Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa kite anyen anpeche w jwenn rekonpans lan

Pa kite anyen anpeche w jwenn rekonpans lan

“Pa kite pèsonn [...] pran rekonpans lan nan men nou.” — KOL. 2:18.

KANTIK: 122, 139

1, 2. a) Ki rekonpans sèvitè Bondye yo ap tann? b) Ki sa k ede n kite je n fikse sou rekonpans lan? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

MENM jan ak apot Pòl, jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo gen bèl privilèj pou yo resevwa “rekonpans lan, sètadi apèl selès Bondye fè” yo a (Flp. 3:14). Y ap tann pou y al travay ansanm ak Jezi Kris nan Wayòm nan ki nan syèl la e pou yo met ansanm avè l pou ede lèzòm vin pafè (Rev. 20:6). Ala yon bèl objektif Bondye envite moun sa yo genyen! Moun ki fè pati lòt mouton yo gen yon lòt esperans. Y ap tann pou yo jwenn rekonpans yo a ki se lavi ki pap janm fini an sou tè a, e se pa ti kè kontan pwomès sa a fè yo genyen! — 2 Pyè 3:13.

2 Men ki ankourajman Pòl te bay kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou ede yo ret fidèl pou yo jwenn rekonpans lan: “Kontinye fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo.” (Kol. 3:2). Yo te dwe kontinye fikse lespri yo sou bèl esperans yo genyen pou yo resevwa yon eritaj nan syèl la (Kol. 1:4, 5). Kidonk, lè tout sèvitè Jewova yo reflechi ak benediksyon Jewova pral bay pèp li a, sa ede yo kite je yo fikse sou rekonpans lan, kit yo gen esperans pou y al viv nan syèl kit yo gen esperans pou yo viv sou tè a. — 1 Kor. 9:24.

3. Konsènan ki danje Pòl te avèti kretyen parèy li yo?

3 Anplis de sa, Pòl te avèti kretyen parèy li yo konsènan yon seri danje ki te ka anpeche yo jwenn rekonpans lan. Pa egzanp, li te ekri kongregasyon ki te nan vil Kolòs la konsènan yon seri fo kretyen ki t ap eseye fè yon seri bagay ki nan Lalwa pou yo jwenn favè Bondye olye yo te montre yo gen lafwa nan Kris (Kol. 2:16-18). Epitou, Pòl te pale konsènan yon seri danje ki egziste jis jodi a e ki ka anpeche nou jwenn rekonpans lan. Pa egzanp, li te esplike ki jan pou n reziste kont dezi ki imoral, ki jan pou n rezoud pwoblèm nou gen ak kwayan parèy nou ak fason pou n fè fas ak pwoblèm nou jwenn nan fanmi nou. Konsèy li te bay sou sijè sa yo enpòtan anpil pou nou jodi a. Kidonk, ann egzamine kèk nan avètisman Pòl te bay avèk lanmou ki nan lèt li te ekri kretyen nan vil Kolòs yo.

FÈ DEZI IMORAL YO MOURI

4. Poukisa dezi ki imoral yo ka anpeche n jwenn rekonpans lan?

4 Apre Pòl te fin fè frè yo sonje bèl esperans yo genyen an, men sa l te ekri: “Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta.” (Kol. 3:5). Dezi ki imoral yo ka fò anpil lakay nou e yo ka anpeche n jwenn trezò espirityèl yo. Men sa yon frè ki te kite dezi imoral pote l ale te di apre l te fin retounen nan kongregasyon an: “Fòs ki t ap rale m nan te tèlman pisan m pa t ka reziste avè l jiskaske l te vin twò ta.”

