Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w pran refij nan Jewova?

Èske w pran refij nan Jewova?

“Jewova ap sove lavi sèvitè l yo. Moun ki pran refij nan li yo, yo pap deklare yo koupab.” — SÒM 34:22.

KANTIK: 8, 54

1. Akoz peche, ki jan anpil nan sèvitè fidèl Bondye yo konn santi yo?

“ALA mizè pou mwen!” (Wom. 7:24). Menm jan ak apot Pòl, anpil nan sèvitè fidèl Bondye yo konn di pawòl sa yo. Nou tout ap soufri akoz peche nou eritye e lè fason n aji pa ann amoni ak gwo dezi n genyen pou n fè Jewova plezi, nou ka santi se yon mizè pou nou. Gen kèk kretyen ki te fè yon peche grav ki konn menm panse yo pap jwenn padon nan men Bondye.

2. a) Ki jan Sòm 34:22 montre sèvitè Bondye yo pa dwe kite santiman ki fè yo santi yo koupab pote yo ale? b) Sou ki sa atik sa a pral pale? (Gade kare ki gen tit “ Leson oswa lonbray?”)

2 Sepandan, Ekriti yo ban nou asirans moun ki pran refij nan Jewova yo pa dwe kite santiman ki fè yo santi yo koupab pote yo ale. (Li Sòm 34:22.) Sa sa vle di pran refij nan Jewova? Ki etap nou dwe suiv pou n jwenn mizèrikòd ak padon nan men Jewova? Nou jwenn repons kesyon sa yo lè n egzamine dispozisyon Bondye te pran pou gen vil refij nan Izrayèl tan lontan an. Se vre dispozisyon sa a te fè pati alyans Lalwa a, yon alyans yo te ranplase nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Men, nou dwe sonje se Jewova ki te bay Lwa sa a. Kidonk, dispozisyon pou gen vil refij yo aprann nou fason Jewova konsidere peche, fason l wè moun ki fè peche yo ak kesyon repantans lan. Toudabò, ann wè ki objektif ak ki enpòtans vil sa yo te genyen.

“CHWAZI YON SERI VIL POU MOUN AL PRAN REFIJ”

3. Ki jan Izrayelit yo te konn jere sitiyasyon kote yon moun te fè espre li touye yon lòt moun?

3 Nan Izrayèl tan lontan an, tout sitiyasyon kote te gen san moun ki koule te gen anpil enpòtans pou Jewova. Lè yon moun te fè espre li touye yon lòt moun, gason ki pi pwòch fanmi moun ki mouri a te dwe touye asasen an. Yo te konn rele moun sa a “moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a”. (Nonb 35:19.) Aksyon sa a te pèmèt yo peye pou san moun ki inosan ki te vèse a. Lefètke yo te touye moun ki koupab la san pèdi tan, sa te anpeche moun sa a kontamine Peyi Bondye te pwomèt la, paske, men kòmandman Jewova te bay: “Nou pa dwe kontamine peyi n ap viv ladan l lan, paske san ka kontamine peyi a.” — Nonb 35:33, 34.

4. Ann Izrayèl, ki jan yo te konn jere sitiyasyon kote yon moun te touye yon lòt moun pa aksidan?

4 Men, ki jan Izrayelit yo te konn jere sitiyasyon kote yon moun te touye yon lòt moun pa aksidan? Byenke se te yon aksidan, yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa te toujou koupab paske l te vèse san yon moun ki inosan (Jen. 9:5). Men, erezman, li te gen posiblite pou l kouri al nan youn nan vil refij yo pou moun k ap tire revanj lan pa t touye l. Se la li t ap jwenn pwoteksyon. Yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa te dwe rete nan vil refij la jiskaske gran prèt la mouri. — Nonb 35:15, 28.

5. Ki jan dispozisyon pou gen vil refij yo ede n konn Jewova pi byen?

5 Se pa t yon moun ki te chwazi rele vil sa yo vil refij. Se Jewova li menm ki te bay Jozye lòd sa a: “Men sa pou w di Izrayelit yo: ‘Chwazi yon seri vil pou moun al pran refij.’” Yo te konsidere yo kòm “vil sakre”. (Joz. 20:1, 2, 7, 8.) Piske se Jewova li menm ki te deside yo dwe met vil sa yo apa pou yon sèvis espesyal, nou ta ka mande tèt nou: Ki jan dispozisyon sa a ede n pi byen konprann mizèrikòd Jewova genyen? Epitou, ki sa l aprann nou sou fason nou ka pran refij nan Jewova jodi a?

