Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 22

Kontinye mache nan “Wout Sakre” a

Kontinye mache nan “Wout Sakre” a

“Ap gen yon gwo wout nan zòn sa a, [...] Wout Sakre [a].” — EZA. 35:8.

KANTIK 31 Mache avèk Bondye

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. Ki desizyon enpòtan Juif ki t ap viv Babilòn yo te gen pou yo pran? (Esdras 1:2-4).

 NOUVÈL la te gaye! Juif yo ki te ann egzil nan peyi Babilòn pandan anviwon 70 an te lib pou yo retounen lakay yo ann Izrayèl. (Li Esdras 1:2-4.) Se Jewova sèlman ki te ka fè yon bagay konsa. Sa k fè n ka di sa? Nòmalman, Babilòn pa t ap lage moun li te pran kòm prizonye yo (Eza. 14:4, 17). Men, gen nasyon ènmi ki te pot laviktwa sou Babilòn, e dirijan li te vin genyen an te fè Juif yo konnen yo lib pou yo kite peyi a. Se sa k fè chak Juif, sitou chèf fanmi yo, te gen yon desizyon pou yo pran: yo te gen pou yo chwazi si y ap kite Babilòn oswa si y ap rete. Desizyon sa a dwe pa t fasil pou yo pran. Sa k fè sa?

2 Gen anpil moun ki te twò granmoun pou yo te fè vwayaj sa a ki te long. E lefètke pifò nan Juif yo te fèt Babilòn, se te sèl kote yo te konnen. Pou yo menm, Izrayèl se te peyi zansèt yo. Sanble afè kèk Juif te vin bon anpil nan peyi Babilòn, se sa k fè yo te ka twouve l difisil pou yo kite bèl kay ak biznis yo te genyen pou y al viv nan yon peyi yo pa t menm konnen.

3. Ki benediksyon rès Juif fidèl ki t ap retounen ann Izrayèl yo t ap jwenn?

3 Juif ki te fidèl yo te konnen, lè yo retounen Izrayèl, yo t ap jwenn plis benediksyon lontan pase nenpòt sakrifis yo t ap gen pou yo fè. Pi gwo benediksyon yo t ap jwenn nan te gen rapò ak adorasyon yo t ap bay Jewova a. Te gen plis pase 50 tanp payen nan Babilòn, alòske pa t gen tanp pou adore Jewova nan vil sa a. Pa t gen lotèl pou Izrayelit yo te ofri sakrifis, jan Lwa Jewova te bay Moyiz la te mande sa, e pa t gen yon klas prèt ki te òganize pou ofri sakrifis sa yo. Mete sou sa, gason ak fi payen sa yo, ki pa t gen okenn respè pou Jewova ak prensip li yo, te pi plis lontan pase pèp Jewova a. Se sa k fè te gen plizyè milye Juif ki te gen lakrentif pou Bondye ki te anvi retounen nan peyi yo, kote yo t ap ka retabli vrè adorasyon an.

4. Ki èd Jewova te pwomèt li t ap bay Juif ki t ap retounen ann Izrayèl yo?

4 Sa te ka pran anviwon kat mwa pou soti Babilòn rive Jerizalèm, e vwayaj la pa t fasil menm. Men, Jewova te pwomèt li pa t ap kite anyen anpeche yo tounen nan peyi yo. Men sa Ezayi te ekri: “Prepare wout la pou Jewova! Fè yon gwo wout byen dwat nan dezè a pou Bondye nou an. [...] Tè ki gen douk la dwe vin swa, e tè ki gen bit la dwe vin yon plèn ki byen plat.” (Eza. 40:3, 4). Eseye imajine yon gwo wout ki pase nan dezè a, yon wout byen plat ki pase nan mitan mòn yo. Se pa ti kontan moun t ap kontan vwayaje sou li! Li t ap pi fasil pou yo lontan pou yo vwayaje nan yon gwo wout ki byen dwat olye pou yo t ap monte desann gwo mòn, ti mòn, oswa pase nan vale. Epitou, yo t ap rive pi vit.

