Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 22

Nou bezwen sajès pou gide n nan lavi nou

Nou bezwen sajès pou gide n nan lavi nou

“Se Jewova menm ki bay sajès.” — PWO. 2:6.

KANTIK 89 Koute, obeyi, w ap jwenn benediksyon

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa nou tout bezwen gen sajès Bondye bay la? (Pwovèb 4:7).

 SI W te gen pou w pran yon desizyon enpòtan, se sèten w te priye Bondye pou l ba w sajès, paske w te bezwen sa (Jak 1:5). Men sa wa Salomon te ekri: “Sajès se bagay ki pi enpòtan.” (Li Pwovèb 4:7.) Nòmalman, Salomon pa t ap pale de nenpòt ki sajès. Li t ap pale de sajès ki soti nan Jewova Dye a (Pwo. 2:6). Men, èske sajès Bondye bay la kapab ede n fè fas ak pwoblèm nou gen jounen jodi a? Wi, li kapab, e se sa n pral wè nan atik sa a.

2. Bay youn nan fason nou kapab vin gen sajès toutbon.

2 Youn nan fason nou ka vin gen sajès toutbon se lè nou egzamine ansèyman de moun yo te respekte anpil pou sajès yo te genyen, e lè n aplike sa yo te anseye yo. Toudabò, nou pral wè egzanp Salomon. Labib di: “Bondye te bay Salomon anpil sajès ak bon jijman.” (1 Wa 4:29). Apre sa, nou pral pale sou egzanp Jezi, moun ki te gen plis sajès ki te pase sou tè a (Mat. 12:42). Men sa Bib la te anonse konsènan Jezi: “Lespri Jewova ap poze sou li, se sa k fè l ap gen sajès, l ap gen anpil bon konprann.” — Eza. 11:2.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Ni Salomon ni Jezi te sèvi ak sajès Bondye te ba yo pou yo bay bonjan konsèy sou yon seri bagay ki enpòtan pou nou tout. Nan atik sa a, nou pral wè twa nan yo: Enpòtans pou n gen ekilib nan kesyon lajan, travay, ak fason n wè tèt nou.

EKILIB NAN KESYON LAJAN

4. Èske Salomon ak Jezi te gen menm mwayen ekonomik?

4 Salomon te rich anpil, e l t ap viv nan liks (1 Wa 10:7, 14, 15). Yon lòt bò, Jezi pa t posede anpil bagay, e l pa t gen pwòp kay pa l (Mat. 8:20). Epoutan, yo toule de te gen ekilib nan fason yo te konsidere bagay materyèl paske se Jewova Dye ki te ba yo sajès yo te genyen an.

5. Ki jan Salomon te montre l gen ekilib nan kesyon lajan?

5 Salomon te fè konnen lajan se “yon pwoteksyon”. (Ekl. 7:12.) Avèk lajan, nou kapab gen sa n bezwen pou n viv, e petèt kèk bagay nou ta renmen genyen. Epoutan, byenke Salomon te rich anpil, li te rive konprann gen bagay ki pi enpòtan pase lajan. Pa egzanp, men sa l te ekri: “Pito yon moun chwazi gen bon repitasyon [oswa “chwazi yon non”, nòt] olye l chwazi gen anpil richès.” (Pwo. 22:1). Salomon te remake tou moun ki renmen lajan pa toujou satisfè ak sa yo genyen (Ekl. 5:10, 12). Epitou, li te avèti nou pou n pa met tout konfyans nou nan lajan, piske kèlkeswa kantite lajan nou genyen, nou ka pèdi l byen vit. — Pwo. 23:4, 5.

Èske fason n konsidere bagay materyèl anpeche n bay Wayòm nan premye plas nan lavi n? (Gade paragraf 6-7.) *

6. Ki jan Jezi te montre l gen ekilib anrapò ak bagay materyèl? (Matye 6:31-33).

6 Jezi te gen ekilib anrapò ak bagay materyèl. Li te pran plezi manje e l pa t gen pwoblèm ak bwason (Lik 19:2, 6, 7). Yon lè, li te fè diven ki pi bon an, se te premye mirak li (Jan 2:10, 11). E jou l te mouri a, li te gen yon rad sou li ki te koute chè (Jan 19:23, 24). Men, Jezi pa t kite byen materyèl vin bagay ki pi enpòtan nan lavi l. Men sa l te di disip li yo: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan […] Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” (Mat. 6:24). Jezi te fè konnen si n chèche Wayòm nan an premye, Jewova ap fè n jwenn sa nou bezwen. — Li Matye 6:31-33.

