KI ÈNMI BONDYE YO

3. Bay kèk senbòl yo itilize nan liv Revelasyon an.

3 Depi nan premye vèsè a, liv Revelasyon an fè konnen yo sèvi “ak senbòl”, oswa langaj senbolik, pou esplike enfòmasyon nou pral li annapre yo (Rev. 1:1). Yo sèvi ak senbòl pou fè konnen kiyès ki ènmi Bondye yo. Yo pale konsènan yon pakèt bèt sovaj. Pa egzanp, yo pale konsènan “yon bèt sovaj k ap monte sot nan lanmè a”. Li gen “dis kòn ak sèt tèt”. (Rev. 13:1.) Apre premye bèt sa a, gen “yon lòt bèt sovaj k ap monte sot nan tè a”. Bèt sovaj sa a pale tankou yon dragon e li fè “dife [desann] sot nan syèl la”. (Rev. 13:11-13.) Annapre, yo pale konsènan yon lòt bèt, se “yon bèt sovaj wouj vif”, e gen yon pwostitye ki chita sou li k ap mennen l. Twa bèt sovaj sa yo reprezante yon seri ènmi Jewova Dye ak Wayòm li an genyen depi byen lontan. Se sa k fè li enpòtan pou n konnen kiyès yo ye. — Rev. 17:1, 3.

KAT GWO BÈT

Yo “sot nan lanmè a”. (Dàn. 7:1-8, 15-17.) Yo reprezante pisans mondyal ki te gen gwo enfliyans sou pèp Bondye a depi nan epòk Dànyèl la. (Gade paragraf 4, 7.)

4-5. Ki jan pawòl nou jwenn nan Dànyèl 7:15-17 yo ede n konprann sans senbòl ki nan liv Revelasyon an?

4 Anvan nou rive konnen kiyès ki ènmi sa yo, nou bezwen konnen ki sa bèt sovaj yo ak pwostitye a reprezante. Pi bon fason pou n konprann ki sa yo reprezante, se lè n kite Bib la ban nou esplikasyon sou sa. Gen anpil senbòl nou jwenn nan liv Revelasyon an yo deja bay esplikasyon sou yo nan lòt liv nou jwenn nan Bib la. Pa egzanp, pwofèt Dànyèl te fè yon rèv kote l te wè “kat gwo bèt ki monte sot nan lanmè a”. (Dàn. 7:1-3.) Dànyèl fè konnen ki sa yo reprezante. Kat gwo bèt sa yo reprezante kat “wa” oswa gouvènman. (Li Dànyèl 7:15-17.) Esplikasyon byen klè sa a ede n konprann bèt sovaj yo pale de yo nan liv Revelasyon an dwe reprezante gouvènman tou.

5 Kounye a, ann egzamine kèk nan senbòl nou jwenn nan liv Revelasyon an. Pandan n ap fè sa, nou pral wè jan Bib la ede n konprann sans senbòl sa yo. N ap kòmanse avèk bèt sovaj yo. Toudabò, n ap chèche konprann ki sa yo reprezante. Apre sa, nou pral wè ki sa k rive bèt sa yo. Finalman, nou pral wè ki sans evènman sa yo gen pou nou.

NOU VIN KONNEN KIYÈS KI ÈNMI BONDYE YO

BÈT SOVAJ KI GEN SÈT TÈT LA

Li monte “sot nan lanmè a” e li gen sèt tèt, dis kòn ak dis kouwòn (Rev. 13:1-4). Li reprezante tout pisans politik ki domine sou limanite pandan tout istwa lèzòm. Sèt tèt yo reprezante sèt pisans mondyal ki te gen gwo enfliyans sou pèp Bondye a. (Gade paragraf 6-8.)

