Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 23

Paran, aprann pitit ou renmen Jewova

Paran, aprann pitit ou renmen Jewova

“Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.” — MAT. 22:37.

KANTIK 134 Timoun yo se byen Bondye konfye nou

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Esplike ki jan prensip biblik yo ka vin gen plis sans pou nou lè sitiyasyon n chanje.

 JOU de moun ap marye, lemarye ak lamarye koute yon diskou maryaj ki baze sou Bib la avèk anpil atansyon. Yo abitye tande vèsè yo li nan diskou a. Men, depi jou sa a, vèsè sa yo vin gen plis enpòtans pou yo. Sa k fè sa? Paske yo pral aplike yo antanke mari ak madanm.

2 Se menm bagay la tou lè mari ak madanm ki kretyen vin gen pitit. Anvan sa, yo ka te konn tande anpil diskou sou fason pou leve timoun. Men, kounye a, prensip sa yo vin gen yon lòt sans pou yo. Yo pral leve pwòp pitit pa yo. Sa se yon gwo responsablite! Se sèten, lè sitiyasyon n chanje, sa ka fè n vin wè yon seri prensip biblik nou te byen konnen anvan sa yon lòt jan. Se youn nan rezon ki fè sèvitè Jewova yo li Ekriti yo, jan yo te mande wa ann Izrayèl yo fè sa, e yo medite sou sa yo li yo “pandan tout vi” yo. — Det. 17:19.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Paran, nou gen youn nan pi gwo privilèj yon kretyen kapab genyen, nou gen pou n aprann pitit nou konnen Jewova. Pou n rive fè sa, nou pa dwe annik di pitit nou kèk bagay sou Bondye nou an. Nou bezwen fè plis pase sa. Nou vle aprann pitit nou renmen Jewova ak tout kè yo. Ki jan n ka fè sa? Nan atik sa a, nou pral wè kat prensip biblik ki kapab ede n antanke paran (2 Tim. 3:16). Nou pral wè tou bon rezilta kèk paran kretyen jwenn paske yo aplike konsèy Bib la bay.

KAT PRENSIP KI KAPAB EDE PARAN YO

Si w toujou priye Jewova pou w mande l èd e w bay pitit ou bon egzanp, ki efè sa ap gen sou yo? (Gade paragraf 4, 8.)

4. Bay youn nan prensip ki ka ede paran yo aprann pitit yo renmen Jewova ak tout kè yo. (Jak 1:5).

4 Prensip no 1: Mande Jewova pou l gide nou. Mande Jewova pou l ban nou sajès nou bezwen pou n aprann pitit nou renmen l. (Li Jak 1:5.) Se Jewova ki ka bay pi bon konsèy. Gen anpil rezon ki esplike sa. Ann wè de nan yo. Premyèman, se Jewova ki gen plis eksperyans antanke paran (Sòm 36:9). E dezyèmman, konsèy li yo toujou bay bon rezilta. — Eza. 48:17.

5. a) Ki jan òganizasyon Jewova a ede paran yo? b) Ki sa nou aprann nan fason frè ak sè Amorim te leve pitit yo, jan sa parèt nan videyo a?

5 Jewova sèvi ak Pawòl li a ak òganizasyon l lan pou l ban n anpil konsèy ki kapab ede n leve pitit nou yon fason pou yo renmen L (Mat. 24:45). Pa egzanp, nou ka jwenn anpil konsèy ki kapab ede nou nan seri atik “Èd pou fanmi”, ki te konn parèt nan Reveye n! pandan plizyè ane e ki disponib kounye a sou sit Entènèt nou an. Epitou, gen anpil videyo sou sit jw.org la ki gen entèvyou ak demonstrasyon ki kapab ede paran yo aplike konsèy Jewova bay yo pandan y ap leve pitit yo. * — Pwo. 2:4-6.

