Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 23

Kenbe ‘flanm ki soti nan Ja’ a limen

Kenbe ‘flanm ki soti nan Ja’ a limen

“Flanm lanmou tankou flanm dife. Flanm sa a se nan Ja li soti.” — CHAN. 8:6.

KANTIK 131 “Sa Bondye met anba menm jouk”

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki sa Bib la di konsènan vrè lanmou an?

 “FLANM lanmou tankou flanm dife. Flanm sa a se nan Ja li soti. Okenn gwo dlo pa ka etenn lanmou, ni okenn rivyè pa ka pote l ale. b” (Chan. 8:6, 7). Ala yon bèl fason Bib la pale de vrè lanmou an! Pawòl sa yo ankouraje moun ki marye yo. Youn kapab renmen lòt toutbon.

2. Ki sa yon mari ak madanm dwe fè pou lanmou yo gen youn pou lòt la pa vin frèt?

2 Pou yon mari ak madanm kontinye renmen youn lòt toutotan y ap viv, yo chak bezwen fè efò pa yo. Pa egzanp, yon boukan dife kapab ret limen nètale si yo kontinye mete bwa ladan l. Si yo pa fè sa, rive yon lè, dife a ap etenn. Menm jan an tou, lanmou yon mari ak madanm gen youn pou lòt kapab rete djanm nètale, si yo chèche vin pi pwòch youn ak lòt. Pafwa, yon mari ak madanm kapab santi yo pa renmen youn lòt menm jan an ankò, sitou lè yo gen pwoblèm lajan, pwoblèm sante oswa pwoblèm yo jwenn lè y ap leve timoun. Donk, si w marye, ki sa w kapab fè pou ‘flanm ki soti nan Ja’ a toujou ret limen nan maryaj ou? Nan atik sa a, nou pral wè twa fason moun ki marye yo kapab kontinye fè efò pou yo renmen youn lòt pi plis e pou yo gen kè kontan nan maryaj yo. c

KONTINYE RANFÒSE RELASYON N GEN AK JEWOVA A

Menm jan ak Jozèf ak Mari, yon mari ak madanm bezwen gen yon bon relasyon ak Jewova. (Gade paragraf 3.)

3. Lè yon mari ak madanm gen yon relasyon solid ak Jewova, ki jan sa ede yo pou yo kontinye renmen youn lòt? (Eklezyas 4:12). (Gade foto a tou.)

3 Pou mari ak madanm kapab kenbe ‘flanm ki soti nan Ja’ a limen, yo toule de bezwen fè efò pou yo gen yon relasyon solid ak Jewova. Ki jan relasyon yo gen ak Jewova a ap ede yo nan maryaj yo? Lè yon mari ak madanm bay amitye yo gen ak Papa yo ki nan syèl la anpil enpòtans, yo suiv konsèy li bay san pèdi tan, e sa ede yo evite yon seri pwoblèm epi rezoud pwoblèm ki ta ka fè yo pa renmen youn lòt menm jan an ankò. (Li Eklezyas 4:12.) Epitou, moun ki gen bon relasyon ak Jewova fè efò pou yo imite l e pou yo imite kalite li genyen, tankou bonte ak pasyans, e lefètke li renmen padone (Efe. 4:32–5:1). Lè yon mari ak madanm demontre kalite sa yo, li pi fasil pou yo kontinye renmen youn lòt. Men sa yon sè ki rele Lena ki gen plis pase 25 an depi l marye di: “Li pi fasil pou w renmen yon moun ki gen bon relasyon ak Jewova e pou w respekte l.”

4. Poukisa Jewova te chwazi Jozèf ak Mari pou vin paran Mesi ki te gen pou vini an?

4 Ann pran yon egzanp nan Bib la. Lè Jewova te gen pou l chwazi moun ki t ap vin paran Mesi ki te gen pou vini an, se Jozèf ak Mari li te chwazi pami tout desandan David yo. Sa k fè sa? Se paske yo toule de te gen relasyon pa yo ak Jewova, e Jewova te konnen yo t ap ba l premye plas nan maryaj yo paske yo renmen l. Nou menm ki marye, ki sa n ka aprann nan egzanp Jozèf ak Mari?