6. Ki sa bèt sovaj ki gen sèt tèt yo pale de li nan Revelasyon 13:1-4 la reprezante?

6 Ki sa bèt sovaj ki gen sèt tèt la reprezante? (Li Revelasyon 13:1-4.) Nou remake bèt sa a sanble ak yon leyopa, men, pye l tankou pye yon lous, bouch li tankou bouch yon lyon, e li gen dis kòn. Nou jwenn menm karakteristik sa yo nan kat bèt yo pale de yo nan Dànyèl chapit 7 la. Sepandan, nan liv Revelasyon an, se yon sèl bèt ki gen tout karakteristik sa yo, se pa kat bèt. Bèt sovaj sa a pa reprezante yon sèl gouvènman oswa yon anpi nan monn nan. Apot Jan fè konnen bèt sovaj sa a gen otorite “sou moun tout tribi, tout pèp, tout lang ak tout nasyon”. Donk, sanble li gen plis pouvwa pase kèlkeswa gouvènman an (Rev. 13:7). Se sa k fè bèt sovaj sa a dwe reprezante tout pisans politik ki dirije limanite rive jis jodi a. * — Ekl. 8:9.

7. Ki sa chak tèt nan sèt tèt bèt sovaj la reprezante?

7 Ki sa chak tèt nan sèt tèt yo reprezante? Revelasyon chapit 17 ede n jwenn repons lan paske l pale konsènan estati bèt sovaj la ki nan Revelasyon chapit 13 la. Men sa nou li nan Revelasyon 17:10: “Yo reprezante sèt wa: gen senk ki deja tonbe, gen youn ki la, lòt la poko rive, men lè l rive, l ap rete pou yon ti tan.” Pami tout pisans politik Satan itilize yo, gen sèt nan yo yo konpare ak “tèt”, paske yo te gen anpil pouvwa. Se te yon seri pisans mondyal ki te gen gwo enfliyans sou pèp Bondye a. Nan epòk apot Jan an, senk nan pisans sa yo te gentan tonbe. Se te Ejip, Asiri, Babilòn, Medi ak Pès, ak Lagrès. Lè apot Jan te resevwa revelasyon an, Wòm, sizyèm pisans lan te toujou ap domine. Ki peyi ki t ap setyèm pisans mondyal la e ki t ap dènye a, oswa setyèm e dènye tèt la?

8. Ki gouvènman setyèm tèt bèt sovaj la reprezante?

8 Jan nou pral wè sa, pwofesi ki nan liv Dànyèl la ede n idantifye setyèm tèt bèt sovaj la, li menm ki dènye a. Ki pisans mondyal k ap domine nan tan lafen an pandan “jou Seyè a”? (Rev. 1:10.) Se de gouvènman ki met tèt yo ansanm anpalan de Wayòm Ini ak Etazini, yo rele yo tou Pisans mondyal anglo-ameriken an. Kidonk, nou kapab di se yo menm ki setyèm tèt bèt sovaj ki nan Revelasyon 13:1-4 la.

YON BÈT SOVAJ KI GEN DE KÒN KI TANKOU KÒN YON TI MOUTON

Li monte “sot nan tè a” e li pale “tankou yon dragon”. Li fè “dife sot nan syèl la” e li reyalize siy menm jan ak “fo pwofèt la”. (Rev. 13:11-15; 16:13; 19:20.) Antanke yon bèt ki gen de kòn e antanke yon fo pwofèt, Pisans mondyal anglo-ameriken an twonpe moun ki abite sou tè a e li di yo pou yo “fè yon estati” “bèt sovaj” ki gen sèt tèt ak dis kòn nan. (Gade paragraf 9.)

