Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 21

Liv Revelasyon an: Ki sa l fè konnen konsènan avni w?

Liv Revelasyon an: Ki sa l fè konnen konsènan avni w?

“Amèn! Vini non, Seyè Jezi.” — REV. 22:20.

KANTIK 142 Annou kenbe esperans nou an fèm

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki desizyon enpòtan tout moun bezwen pran?

 JODI A, moun yo gen yon desizyon enpòtan pou yo pran. Èske y ap aksepte soutni Jewova Dye antanke Dirijan ki gen dwa gouvène linivè, oswa èske y ap pran pozisyon pou ènmi l lan ki mechan anpil, anpalan de Satan Ledyab? Chak moun dwe fè yon chwa. Desizyon yo pran an ap fè swa yo viv pou toutan swa yo detwi (Mat. 25:31-33, 46). Pandan “gwo tribilasyon an” yo pral resevwa yon mak k ap pèmèt yo sove oswa detwi. — Rev. 7:14; 14:9-11; Eze. 9:4, 6.

2. a) Ki sa Ebre 10:35-39 ankouraje n fè? b) Ki jan liv Revelasyon an ka ede n?

2 Li Ebre 10:35-39. Si w aksepte Jewova dirije w, ou pran yon bon desizyon. Kounye a, ou ta renmen ede lòt moun fè bon chwa a tou. Pou w rive fè sa, ou kapab sèvi ak liv Revelasyon an. Liv espesyal sa a montre sa k pral rive moun ki kont Jewova, men li montre tou benediksyon k ap tann moun ki fidèl ki dakò L dirije yo. L ap bon pou n egzamine verite enpòtan sa yo. Lè nou fè sa, n ap anvi kontinye sèvi Jewova pi plis toujou. Mete sou sa, n ap kapab sèvi ak sa n aprann yo pou n ede lòt moun pran bon desizyon an epi kenbe desizyon sa a.

3. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, men ki kesyon nou pral egzamine: Ki sa moun ki aksepte Jewova dirije yo pral jwenn? Yon lòt bò, ki sa k pral rive moun ki chwazi soutni bèt sovaj koulè wouj vif liv Revelasyon an pale de li a?

SA MOUN KI FIDÈL YO PRAL JWENN

4. Ki gwoup moun apot Jan wè ansanm ak Jezi nan syèl la?

4 Nan yon vizyon apot Jan te fè, li te wè de gwoup moun k ap soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a e ki resevwa lavi ki pap janm fini an kòm benediksyon. Premye gwoup la gen 144 000 moun ladan l (Rev. 7:4). Yo chwazi yo sou tè a pou yo fòme yon gouvènman, oswa Wayòm, ansanm ak Jezi nan syèl la. Y ap dirije tè a ansanm avè l (Rev. 5:9, 10; 14:3, 4). Nan vizyon an, Jan te wè yo kanpe ansanm ak Jezi sou Mòn Siyon nan syèl la. — Rev. 14:1.

5. Ki sa k pral rive rès moun ki fè pati 144 000 moun yo talè konsa?

5 Soti nan epòk apot yo rive jis jodi a, Bondye chwazi plizyè milye moun pou vin fè pati 144 000 moun yo (Lik 12:32; Wom. 8:17). Sepandan, yo te fè Jan konnen se sèlman yon rès, oswa yon ti kantite nan moun sa yo, k ap vivan sou tè a pandan dènye jou yo. Anvan gwo tribilasyon an kòmanse, “rès” moun sa yo pral resevwa yon dènye “so” k ap montre yo gen favè Jewova (Rev. 7:2, 3; 12:17). Epitou, rive yon lè pandan gwo tribilasyon an, y ap ansanm ak lòt moun ki te mouri fidèl, ki deja nan syèl la, ki fè pati 144 000 moun yo. Pandan yo nan syèl la, yo pral dirije ansanm ak Jezi nan Wayòm Bondye a. — Mat. 24:31; Rev. 5:9, 10.

6-7. a) Ki gwoup moun Jan te wè annapre, e ki sa n aprann konsènan moun sa yo? b) Poukisa Revelasyon chapit 7 dwe enterese ni rès moun ki pral nan syèl yo ni “gwo foul moun” nan?