5. Ki sa mari yo ka aprann nan egzanp Jozèf?

5 Jozèf te kontan fè sa Jewova mande, e sa te fè l vin yon pi bon mari. Pandan omwen twa fwa, Bondye te ba l enstriksyon ki te gen rapò ak fanmi l. Li te obeyi byen vit chak fwa, menm lè sa te mande pou l fè gwo chanjman (Mat. 1:20, 24; 2:13-15, 19-21). Piske Jozèf te fè sa Bondye te mande l, li te pwoteje Mari, li te ede l e l te pran swen l. Imajine jan fason Jozèf te aji dwe te fè Mari vin pi renmen l e vin gen plis respè pou li! Nou menm mari, nou kapab suiv egzanp Jozèf lè n chèche konsèy Bib la bay sou fason pou n pran swen fanmi n d. Lè n suiv konsèy sa yo, menmsi sa mande pou n fè yon seri chanjman, nou montre n renmen madanm nou e n fè maryaj nou vin pi solid. Men sa yon sè nan Vanouwatou ki gen plis pase 20 an depi l marye di: “Lè mari m chèche konn sa Jewova mande epi li fè l, mwen vin gen plis respè pou li. Mwen santi kè m poze e m fè desizyon l pran yo konfyans.”

6. Ki sa madan marye yo ka aprann nan egzanp Mari?

6 Mari te gen relasyon pa l ak Jewova. Li pa t ret ap gade sou Jozèf pou l te gen lafwa. Li te konn Ekriti yo byen. Epitou, li te konn rezève tan pou l medite (Lik 2:19, 51). Pa gen dout, piske Mari te gen bon relasyon ak Jewova, li te yon madanm ki estrawòdinè. Jodi a, anpil madan marye fè efò pou yo suiv egzanp Mari. Pa egzanp, men sa yon sè ki rele Emiko di: “Lè m te selibatè, mwen te gen yon pwogram ki te ede m gen bon relasyon ak Jewova. Men, apre m fin marye, mwen te rann mwen kont piske se mari m ki te konn priye pou nou e ki te pran latèt nan adorasyon n ap bay Jewova a, mwen te vin depann de li pou aktivite sa yo. Mwen te vin wè mwen te bezwen fè efò pou m gen relasyon pa m ak Jewova. Donk, kounye a, mwen rezève tan pou m poukont mwen ak Bondye m nan, sa vle di pou m priye, pou m li Bib la e pou m medite sou sa l di.” (Gal. 6:5). Nou menm madanm, tank nou kontinye ranfòse relasyon nou gen ak Jewova a, se tank mari nou ap gen plis rezon toujou pou l fè lwanj pou nou e pou l renmen nou. — Pwo. 31:30.

7. Ki sa mari ak madanm ka aprann nan egzanp Jozèf ak Mari anrapò ak adore Jewova ansanm?

7 Jozèf ak Mari te kolabore youn ak lòt tou pou yo te ka kontinye gen yon relasyon solid ak Jewova. Yo te konprann jan sa enpòtan pou yo adore Jewova ansanm antanke fanmi (Lik 2:22-24, 41; 4:16). Petèt li te difisil pou yo te fè sa, sitou lè yo te vin gen plis pitit. Men, yo te reyisi. Ala yon bèl egzanp pou moun ki marye yo jodi a! Menm jan ak Jozèf ak Mari, si n gen pitit, li ka pa fasil pou n asiste reyinyon yo oubyen pou n rezève yon tan pou n fè adorasyon an fanmi. Li ka menm pi difisil toujou antanke mari ak madanm pou n rive jwenn tan pou n etidye oswa priye ansanm. Sepandan, sonje, lè n adore Jewova ansanm, nou vin pi pwòch avè l e nou vin pi pwòch youn ak lòt. Donk, bay adorasyon n ap bay Jewova a premye plas la.