“LI DWE RAKONTE ANSYEN [YO] SA K TE PASE A”

6, 7. a) Esplike ki wòl ansyen yo te genyen lè yo t ap jije yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Poukisa l te saj pou moun ki te nan mawon an t al pale ak ansyen yo?

6 Apre yon moun te fin touye yon lòt moun pa aksidan e l t al nan mawon, toudabò, li te dwe “rakonte ansyen” yo ki nan pòtay vil kote l t al pran refij la “sa k te pase a”. Yo te dwe byen akeyi l (Joz. 20:4). Kèk tan apre, yo t ap voye l tounen kot ansyen nan vil kote l te touye moun nan, e ansyen sa yo te dwe jije ka a. (Li Nonb 35:24, 25.) Se sèlman apre yo fin deklare se yon aksidan ki te lakòz moun ki nan mawon an touye moun nan, li t ap ka retounen nan vil refij la.

7 Poukisa sa k te rive a te konsène ansyen yo? Yo te dwe kenbe kongregasyon Izrayèl la pwòp e yo te dwe ede moun ki te touye lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa a jwenn mizèrikòd Jewova. Gen yon biblis ki fè konnen si moun ki nan mawon an te neglije al kot ansyen yo, “lavi l t ap an danje”. Men sa l te ajoute: “Li t ap responsab pwòp san l paske l pa t pwofite dispozisyon Bondye te pran an pou l te jwenn sekirite.” Se vre yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa te ka jwenn èd, men se li ki te dwe chèche èd sa a e l te dwe aksepte l. Si l pa t al pran refij nan youn nan vil Jewova te met pou sa a, fanmi ki pi pwòch moun li te touye a te ka touye l.

8, 9. Poukisa yon kretyen ki fè yon peche grav dwe al kot ansyen yo pou l jwenn èd?

8 Jodi a, yon kretyen ki fè yon peche grav dwe chèche èd nan men ansyen yo nan kongregasyon an pou l ka vin anfòm nan domèn espirityèl. Poukisa sa enpòtan anpil? Premyèman, se Jewova ki pran dispozisyon pou ansyen yo egzamine ka kote yon moun fè yon peche grav, jan sa parèt nan Pawòl li a (Jak 5:14-16). Dezyèmman, dispozisyon sa a bay moun ki repanti yo fòs pou yo ret anba men Bondye e pou yo evite pratike peche (Gal. 6:1; Ebre 12:11). Twazyèmman, ansyen yo resevwa lòd ak fòmasyon pou yo ede moun ki peche e ki repanti yo e pou yo soulaje doulè ak santiman ki fè moun sa yo santi yo koupab. Jewova fè konnen ansyen sa yo se “yon refij lè gen gwo lapli”. (Eza. 32:1, 2, nòt.) Èske w pa dakò dispozisyon sa a se yon fason Bondye montre li gen mizèrikòd?

9 Gen anpil nan sèvitè Bondye yo ki vin konprann soulajman sa bay lè y al chèche èd nan men ansyen yo e lè yo jwenn èd sa a. Pa egzanp, gen yon frè ki rele Daniel ki te fè yon peche grav, men, pandan plizyè mwa, li te yon ti jan renka pou l al kot ansyen yo. Men sa l fè konnen: “Apre tout tan sa a te fin pase, m te panse ansyen yo pa t ap ka fè anyen pou mwen ankò. Aktout sa, m te toujou sispèk e m t ap ret tann konsekans aksyon m yo. Epi, depi m ap priye Jewova pou kèlkeswa bagay la, m te santi m oblije mande padon anvan pou sa m te fè a.” Finalman, Daniel t al chèche èd nan men ansyen yo. Men sa l di lè l ap reflechi ak sa k te pase a: “Se sèten, m te pè al kote yo. Men, apre m te fin fè sa, m te santi se kòmsi yon moun te retire yon gwo pwa lou sou zepòl mwen. Kounye a, m santi m ka pwoche kot Jewova san anyen pa anpeche m fè sa.” Jodi a, Daniel gen yon konsyans klè e sa pa gen lontan depi yo nome l sèvitè ministeryèl.