5. Ki non yo te bay gwo wout senbolik ki te soti Babilòn rive Izrayèl la?

5 Jodi a, gen anpil gwo wout ki gen yon non oswa yon nimewo pou ede moun idantifye yo. Gwo wout senbolik Ezayi te pale de li a gen yon non tou. Men sa nou li: “Ap gen yon gwo wout nan zòn sa a, wi, yon wout y ap rele Wout Sakre. Moun ki pa pwòp pap pase ladan l.” (Eza. 35:8). Ki sa pwomès sa a te vle di pou Izrayelit yo nan epòk sa a? E ki sa l vle di pou nou jodi a?

“WOUT SAKRE” A NAN TAN LONTAN AK KOUNYE A

6. Sa k fè yo te di wout sa a sakre?

6 “Wout Sakre” a: ala yon bèl non yo bay gwo wout sa a! Sa k fè yo te di wout la sakre? Pa t ap gen plas nan nouvo nasyon Izrayèl la pou “moun ki pa pwòp”, sa vle di pou nenpòt Juif ki t ap pratike imoralite, idolatri oswa lòt peche grav. Juif ki te retounen yo t ap vin yon “pèp ki sen” pou Bondye yo a (Eza. 62:12). Sepandan, sa pa t vle di Juif ki te kite Babilòn yo pa t bezwen fè okenn chanjman pou yo fè Jewova plezi.

7. Ki chanjman kèk Juif te bezwen fè? Bay yon egzanp.

7 Jan nou te wè sa pi wo a, pifò nan Juif yo te fèt Babilòn e sanble anpil nan yo te abitye ak fason Babilónyen yo panse e ak prensip yo te genyen. Plizyè dizèn ane apre premye gwoup Juif yo te retounen ann Izrayèl, Esdras te aprann gen kèk Juif ki te marye ak fi ki pa t ap adore Jewova (Egz. 34:15, 16; Esd. 9:1, 2). Epi annapre, gouvènè Neyemi te sezi lè l te wè gen timoun ki te fèt ann Izrayèl ki pa t menm konn lang Juif yo (Det. 6:6, 7; Ney. 13:23, 24). Ki jan timoun sa yo t ap ka aprann renmen Jewova epi adore l si yo pa t ka konprann ebre, alòske se sitou nan lang sa a Pawòl Bondye a te ekri (Esd. 10:3, 44)? Donk, Juif sa yo te gen gwo chanjman pou yo fè, men li t ap pi fasil lontan pou yo fè chanjman sa yo piske yo t ap viv ann Izrayèl, kote vrè adorasyon an te kòmanse retabli tikras pa tikras. — Ney. 8:8, 9.

Depi 1919 epòk nou an, plizyè milyon gason ak fi ak timoun soti nan Gran Babilòn nan e yo kòmanse vwayaje nan “Wout Sakre” a. (Gade paragraf 8.)

8. Poukisa jodi a nou ta dwe enterese nan yon seri evènman ki te pase depi byen lontan? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

8 Anpil moun ka di tèt yo: ‘Istwa sa a vrèman enteresan, men èske sa k te rive Juif yo depi byen lontan konsène n jodi a?’ Wi li konsène n paske, nan yon sans, n ap vwayaje nan “Wout Sakre” a. Kit nou fè pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl oswa nou fè pati “lòt mouton” yo, nou bezwen kontinye mache nan “Wout Sakre” a paske l ap ede n kontinye adore Jewova kounye a e pou n kontinye adore l lè Wayòm li an pral pote benediksyon pou tè a b (Jan 10:16). Depi ane 1919 epòk nou an, plizyè milyon gason, fi ak timoun kite Gran Babilòn nan, anpalan de tout fo relijyon yo, e yo kòmanse vwayaje nan wout senbolik sa a. Sandout, ou se youn nan moun sa yo. Byenke sa gen anviwon 100 an depi moun kòmanse mache nan gwo wout sa a, yo te kòmanse prepare l sa gen plizyè syèk.