8. Ki sa yon mari ak madanm ki gen pwoblèm nan maryaj yo kapab fè pou yo pi byen pwofite adorasyon an fanmi an?

8 Ki sa n ka fè si n gen pwoblèm nan maryaj nou? Petèt, nou ka pa anvi fè adorasyon an fanmi ansanm. Si sa ta rive, pou kòmanse, nou ka egzamine yon bagay ki tou kout, yon bagay nou renmen e nou toule de dakò pale sou li. Lè n fè sa, sa kapab fè n vin pi pwòch youn ak lòt e sa kapab fè n pi anvi fè yon seri aktivite nan sèvis Jewova a ansanm.

PASE TAN ANSANM

9. Poukisa yon mari ak madanm dwe pase tan youn ak lòt?

9 Nou menm ki marye, yon lòt bagay ki kapab ede n kontinye renmen youn lòt, se lè n pase tan ansanm. Konsa, nou pap tankou de etranje nan kay la paske n ap konnen sa youn lòt panse ak sa youn lòt santi (Jen. 2:24). Men sa Lilia ak Ruslan te remake tousuit apre yo te fin marye, sa gen plis pase 15 an. Men sa Lilia di: “Nou te rann nou kont nou pa t ap jwenn anpil tan pou n pase ansanm jan n te panse a. Travay nou, kay la, e annapre, timoun yo te pran tout tan nou. Nou te vin rann nou kont si n pa t chèche jwenn tan youn pou lòt, nou te ka kòmanse pran distans nou youn ak lòt.”

10. Ki jan mari ak madanm kapab aplike prensip nou jwenn nan Efezyen 5:15, 16 la?

10 Antanke mari ak madanm, ki sa nou kapab fè pou n ka pase tan ansanm? Nou ka rezève tan oswa pwograme yon lè pou sa. (Li Efezyen 5:15, 16.) Men sa yon frè nan peyi Nijerya ki rele Uzondu di: “Lè m ap pwograme sa m gen pou m fè, mwen tou mete tan m vle pase ak madanm mwen ladan l, e m bay sa priyorite.” (Flp. 1:10). Men sa Anastasia, madanm yon siveyan sikonskripsyon nan peyi Mòldavi, di l fè pou l pi byen pwofite tan l: “Mwen eseye fè sa m gen pou m fè nan moman mari m okipe nan travay pa l. Konsa, annapre, nou kapab pase tan ansanm.” Men, e si pwogram nou fè l difisil pou n jwenn tan pou n pase ansanm?

Ki aktivite n ka fè ansanm antanke mari ak madanm? (Gade paragraf 11-12.)

11. Ki aktivite Akila ak Prisil te konn fè ansanm?

11 Mari ak madanm kapab suiv egzanp Akila ak Prisil, de moun marye anpil frè ak sè nan premye syèk la te apresye (Wom. 16:3, 4). Byenke Bib la pa di anpil bagay sou maryaj yo, li fè konnen yo te konn travay ansanm, yo te konn preche ansanm e youn te konn ede lòt (Tra. 18:2, 3, 24-26). Anfèt, lè Bib la ap pale de Akila ak Prisil, li toujou pale de yo ansanm.

12. Ki sa yon mari ak madanm kapab fè pou yo pase plis tan ansanm? (Gade foto a tou.)

12 Ki jan mari ak madanm kapab imite Akila ak Prisil? Reflechi sou tout bagay ou menm ak moun ou marye avè l la bezwen fè. Èske n ta kapab fè kèk nan aktivite sa yo ansanm olye n fè yo apa? Pa egzanp, Akila ak Prisil te konn preche ansanm. Èske nou planifye regilyèman pou n fè sa ansanm? Akila ak Prisil te konn travay ansanm. Se vre, ou menm ak moun ou marye avè l la ka pa gen menm travay, men èske n pa ta ka fè travay nan kay la ansanm (Ekl. 4:9)? Lè youn ede lòt fè yon travay, nou plis santi n tankou yon ekip e sa ban n okazyon pou n pale. Robert ak Linda gen plis pase 50 an depi yo marye. Men sa Robert di: “Pou m sensè, nou pa gen anpil tan pou n pran ti detant ansanm. Men, lè m ap lave vesèl e madanm mwen ap siye yo, oswa lè m ap rache zèb deyò a e l vin ede m, sa fè m kontan anpil. Lè n fè yon seri aktivite ansanm, sa ede n vin pi pwòch youn ak lòt e youn kontinye renmen lòt pi plis.”