5. Ki jan n ka pwoteje tèt nou kont yon seri sitiyasyon ki ka vin yon danje pou nou?

5 Li sitou enpòtan pou n veye lè n nan sitiyasyon ki ka tante n pou n fè konpwomi ak prensip moral Jewova yo. Pa egzanp, li bon pou de moun ki nan renmen fikse limit byen klè konsènan kèk sijè tankou manyen, bo oswa ret yon kote poukont yo depi lè yo fèk kòmanse frekante (Pwo. 22:3). Mete sou sa, yon kretyen ka jwenn sitiyasyon ki vin yon danje pou li nan domèn moral lè l ap vwayaje nan kad travay li oswa lè l oblije travay ak yon moun ki pa menm sèks avè l (Pwo. 2:10-12, 16). Si w twouve w nan yon sitiyasyon konsa, fè konnen w se Temwen Jewova, aji avèk respè, epi sonje lè w ap flète sa ka gen move konsekans. Epitou, nou ka vin gen plis pwoblèm si n dekouraje oswa n pa ka defann tèt nou. Nan moman sa yo, nou ka santi n bezwen yon moun ki pou fè n santi nou enpòtan. Nou ka menm vin tèlman anvi jwenn yon moun pou ban nou afeksyon sa ka fè n aksepte atansyon nenpòt moun ban nou. Si jamè sa ta rive w, chèche jwenn èd nan men Jewova ansanm ak pèp li a yon fason pou w pa kite tèt ou anpeche w jwenn rekonpans lan. — Li Sòm 34:18; Pwovèb 13:20.

6. Ki sa n dwe sonje lè n ap chwazi divètisman?

6 Pou n fè dezi ki imoral yo mouri, nou bezwen rejte divètisman ki imoral. Pifò divètisman ki genyen jodi a fè n sonje jan bagay yo te ye nan vil Sodòm ak Gomò ki te egziste nan tan lontan (Jid 7). Moun ki alatèt endistri divètisman sa yo fè pwopagann pou ide yo genyen nan domèn moral lè yo prezante imoralite seksyèl kòm yon bagay ki nòmal e ki pa gen move konsekans. Nou pa dwe bese vijilans nou, nou pa dwe annik aksepte nenpòt divètisman yo ofri n. Nou bezwen chwazi divètisman ki pap anpeche n kite je n fikse sou rekonpans lan. — Pwo. 4:23.

“SE POU NOU ABIYE NOU” AK LANMOU ANSANM AK BONTE

7. Ki pwoblèm nou ka jwenn anndan kongregasyon an?

7 Nou tout dakò se yon benediksyon lefètke n fè pati kongregasyon an. Etid nou fè nan Pawòl Bondye a nan reyinyon nou yo ansanm ak bonte ak èd ki plen lanmou nou bay youn lòt ede n kite je n fikse sou rekonpans lan. Sepandan, pafwa, mezantant ka lakòz kèk pwoblèm pami moun nan kongregasyon an. Si n pa rezoud pwoblèm sa yo, yo ka fè n vin gen rankin byen fasil. — Li 1 Pyè 3:8, 9.

8, 9. a) Ki kalite n bezwen genyen k ap ede n jwenn rekonpans lan? b) Ki sa k ka ede n kontinye viv anpè si yon kretyen parèy nou fè n fache?

8 Ki jan pou n pa kite rankin anpeche n jwenn rekonpans lan? Men ki ankourajman Pòl te bay kretyen nan vil Kolòs yo: “Antanke moun Bondye chwazi, moun ki sen, moun yo renmen, se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an. Men, anplis tout bagay sa yo, abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay.” — Kol. 3:12-14.

9 Lanmou ak bonte ka ede n pou n padone youn lòt. Pa egzanp, si n santi pawòl yon kretyen parèy nou di oswa fason l aji blese santiman nou, nou ka eseye sonje kèk fwa kote nou te pale oswa n te aji yon fason ki pa janti. Èske n pa apresye lanmou ak bonte frè ak sè ki pase sou erè n fè yo demontre anvè nou? (Li Eklezyas 7:21, 22.) Nou sitou gen Kris rekonesans pou bonte l demontre anvè n lefètke l rasanble vrè adoratè yo ansanm nan inite (Kol. 3:15). Nou tout renmen menm Bondye a, nou preche menm mesaj la e n ap fè fas ak menm difikilte yo. Lè n padone youn lòt avèk bonte e avèk lanmou, nou kontribye pou gen inite nan mitan nou antanke kretyen e pou n kite je n fikse sou rekonpans lan.

