Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann chante ak kè kontan!

Ann chante ak kè kontan!

“Li bon pou nou chante louwanj pou Bondye nou an.” — SÒM 147:1.

KANTIK: 10, 2

1. Ki sa chante pèmèt nou fè?

GEN yon moun ki trè popilè antanke moun ki konn konpoze chante ki te di yon lè: “Pawòl fè w panse ak yon ide. Mizik fè w viv yon santiman. Men, yon chante fè w viv yon panse.” Ki pi bon panse nou ta ka santi n ap “viv” pase panse ki eksprime louwanj ak lanmou pou Jewova, Papa nou ki nan syèl la? Nou pa sezi dèske chante gen yon plas enpòtan nan vrè adorasyon an, kit se lè n ap chante poukont nou, kit se lè n ap chante ansanm ak pèp Bondye a nan kongregasyon an.

2, 3. a) Ki jan kèk moun ka santi yo anrapò ak chante awotvwa nan kongregasyon an? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

2 Bon, ki jan w santi w anrapò ak chante awotvwa nan kongregasyon an? Èske w santi w jennen pou w fè sa? Nan kèk kilti, gason yo ka santi yo pa alèz pou yo chante an piblik. Pwennvi sa a ka gen efè sou tout kongregasyon an, sitou si moun ki pran latèt yo jwenn rezon pou yo pa chante oswa pou yo fè lòt aktivite pandan lòt moun nan kongregasyon an ap chante. — Sòm 30:12.

3 Si n vrèman konsidere chante kòm yon bagay ki fè pati vrè adorasyon an, se sèten nou pap plede ap mache oswa n pa la pandan pati sa a nan pwogram reyinyon an. Se sa k fè, nou chak dwe mande tèt nou: ‘Ki jan m konsidere chante nan reyinyon nou yo? Ki jan m ka lite kont nenpòt santiman ki ka anpeche m chante ak kè kontan? E ki sa m ka fè pou m pi byen eksprime santiman ki gen nan chante n ap chante yo?’

CHANTE JWE YON WÒL ENPÒTAN NAN VRÈ ADORASYON AN

4, 5. Nan Izrayèl tan lontan an, jis nan ki pwen dispozisyon yo te pran pou moun chante nan adorasyon yo t ap bay Bondye a te enpòtan?

4 Adoratè fidèl Jewova yo gen lontan depi y ap sèvi ak mizik kòm yon mwayen pou yo fè louwanj pou Jewova. Li bon pou n note lè Izrayelit nan tan lontan yo t ap sèvi Jewova fidèlman, chante te jwe yon wòl enpòtan nan adorasyon yo t ap ba l la. Pa egzanp, lè wa David t ap fè preparasyon pou sèvis nan tanp lan, li te òganize 4 000 Levit pou chante louwanj. Te gen 288 Levit pami yo “ki te konn chante pou Jewova [e ki] te fò nan fè mizik”. — 1 Kwo. 23:5; 25:7.

5 Nan inogirasyon tanp lan, mizik ak chante te jwe yon wòl enpòtan. Men sa Bib la di nou: “Nan moman moun ki t ap jwe twonpèt yo ak chantè yo te fè yon sèl pou yo louwe Jewova e pou yo remèsye l, etan twonpèt yo, senbal yo ak lòt enstriman mizik yo t ap sonnen pandan yo t ap louwe Jewova, [...] glwa Jewova, vrè Dye a, te ranpli kay la.” Moman sa a dwe te fè lafwa Izrayelit yo vin pi solid! — 2 Kwo. 5:13, 14; 7:6.