LI “DWE KOURI AL NAN YOUN NAN VIL SA YO”

10. Pou yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa te jwenn mizèrikòd, ki aksyon enpòtan l te dwe fè?

10 Yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa te dwe aji pou l jwenn mizèrikòd. Li te dwe kouri al nan vil refij ki pi pre a. (Li Jozye 20:4.) Nou pa ka imajine yon moun ki nan mawon k ap fè neglijans! Se sèlman si l te kouri al nan vil sa a byen vit epi l rete ladan l li t ap ka sove lavi l! Sa te mande pou l fè sakrifis. Li te dwe abandone travay li, kay li ak libète l te genyen pou l al kote l vle, jiskaske gran prèt la mouri * (Nonb 35:25). Men, sa te vo lapenn pou l te fè tout sakrifis sa yo. Si moun ki nan mawon an ta kite vil refij la, li t ap montre l pa bay san l te fè koule a okenn enpòtans, e konsa, li t ap met pwòp vi l an danje.

11. Ki aksyon yon kretyen ki repanti dwe fè pou l montre li pa pran mizèrikòd Bondye kòm yon bagay ki pa gen enpòtans?

11 Jodi a, pou yon moun ki te fè yon bagay mal e ki repanti jwenn mizèrikòd Bondye, li dwe aji menm jan an tou. Li dwe sispann fè peche l t ap fè a nèt, nonsèlman l dwe kouri pou peche ki grav, men tou, li dwe kouri pou peche ki pa twò grav ki konn mennen nan gwo peche. Anba direksyon lespri sen, apot Pòl te pale konsènan aksyon kretyen nan vil Korent ki te repanti yo te fè. Men sa l te ekri: “Lefètke nou te vin tris ann akò ak volonte Bondye, ala yon gwo anpresman nou te vin genyen pou nou montre nou pa koupab, ala yon endiyasyon, ala yon krent, ala yon gwo anvi, ala chofe sa te fè nou chofe, wi, gade ki jan nou te repare tò a!” (2 Kor. 7:10, 11). Lè n fè gwo efò pou n sispann fè peche n te konn fè yo, nou montre Jewova nou pa kè pòpòz e n pa pran mizèrikòd li pou jwèt.

12. Pou yon kretyen kontinye jwenn mizèrikòd nan men Bondye, ki sa l dwe abandone?

12 Ki sa yon kretyen dwe abandone si l vle kontinye jwenn mizèrikòd nan men Bondye? Li dwe pare pou l abandone menm sa ki gen anpil valè pou li si bagay sa a ka fè l tonbe nan peche (Mat. 18:8, 9). Si kèk zanmi ap pouse w fè sa k pa fè Jewova plezi, èske w ap koupe kontak avèk yo? Si w ap fè efò pou w montre w ekilibre nan fason w ap sèvi ak bwason ki gen alkòl, èske w ap evite sitiyasyon ki ka fè w bwè depase limit? Si w ap goumen kont anvi w genyen pou w fè imoralite seksyèl, èske w ap evite kèlkeswa fim, sit Entènèt oswa aktivite ki ka fè move panse vin nan lespri w? Sonje sa, kèlkeswa sakrifis nou fè pou n ret fidèl ak Jewova vo lapenn. Pa gen anyen ki pi mal pase lè w santi Jewova kite w. Anmenmtan tou, pa gen anyen ki bay plis satisfaksyon pase lè w santi w benefisye “lanmou ki fidèl [Li] genyen an [ki] pap janm fini”. — Eza. 54:7, 8.

“VIL SA YO AP SÈVI KÒM REFIJ POU [...] NOU”

13. Esplike rezon ki fè yon moun ki nan mawon te ka santi l delivre, li an sekirite e l ap viv ak kè kontan anndan vil refij la.

13 Yonfwa moun ki nan mawon an te anndan vil refij la, li te santi l delivre. Men sa Jewova te di anrapò ak vil sa yo: “Vil sa yo ap sèvi kòm refij pou [...] nou.” (Joz. 20:2, 3). Jewova pa t pèmèt yo jije yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa de fwa pou menm krim nan, ni l pa t pèmèt moun k ap tire revanj lan antre nan vil refij la pou l al touye moun ki nan mawon an. Konsa, moun ki nan mawon an pa t oblije pè pou yo pa tire revanj sou li. Pandan l anndan vil la, li te santi l delivre e l te an sekirite anba pwoteksyon Jewova. Se pa t nan prizon moun ki t al pran refij la te ye. Nan vil la, li te gen posiblite pou l travay, pou l ede lòt moun e pou l sèvi Jewova nan lapè. Wi, li te posib pou l viv ak kè kontan e pou l gen satisfaksyon nan lavi l!

