Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann imite jistis ak mizèrikòd Jewova

Ann imite jistis ak mizèrikòd Jewova

“Se pou n jije yon fason ki kòrèk e ki dwat. Se pou n aji youn ak lòt yon fason ki montre nou gen lanmou ki fidèl ak mizèrikòd.” — ZAK. 7:9.

KANTIK: 125, 88

1, 2. a) Ki jan Jezi te konsidere Lalwa Bondye te bay la? b) Ki jan espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo te tòde sans Lalwa?

JEZI te renmen Lalwa Bondye te bay Moyiz la. E nou pa sezi pou sa! Se moun ki pi enpòtan nan lavi Jezi, sètadi Papa l, Jewova, ki te bay Lwa sa a. Bib la te predi gwo lanmou Jezi t ap gen pou lwa Bondye a nan Sòm 40:8 ki di: “O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m.” Kit se nan pawòl, kit se nan aksyon, Jezi te montre Lwa Bondye a pafè, li fè moun jwenn byenfè e l ap akonpli san mank. — Mat. 5:17-19.

2 Se pa ti mal sa dwe te fè Jezi mal lè l te wè jan espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo te tòde sans Lwa Papa l te bay la! Yo te pran san yo pou yo obeyi kèk nan ti detay ki te nan Lwa a, e se rezon sa a ki fè Jezi te di yo: “N ap bay yon dizyèm nan mant, nan lanni ak nan tout kalite grenn epis nou rekòlte.” Donk, ki sa k te pwoblèm nan? Jezi te kontinye pou l di: “Men nou neglije pwen ki pi enpòtan nan Lalwa yo, anpalan de jistis, mizèrikòd ak fidelite.” (Mat. 23:23). Kontrèman ak Farizyen yo ki te panse yo jis, Jezi te wè pi lwen pase pawòl ki te ekri nan Lwa a, li te wè kalite Bondye genyen yo ki parèt nan chak kòmandman.

3. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

3 Antanke kretyen, nou pa anba alyans Lalwa (Wom. 7:6). Men, Jewova te fè konsève Lwa sa a pou nou nan Pawòl li a, Labib. Li pa vle pou n bay tout ti detay ki nan Lwa a yon enpòtans ki egzajere, men, li vle pou n chèche konprann “pwen ki pi enpòtan” yo, anpalan de prensip ki gen anpil valè ki soutni kòmandman ki nan Lalwa yo e pou n aplike yo. Pa egzanp, ki prensip nou ka wè nan dispozisyon Bondye te pran pou gen vil refij yo? Nan atik ki vin anvan an, nou te aprann kèk leson konsènan etap moun ki nan mawon an te dwe suiv. Mete sou sa, vil refij yo ede n aprann kèk bagay sou Jewova ak fason nou ka imite kalite l yo. Se sa k fè, nan atik sa a, nou pral jwenn repons twa kesyon: Ki jan vil refij yo montre mizèrikòd Jewova gen lakay li? Ki sa yo aprann nou sou fason Jewova konsidere lavi? Ki jan yo montre jistis li genyen an pafè? Nan chak ka, ann wè ki fason nou ka imite Papa nou ki nan syèl la. — Li Efezyen 5:1.

‘VIL K AP FASIL POU N ALE’: YON DISPOZISYON KI DEMONTRE MIZÈRIKÒD

4, 5. a) Nan ki sans vil refij yo te fasil pou moun al ladan yo e poukisa? b) Ki sa sa aprann nou sou Jewova?

4 Li te fasil pou moun al nan toule sis vil refij ki te genyen yo. Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou gen menm kantite vil refij sou chak bò Rivyè Jouden an. Poukisa? Se pou kèlkeswa moun ki ta nan mawon an te ka jwenn refij byen vit e byen fasil ladan yo (Nonb 35:11-14). Yo te kenbe wout ki mennen nan vil refij yo an bon eta (Det. 19:3). Selon koutim Juif yo, yo te konn met yon seri poto pou endike moun ki te nan mawon yo wout ki mennen nan vil yo. Piske vil refij yo te disponib, yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa pa t oblije kouri al nan yon peyi etranje kote l te ka jwenn tantasyon pou l soutni fo adorasyon.

5 Fè yon ti reflechi: Jewova, Sila a ki te bay lòd pou yo touye tout moun ki fè espre yo touye lòt moun, te bay moun ki te touye yon moun san l pa t gen entansyon fè sa bonjan posiblite pou l jwenn konpasyon l ak pwoteksyon l! Dapre sa yon biblis fè konnen, “tout bagay te fèt yon fason ki òdinè, ki senp e ki fasil otank posib. Se te yon fason pou Bondye demontre pitye”. Jewova pa yon jij san pitye ki chofe pou l pini sèvitè l yo. Okontrè, li gen “anpil mizèrikòd”. — Efe. 2:4.