13. Ki sa yon mari ak madanm bezwen fè pou yo kapab pwòch youn ak lòt toutbon?

13 Sepandan, sonje se pa paske nou ansanm k ap fè n pwòch youn ak lòt. Men sa yon madan marye nan peyi Brezil di: “Sèjousi, gen anpil bagay ki ka fè n distrè. Mwen rann mwen kont, lefètke n ap viv nan menm kay, nou ka panse nou pase tan ansanm. Men, mwen vin konprann viv ansanm se youn, men bay mari m atansyon l bezwen se yon lòt bagay.” Remake ki sa Bruno ak Tays, madanm li, fè pou yo ka sèten yo bay youn lòt atansyon. Men sa Bruno di: “Pandan n ap pase tan ansanm, nou met telefòn nou yon kote e konsa nou byen pwofite moman nou ansanm nan.”

14. Ki sa yon mari ak madanm kapab fè si yo pa renmen pase tan ansanm?

14 Sepandan, ki sa ou menm ak moun ou marye avè l la kapab fè si n pa renmen pase tan ansanm? Petèt nou pa renmen fè menm bagay, oswa petèt youn deranje lòt. Ki sa n kapab fè? Sonje egzanp boukan dife nou te pale de li pi wo a. Li pa vin yon gwo dife yon sèl kou. Yo bezwen met pi gwo bout bwa ladan l ofiramezi. Menm jan an tou, sa n panse si n ta kòmanse pase yon ti moman ansanm chak jou? Chèche fè yon bagay nou toule de renmen, pa fè yon bagay k ap fè n fè kont (Jak 3:18). Lè n ale ti pa ti pa, nou ka rekòmanse renmen youn lòt ankò.

MONTRE NOU GEN RESPÈ YOUN POU LÒT

15. Poukisa l enpòtan anpil pou de moun ki marye gen respè youn pou lòt pou yo ka kontinye renmen youn lòt?

15 Respè enpòtan anpil nan yon maryaj. Nou ka konpare l ak oksijèn oswa lè ki pèmèt yon boukan dife ret limen. Si dife a pa jwenn oksijèn l ap etenn byen vit. Menm jan an tou, si pa gen respè nan yon maryaj, sa pap pran tan pou lanmou mari ak madanm gen youn pou lòt la vin frèt. Yon lòt bò, yon mari ak madanm ki fè tout sa yo kapab pou yo montre respè youn pou lòt ap kolabore pou lanmou yo gen youn pou lòt la rete djanm. Sepandan, ou bezwen sonje se pa fason ou panse w montre respè pou moun ou marye avè l la ki enpòtan, men se fason li santi w respekte l ki enpòtan. Penny ak Aret gen plis pase 25 an depi yo marye. Men sa Penny di: “Lefètke nou respekte youn lòt, sa fè gen lanmou nan kay la. Nou santi n alèz pou n di sa n panse paske nou konnen sa youn lòt panse gen anpil enpòtans youn pou lòt.” Donk, ki sa w kapab fè pou w fè mari w oswa madanm ou santi ou gen bonjan respè pou li? Ann pran egzanp Abraram ak Sara.

Yon mari ki kretyen bezwen montre li bay santiman madanm li enpòtans lè l koute l avèk atansyon. (Gade paragraf 16.)