6. Fè yon ti pale sou fason moun yo te chante nan epòk Neyemi t ap dirije kòm gouvènè nan Jerizalèm.

6 Lè Neyemi t ap dirije Izrayelit fidèl yo nan travay rekonstriksyon miray Jerizalèm nan, li te fè aranjman tou pou Levit ki konn chante yo jwenn yon pakèt enstriman mizik pou akonpaye yo. Lè yo t ap dedye miray la bay Jewova, prezantasyon mizik yo te fè espesyalman pou moman an te jwe yon gwo wòl nan kè kontan ki te genyen an. Fwa sa a, te gen “de gwo gwoup chantè [ki t ap] chante pou di Bondye mèsi”. Pandan chak gwoup yo t ap mache sou yon bò miray la, yo toule de te vin rankontre toupre tanp lan e vwa yo te vin fè yon sèl, konsa, moun te ka tande yo byen lwen (Ney. 12:27, 28, 31, 38, 40, 43). Se sèten Jewova te kontan tande adoratè l yo ki pran plezi chante pou yo fè louwanj pou li.

7. Ki jan Jezi te montre enpòtans chante genyen nan adorasyon kretyen yo ap bay Bondye a?

7 Lè kongregasyon kretyen an te fin tabli, mizik te kontinye jwe yon wòl enpòtan nan vrè adorasyon an. Nan nuit ki pi enpòtan nan listwa lèzòm nan, Jezi te chante kèk kantik apre l te fin tabli Soupe Seyè a. — Li Matye 26:30.

8. Ki jan kretyen yo nan premye syèk la bay egzanp antanke moun ki te konn chante lè y ap adore Bondye?

8 Kretyen yo nan premye syèk la bay egzanp antanke moun ki te konn chante ansanm pou yo fè louwanj pou Bondye. Menm lè yo te konn reyini nan kay prive souvan, ti lokal yo te genyen pou yo adore Jewova a pa t anpeche yo chante pou li. Men ki enstriksyon Bondye te pouse apot Pòl bay frè l yo: “Se pou youn kontinye anseye lòt e se pou youn kontinye ankouraje lòt ak sòm, ak louwanj pou Bondye, ak chante espirityèl nou chante avèk rekonesans, se pou nou chante ak tout kè nou pou Jewova.” (Kol. 3:16). Chante ki nan liv kantik nou an se bonjan “chante espirityèl nou [dwe] chante avèk rekonesans”. Yo fè pati manje espirityèl “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou. — Mat. 24:45.

LITE KONT SANTIMAN KI ANPECHE W CHANTE

9. a) Ki sa k ka anpeche kèk moun chante ak kè kontan nan reyinyon ak nan asanble nou yo? b) Ki jan n ta dwe chante louwanj pou Jewova, e ki premye moun ki ta dwe fè sa? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

9 E si nan fanmi w, nan kilti w oswa nan anviwònman w ap viv la, moun yo pa gen abitid chante? Grasa teknoloji ki alamòd yo, ou ka pran plezi koute chantè pwofesyonèl yo. Men, ou ka santi w jennen oswa w ka pa renmen vwa w lè w konpare l ak vwa lòt moun ki konn chante yo. Sepandan, sa pa ta dwe anpeche w pran responsablite w genyen pou w chante louwanj pou Jewova. Okontrè, ou ta dwe kenbe liv kantik ou a byen wo, leve tèt ou epi chante ak tout kè w! (Esd. 3:11; li Sòm 147:1.) Jodi a, nan anpil Sal Wayòm, yo konn pase pawòl kantik yo sou ekran, e sa ede n chante pi fò. Li enteresan tou pou n note chante kantik Wayòm yo vin fè pati pwogram fòmasyon yo bay ansyen yo nan Lekòl ministè Wayòm nan. Sa montre enpòtans pou ansyen yo pran latèt lè y ap chante nan kongregasyon an.

10. Ki sa n ta dwe sonje si laperèz ta anpeche n chante byen fò?

10 Youn nan bagay ki anpeche anpil moun chante byen fò se paske yo pè. Yo ka pè atire atansyon sou yo oswa petèt yo pa ta renmen lòt moun wè yo pa gen bèl vwa. Men, nou dwe sonje “nou tout nou bite tanzantan” lè n ap pale (Jak 3:2). Epoutan, sa pa fè n sispann pale. Kidonk, poukisa pou n kite vwa nou ki pa pafè anpeche n fè louwanj pou Jewova lè n ap chante?