6. Ki jan atitid Farizyen yo te diferan ak mizèrikòd Bondye genyen?

6 Yon lòt bò, Farizyen yo te renka lè pou yo demontre mizèrikòd. Pa egzanp, selon tradisyon yo te genyen, yo pa t dispoze padone menm peche a plis pase twa fwa. Jezi te montre aklè fason Farizyen yo konsidere moun ki peche kont yo lè l te bay egzanp yon Farizyen ki t ap priye ki te di: “O Bondye, mwen di w mèsi dèske mwen pa tankou lòt moun yo, yon bann moun ki dechèpiyè, ki pa jis, ki nan adiltè, oubyen tankou pèseptè sa a.” Avèk imilite, pèseptè sa a t ap priye pou l jwenn mizèrikòd Bondye. Poukisa Farizyen yo pa t dispoze demontre mizèrikòd? Bib la di se paske yo “pa t pran lòt moun pou anyen”. — Lik 18:9-14.

Èske “wout” k ap pèmèt ou padone moun nan ouvri e l an bon eta? Se pou w abòdab. (Gade paragraf 4-8.)

7, 8. a) Lè yon moun peche kont ou, ki jan w ka imite Jewova? b) Poukisa lè n padone lòt moun sa montre n gen imilite?

7 Imite Jewova, pa imite Farizyen yo. Demontre konpasyon. (Li Kolosyen 3:13.) Youn nan fason w ka fè sa se lè w fè l fasil pou lòt moun jwenn padon nan men w (Lik 17:3, 4). Mande tèt ou: ‘Èske moun ki peche kont mwen an, menmsi se plizyè fwa, rive jwenn padon nan men m? Èske m chofe pou m fè lapè ak moun ki te ofanse m oswa ki te blese santiman m?’

8 Youn nan bagay k ap montre n gen imilite toutbon se lè n padone lòt moun. Farizyen yo te echwe nan domèn sa a paske yo te konsidere lòt moun pi ba pase yo. Men, antanke kretyen, avèk imilite, nou dwe “konsidere lòt moun yo siperyè nou” e yo merite pou n padone yo (Flp. 2:3). Èske n ap imite Jewova e n ap demontre imilite? Kite “wout” k ap pèmèt ou padone moun nan ouvri e kenbe l an bon eta. Se pou w prese demontre mizèrikòd e pa kouri fache. — Ekl. 7:8, 9.

ANN RESPEKTE LAVI E “NOU PAP KOUPAB POU SAN MOUN”

9. Ki jan Jewova te fè Izrayelit yo konprann lavi moun sakre?

9 Youn nan objektif enpòtan vil refij yo te genyen se pwoteje Izrayelit yo pou yo pa t koupab pou san moun (Det. 19:10). Jewova renmen lavi, e li rayi “moun k ap fè san inosan koule”. (Pwo. 6:16, 17.) Antanke yon Bondye ki gen jistis e ki sen, li pa t ap ka fèmen je l sou yon moun ki touye yon lòt moun, menm lè se yon aksidan. Se vre, li te konn fè moun ki te touye lòt moun san yo pa t gen entansyon fè sa mizèrikòd. Malgre sa, moun nan te dwe al pale ak ansyen yo, e si yo te wè aksyon l te fè a te yon aksidan, li te dwe rete nan vil refij la jiskaske gran prèt la mouri. Sa te ka vle di pou moun nan pase rès vi l nan vil refij la. Konsekans grav sa yo te fè tout Izrayelit yo konprann lavi moun sakre. Pou yo te ka onore Sila a ki ba yo lavi a, yo te bezwen evite fè kèlkeswa aksyon oswa neglijans ki te ka met lavi lòt moun an danje.

10. Selon Jezi, ki jan espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo te montre yo pa t bay lavi enpòtans?

10 Kontrèman ak Jewova, espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo te montre yo pa t bay lavi enpòtans. Ki jan yo te fè sa? Men sa Jezi te di yo: “Nou retire kle k ap ouvri pòt konesans lan. Nou menm nou pa antre ladan l, e moun k ap antre yo, nou anpeche yo antre!” (Lik 11:52). Yo te sipoze ede lòt moun konprann sans Pawòl Bondye a pou yo te ka mache sou wout k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. Olye de sa, yo te fè moun yo ret lwen Jezi, li menm ki se “Gid prensipal ki pèmèt moun jwenn lavi a”, e yo te fè yo pran chemen k ap mennen nan destriksyon pou toutan an (Tra. 3:15). Piske espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo te fyè de tèt yo e yo te egoyis, yo pa t bay lavi ak byennèt lòt moun enpòtans. Se pa ti mechan yo te mechan e yo te san mizèrikòd!

