Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 48

“Fini sa nou te kòmanse a”

“Fini sa nou te kòmanse a”

“Fini sa nou te kòmanse a.” — 2 KOR. 8:11.

KANTIK 35 “Verifye bagay ki pi enpòtan yo”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Jewova kite nou fè?

JEWOVA kite nou chwazi fason pou nou viv. Li anseye nou fason pou nou fè bon chwa e li ede nou reyisi lè nou pran desizyon ki fè l plezi (Sòm 119:173). Plis nou aplike sajès ki nan Pawòl Bondye a, se plis n ap kapab pran bon desizyon. — Ebre 5:14.

2. Ki pwoblèm nou ka ap fè fas apre nou fin pran yon desizyon?

2 Menm lè nou pran yon bon desizyon, nou ka oblije lite pou nou fini sa nou te kòmanse a. Ann pran kèk egzanp: Yon jèn frè deside li tout Bib la. Li byen kòmanse pandan kèk semèn, men apre sa, li kanpe san pa gen yon rezon valab. Yon sè deside pran sèvis pyonye pèmanan, men li kontinye ap rekile dat li ta dwe kòmanse a. Yon gwoup ansyen pran desizyon pou yo fè plis vizit pastoral nan kongregasyon an e yo tout dakò. Men, plizyè mwa pase, yo pa fè anyen. Sitiyasyon sa yo pa menm, men yo sanble. Moun yo te pran desizyon men yo pa t fè sa yo te deside fè a. Nan premye syèk la, kretyen nan vil Korent yo te gen yon pwoblèm konsa. Ann wè sa nou ka aprann nan egzanp yo.

3. Ki desizyon kretyen Korent yo te pran, men, ki sa k te rive?

3 Ozanviwon ane 55 epòk nou an, kretyen nan vil Korent yo te pran yon desizyon enpòtan. Yo te aprann frè yo nan Jerizalèm ak nan Jide te gen anpil pwoblèm e yo te pòv, e te gen lòt kongregasyon ki t ap ranmase lajan pou ede yo. Kretyen nan vil Korent yo te pran rezolisyon pou yo kontribye paske yo te gen bon kè e yo te donan. Yo te mande apot Pòl ki jan yo ta ka bay èd pa yo. Li te voye enstriksyon pou kongregasyon an e li te chwazi Tit pou ede yo ranmase lajan (1 Kor. 16:1; 2 Kor. 8:6). Donk, kèk mwa annapre, apot Pòl te aprann kretyen Korent yo pa t fè sa yo te deside a. Se sa k fè don yo t ap bay la sanble pa t pare nan moman yo te vle voye l Jerizalèm nan ansanm ak kontribisyon lòt kongregasyon yo te bay la. — 2 Kor. 9:4, 5.

4. Jan sa parèt nan 2 Korentyen 8:7, 10, 11, ki sa Pòl te ankouraje moun Korent yo pou yo fè?

4 Kretyen Korent yo te pran yon bon desizyon e Pòl te felisite yo pou lafwa estrawòdinè yo te demontre a ak dezi sensè yo te genyen pou yo montre yo donan. Men, li te oblije ankouraje yo pou yo fini sa yo te kòmanse a. (Li 2 Korentyen 8:7, 10, 11.) Eksperyans yo te fè a fè nou wè menm kretyen ki fidèl ka oblije lite pou yo respekte yon bon desizyon yo pran.

5. Ki kesyon nou pral reponn?

5 Menm jan ak moun Korent yo, nou ka twouve l difisil pou nou respekte desizyon nou pran. Sa k fè sa? Piske nou enpafè, nou ka ap plede di n a gen tan. Oswa, evènman nou pa t prevwa ka fè l enposib pou nou fè yon bagay nou te deside fè (Ekl. 9:11; Wom. 7:18). Ki jan nou ka egzamine yon desizyon nou te pran pou nou wè si nou dwe chanje l? E ki jan nou ka asire nou n ap fini sa nou te kòmanse a?

ANVAN W PRAN YON DESIZYON

6. Ki lè nou ka bezwen fè kèk ajisteman nan yon desizyon n te pran?

6 Gen yon seri desizyon enpòtan nou pap janm chanje. Pa egzanp, nou respekte desizyon nou te pran pou nou sèvi Jewova a, e nou detèmine pou nou ret fidèl ak moun nou marye avè l la (Mat. 16:24; 19:6). Men, gen lòt desizyon ki ka bezwen kèk ajisteman. Poukisa? Paske sitiyasyon yo konn chanje. Ki etap nou dwe suiv pou nou pran pi bon desizyon yo?

7. Pou ki bagay ou ta dwe priye e poukisa?

7 Priye pou w gen sajès. Men sa Jewova te pouse Jak ekri: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun.” (Jak 1:5). Nou tout “manke sajès” nan kèk domèn. Se sa k fè ou bezwen konte sou Jewova ni lè w ap pran yon desizyon ni lè w oblije chanje desizyon w te pran an. Lè sa a, Jewova ap ede w pou w fè bon chwa.

8. Ki rechèch ou dwe fè anvan w pran yon desizyon?

8 Fè bonjan rechèch. Egzamine Pawòl Bondye a, li piblikasyon òganizasyon Jewova a bay, epi pale ak moun ou ka fè konfyans (Pwo. 20:18). Li enpòtan anpil pou w fè rechèch sa yo anvan w pran desizyon pou w chanje travay, pou w demenaje oswa pou w chwazi ki sa w ap aprann pou w ka ede tèt ou pou w kontinye sèvi Jewova.