9. Ki gouvènman bèt sovaj ki gen “de kòn ki tankou kòn yon ti mouton” an reprezante?

9 Revelasyon chapit 13 fè n konnen setyèm tèt la, anpalan de Pisans mondyal anglo-ameriken an, aji tou tankou yon bèt sovaj ki gen “de kòn ki tankou kòn yon ti mouton, men li kòmanse pale tankou yon dragon”. Bèt sa a “tèlman reyalize siy estrawòdinè, li menm fè dife sot nan syèl la vin sou tè a devan je tout moun”. (Rev. 13:11-15.) Revelasyon chapit 16 ak chapit 19 pale de bèt sovaj sa a kòm “fo pwofèt la”. (Rev. 16:13; 19:20.) Dànyèl li menm tou te fè konnen Pisans mondyal anglo-ameriken an t ap “fè ravaj yon fason ki terib”. (Dàn. 8:19, 23, 24.) Se egzakteman sa k te rive pandan Dezyèm Gè mondyal la. Te gen syantifik britanik ak ameriken ki te met ansanm pou yo fè de bonm atomik ki te jwe yon gwo wòl pou fè gè a sispann nan zòn Pasifik la. Vrèmanvre, Pisans mondyal anglo-ameriken an te “fè dife sot nan syèl la vin sou tè a”.

YON BÈT SOVAJ WOUJ VIF

Gen yon pwostitye, anpalan de Gran Babilòn nan, ki chita sou li e k ap mennen l. Bèt la reprezante yon uityèm wa (Rev. 17:3-6, 8, 11). Okòmansman, pwostitye a gen kontwòl bèt sovaj la, men annapre, bèt sovaj la detwi l. Pwostitye a reprezante tout fo relijyon nan monn nan. Jodi a, bèt sovaj la reprezante Nasyonzini, k ap defann enterè sistèm politik mondyal la. (Gade paragraf 10, 14-17.)

10. Ki sa “estati bèt sovaj la” reprezante? (Revelasyon 13:14, 15; 17:3, 8, 11).

10 Apre sa, yo pale konsènan yon lòt bèt sovaj. Bèt sovaj sa a prèske sanble ak bèt sovaj ki gen sèt tèt la. Men, sèl bagay, li gen koulè wouj vif. Yo rele l “estati bèt sovaj la” e yo fè konnen li se “yon uityèm wa” *. (Li Revelasyon 13:14, 15; 17:3, 8, 11.) “Wa” sa a t ap gen pou l parèt, epi li pa t ap egziste, e annapre li t ap parèt ankò. Sa yo di la a sanble tèt koupe ak òganizasyon Nasyonzini k ap defann enterè sistèm politik mondyal la! Toudabò, li te parèt, e l te rele Sosyete Nasyon yo. Epi, pandan Dezyèm Gè mondyal la li pa t egziste. Annapre, li te parèt ankò, e l te vin gen non li genyen jodi a.

11. Ki sa bèt sovaj yo ankouraje moun fè, e poukisa nou pa bezwen pè yo?

11 Bèt sovaj yo, oswa gouvènman yo, ankouraje moun opoze ak Jewova e ak pèp li a. Nan yon sans senbolik, yo rasanble “wa ki sou tout tè a” pou lagè Amagedon, ki se “gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. (Rev. 16:13, 14, 16.) Men, nou pap gen pou n pè anyen. Jewova, Bondye nou an ki gran, pral aji byen vit pou l sove tout moun k ap soutni Wayòm li an. — Eze. 38:21-23.

12. Ki sa k pral rive tout bèt yo?

12 Ki sa k rive tout bèt yo? Men sa Revelasyon 19:20 fè konnen: “Yo met men sou bèt sovaj la ansanm ak fo pwofèt la ki t ap reyalize siy devan l, siy li te sèvi pou l twonpe ni moun ki resevwa mak bèt sovaj la, ni moun ki adore estati bèt la, e yo voye toule de jete tou vivan nan letan dife ki gen souf la.” Donk, se pandan gouvènman sa yo oswa ènmi Bondye sa yo ap dirije, Bondye ap detwi yo pou toutan.