7. Ki byenfè yon frè te jwenn lefètke l te gen ekilib nan kesyon lajan?

7 Anpil nan frè n ak sè n yo jwenn byenfè lè yo aplike konsèy ki gen anpil sajès Bondye bay sou kesyon lajan. Ann pran egzanp yon frè selibatè ki rele Daniel. Men sa l di: “Lè m te nan adolesans mwen, mwen te deside bay sèvis Jewova a plas ki pi enpòtan nan lavi m.” Piske Daniel te mennen yon vi senp, li te kapab sèvi ak tan l ak kapasite l nan plizyè pwojè nan sèvis Jewova a. Men sa l di ankò: “M kapab di toutbonvre, m pa t janm regrèt desizyon m te pran an. Se vre m te ka vin gen anpil lajan si m te bay lajan premye plas nan lavi m. Men, m pa t ap janm gen zanmi m vin genyen yo. Li pa t ap janm ka fè m gen satisfaksyon m gen kounye a lefètke m bay Wayòm nan premye plas nan lavi m. Pa gen okenn lajan ki ka achte benediksyon Jewova ban mwen yo.” Li klè, nou jwenn byenfè lè n pa konsantre sou lajan, men, lè n konsantre pito sou bagay ki gen rapò ak sèvis Bondye.

EKILIB NAN KESYON TRAVAY

8. Ki jan n fè konnen Salomon te gen ekilib nan kesyon travay? (Eklezyas 5:18, 19).

8 Salomon te fè konnen lè nou travay di, sa ka fè n gen kè kontan e l te di sa se “kado Bondye bay”. (Li Eklezyas 5:18, 19.) Men sa l te ekri: “Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l.” (Pwo. 14:23). Salomon te konn sa l t ap di. Li se yon moun ki te konn travay! Li te bati kay, li te plante plizyè jaden rezen e li te fè jaden ak pisin. Li te bati vil tou (1 Wa 9:19; Ekl. 2:4-6). Li te travay di, e pa gen dout sa te ba l anpil satisfaksyon. Men, Salomon te konnen se pa bagay sa yo sèlman ki t ap fè l gen kè kontan toutbon. Li te fè anpil bagay pou Jewova tou. Pa egzanp, li te sipèvize konstriksyon yon bèl tanp pou moun vin adore Jewova, yon pwojè ki te dire setan (1 Wa 6:38; 9:1)! Apre Salomon te fin patisipe nan divès aktivite, ni sa ki gen rapò ak travay ni sa ki gen rapò ak sèvis Jewova, li te rann li kont aktivite ki gen rapò ak sèvis Jewova pi enpòtan lontan pase lòt aktivite yo. Men sa l te ekri: “Apre tout sa m fin di la yo, men sa k pi enpòtan an: Gen lakrentif pou vrè Dye a epi obeyi kòmandman l yo.” — Ekl. 12:13.

9. Ki jan Jezi te kite travay nan plas li?

9 Jezi te konn travay di. Byen bonè nan lavi l lè l te sou tè a, li te travay kòm yon bòs chapant (Mak 6:3). Pa gen dout, paran l yo te kontan lefètke l te ede yo lè yo t ap fè anpil efò pou yo te bay fanmi an, ki te gen anpil moun ladan l, sa yo te bezwen pou yo viv. Piske Jezi te yon bòs chapant ki te pafè, yo dwe te konn pot anpil travay ba l fè! Sanble Jezi te renmen travay li t ap fè a anpil. Epoutan, menm lè Jezi te renmen travay li t ap fè a, li te konn rezève tan pou sèvis Jewova (Jan 7:15). Annapre, pandan l t ap bay tout tan l nan sèvis Jewova, men konsèy li te bay moun ki t ap koute l yo: “Pa travay pou manje k ap gate, men travay pou manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an.” (Jan 6:27). E men sa Jezi te di nan Diskou li te fè sou mòn nan: “Anpile trezò nan syèl la.” — Mat. 6:20.