11. a) Ki jan apot Pòl te montre li gen menm pwennvi ak Bondye sou lavi? b) Ki sa k ap ede n gen menm atitid ak Pòl konsènan travay predikasyon an?

11 Ki jan n ka evite gen menm atitid ak espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo, e ki jan n ka imite Jewova? Nou dwe respekte lavi ki se yon kado e n dwe ba l anpil valè. Apot Pòl te fè sa lè l te bay yon temwayaj konplè. Se sa k fè l te kapab di: “Mwen pa responsab san pèsonn.” (Li Travay 20:26, 27.) Men, Pòl pa t preche paske l te santi l koupab oswa paske se te responsablite l. Okontrè, li te renmen moun yo, e lavi yo te gen anpil valè pou li (1 Kor. 9:19-23). Menm jan an tou, nou dwe fè tout sa n kapab pou n vin gen menm pwennvi ak Bondye sou lavi. Jewova “ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) E ou menm? Ou ka wè lè w kòmanse gen yon atitid ki demontre mizèrikòd nan kè w sa ap pouse w fè plis nan travay predikasyon an e w ap gen plis kè kontan toutpandan w ap fè sa.

12. Poukisa sekirite enpòtan pou pèp Bondye a?

12 Nou montre nou gen menm pwennvi ak Jewova sou lavi tou lè n chèche gen yon atitid ki kòrèk sou sekirite. Nou dwe pran prekosyon lè n ap kondui ak lè n ap travay, sa gen ladan l lè n ap konstwi lokal kote nou adore Bondye, lè n ap fè antretyen ladan yo ak lè n ap deplase pou n al ladan yo. Pa janm bay rannman, lajan ak delè plis enpòtans pase sekirite nou ak sante nou. Bondye nou an ki gen jistis toujou fè sa ki jis e ki dwat. Nou vle aji menm jan avè l. Ansyen yo sitou dwe fè tout sa yo kapab pou yo veye sou sekirite tèt yo ak sekirite moun k ap travay bò kote yo (Pwo. 22:3). Si yon ansyen fè n sonje kèk règ ak prensip sou sekirite, donk, aksepte konsèy li bay la (Gal. 6:1). Se pou n gen menm pwennvi ak Jewova sou lavi, e konsa “nou pap koupab pou san moun”.

“FÈ YON JIJMAN [...] SELON PAWÒL KI NAN LWA SA YO”

13, 14. Ki jan Izrayelit ki te ansyen yo te ka demontre jistis menm jan ak Jewova?

13 Jewova te mande Izrayelit ki te ansyen yo pou yo imite prensip jistis wo nivo li genyen an. Toudabò, ansyen yo te bezwen chèche gen tout enfòmasyon yo. Ansuit, anvan yo te deside si y ap fè moun ki te touye moun nan mizèrikòd, yo te dwe byen egzamine entansyon l, atitid li ak konduit li te genyen anvan. Pou yo te demontre jistis menm jan ak Jewova, yo te dwe chèche konnen si moun ki nan mawon an te “rayi” moun nan oubyen si l te gen “move entansyon”. (Li Nonb 35:20-24.) Si yo t ap egzamine temwayaj moun ki te temwen yo, ta dwe gen omwen de temwen ki bay prèv li te gen entansyon touye moun nan. — Nonb 35:30.

14 Se sa k fè, apre ansyen yo fin gen tout enfòmasyon sou ka a, yo pa t dwe annik wè aksyon moun nan te fè a, men yo te dwe wè moun nan. Yo te bezwen gen bon konprann ki se kapasite ki pèmèt yon moun wè pi lwen pase sa k parèt la e pou l wè sa k genyen anndan yon sitiyasyon. Mete sou sa, yo te bezwen gen lespri sen Jewova, sa ki t ap pèmèt yo demontre bon konprann, mizèrikòd ak jistis menm jan ak Jewova. — Egz. 34:6, 7.