6 Apre Jan fin wè gwoup moun sa a nan syèl la, li wè “yon gwo foul moun”. Kontrèman ak 144 000 moun yo, yo pa ka konte kantite moun ki nan gwoup sa a (Rev. 7:9, 10). Ki sa nou aprann konsènan moun sa yo? Men sa yo te fè Jan konnen: “Moun sa yo se moun ki soti anba gwo tribilasyon an. Yo lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Ti Mouton an.” ​(Rev. 7:14). Apre “gwo foul moun” sa a fin pase gwo tribilasyon an vivan, yo pral viv sou tè a e y ap jwenn gwo benediksyon. — Sòm 37:9-11, 27-29; Pwo. 2:21, 22; Rev. 7:16, 17.

7 Kit yo chwazi n pou n al nan syèl, kit n ap ret sou tè a, èske n wè tèt nou pami moun Revelasyon chapit 7 pale de yo a? Nou ta dwe wè tèt nou pami yo. Se pa ti bèl sa pral bèl pou toule de gwoup moun sa yo k ap sèvi Bondye! Nou pral kontan anpil lefètke n te chwazi soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a. Ki sa liv Revelasyon an fè n konnen ankò konsènan gwo tribilasyon an? — Mat. 24:21.

SA K AP TANN MOUN KI OPOZE AK BONDYE YO

8. Ki jan gwo tribilasyon an pral kòmanse, e ki jan pifò moun pral reyaji?

8 Jan nou te wè sa nan atik anvan an, talè konsa, sistèm politik ki nan monn nan pral atake Gran Babilòn nan, anpalan de tout fo relijyon nan monn nan (Rev. 17:16, 17). Aksyon sa a yo pral fè a se pral kòmansman gwo tribilasyon an. Èske sa pral fè yon pakèt moun deside vin sèvi Jewova? Non. Okontrè, Revelasyon chapit 6 montre, nan moman terib sa a, moun ki pap sèvi Jewova pral chèche pwoteksyon nan sistèm politik ak sistèm komèsyal ki nan monn sa a e ki konpare ak mòn. Piske moun sa yo pap soutni Wayòm Bondye a, Jewova pral konsidere yo kòm opozan. — Lik 11:23; Rev. 6:15-17.

9. Pandan gwo tribilasyon an, sa k fè moun yo pral kapab wè sèvitè Jewova yo pa menm ak moun ki pap sèvi Jewova yo, e ki sa k pral rive sèvitè Jewova yo?

9 Vrèmanvre, pandan tribilasyon sa a ki pral rèd anpil, moun yo pral kapab wè sèvitè Jewova yo pa menm ak moun ki pap sèvi Jewova yo. Se yo menm ki pral sèl gwoup moun sou tè a k ap sèvi Jewova Dye e k ap refize soutni “bèt sovaj la”. (Rev. 13:14-17.) Lefètke y ap ret fidèl, sa pral fè moun ki opoze ak Jewova yo fache anpil. Se sa k fè plizyè nasyon pral met tèt yo ansanm pou yo atake pèp Bondye a sou tout tè a. Bib la rele atak sa a, atak Gòg ki soti nan peyi Magòg la. — Eze. 38:14-16.

10. Selon Revelasyon 19:19-21, ki jan Jewova pral reyaji lè yo atake pèp li a?

10 Ki jan Jewova pral reyaji devan atak terib sa a? Men sa l di nou: “M ap vin an kòlè anpil.” ​(Eze. 38:18, 21-23). Revelasyon chapit 19 montre sa k rive annapre. Jewova voye Pitit Gason L lan vin defann pèp Li a e pot laviktwa sou ènmi yo. “Lame nan syèl la”, anpalan de zanj fidèl yo ak 144 000 moun yo, ap ansanm ak Jezi nan atak sa a (Rev. 17:14; 19:11-15). Ki jan gè sa a ap fini? Tout moun ak tout òganizasyon ki opoze ak Jewova pral detwi nèt! — Li Revelasyon 19:19-21.