11, 12. Bay kèk konsèy sou fason pou n amelyore jan n chante.

11 Petèt nou ka pa anvi chante paske n pa fin konnen fason nou dwe chante. Sepandan, nou ka amelyore jan n chante lè n suiv kèk konsèy senp *.

12 Ou ka aprann chante avèk fòs e byen fò lè w byen respire. Menm jan kouran fè yon anpoul limen, lè w respire sa bay vwa w fòs lè w ap pale oswa lè w ap chante. Ou ta dwe chante nan menm volim vwa ou pale oswa menm pi fò pase sa. (Gade konsèy yo bay nan liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la, paj 181 rive 184, anba soutit “Byen kontwole respirasyon w”.) Anfèt, lè Bib la ap pale de chante louwanj, li konn ankouraje adoratè Jewova yo pou yo “rele byen fò”. — Sòm 33:1-3.

13. Esplike ki jan n ka vin gen plis konfyans nan tèt nou lè n ap chante.

13 Pandan adorasyon an fanmi an oswa lè w poukont ou, eseye suiv konsèy sa a: Chwazi youn nan chante w pi renmen nan liv kantik nou an. Li pawòl yo byen fò ak yon vwa ki djanm e fè sa avèk konviksyon. Epi, ak menm volim vwa sa a, di tout pawòl ki nan yon fraz nan kantik la pandan w respire yon sèl fwa. Apre sa, chante fraz la nan menm volim nan (Eza. 24:14). Pandan w ap chante, vwa w ap vin pi konplè, e se yon bon bagay. Pa kite sa fè w pè oswa fè w jennen!

14. a) Lè n ouvri bouch nou byen laj, ki jan sa ka ede n lè n ap chante? (Gade kare ki gen tit: “ Fason pou w amelyore jan w chante.”) b) Ki konsèy anrapò ak fason pou w fè fas ak pwoblèm vwa w genyen ou twouve ki itil?

14 Ou pap ka chante ak tout vwa w si w pa kreye espas nan bouch ou. Se sa k fè, yon lòt konsèy nou ba w se ouvri bouch ou pi laj pase fason w konn ouvri l lè w ap pale. Ki sa w dwe fè si w santi vwa w fèb oswa petèt vwa w twò pike? Ou ka jwenn bonjan konsèy anrapò ak pwoblèm sa yo nan liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la, paj 184, nan kare ki gen tit “Fason pou w venk kèk pwoblèm presi”.

CHANTE LOUWANJ AK TOUT KÈ W

15. a) Ki anons yo te fè nan reyinyon ànyèl 2016 la? b) Bay kèk nan rezon ki fè yo fè nouvo liv kantik la.

15 Te gen anpil kè kontan nan reyinyon ànyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania ki te fèt nan ane 2016 la lè frè Stephen Lett, yon manm Kolèj santral la, te anonse gen yon nouvo liv kantik ki gen tit ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova ki pral parèt talè konsa pou n itilize nan reyinyon yo. Frè Lett te fè konnen youn nan rezon ki fè yo revize liv kantik la se pou l ka ann amoni ak Labib — Tradiksyon monn nouvo a. Sa te mande pou yo retire oswa pou yo chanje ekspresyon nou pa jwenn ankò nan Tradiksyon monn nouvo a (ann anglè), piske yo te revize l an 2013. Anplis de sa, yo ajoute nouvo kantik ki gen rapò ak travay predikasyon an ak kantik ki montre rekonesans nou genyen pou ranson an. Epitou, piske chante jwe yon wòl enpòtan nan adorasyon n ap bay Bondye a, Kolèj santral la te vle pou n gen yon liv kantik bon kalite ki gen menm po ak Tradiksyon monn nouvo a.