15. Montre gwo diferans ki genyen ant fason Jezi te wè moun ki peche yo ak fason Farizyen yo te wè yo.

15 Farizyen yo te konsantre sèlman sou sa moun ki peche a te fè olye yo te konsantre sou jan de moun li ye nan kè l. Lè Farizyen yo te wè Jezi nan yon resepsyon ki t ap fèt lakay Matye, yo te mande disip li yo: “Poukisa anseyan nou an ap manje ak pèseptè ansanm ak moun k ap pratike peche?” Jezi te reponn yo: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè. Kidonk, al aprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle, se pa sakrifis.’ Paske, mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche.” (Mat. 9:9-13). Èske Jezi te vle di pa gen mal pou moun fè peche grav? Non, jamè. Anfèt, prensipal mesaj Jezi t ap bay la te gen ladan l ankouraje moun repanti pou peche yo (Mat. 4:17). Men, bon konprann Jezi te genyen te fè l wè gen omwen kèk moun pami “pèseptè ak [...] moun k ap pratike peche” yo ki te vle chanje. Yo pa t vin lakay Matye pou yo manje sèlman. Okontrè, “te gen anpil nan yo ki te vin ap suiv [Jezi]”. (Mak 2:15.) Malerezman, pifò Farizyen yo pa t wè sa Jezi te wè nan moun sa yo. Kontrèman ak Bondye Farizyen yo te pretann y ap adore a ki gen jistis ak mizèrikòd, Farizyen yo te rele pwochen yo pechè e yo te kondane yo kòm moun ki sanzespwa.

16. Ki sa frè ki nan komite disiplin relijye yo chèche konprann?

16 Jodi a, ansyen yo dwe asire yo yo imite Jewova ki “renmen jistis”. (Sòm 37:28.) Toudabò, yo bezwen fè “bonjan ankèt epi poze kesyon” pou konnen si te gen yon bagay mal ki te fèt. Si sa te rive, lè sa a, y ap trete ka a selon enstriksyon ki nan Ekriti yo (Det. 13:12-14). Lè y ap patisipe nan komite disiplin relijye yo, yo dwe fè anpil atansyon pou yo rive wè si yon kretyen ki te fè yon peche grav repanti. Li pa toujou fasil pou n wè si yon moun repanti oswa si l pa repanti. Sa gen ladan l fason l wè bagay yo, atitid li ak kondisyon kè l (Rev. 3:3). Yon moun ki peche dwe repanti si l vle yo fè l mizèrikòd *.

17, 18. Ki jan ansyen yo ka rive wè si yon moun repanti ak tout kè l? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

17 Kontrèman ak Jewova ak Jezi, ansyen yo pa ka li kè moun. Bon, si w se yon ansyen, ki jan w ka rive wè si yon moun repanti ak tout kè l? Premyèman, priye Jewova pou l ba w sajès ak bon konprann (1 Wa 3:9). Dezyèmman, fè rechèch nan Pawòl Bondye a ak nan piblikasyon esklav fidèl la pou ede w fè diferans ant “tristès monn nan” ak “tristès ki ann akò ak volonte Bondye” ki se vrè repantans lan (2 Kor. 7:10, 11). Chèche wè fason Ekriti yo dekri moun ki repanti ak moun ki pa repanti. Ki jan Labib pale de santiman yo, atitid yo ak konduit yo?

18 Finalman, fè tout efò w pou w wè tout moun nan. Pran an konsiderasyon sitiyasyon moun ki peche a, chèche konn entansyon l ak limit li. Men sa Bib la te anonse konsènan chèf kongregasyon an, anpalan de Jezi: “Li pap jije moun selon sa je l ba li, ni li pap korije moun sèlman sou sa zòrèy li tande. L ap jije malere yo san paspouki, e l ap korije moun yon fason ki jis poutèt moun ki gen imilite sou tè a.” (Eza. 11:3, 4). Nou menm ansyen, nou se bèje ki anba kontwòl Jezi, e l ap ede n jije menm jan avè l (Mat. 18:18-20). Èske n pa gen rekonesans dèske n gen ansyen k ap fè tout sa yo kapab pou yo fè sa? Se pa ti apresye nou apresye efò yo kontinye fè pou pèmèt gen mizèrikòd ak jistis nan kongregasyon nou yo!

19. Ki leson konsènan vil refij yo ou pral aplike?

19 Lalwa Bondye te bay Moyiz la se te yon aspè nan “chapant konesans [...] ak chapant verite” konsènan Jewova ak prensip li yo ki jis (Wom. 2:20). Pa egzanp, vil refij yo aprann ansyen yo jan pou yo “jije yon fason ki kòrèk e ki dwat”, e yo aprann nou tout jan pou n “aji youn ak lòt yon fason ki montre nou gen lanmou ki fidèl ak mizèrikòd”. (Zak. 7:9.) Nou pa anba Lalwa ankò. Men, Jewova pa chanje, e kalite tankou jistis ak mizèrikòd toujou gen enpòtans pou li. Se pa ti privilèj nou genyen pou n adore yon Dye nou fèt pòtre avè l, yon Dye nou ka imite kalite l yo e nou ka pran refij nan li!

^ § 16 Gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 septanm 2006, paj 30 (fransè).