13. Ki difikilte gouvènman nan monn nan lakòz kretyen yo jwenn?

13 Ki sa sa vle di pou nou? Antanke kretyen, nou dwe fidèl ak Bondye e ak Wayòm li an (Jan 18:36). Pou n rive fè sa, nou pa dwe mele nan politik. Men, li kapab vrèman difisil pou n pa mele ditou nan zafè gouvènman yo, paske yo vle nou soutni yo ni nan pawòl nou ni nan aksyon nou. Moun ki pran nan presyon gouvènman yo ap fè pou yo soutni yo resevwa mak bèt sovaj la (Rev. 13:16, 17). Men, nenpòt moun ki resevwa mak sa a pap gen favè Jewova e l pap jwenn lavi ki pap janm fini an (Rev. 14:9, 10; 20:4). Kidonk, se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou chak pa mele ditou nan politik, kèlkeswa presyon gouvènman yo ta fè sou nou pou n soutni yo!

SA PRAL FINI MAL POU GWO PWOSTITYE A

14. Selon Revelasyon 17:3-5, ki bagay apot Jan te vin wè ki te fè l sezi?

14 Apot Jan te pale konsènan yon lòt bagay li te wè ki te fè l “fè yon gwo sezisman”. Ki sa l te wè? Li te wè yon fi ki chita sou youn nan bèt sovaj yo (Rev. 17:1, 2, 6). Yo fè konnen li se yon “gwo pwostitye” e yo rele l “Gran Babilòn nan”. Li fè “imoralite seksyèl” ak “wa latè yo”. — Li Revelasyon 17:3-5.

15-16. Ki sa “Gran Babilòn nan” ye, e ki jan nou fè konn sa?

15 Ki sa “Gran Babilòn nan” ye? Fi sa a pa kapab reprezante yon òganizasyon politik paske, selon sa yo fè konnen, l ap fè imoralite seksyèl ak dirijan politik yo nan monn nan (Rev. 18:9). Anfèt, l ap chèche kontwole dirijan sa yo, nan yon sans, se li menm k ap mennen yo. Epitou, li pa kapab reprezante sistèm komèsyal monn Satan an ki ava. Gen kote nan liv Revelasyon an yo pale de sistèm komèsyal monn Satan an e yo rele l “komèsan sou tè a”. — Rev. 18:11, 15, 16.

16 Nan Bib la, mo “pwostitye” a kapab fè referans ak moun ki fè konnen y ap sèvi Bondye, men, k ap pratike idolatri oswa ki vin zanmi monn nan (1 Kwo. 5:25; Jak 4:4). Yon lòt bò, yo pale de moun ki fidèl k ap sèvi Bondye yo antanke “vyèj k ap mennen yon vi pwòp”. (2 Kor. 11:2; Rev. 14:4.) Babilòn tan lontan an te youn nan prensipal kote yo te konn pratike fo adorasyon. Donk, Gran Babilòn nan dwe reprezante fo adorasyon sou kèlkeswa fòm nan. An reyalite, li reprezante tout fo relijyon nan monn nan. — Rev. 17:5, 18. Gade atik ki gen tit “Ki sa Gran Babilòn nan ye?” ki sou sit Entènèt jw.org la.

17. Ki sa k pral rive Gran Babilòn nan?

17 Ki sa k pral rive Gran Babilòn nan? Men sa Revelasyon 17:16, 17 fè konnen: “Dis kòn ou wè yo, ansanm ak bèt sovaj la, pral rayi pwostitye a, y ap dechèpiye l, y ap mete l toutouni, y ap manje chè l, e y ap boule l nèt nan dife. Paske, Bondye mete lide l nan kè yo pou yo reyalize volonte l.” Wi, Jewova pral fè nasyon yo sèvi ak bèt sovaj wouj vif la, anpalan de Nasyonzini, pou atake tout fo relijyon nan monn nan e pou detwi yo nèt. — Rev. 18:21-24.