6. Ki jan yon papa wè èd li menm ak madanm li jwenn nan òganizasyon Jewova a?

6 Anpil paran fè konnen yo gen rekonesans pou èd Jewova ba yo pa mwayen òganizasyon l lan. Men sa yon papa ki rele Joe fè konnen: “Li pa fasil pou leve twa timoun nan laverite. Mwen menm ak madanm mwen toujou priye Jewova pou l ede nou. E byen souvan nou te santi gen yon atik oswa yon videyo ki te vini egzakteman nan moman nou te bezwen l lan pou ede nou fè fas ak yon sitiyasyon. Nou te toujou kite Jewova gide nou.” Joe ak madanm li twouve atik sa yo ak videyo sa yo ede pitit yo vin pwòch ak Jewova.

7. Poukisa l enpòtan pou paran yo veye sou egzanp y ap bay? (Women 2:21).

7 Prensip no 2: Bay pitit ou bon egzanp. Timoun renmen byen gade sa paran yo ap fè, e souvan yo imite yo. Nòmalman, pa gen okenn paran ki pafè (Wom. 3:23). Malgre sa, paran ki gen sajès yo fè tout sa yo kapab pou yo bay pitit yo bon egzanp. (Li Women 2:21.) Men sa yon papa di konsènan timoun: “Yo tankou eponj ki bwè tout bagay. Lè egzanp nou bay depaman ak sa nou mande yo fè, y ap di nou sa.” Donk, si nou vle pitit nou renmen Jewova, nou dwe renmen Jewova ak tout kè n, e sa dwe parèt klè.

8-9. Ki sa w aprann nan pawòl Andrew ak Emma di yo?

8 Gen anpil fason paran yo kapab aprann pitit yo renmen Jewova. Men sa yon frè ki rele Andrew, ki gen 17 an, di: “Paran m te toujou montre m jan sa enpòtan pou m priye. Papi te konn priye avè m chak swa, menmsi m te deja priye. Yo te konn toujou fè n sonje nou kapab priye Jewova kantite fwa nou vle. Sa te gen gwo efè sou mwen, e kounye a mwen vrèman alèz pou m priye Jewova e pou m wè l tankou yon Papa ki gen lanmou.” Paran, toujou sonje lanmou w gen pou Jewova kapab ede pitit ou vin aprann renmen l.

9 Ann pran egzanp Emma. Lè papa l te abandone fanmi an, li te kite manman l ak yon pakèt dèt. Men sa Emma di: “Anpil fwa, manmi te gen gwo pwoblèm lajan, men li te toujou ap di jan Jewova gen sousi pou sèvitè l yo e li ba yo sa yo bezwen. Mwen te kapab wè nan fason l t ap viv li te vrèman kwè sa. Manmi te konn aplike sa l t ap anseye m yo.” Ki leson nou aprann? Menm lè sitiyasyon an pa fasil pou paran yo, yo kapab anseye pitit yo grasa egzanp yo bay. — Gal. 6:9.

10. Ki okazyon anpil paran izrayelit te genyen pou yo pale ak pitit yo? (Detewonòm 6:6, 7).

10 Prensip no 3: Toujou pale ak pitit ou. Jewova te bay Izrayelit nan tan lontan yo lòd pou yo te toujou ap aprann pitit yo konnen l. (Li Detewonòm 6:6, 7.) Paran sa yo te gen anpil okazyon pandan jounen an pou yo te pale ak pitit yo e pou yo te aprann yo renmen Jewova ak tout kè yo. Pa egzanp, yon tigason izrayelit te ka pase plizyè èdtan ap ede papa l simen semans oswa fè rekòt. Yon lòt bò, sè tigason an te ka pase anpil tan nan jounen an ap ede manman l fè kouti, tise twal epi fè lòt travay nan kay. Pandan paran yo t ap travay ansanm ak pitit yo, yo te ka pale sou anpil bagay enpòtan. Pa egzanp, yo te ka pale sou jan Jewova bon epi reflechi sou fason li ede fanmi an.