16. Ki sa mari yo kapab aprann nan egzanp Abraram? (1 Pyè 3:7). (Gade foto a tou.)

16 Abraram te montre l gen respè pou Sara. Li te bay sa Sara panse anpil valè e li te bay santiman l enpòtans. Yon lè, gen yon bagay ki t ap trakase Sara e li te fè Abraram konnen ki jan sa fè l santi l. Li te menm lage chay la sou Abraram. Èske Abraram te reponn li mal? Non. Li te konnen Sara se yon fi ki toujou soumèt li e ki toujou soutni desizyon l pran. Abraram te koute l e l te chèche rezoud pwoblèm nan (Jen. 16:5, 6). Ki sa nou kapab aprann? Nou menm mari, se nou menm ki gen otorite pou n pran desizyon pou fanmi nou (1 Kor. 11:3). Sepandan, n ap montre n gen lanmou lè n mande madanm nou sa l panse anvan nou pran yon desizyon, sitou si desizyon an ap gen efè sou li (1 Kor. 13:4, 5). Nan lòt okazyon, madanm ou ka santi l strese e l ka bezwen di jan l santi l. Èske w montre w bay santiman l enpòtans lè w koute l avèk atansyon? (Li 1 Pyè 3:7.) Angela ak Dmitry gen prèske 30 an depi yo marye. Angela fè konnen mari l fè l santi li respekte l. Men sa l di: “Dmitry toujou dispoze koute m lè m santi m kontrarye oswa lè m jis bezwen pale. Li pran pasyans avè m, menm lè m fache anpil.”

17. Ki sa madan marye yo ka aprann nan egzanp Sara? (1 Pyè 3:5, 6).

17 Sara te respekte Abraram paske l te konn soutni desizyon Abraram pran (Jen. 12:5). Yon lè, Abraram te vle akeyi kèk vizitè ki te vini sanzatann. Li te mande Sara pou l kite yon bagay li t ap fè pou l al prepare yon bon valè pen (Jen. 18:6). Sara te fè sa Abraram te mande l la san pèdi tan. Nou menm madanm, nou kapab suiv egzanp Sara lè n soutni desizyon mari n pran. Lè n fè sa, nou fè maryaj nou vin pi solid. (Li 1 Pyè 3:5, 6.) Dmitry, nou te pale de li nan paragraf anvan an, fè konnen jan madanm li fè l santi li respekte l. Men sa l di: “Mwen vrèman apresye efò Angela fè pou l soutni desizyon m pran, menmsi l pa dakò avè m. E si bagay yo pa byen pase, li pa kritike m.” Li vrèman fasil pou w renmen yon moun ki respekte w!

18. Lè mari ak madanm fè efò pou yo kontinye renmen youn lòt, ki rezilta sa bay?

18 Jodi a, Satan vle fè mari ak madanm ki kretyen yo sispann renmen youn lòt. Li konnen si yo sispann renmen youn lòt, yo ka kòmanse pran distans yo ak Jewova. Sepandan, pa gen anyen ki kapab etenn vrè lanmou an! Kidonk, se pou lanmou ki gen nan maryaj nou menm jan ak lanmou yo pale de li nan Chante Salomon an. Se pou n pran detèminasyon pou n bay Jewova premye plas nan maryaj nou, pou n chèche jwenn tan youn pou lòt, pou youn bay santiman lòt enpòtans e pou n pran ka youn lòt. Lè n fè sa, maryaj nou ap onore Sila a vrè lanmou an soti nan li a, anpalan de Jewova. E menm jan ak yon dife yo toujou ap met bwa ladan l, lanmou nou gen youn pou lòt la ap vin pi fò toutotan n ap viv.

KANTIK 132 Kounye a, nou fè yon sèl

a Jewova bay lèzòm yon kado, anpalan de maryaj. Konsa, yon mari ak madanm kapab montre yo renmen youn lòt anpil. Sepandan, pafwa, lanmou sa a kapab vin frèt. Si w marye, atik sa a ap ede w pou w kontinye renmen moun ou marye avè l la e pou w gen kè kontan nan maryaj ou.

b Vrè lanmou an pa janm chanje e li la pou toutan. Yo rele l ‘flanm ki soti nan Ja’, paske se nan Jewova lanmou sa a soti.

c Menmsi moun ou marye avè l la pap sèvi Jewova, konsèy sa yo kapab ede w pou w vin pi pwòch avè l. — 1 Kor. 7:12-14; 1 Pyè 3:1, 2.

d Pa egzanp, n ap jwenn bonjan konsèy nan seri atik ki gen tit “Èd pou fanmi” ki sou jw.org ak nan JW Library®.