YON MARYAJ APRE LAGÈ A

11. Ki evènman ki pi enpòtan nan liv Revelasyon an?

11 Imajine jan moun ki fidèl ki sou tè a pral santi yo lè yo wè yo chape apre Bondye fin detwi tout ènmi l yo nèt! Se pral yon moman k ap bay kè kontan! Byenke pral gen yon gwo rèl lakontantman nan syèl la lè Gran Babilòn nan detwi, gen yon lòt bagay ki pral bay plis kè kontan toujou (Rev. 19:1-3). Anfèt, se evènman ki pi enpòtan nan liv Revelasyon an, anpalan de “maryaj Ti Mouton an”. — Rev. 19:6-9.

12. Selon Revelasyon 21:1, 2, ki lè maryaj Ti Mouton an ap fèt?

12 Ki lè maryaj la ap fèt? Tout 144 000 moun yo ap nan syèl la yon ti tan anvan lagè Amagedon. Men, se pa lè sa a maryaj Ti Mouton an ap fèt. (Li Revelasyon 21:1, 2.) Maryaj Ti Mouton an ap fèt apre lagè Amagedon, lè tout ènmi Bondye yo fin detwi. — Sòm 45:3, 4, 13-17.

13. Ki sa maryaj Ti Mouton an vle di toutbonvre pou lemarye ak lamarye?

13 Ki sa maryaj Ti Mouton an vle di toutbonvre pou lemarye ak lamarye? Ebyen, menm jan yon maryaj ini yon gason ak yon fi, se konsa tou, maryaj senbolik sa a pral ini Jezi Kris, Wa a, ansanm ak “lamarye” a, 144 000 moun yo. Apre evènman enpòtan sa a, Jezi ak 144 000 moun yo pral dirije tè a pandan 1 000 an. — Rev. 20:6.

YON VIL ESTRAWÒDINÈ KI GEN RAPÒ AK AVNI W

Revelasyon chapit 21 dekri Nouvo Jerizalèm nan, yon vil senbolik, “k ap desann sot nan syèl la bò kot Bondye”. Pandan Rèy mil an an, l ap pot anpil benediksyon pou moun ki obeyisan yo. (Gade paragraf 14-16.)

14-15. Ak ki sa Revelasyon chapit 21 konpare 144 000 moun yo? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

14 Annapre, Revelasyon chapit 21 konpare 144 000 moun yo ak yon vil ki bèl anpil ki rele “Nouvo Jerizalèm”. (Rev. 21:2, 9.) Fondasyon vil sa a fèt ak 12 wòch e yo gen “non 12 apot Ti Mouton an” ekri sou yo. Sa k fè enfòmasyon sa a dwe te enterese Jan? Paske li te wè non l ekri sou youn nan wòch yo. Ala yon gwo privilèj! — Rev. 21:10-14; Efe. 2:20.

15 Vil senbolik sa a pa sanble ak okenn lòt vil. Vil la gen yon ri prensipal ki fèt ak bon lò, 12 pòtay ki fèt ak pèl, miray li ak fondasyon l dekore ak pyè ki gen anpil valè, ni longè l ni lajè l ni wotè l egal (Rev. 21:15-21). Aktout sa, sanble gen yon bagay ki manke! Remake ki sa Jan di annapre: “Mwen pa t wè tanp nan vil la, paske se Jewova Dye, li menm ki Toupisan an, ak Ti Mouton an ki te tanp li. E vil la pa t bezwen ni solèy ni lalin pou klere l, paske glwa Bondye te klere l, e se Ti Mouton an ki te lanp li.” ​(Rev. 21:22, 23). Moun ki fè pati Nouvo Jerizalèm nan ap ansanm ak Jewova (Ebre 7:27; Rev. 22:3, 4). Donk, Jewova ak Jezi se tanp vil sa a.

Kiyès ki pral jwi bon bagay “yon rivyè” ak yon pakèt “pyebwa” reprezante? (Gade paragraf 16-17.)