11. Bay youn nan okazyon paran kretyen yo genyen pou yo pale ak pitit yo.

11 Tan yo chanje. Nan anpil peyi, paran ak pitit pa ka pase tan ansanm pandan jounen an. Paran yo ka nan travay epi timoun yo lekòl. Se sa k fè, paran yo dwe chèche jwenn tan pou yo pale ak pitit yo (Efe. 5:15, 16; Flp. 1:10). Adorasyon an fanmi se youn nan okazyon yo genyen pou yo fè sa. Men sa yon jèn frè ki rele Alexander di: “Papa m te toujou pran dispozisyon pou adorasyon an fanmi an fèt, e li pa t kite anyen anpeche n pase moman sa a ansanm. Apre etid la, nou te konn jis ret ap pale.”

12. Ki sa chèf fanmi an dwe sonje pandan adorasyon an fanmi an?

12 Si w se yon chèf fanmi, ki sa w ka fè pou pitit ou renmen adorasyon an fanmi an? Sa w panse si w ta etidye nouvo liv nou an ki gen tit Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an ak timoun yo? Liv sa a fè l pi fasil pou w gen bèl konvèsasyon ak pitit ou. Se sèten w ta renmen pitit ou di w sa yo santi ak sa k ap trakase yo, donk, pa pwofite moman adorasyon an fanmi an pou w kritike yo oswa pou w korije yo. Epi, fè efò pou w pa montre w fache si pitit ou ta di yon bagay ki pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Okontrè, se pou w kontan lefètke yo di sa yo santi toutbon, epi mete yo alèz pou yo di sa yo panse. Sèl fason w ka ede pitit ou pi byen se lè w konn ki jan yo santi yo toutbon.

Ki jan paran yo ka sèvi ak sa ki gen nan kreyasyon an pou yo aprann pitit yo konnen yon seri kalite Jewova genyen? (Gade paragraf 13.)

13. Ki lòt okazyon paran yo genyen pou yo ede pitit yo vin pwòch ak Jewova?

13 Paran, chèche okazyon pandan jounen an pou w ede pitit ou vin pwòch ak Jewova. Ou pa oblije tann se lè w ap fè etid avè yo pou w pale yo konsènan Bondye nou an ki gen lanmou. Men sa yon manman ki rele Lisa di: “Nou sèvi ak sa ki gen nan kreyasyon an pou n aprann pitit nou yo konnen Jewova. Pa egzanp, lè chen nou an fè yon bagay ki fè timoun yo ri, nou sèvi ak sa pou n montre yo jan Kreyatè nou an gen kè kontan e li renmen lavi menm jan avè n.”

Paran, èske n konn zanmi pitit nou yo? (Gade paragraf 14.) *

14. Poukisa l enpòtan pou paran yo ede pitit yo byen chwazi moun pou yo fè zanmi? (Pwovèb 13:20).

14 Prensip no 4: Ede pitit nou fè bon zanmi. Pawòl Bondye a montre aklè moun nou chwazi pou zanmi nou kapab gen bon enfliyans oswa move enfliyans sou nou. (Li Pwovèb 13:20.) Paran, èske n konn zanmi pitit nou yo? Èske n deja rankontre yo e èske n pase tan ak yo? Ki sa n ka fè pou n ede pitit nou fè zanmi ak moun ki renmen Jewova (1 Kor. 15:33)? Nou ka ede yo fè bon zanmi lè n envite kèk moun ki gen bon relasyon ak Bondye nan aktivite n ap fè ak fanmi nou. — Sòm 119:63.

15. Ki sa paran yo ka fè pou ede pitit yo fè bon zanmi?

15 Ann pran egzanp yon papa ki rele Tony. Li esplike sa li menm ak madanm li te fè pou ede pitit yo jwenn bon zanmi. Men sa l di: “Pandan plizyè ane, mwen menm ak madanm mwen te konn envite tout kalite frè ak sè lakay nou, kèlkeswa laj yo. Yo te konn manje ansanm avèk nou, e yo te konn patisipe nan adorasyon an fanmi n ap fè. Se yon bon fason pou n aprann konnen moun ki renmen Jewova e k ap sèvi l ak kè kontan. Nou te vrèman kontan lè siveyan sikonskripsyon, misyonè ak lòt moun ankò te konn vin lakay nou. Eksperyans yo, jan yo te chofe nan travay predikasyon an ak sakrifis yo te fè nan sèvis Jewova te gen gwo enfliyans sou pitit nou e sa te ede yo vin pwòch ak Jewova.” Paran, nou bezwen pran detèminasyon pou n ede pitit nou fè bon zanmi.

