TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Novanm 2017

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 25 desanm 2017 rive 28 janvye 2018.

Ann chante ak kè kontan!

Si w panse sa anbarasan pou yo wè w ap chante ak kongregasyon an, ki jan w ka fè fas ak santiman sa a epi pou w sèvi ak vwa w pou w fè louwanj pou Jewova?

Èske w pran refij nan Jewova?

Nan Izrayèl tan lontan an, dispozisyon pou te gen vil refij yo aprann nou anpil bagay sou fason Bondye padone.

Ann imite jistis ak mizèrikòd Jewova

Ki jan vil refij yo montre Jewova gen mizèrikòd? Ki sa yo aprann nou sou pwennvi li genyen sou lavi? Ki jan yo montre li gen yon jistis ki pafè?

“Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”

Nou ka sèvi ak tan nou, enèji nou ansanm ak lòt bagay nou posede pou n soutni travay predikasyon Wayòm nan.

Rejte panse monn nan

Nou tout bezwen anpeche ide ki popilè nan monn nan kòwonp lespri nou. Ann egzamine senk ide ki fè pati panse monn nan.

Pa kite anyen anpeche w jwenn rekonpans lan

Apre apot Pòl te fin fè kretyen parèy li yo sonje bèl esperans yo genyen an, li te ba yo kèk avètisman avèk lanmou.

Ki jan w ka adapte w nan yon lòt kongregasyon?

Si w oblije al nan yon lòt kongregasyon, ou ka yon ti jan renka. Ki sa k ka ede w adapte w?