10, 11. a) Poukisa jalouzi se yon danje? b) Ki jan pou n pa kite jalouzi anpeche n jwenn rekonpans nou an?

10 Gen anpil egzanp nan Bib la ki sèvi kòm avètisman ki fè n sonje jalouzi ka anpeche n jwenn rekonpans lan. Pa egzanp, Kayen te vin jalou sò frè l Abèl e l te touye l. Kora, Datan ak Abiram te vin jalou sò Moyiz e yo te kanpe kont li. Epitou, wa Sayil te vin jalou sò David paske David te reyisi nan sa l fè, e Sayil te eseye touye l. Nou pa sezi dèske Pawòl Bondye a di: “Kote ki gen jalouzi ak tandans pou moun fè kont, ap gen dezòd ak tout kalite vye bagay.” — Jak 3:16.

11 Si n chèche gen lanmou ak bonte nan kè nou, nou pap vin jalou fasil. Pawòl Bondye a di: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun.” (1 Kor. 13:4). Pou n pa kite jalouzi pran rasin nan kè nou, nou dwe fè efò pou n wè bagay yo jan Bondye wè yo e pou n wè frè n ak sè n yo kòm moun ki fè pati menm kò a antanke kretyen. Sa ap ede n demontre menm santiman an pou yo ann amoni ak konsèy sa a ki di: “Si yon manm jwenn glwa, tout lòt yo rejwi avè l.” (1 Kor. 12:16-18, 26). Donk, olye n jalou lè lòt moun jwenn benediksyon, n ap kontan pou yo. Ann pran egzanp Jonatan, pitit gason wa Sayil. Li pa t jalou lè Bondye te chwazi David pou l vin eritye twòn nan. Okontrè, li te ankouraje David (1 Sam. 23:16-18). Èske n ka demontre bonte ak lanmou menm jan ak Jonatan?

CHÈCHE JWENN REKONPANS LAN ANSANM AK FANMI W

12. Ki konsèy ki soti nan Ekriti yo lè n koute l k ap ede n jwenn rekonpans lan ansanm ak fanmi n?

12 Lè moun nan yon fanmi suiv prensip ki nan Bib la, sa ka ede yo gen lapè ak kè kontan e sa ka ede yo jwenn rekonpans lan. Ki konsèy pou fanmi Pòl te bay kretyen nan vil Kolòs yo? Men sa l te di: “Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou, jan sa dwe fèt nan Seyè a. Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, epi pa eksite sou yo. Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Seyè a plezi anpil. Nou menm papa, pa tingting timoun nou yo pou fè yo fache, dekwa pou yo pa dekouraje.” (Kol. 3:18-21). Pa gen dout nan sa, w ap dakò lè mari yo, madanm yo ak timoun yo aplike konsèy sa a Bondye te pouse Pòl ekri a, sa toujou pwofitab pou yo.

13. Ki jan yon kretyèn ka genyen mari l ki pa kwayan?

13 E si w se yon madanm ki santi mari w ki pa kwayan pa trete w jan l dwe fè sa? Si w fè kont avè l akoz konpòtman l, èske sa ap amelyore sitiyasyon an? Menmsi w ta reyisi fè l fè sa w vle a, èske sa ap fè w rale l vin nan laverite? Nou pa kwè sa. Men, si w demontre respè pou mari w antanke chèf ou, ou ka travay pou gen lapè nan fanmi an, w ap fè louwanj pou Jewova e w ka menm rale mari w vin nan vrè adorasyon an, konsa, nou toude ka jwenn rekonpans lan. — Li 1 Pyè 3:1, 2.

14. Ki sa yon mari ki kretyen ta dwe fè si madanm li ki pa kwayan pa respekte l?

14 E si w se yon mari ki santi madanm ou ki pa kwayan pa gen respè pou ou? Èske w ap pouse l demontre plis respè pou ou si w ap rele sou li pou w montre l kiyès ki chèf la? Non jamè! Bondye atann pou w egzèse otorite w antanke chèf avèk lanmou lè w imite Jezi (Efe. 5:23). Jezi egzèse otorite l sou kongregasyon an avèk lanmou e avèk pasyans (Lik 9:46-48). Lè yon mari suiv egzanp Jezi, li ka rale madanm li vin nan vrè adorasyon an.