16, 17. Ki amelyorasyon yo te fè nan nouvo liv kantik la?

16 Pou pèmèt liv kantik ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova a pi fasil pou moun itilize, yo klase kantik yo selon sijè yo. Pa egzanp, 12 premye kantik yo pale de Jewova, 8 sa ki vin apre yo pale de Jezi ak ranson an, eksetera. Liv kantik la gen yon endèks sijè k ap ede n lè n ap chwazi kantik pou yon diskou piblik pa egzanp.

17 Pou ede tout moun chante ak tout kè yo, gen kèk pawòl yo chanje pou pèmèt panse ki nan pawòl sa yo vin pi klè e yo retire kèk mo moun pa tèlman itilize. Pa egzanp, yo chanje tit kantik “Pasyans” lan, e yo met “Montre nou gen pasyans” nan plas li, epi yo fè ajisteman nan pawòl kantik la pou l mache ak tit la. Youn nan pi gwo chanjman ki te fèt sèke yo te chanje tit kantik “Prezève kè nou” an e yo met “Nou pwoteje kè nou” nan plas li. Poukisa? Nan reyinyon nou yo, asanble yo ak kongrè yo, pandan n ap chante, gen anpil moun ki fèk enterese nan laverite ak anpil sè ki ka vin ap di lòt moun sa pou yo fè alòske yo pa gen dwa sa a. Se sa k fè yo te chanje tit kantik la e yo te fè kèk chanjman nan pawòl yo.

Aprann kantik yo pandan adorasyon an fanmi an. (Gade paragraf 18.)

18. Poukisa n dwe aprann kantik ki nan nouvo liv kantik nou an? (Gade nòt la.)

18 Anpil nan kantik ki nan liv kantik ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova a parèt sou fòm priyè. Kantik sa yo ka ede w di Jewova sa w santi toutbon. Gen lòt kantik k ap “pouse [n] gen lanmou, [e k ap pouse n] fè bèl aksyon”. (Ebre 10:24.) Se sèten nou vle abitye ak melodi yo, rit mizik yo ansanm ak pawòl kantik yo. Nou ka fè sa lè n koute kantik kote gen moun k ap chante ki sou sit jw.org la. Lè n aprann kantik yo lakay nou, nou ka aprann chante yo ak konviksyon e ak tout kè nou *.

19. Ki jan tout moun nan kongregasyon an ka patisipe dirèkteman nan adorasyon n ap bay Jewova a?

19 Pa bliye chante jwe yon wòl enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova a. Se yon bèl fason nou demontre lanmou ak rekonesans pou Jewova. (Li Ezayi 12:5.) Anplis de sa, lè n chante ak kè kontan, nou ankouraje lòt moun chante ak konviksyon. Kidonk, tout moun nan kongregasyon an, jèn kou granmoun ak moun ki fèk enterese nan laverite ka patisipe dirèkteman nan fòm adorasyon sa a n ap bay Jewova. Se sa k fè, pa pè chante pou w montre sa w santi. Olye de sa, obeyi konsèy byen klè sa a Bondye te pouse youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo bay: “Chante pou Jewova!” Wi, ann chante pou li ak kè kontan! — Sòm 96:1.

^ § 11 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou fason pou n amelyore jan n chante, gade diskou ki gen tit “David H. Splane: Prepare n pou n chante nouvo kantik yo” ki parèt sou Tele JW (nan ribrik Chwazi videyo, nan seksyon SA KI SOTI NAN STIDYO NOU AN > DISKOU).

^ § 18 Pou ede n prepare lespri n pou n chante, chak pwogram kongrè ak asanble kòmanse ak yon prezantasyon mizik ki dire 10 minit. Yo konpoze aranjman mizik òkès sa yo yon fason pou prepare kè nou ak lespri nou pou pwogram nan. Se sa k fè n ankouraje nou pou n chita nan plas nou lè pwogram nan kòmanse pou n byen suiv mizik la.