YO TE PREPARE WOUT LA

9. Selon Ezayi 57:14, nan ki sans gen yon seri travay ki te fèt pou prepare “Wout Sakre” a?

9 Jewova te veye pou Juif ki t ap retounen sot Babilòn yo pa t jwenn okenn obstak sou wout yo. (Li Ezayi 57:14.) Ki sa n kapab di konsènan “Wout Sakre” a nan epòk pa nou an? Pandan plizyè syèk anvan 1919, Jewova te itilize yon seri gason ki te gen lakrentif pou li pou ede prepare wout pou moun soti nan Gran Babilòn nan. (Konpare ak Ezayi 40:3.) Yo te fè preparasyon ki te nesesè yo pou l te ka vin posib pi devan pou moun ki gen kè sensè yo kite Gran Babilòn nan pou yo antre nan paradi espirityèl la, kote Jewova retabli vrè adorasyon an. Ki travay konsa ki te fèt nan wout sa a? Ann gade kèk nan preparasyon ki te fèt.

Pandan plizyè syèk anvan ane 1919 epòk nou an, yon seri mesye ki te gen lakrentif pou Bondye te ede prepare wout pou moun soti nan Gran Babilòn nan. (Gade paragraf 10-11.)

10-11. Lefètke yo te enprime Bib la e yo te tradui l, ki jan sa te ede plis moun vin gen konesans sou Bib la? (Gade foto a tou.)

10 Enprimri. Rive jis nan mitan 15yèm syèk la, se alamen yo te konn kopye Bib la. Travay sa a te pran anpil tan, li te difisil pou yon moun jwenn yon Bib e l te chè anpil. Men, lè te vin gen machin pou enprime, li te vin pi fasil pou gen Bib e pou moun jwenn yo.

11 Tradiksyon. Pandan plizyè syèk, Bib la te sitou disponib an laten, yon lang se moun ki te fè gwo etid sèlman ki te ka konprann li. Sepandan, lè enprimri te vin pi popilè, anpil moun ki te gen lakrentif pou Bondye te fè gwo efò pou yo tradui Bib la nan lang pèp la te pale. Lè sa a, moun ki t ap li Bib la te ka konpare sa chèf relijye yo t ap anseye yo ak sa Bib la anseye toutbonvre.

Yon seri mesye ki te gen lakrentif pou Bondye te ede prepare wout pou moun soti nan Gran Babilòn nan. (Gade paragraf 12-14.) c

12-13. Bay yon egzanp ki montre fason moun ki te sensè ki t ap etidye Labib nan 19yèm syèk la te kòmanse denonse manti relijyon yo t ap anseye.

12 Dokiman pou etidye Labib. Moun ki te konn pran tan pou yo byen etidye Bib la te aprann anpil bagay nan sa yo te li nan Pawòl Bondye a. Byen souvan, yo te konn pataje sa yo aprann yo ak lòt moun, e sa pa t fè chèf relijye yo plezi ditou. Pa egzanp, nan 19yèm syèk la, gen yon seri mesye ki te sensè ki te kòmanse distribye feyè ki te denonse manti legliz yo t ap anseye.

13 Ozanviwon ane 1835, te gen yon mesye ki te gen lakrentif pou Bondye ki te rele Henry Grew ki te pibliye yon feyè ki esplike nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye. Nan feyè sa a, li te sèvi ak Bib la pou l montre imòtalite se yon kado Bondye bay, se pa yon bagay nou tou fèt avè l, jan pifò legliz anseye sa. An 1837, George Storrs, yon moun ki t ap preche sa ki nan Bib la, te jwenn youn nan feyè sa a pandan l t ap vwayaje nan yon tren. Li te li l e li te vin gen konviksyon li jwenn yon verite ki enpòtan anpil. Li te deside pataje sa l te aprann nan. An 1842, pandan plizyè fwa, li te bay yon diskou ki te atire atansyon moun e ki te gen tèm: “Èske mechan yo imòtèl?” Sa George Storrs te ekri yo te touche kè yon jèn gason ki te rele Charles Taze Russell.

14. Nan ki sans frè Russell ak frè ki te ansanm avè l yo te pwofite travay ki te deja fèt nan wout senbolik la? (Gade foto a tou.)

14 Nan ki sans frè Russell ak frè ki te ansanm avè l yo te pwofite travay ki te deja fèt nan wout senbolik la? Pandan yo t ap etidye, yo te kapab fè rechèch nan diksyonè biblik, nan konkòdans ak nan plizyè tradiksyon Labib, e tout dokiman sa yo te deja egziste anvan yo te kòmanse travay yo a. Lòt bagay ki te ede yo se rechèch kèk mesye tankou Henry Grew, George Storrs ak lòt moun ankò te fè nan Bib la. Frè Russell ak frè ki te ansanm avè l yo te patisipe nan travay ki te fèt nan wout senbolik la paske yo te fè anpil liv ak feyè ki te pale sou yon seri sijè nan Bib la.