15. Ki jan yon mari ki kretyen demontre lanmou pou madanm li?

15 Men konsèy Bib la bay mari yo: “Kontinye renmen madanm nou, epi pa eksite sou yo.” (Kol. 3:19). Yon mari ki gen lanmou ap onore madanm li lè l koute l pandan l ap di sa l panse ak lè l ba l asirans li bay sa l di a enpòtans (1 Pyè 3:7). Aktout li pa ka toujou fè sa madanm nan mande, byen souvan, li ka rive pran yon desizyon ki pi ekilibre lè l mande madanm li opinyon l (Pwo. 15:22). Yon mari ki gen lanmou eseye jwenn respè nan men madanm li lè l fè efò pou l genyen respè sa a olye l mande l sa. Li pi fasil pou yon mari ki renmen madanm li ak pitit li gen yon fanmi k ap sèvi Jewova ak kè kontan e pou l jwenn rekonpans lan.

Ki jan pou n pa kite pwoblèm nou jwenn nan fanmi nou anpeche n jwenn rekonpans lan? (Gade paragraf 13-15.)

JÈN: PA KITE ANYEN ANPECHE W JWENN REKONPANS LAN!

16, 17. Antanke jèn, ki jan w ka evite vin fache anpil kont paran w?

16 E si w se yon adolesan ki santi paran w ki kretyen pa byen konprann ou e yo anpeche w fè kèk bagay? Lefètke w fache, sa ka menm fè w gen dout sèvi Jewova se pi bon fason pou moun viv. Men, si w kite sa fè w sispann sèvi Jewova, ou pap pran tan pou w rann ou kont pa gen okenn lòt moun ki ka pi byen veye sou ou pase paran w yo ki gen lakrentif pou Bondye ansanm ak moun nan kongregasyon an.

17 Si paran w pa janm disipline w, èske w pap mande tèt ou si yo gen sousi pou ou toutbonvre (Ebre 12:8)? Men, petèt se fason paran w disipline w la ki fè w fache. Olye w kouri pou fason y ap disipline w la, eseye konprann yo ka gen rezon ki fè yo aji konsa. Kidonk, rete kalm e fè tout sa w kapab pou w pa mal reyaji lè yo di w ou fè yon bagay ki pa bon. Pawòl Bondye a di: “Yon moun ki gen konesans kontwole sa l ap di, e yon moun ki gen bon konprann ap rete kalm.” (Pwo. 17:27). Fikse objektif pou w vin yon moun ki gen matirite ki ka ret kalm lè y ap ba w konsèy, ki chèche jwenn byenfè nan konsèy la san w pa bay tèt ou twòp pwoblèm pou fason yo ba w li a (Pwo. 1:8). Se yon benediksyon sa ye lè w gen paran ki kwayan ki vrèman renmen Jewova. Se sèten y ap vle ede w jwenn rekonpans lan.

18. Poukisa w detèmine pou w kite je w fikse sou rekonpans lan?

18 Rekonpans k ap tann nou an se yon bèl bagay ki fè n reflechi, kit se lavi imòtèl nan syèl la kit se lavi ki pap janm fini nan yon paradi sou tè a. Se yon esperans ki sèten, yon esperans ki baze sou pwomès Kreyatè a fè nou. Men sa Bondye di konsènan tè a ki pral vin yon paradi: “San mank, tè a pral plen konesans sou Jewova.” (Eza. 11:9). Lè sa a, tout moun sou tè a pral jwenn ansèyman nan men Bondye. Sa klè, se yon rekonpans ki merite pou n fè efò pou li. Kidonk, kontinye fikse lespri w sou sa Jewova pwomèt la, e pa kite anyen anpeche w jwenn rekonpans lan!