Ou mèt gen konfyans Jewova ap padone w. (Gade paragraf 14-16.)

14. Ki konfyans yon kretyen ki repanti ka genyen?

14 Gen kèk moun pami pèp Bondye a ki te fè peche grav, men ki vin repanti, ki santi se kòmsi yo nan prizon paske yo santi yo koupab. Yo konn menm panse Jewova ap toujou wè yo kòm moun ki gen tras peche a sou yo. Si w santi w konsa, ou mèt gen asirans lè Jewova padone w, ou ka santi w an sekirite grasa mizèrikòd li fè w! Daniel, nou te pale de li pi wo a, te rann li kont de sa. Men sa l te di apre ansyen yo te fin reprimande l e yo te ede l vin gen yon konsyans ki klè ankò: “M te santi m ka respire ankò. Apre yo te fin rezoud pwoblèm nan jan yo te dwe fè sa, m pa t santi m koupab ankò. Yonfwa peche a fin ale, li ale nèt. Jan Jewova di sa, li retire chay lou nou yo sou zepòl nou, li voye yo jete byen lwen. Nou pap janm rewè yo ankò.” Yonfwa moun ki nan mawon an te anndan vil refij la, li pa t oblije ap siveye moun k ap tire revanj lan ankò. Menm jan an tou, yonfwa Jewova fin padone peche nou yo, nou pa oblije pè pou l pa ap chèche yon rezon pou l retounen sou peche sa a ankò oswa pou l jije n pou li. — Li Sòm 103:8-12.

15, 16. Ki jan wòl Jezi jwe antanke moun ki peye ranson an e antanke Gran Prèt ka fè n vin gen plis konfyans nan mizèrikòd Bondye?

15 Anfèt, nou gen plis rezon lontan pase Izrayelit yo pou n gen konfyans nan mizèrikòd Jewova. Apre Pòl te fin esplike jan se yon mizè pou li lefètke l pa t rive obeyi Jewova yon fason ki pafè, li te di: “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an!” (Wom. 7:25). Vrèmanvre, aktout Pòl t ap lite kont peche e kont move aksyon l te konn fè anvan sa, yon seri bagay li te repanti pou yo, li te gen konfyans Bondye t ap padone l pa mwayen Jezi. Antanke moun ki peye ranson an pou nou, Jezi netwaye konsyans nou e l fè n santi n anpè (Ebre 9:13, 14). Antanke Gran Prèt, “li kapab sove [moun ki pwoche bò kot Bondye grasa li] yo totalman, paske l ap toujou vivan pou l sipliye pou yo”. (Ebre 7:24, 25.) Si wòl gran prèt la te bay Izrayelit yo asirans yo t ap ka jwenn padon pou peche yo, travay Jezi ap fè antanke Gran Prèt nou an ban nou plis asirans toujou “nou ka resevwa mizèrikòd e [...] nou ka jwenn favè san parèy la k ap ede nou nan bon moman”. — Ebre 4:15, 16.

16 Kidonk, pou w pran refij nan Jewova, ou dwe gen lafwa nan sakrifis Jezi a. Ou pa dwe annik rekonèt enpòtans ranson an genyen pou l ede yon pakèt moun. Okontrè, ou dwe gen lafwa yo te bay ranson an pou ou (Gal. 2:20, 21). Ou dwe gen lafwa se sou baz ranson an Bondye ap padone peche w yo. Ou dwe gen lafwa ranson an pèmèt ou gen esperans pou w viv pou toutan. Sakrifis Jezi a se yon kado Jewova ba ou.

17. Poukisa w vle pran refij nan Jewova?

17 Vil refij yo te montre jan Jewova gen mizèrikòd. Grasa dispozisyon sa a, nonsèlman Bondye te montre jan lavi se yon bagay ki sakre, men tou, li te montre jan ansyen yo ede nou, sa sa vle di lè yon moun repanti toutbon ak rezon ki fè n kapab gen yon konfyans total Jewova ap padone nou. Èske w ap pran refij nan Jewova? Pa gen okenn lòt kote w ka santi w pi an sekirite (Sòm 91:1, 2)! Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan vil refij yo ka ede n imite egzanp Jewova bay antanke Sila a ki gen jistis ak mizèrikòd nan nivo ki pi wo a.

^ § 10 Selon sa kèk liv referans juif fè konnen, sanble fanmi pwòch yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa te dwe al jwenn li nan vil refij la.