16. Ki benediksyon lèzòm pral jwenn pandan Rèy mil an Wayòm Bondye a?

16 Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo kontan anpil lè y ap panse ak vil sa a. Men, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a gen rezon pou yo enterese nan vil sa a tou. Pandan Rèy mil an Wayòm Bondye a, Nouvo Jerizalèm nan pral pot anpil benediksyon. Jan wè benediksyon sa yo k ap koule tankou yon “rivyè dlo lavi”. E sou toule de bò rivyè a gen “pyebwa [...] lavi” ki bay fèy pou “geri nasyon yo”. (Rev. 22:1, 2.) Tout moun k ap viv lè sa a ap gen posiblite pou yo jwi bon bagay sa yo. Tout moun ki obeyisan ap vin pafè tikras pa tikras. Pap gen maladi ankò, pap gen soufrans ankò, e pap gen dlo nan je ankò akoz nou nan lapenn. — Rev. 21:3-5.

17. Selon Revelasyon 20:11-13, kiyès k ap la pandan Rèy mil an an?

17 Kiyès ki pral benefisye bon bagay sa yo? Toudabò, gwo foul la k ap pase Amagedon vivan, epitou, timoun ki ka fèt nan monn nouvo a. Men, Revelasyon chapit 20 pwomèt tou mò yo pral resisite. (Li Revelasyon 20:11-13.) Ni “moun ki jis” ki te fidèl ki mouri nan tan lontan yo, ni “moun ki enjis” ki pa t gen posiblite aprann konnen Jewova yo, yo tout ap retounen viv sou tè a (Tra. 24:15; Jan 5:28, 29). Èske sa vle di tout moun ki te mouri ap resisite pou yo viv sou tè a pandan Rèy mil an an? Non. Moun ki te jwenn posiblite pou yo sèvi Jewova anvan yo mouri e ki pa t vle fè sa pap resisite. Yo te jwenn posiblite a, men, yo te montre yo pa merite viv nan Paradi a sou tè a. — Mat. 25:46; 2 Tes. 1:9; Rev. 17:8; 20:15.

DÈNYE EPRÈV LA

18. Ki jan bagay yo pral ye sou tè a nan fen 1 000 an an?

18 Nan fen 1 000 an an, tout moun sou tè a ap vin pafè. Okenn moun pap gen peche nou te eritye nan men Adan an ankò (Wom. 5:12). Malediksyon peche Adan an ap disparèt nèt. Konsa, moun sou tè a ap “retounen vivan ankò” antanke moun pafè nan fen 1 000 an an. — Rev. 20:5.

19. Poukisa l enpòtan pou gen yon dènye eprèv?

19 Nou konnen Jezi pa t kite Satan fè l pèdi fidelite l. Li te rete fidèl anba eprèv. Men, èske tout moun ki pafè pral dispoze fè menm jan an lè Satan pral jwenn okazyon pou l pase yo anba eprèv? Chak moun ap kapab reponn kesyon sa a poukont yo lè yo libere Satan nan twou san fon an nan fen 1 000 an an (Rev. 20:7). Moun ki rete fidèl pandan dènye eprèv la ap gen lavi ki pap janm fini an, e finalman y ap gen vrè libète a (Wom. 8:21). Moun ki fè rebèl ak Jewova ap detwi pou toutan ansanm ak Dyab la ak demon l yo. — Rev. 20:8-10.

20. Ki jan bèl pwofesi ki nan liv Revelasyon an fè w santi w?

20 Ki jan w santi w apre n fin fè ti rezime sa a sou liv Revelasyon an? Èske sa pa fè w kontan anpil pou w wè ou menm k ap viv reyalizasyon bèl pwofesi sa yo? Èske sa pa fè w anvi ede lòt moun vin sèvi Bondye nou an nan vrè adorasyon an (Rev. 22:17)? Lefètke nou konnen gen yon seri evènman estrawòdinè ki pral rive talè konsa, se sèten nou anvi di menm pawòl ak apot Jan ki te di: “Amèn! Vini non, Seyè Jezi.” — Rev. 22:20.

KANTIK 27 Pitit Bondye yo pral parèt nan laglwa

^ Atik sa a se dènye atik nan seri atik sou liv Revelasyon an. Nan atik sa a, nou pral wè moun ki ret fidèl ak Jewova pral gen yon bèl avni, men, moun ki pa aksepte l dirije yo pral detwi yon fason ki imilyan.