PA PÈDI ESPWA!

16. Si yon timoun di li pa vle sèvi Jewova, ki sa paran yo bezwen sonje?

16 E si, malgre tout sa n fè, gen youn nan pitit nou yo ki di li pa vle sèvi Jewova? Pa kouri panse nou echwe antanke paran. Jewova bay tout moun libète pou yo chwazi, sa vle di kapasite pou n chwazi sèvi l oswa pa sèvi l, e pitit nou gen libète sa a tou. Donk, si pitit nou deside vire do bay Jewova, se pou n gen espwa l ap retounen yon jou. Sonje egzanp tigason gaspiyè a (Lik 15:11-19, 22-24). Jèn gason sa a te fè anpil move bagay, epoutan, alafen li te retounen. Gen moun ki ka di: “Se jis yon istwa. Men, èske pitit pa m nan ka tounen vin jwenn Jewova?” Wi, li kapab! Anfèt, sa te rive yon jèn gason ki rele Elie.

17. Ki jan istwa Elie a ankouraje w?

17 Men sa Elie di konsènan paran l: “Yo te fè tout sa yo kapab pou yo te aprann mwen renmen Jewova ak Labib, Pawòl li a. Men, lè m te nan adolesans mwen, mwen te kòmanse fè rebèl.” Elie te kòmanse ap fè yon seri bagay an kachèt. Paran l te eseye ede l rete pwòch ak Jewova, men, li pa t vle koute yo. Apre l te fin kite kay la, li te lage kò l nan fè yon seri bagay ki pa bon. Men, aktout sa, pafwa li te konn gen konvèsasyon sou Bib la ak youn nan zanmi l yo. Men sa Elie di: “Plis mwen t ap pale ak zanmi m nan sou Jewova, se plis mwen t ap panse ak Jewova. Tikras pa tikras, semans verite ki nan Bib la paran m yo te fè efò pou yo te plante nan kè m te kòmanse grandi.” Rive yon lè, Elie te tounen vin jwenn Jewova *. Imajine jan paran l te kontan dèske yo te fè efò pou yo aprann li renmen Jewova depi l te toupiti! — 2 Tim. 3:14, 15.

18. Ki sa w t ap di konsènan paran k ap fè anpil efò pou yo aprann pitit yo renmen Jewova?

18 Paran, Jewova ban nou yon bèl privilèj, se privilèj pou n fòme yon nouvo jenerasyon moun pou adore l (Sòm 78:4-6). Travay sa a pa piti, e nou felisite n ak tout kè n pou tout efò nou kontinye fè pou n ede pitit nou! Si n kontinye fè tout sa n kapab pou n aprann pitit nou renmen Jewova, epi leve yo nan disiplin ak nan avètisman li bay, nou mèt gen asirans Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou ap kontan. — Efe. 6:4.

KANTIK 135 “Pitit mwen, montre w saj”

^ Paran ki kretyen yo renmen pitit yo anpil. Yo fè anpil efò pou pitit yo gen sa yo bezwen e pou yo gen kè kontan. Sa k pi enpòtan an, paran sa yo fè tout sa yo kapab pou yo aprann pitit yo renmen Jewova ak tout kè yo. Nan atik sa a, nou pral wè kat prensip biblik ki kapab ede paran yo reyalize objektif sa a.

^ Gade atik ki gen tit “Labib chanje lavi moun” ki parèt nan Toudegad 1ye avril 2012.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon papa k ap jwe baskèt ak pitit gason l ansanm ak yon zanmi pitit gason l lan, konsa l ap aprann konnen zanmi pitit li yo.