Ki jan n ka kenbe ekilib ant travay nou ak aktivite ki gen rapò ak sèvis Bondye? (Gade paragraf 10-11.) *

10. Ki difikilte kèk moun ka jwenn nan travay yo?

10 Sajès ki soti nan Bondye a ede n gen ekilib nan travay nou. Antanke kretyen, nou aprann pou n “travay di [e pou n] fè bon travay”. (Efe. 4:28.) Byen souvan, patwon nou remake jan n onèt e jan n travay di, e yo ka fè n konnen jan yo renmen fason n travay. Avèk bon entansyon, nou ka kòmanse pase plis èdtan ap travay yon fason pou patwon nou ka pi byen wè Temwen Jewova yo. Sepandan, byen vit, nou ka vin rann nou kont nou kòmanse neglije fanmi nou ak aktivite nou antanke kretyen. Donk, n ap bezwen fè chanjman pou n jwenn ekilib nou.

11. Ki sa yon jèn frè te aprann anrapò ak ekilib nan kesyon travay?

11 Gen yon jèn frè ki rele William ki te wè jan sa enpòtan pou yon moun kite travay nan plas li. Men sa William di konsènan yon ansyen li te konn travay pou li: “[Frè sa a] se yon bèl egzanp antanke moun ki gen ekilib nan travay li. Li travay di e kliyan l yo renmen l paske l travay byen. Men, nan fen jounen an, lè l fin travay, li konnen pou l kite travay nan plas li e pou l konsantre sou fanmi l ak sou adorasyon l ap bay Jewova. Ou konn yon bagay? Se youn nan moun ki gen plis kè kontan m konnen!” *

NOU BEZWEN GEN EKILIB NAN FASON N WÈ TÈT NOU

12. Ki jan Salomon te montre l gen ekilib nan fason l te wè tèt li, e ki jan l te vin pèdi ekilib sa a?

12 Lè Salomon te fidèl ak Jewova, li te gen ekilib nan fason l te wè tèt li. Lè l te jèn gason, li te rekonèt limit li e l te mande Jewova pou l gide l (1 Wa 3:7-9). Lè Salomon te fèk kòmanse dirije antanke wa, li te konn danje ki genyen lè yon moun vin gen ògèy. Men sa l te ekri: “Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite.” (Pwo. 16:18). Malerezman, pi devan, Salomon pa t aplike pwòp konsèy li te bay. Rive yon lè, li te kite ògèy fè l kòmanse dezobeyi Bondye. Pa egzanp, gen yon lwa ki te di yon wa ebre pa dwe “gen anpil madanm, pou sa pa detounen l”. (Det. 17:17.) Salomon te meprize lwa sa a, e li te vin gen 700 madan marye ak 300 madanm sou kote, anpil nan yo t ap adore fo dye (1 Wa 11:1-3)! Petèt, Salomon te panse li te ka jere sa. Antouka, rive yon lè, piske Salomon te dezobeyi Jewova, li te peye sa chè. — 1 Wa 11:9-13.

13. Ki sa n ka aprann lè n medite sou fason Jezi te aji avèk imilite?

13 Jezi te toujou gen ekilib nan fason l wè tèt li, li pa t pran tèt li pou yon pakèt afè. Anvan Jezi te vin sou tè a, li te reyalize anpil bèl bagay nan sèvis Jewova. Se ak Jezi Bondye te sèvi pou l “kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a”. (Kol. 1:16.) Lè Jezi t ap batize, se sèten l te sonje tout sa l te reyalize lè l te ansanm ak Papa l (Mat. 3:16; Jan 17:5). Men, konesans sa a Jezi te genyen an pa t fè l vin gen ògèy. Okontrè, li pa t janm montre l pi bon pase lòt moun. Li te fè disip li yo konnen li pa t vin sou tè a “pou moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi moun e pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. (Mat. 20:28.) Epitou, li te rekonèt li pa t ka fè anyen poukont li (Jan 5:19). Se pa ti imilite Jezi te genyen! Jezi bay bonjan egzanp pou nou suiv.