18. Ki jan nou kapab sèten nou pa mele ditou nan sa Gran Babilòn nan ap fè yo?

18 Ki sa sa mande pou n fè? Nou bezwen kontinye ret nan “adorasyon ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an”. (Jak 1:27.) Nou pa ta dwe janm kite fo ansèyman Gran Babilòn nan enfliyanse nou, san wete fèt payen y ap selebre yo, prensip moral yo genyen ki vrèman ba, ak sa y ap pratike ki gen rapò ak movèzespri! E n ap kontinye avèti moun yo pou yo “sot ladan l” yon fason pou Bondye pa kondane yo ansanm avè l. — Rev. 18:4.

JIJMAN PI GWO ÈNMI BONDYE A

DRAGON KI GEN KOULÈ DIFE A

Satan bay bèt sovaj la otorite (Rev. 12:3, 9, 13; 13:4; 20:2, 10). Yo pral lage Satan, pi gwo ènmi Jewova a, nan twou san fon an pou 1 000 an. Annapre, yo pral lage l nan “letan dife ak souf la”. (Gade paragraf 19-20.)

19. Kiyès “gwo dragon ki gen koulè dife a” ye?

19 Liv Revelasyon an pale tou konsènan “yon dragon ki gen koulè dife”. (Rev. 12:3.) Dragon sa a batay ak Jezi e ak zanj li yo (Rev. 12:7-9). Li atake pèp Bondye a e li bay bèt sovaj yo, oswa gouvènman lèzòm yo, pisans (Rev. 12:17; 13:4). Kiyès ki dragon sa a? Se “premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an”. (Rev. 12:9; 20:2.) Se li menm k ap kontwole tout lòt ènmi Jewova yo.

20. Ki sa k pral rive dragon an?

20 Ki sa k rive dragon an? Revelasyon 20:1-3 fè konnen gen yon zanj ki pral pimpe Satan nan yon twou san fon, ki pral tankou yon prizon pou li. Pandan Satan nan prizon an, li pap “twonpe nasyon yo ankò jiskaske 1 000 an an fini”. Finalman, yo pral lage Satan ak demon l yo nan “letan dife ak souf la”, sa vle di yo pral detwi pou toutan (Rev. 20:10). Imajine yon monn kote Satan ak demon l yo pa la ankò. Se pa ti bèl sa pral bèl!

21. Poukisa sa nou li nan liv Revelasyon an ka fè n gen kè kontan?

21 Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou n konprann sans senbòl sa yo ki nan liv Revelasyon an! Nonsèlman nou rive idantifye ènmi Jewova yo, men tou, nou wè tout sa k pral rive yo. Wi, “byennere moun ki li pawòl ki nan pwofesi sa a awotvwa, e byennere moun ki koute pawòl sa yo”! (Rev. 1:3.) Men, yonfwa ènmi Bondye yo fin detwi, ki benediksyon moun ki fidèl yo pral jwenn? Se sou sa nou pral pale nan dènye atik nan seri sa a.

KANTIK 23 Jewova kòmanse dirije

^ Liv Revelasyon an sèvi ak senbòl pou fè konnen kiyès ki ènmi Bondye yo. Liv Dànyèl la ede n konprann sans senbòl sa yo. Nan atik sa a, nou pral konpare kèk nan pwofesi ki nan liv Dànyèl la ak kèk pwofesi menm jan an ki nan liv Revelasyon an. Konsa, n ap kapab konnen kiyès ki ènmi Bondye yo. Apre sa, nou pral wè ki sa k pral rive yo.

^ Yon lòt bagay ki montre bèt sovaj ki gen sèt tèt la reprezante tout pisans politik yo se paske yo fè konnen li gen “dis kòn”. Byen souvan, Bib la sèvi ak chif dis la pou montre yon bagay ki konplè.

^ Kontrèman ak premye bèt sovaj la, estati a pa gen dyadèm oswa “kouwòn” sou kòn li yo (Rev. 13:1). Se paske li ‘soti nan sèt’ lòt wa yo e se yo menm ki ba l otorite. — Gade atik ki gen tit “Ki sa bèt ki gen koulè wouj vif Revelasyon 17 la reprezante?” ki sou sit Entènèt jw.org la.