15. Ki bagay enpòtan ki te rive an 1919?

15 An 1919, Gran Babilòn nan pa t gen pouvwa sou pèp Bondye a ankò. Nan menm ane a, te vin gen yon “esklav fidèl ki prevwayan” ki te parèt nan bon moman pou gide moun ki gen kè sensè yo pou yo te ka kòmanse mache nan “Wout Sakre” a (Mat. 24:45-47). Travay lòt moun fidèl te fè anvan sa pou prepare wout sa a te ede moun ki te kòmanse mache nan gwo wout la aprann plis sou objektif Jewova (Pwo. 4:18). Yo te rive fè chanjman nan lavi yo tou pou yo viv ann amoni ak sa Jewova mande. Jewova pa t atann pou pèp li a fè chanjman ki te nesesè yo yon sèl kou. Okontrè, li te ede yo fè chanjman sa yo tikras pa tikras. (Gade kare ki gen tit “ Jewova rafine pèp li a tikras pa tikras”.) Ala kontan nou tout pral kontan lè n ap kapab fè Bondye nou an plezi nan tout sa n ap fè! — Kol. 1:10.

“WOUT SAKRE” A TOUJOU OUVÈ

16. Depi 1919, ki travay ki kontinye fèt nan “Wout Sakre” a? (Ezayi 48:17; 60:17).

16 Tout wout bezwen yo pase men ladan yo tanzantan. Depi 1919, gen travay ki kontinye fèt nan “Wout Sakre” a yon fason pou plis moun ka kite Gran Babilòn nan. Esklav fidèl ki prevwayan an ki te fèk tabli a te kòmanse travay, e nan ane 1921, yo te pibliye yon liv pou ede nouvo yo aprann verite ki nan Bib la. Liv sa a te rele Hap Bondye a. Finalman yo te distribye anviwon sis milyon ladan l nan 36 lang, e li te ede anpil moun aprann laverite. Pa gen twò lontan depi nou vin gen yon nouvo piblikasyon pou n etidye Labib ak moun yo, anpalan de liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an. Nan dènye jou yo, Jewova sèvi ak òganizasyon l lan pou l kontinye bay yon pakèt manje espirityèl pou ede nou tout kontinye mache nan “Wout Sakre” a. — Li Ezayi 48:17; 60:17.

17-18. Ki kote “Wout Sakre” a mennen?

17 Nou ka di depi yon moun aksepte etidye Labib, li kòmanse mache nan “Wout Sakre” a. Gen moun ki fè yon ti tan tou kout ap mache nan gwo wout la, apre sa yo kite l. Gen lòt ki detèmine pou yo kontinye mache sou li jiskaske yo rive kote yo prale a. Ki kote wout sa a mennen?

18 Pou moun ki gen esperans pou y al nan syèl, “Wout Sakre” a mennen nan “paradi Bondye a” ki nan syèl la (Rev. 2:7). Pou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, gwo wout sa a mennen nan fen rèy 1 000 an an lè yo vin pafè. Si w ap vwayaje nan gwo wout sa a jodi a, pa vire gad dèyè. E pa kite wout la, jiskaske w fini vwayaj la e w rive nan monn nouvo a! Se ak tout kè n nou swete w “bon vwayaj”.

KANTIK 24 Vini sou mòn Jewova a

a Jewova te rele gwo wout senbolik ki te soti Babilòn rive Izrayèl la “Wout Sakre” a. Èske Jewova prepare yon wout pou pèp li a nan epòk pa nou an tou? Wi, depi ane 1919 epòk nou an, plizyè milyon moun kite Gran Babilòn nan e yo kòmanse mache nan “Wout Sakre” a. Nou tout dwe kontinye mache nan wout sa a jiskaske n rive kote n prale a.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Frè Russell ak frè ki te ansanm avè l yo te sèvi ak dokiman pou etidye Labib lòt moun te deja prepare.