Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”

“Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”

DEPI byen lontan, sakrifis te toujou okipe yon plas enpòtan nan vrè adorasyon an. Izrayelit yo te konn ofri bèt kòm sakrifis, e moun te byen konnen kretyen yo kòm moun ki konn bay Bondye “louwanj kòm sakrifis”. Sepandan, Bondye pran plezi nan kèk lòt sakrifis tou (Ebre 13:15, 16). Sakrifis sa yo fè n jwenn lajwa ak benediksyon, jan egzanp ki vin apre yo montre sa.

Ana, yon dam ki t ap sèvi Bondye fidèlman nan tan lontan, te vrèman vle gen yon pitit gason, men l pa t ka fè pitit. Li te priye Jewova e l te fè l pwomès si l vin gen yon pitit gason, l ap ‘bay Jewova pitit la, pou l ka sèvi l pandan tout lavi l’. (1 Sam. 1:10, 11.) Rive yon lè, Ana te vin ansent, li te fè yon pitit gason e l te rele l Samyèl. Apre Ana te fin sevre Samyèl, li te mennen l nan Tabènak la jan l te pwomèt la. Jewova te beni Ana pou lespri sakrifis li te demontre a. Li te gen privilèj pou l vin gen senk lòt pitit, Samyèl te vin yon pwofèt e l te vin youn nan moun ki te ekri nan Bib la. — 1 Sam. 2:21.

Menm jan ak Ana ak Samyèl, jodi a, kretyen yo gen privilèj pou yo vwe Kreyatè yo a lavi yo pou fè sèvis li. Jezi te pwomèt n ap jwenn anpil rekonpans pou nenpòt sakrifis nou fè nan adorasyon n ap bay Jewova a. — Mak 10:28-30.

Nan premye syèk la, gen yon kretyèn ki te rele Dòkas yo te byen konnen kòm moun ki te “konn fè anpil bèl aksyon, e [ki] te konn ede moun ki nan nesesite yo anpil”. Men, malerezman “li [te] vin malad e li [te] mouri”, sa ki te fè tout moun nan kongregasyon an tris anpil. Lè disip yo aprann Pyè te nan zòn nan, yo te sipliye l pou l vin tousuit. Imajine jan yo te kontan lè Pyè te vini e l te resisite Dòkas, ki se premye moun Bib la di yon apot te resisite (Tra. 9:36-41)! Bondye pa t bliye sakrifis Dòkas te fè yo (Ebre 6:10). Bondye te fè konsève istwa Dòkas, antanke moun ki renmen bay, nan Pawòl li a kòm yon bèl egzanp pou n imite.

Menm jan an tou, apot Pòl kite yon bèl egzanp antanke moun ki te konn bay moun tan l ak atansyon l. Men sa Pòl te di pandan l t ap ekri frè ki te nan vil Korent yo: “Bò kote pa m, m ap byen kontan bay tout bagay, e m ap byen kontan bay tèt mwen nèt pou nou.” (2 Kor. 12:15). Grasa eksperyans Pòl te fè, li te aprann lè yon moun sakrifye tèt li pou byennèt lòt moun, nonsèlman sa fè l jwenn lajwa, men tou, sa k pi enpòtan an, sa fè l jwenn benediksyon ak apwobasyon Jewova. — Tra. 20:24, 35.

Sa klè, Jewova kontan lè n sèvi ak tan nou ak enèji nou pou n travay nan enterè Wayòm nan e pou n ede kwayan parèy nou yo. Men, èske gen lòt fason nou ka soutni travay predikasyon Wayòm nan? Wi! Mete sou sa, nou ka onore Bondye lè n fè ofrann volontè. Yo sèvi avè yo pou soutni travay predikasyon k ap fè sou tout tè a, sa ki gen ladan l ede misyonè yo ak lòt sèvitè espesyal aplentan yo. Anplis de sa, se grasa ofrann volontè nou fè yo nou rive prepare epi tradui piblikasyon ak videyo nou yo, nou ede moun lè gen katastwòf epi nou konstwi nouvo Sal Wayòm. Nou kapab gen asirans “moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”. Epitou, lè n bay Jewova bagay nou genyen ki gen valè yo, nou onore l. — Pwo. 3:9; 22:9.