14. Ki sa n ka aprann nan egzanp Jezi anrapò ak gen ekilib nan fason nou wè tèt nou?

14 Jezi te aprann disip li yo pou yo gen ekilib nan fason yo wè tèt yo. Men asirans li te ba yo yon lè: “Ata branch cheve nan tèt nou [Jewova] konte.” (Mat. 10:30). Pawòl sa yo ankouraje n anpil, sitou si n gen tandans wè tèt nou yon fason ki negatif. Sa montre Papa nou ki nan syèl la enterese anpil nan nou, nou gen anpil valè nan je l. Nou pa ta dwe janm gen dout sou sa Jewova deside, kòmkwa pou n ta panse nou pa merite pou n adore l oswa pou n gen lavi nan monn nouvo a.

Lè n pa gen ekilib nan fason n wè tèt nou, ki okazyon e ki benediksyon nou ka pèdi? (Gade paragraf 15.) *

15. a) Ki sa Toudegad ankouraje n fè anrapò ak chèche gen ekilib nan fason n wè tèt nou? b) Jan nou wè nan foto ki nan paj 24 la, si n twò konsantre sou tèt nou, ki benediksyon nou ka pa jwenn?

15 Sa gen anviwon 15 an, Toudegad te ankouraje n chèche gen ekilib nan fason n wè tèt nou, men sa l te di: “Nòmalman, nou pa ta dwe tèlman bay tèt nou enpòtans pou sa ta fè n panse nou se yon pakèt afè, nitou nou pa ta dwe tèlman rabese tèt nou pou sa ta fè n panse nou pa vo anyen. Okontrè, nou bezwen rezonab nan fason n wè tèt nou, sa vle di nou bezwen konprann gen bagay nou ka fè, konsa tou, gen bagay nou pa ka fè. Gen yon kretyèn ki di: ‘Se pa mwen ki pi mal nan monn nan, nitou se pa mwen ki pi bon. Mwen gen bèl kalite, konsa tou, mwen gen defo menm jan ak tout moun.’ *” Èske n wè jan sa ap bon pou nou lè n chèche gen ekilib nan fason n wè tèt nou?

16. Poukisa Jewova ban nou bonjan konsèy?

16 Jewova ban nou bonjan konsèy nan Pawòl li a. Li renmen nou e li vle nou gen kè kontan (Eza. 48:17, 18). Pi bon desizyon an, desizyon k ap fè n gen plis kè kontan an, se bay Jewova premye plas nan lavi n. Lè n fè sa, n ap evite yon pakèt pwoblèm moun konn jwenn lè yo konsantre twòp sou lajan, sou travay oswa sou tèt yo. Annou tout pran detèminasyon pou n aji avèk sajès e pou n fè kè Jewova kontan! — Pwo. 23:15.

KANTIK 94 Nou gen rekonesans pou Pawòl Bondye a

^ Salomon ak Jezi te gen anpil sajès. Se Jewova Dye ki te ba yo sajès yo te genyen an. Nan atik sa a, nou pral wè sa nou ka aprann nan konsèy Bondye te fè ni Salomon ni Jezi bay sou fason pou n chèche gen ekilib nan kesyon lajan, travay, ak nan fason n wè tèt nou. Nou pral wè tou ki byenfè kèk nan kwayan parèy nou yo te jwenn lè yo te byen aplike konsèy ki baze sou Bib la nan domèn sa yo.

^ Gade atik ki gen tit “Fason pou w renmen travay di” ki parèt nan Toudegad 1ye fevriye 2015.

^ Gade atik ki gen tit “La Bible peut vous aider à trouver la joie” ki parèt nan Toudegad 1ye out 2005 (fransè).

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: John ak Tom se de jèn frè ki nan menm kongregasyon. John pase anpil tan ap pran swen machin li. Tom li menm sèvi ak machin li pou l bay moun woulib pou y al preche e pou y al nan reyinyon.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: John ap fè siplemantè nan travay li. Li pa vle desevwa patwon l. Donk, depi patwon l mande l pou l ret travay ta, li dakò. Menm jou swa sa a, Tom, ki se yon sèvitè ministeryèl, ap fè yon vizit pastoral ak yon ansyen. Anvan sa, Tom te esplike patwon l gen plizyè sware nan semèn nan li rezève pou aktivite ki gen rapò ak adorasyon Jewova.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: John panse ak tèt li sèlman. Tom li menm bay Jewova premye plas nan lavi l, li vin gen plis zanmi pandan l ap patisipe nan reparasyon yon Sal asanble.