9. Ki byenfè n ap jwenn si nou onèt ak tèt nou?

9 Egzamine rezon ki fè w vle pran desizyon sa a. Entansyon nou genyen yo enpòtan pou Jewova (Pwo. 16:2). Li vle pou nou onèt nan tout bagay. Donk, lè n ap pran desizyon, entansyon nou se ta dwe pou nou onèt ni ak tèt nou ni ak lòt moun. Si nou pa fin onèt, li ka difisil pou n respekte desizyon nou pran. Pa egzanp, yon jèn frè ka deside vin pyonye pèmanan. Men, apre kèk tan, li ka ap lite pou l reyisi fè kantite lè li dwe bay la e sa ka fè li pa gen kè kontan nan sèvis li. Li ka panse rezon prensipal ki fè li te pran sèvis pyonye se pou l fè Jewova plezi. Men, vrè rezon an gendwa se paske l te vle fè paran l oswa yon lòt moun li apresye plezi.

10. Ki sa k nesesè pou nou fè chanjman?

10 Ann pran egzanp yon etidyan Labib ki deside kite fimen. Toudabò, li lite pou l kenbe pandan yon semèn oswa de, men apre sa, li tonbe fimen ankò. Men, finalman, li reyisi kite fimen! Lanmou l gen pou Jewova ak dezi l genyen pou l fè l plezi ede l kite abitid sa a. — Kol. 1:10; 3:23.

11. Poukisa ou dwe gen objektif ki klè?

11 Se pou w konn sa w vle. Plis ou konn sa w vle, se plis w ap kapab fini sa w te kòmanse a. Pa egzanp, ou ka deside li Labib pi souvan. Men, si w pa gen yon pwogram fiks nan lespri w, ou gendwa pa ka fè sa w te deside a *. Oswa ansyen yo ka deside vizite frè ak sè yo pi souvan nan kad vizit pastoral y ap fè nan kongregasyon an, men apre yon ti tan, yo ka pa kontinye respekte desizyon yo te pran an. Pou yo reyisi, yo ta dwe poze yon seri kesyon tankou: “Èske nou te fè yon lis frè ak sè ki plis bezwen vizit pastoral? Èske nou te fikse yon tan pou nou vizite yo?”

12. Ki sa w ka bezwen fè e poukisa?

12 Se pou w reyalis. Pa gen youn nan nou ki gen tan, posiblite oswa enèji pou n fè tout bagay nou ta renmen fè. Se sa k fè ou dwe reyalis e w dwe rezonab. Lè sa nesesè, ou ka bezwen chanje yon desizyon ou pap ka respekte (Ekl. 3:6). Men, ann sipoze ou te reflechi sou desizyon w lan, ou te fè ajisteman ki nesesè, epi w santi w ka respekte l. Reflechi sou senk etap ki ka ede w fini sa w te kòmanse a.

ETAP OU DWE SUIV POU W RESPEKTE DESIZYON W PRAN

13. Ki jan w ka jwenn fòs ou bezwen pou w fè sa w te deside?

13 Priye pou w jwenn fòs pou w aji. Bondye ka ba w “fòs pou [w] aji” e pou w fè sa w te deside a (Flp. 2:13). Donk, mande Jewova pou l ba w lespri sen k ap pèmèt ou jwenn fòs ou bezwen an. Kontinye priye, menm lè w panse w poko jwenn repons pou priyè w la. Jan Jezi te di sa: “Kontinye mande, y ap ban nou” lespri sen. — Lik 11:9, 13.

14. Ki jan prensip ki nan Pwovèb 21:5 lan ka ede w respekte desizyon w pran?

14 Fè yon plan. (Li Pwovèb 21:5.) Kèlkeswa pwojè w kòmanse, pou w fini l ou bezwen gen yon plan. Apre sa, ou bezwen fè efò pou w respekte plan an. Menm jan an tou, lè w pran yon desizyon, fè yon lis ki gen tout sa w bezwen fè pou w respekte desizyon sa a. Lè w gen yon gwo travay pou w fè, fè l fè plizyè pati. Konsa l ap pi fasil pou w wè sa w fè. Pòl te ankouraje kretyen nan vil Korent yo pou yo mete yon ti bagay apa pou yo bay kòm ofrann. Yo te dwe fè sa “premye jou nan chak semèn” olye yo tann se lè l vini pou y ap eseye ranmase lajan (1 Kor. 16:2). Lè w gen yon gwo travay pou w fè e w fè l fè plizyè pati, sa ap fè w pa santi travay la twòp pou ou.

15. Apre w fin fè yon plan, ki sa w ka fè?

15 Si w ekri sa w planifye fè, l ap pi fasil pou w rive fè l (1 Kor. 14:40). Pa egzanp, yo ankouraje gwoup ansyen yo pou yo chwazi yon ansyen pou l pran nòt sou chak desizyon gwoup ansyen an pran, e yo bezwen deside kiyès k ap fè travay la ak dat yo ta renmen fin fè sa yo te planifye a. Lè ansyen yo suiv enstriksyon sa a, l ap pi fasil pou yo respekte desizyon yo te pran yo (1 Kor. 9:26). Ou ka eseye fè menm bagay la tou nan kèlkeswa sa w ap fè. Pa egzanp, fè yon lis ki gen tout sa w ta renmen fè pandan jounen an, epi ranje yo nan lòd ou ta renmen fè yo a. Sa ka ede w nonsèlman pou w fin fè sa w te kòmanse a, men tou pou w fè plis aktivite nan mwens tan.

16. Ki sa k enpòtan anpil pou n ka respekte desizyon nou pran, e ki jan Women 12:11 soutni ide sa a?

16 Fè efò. Sa mande efò pou w suiv plan w te fè a e pou w fini sa w te kòmanse a. (Li Women 12:11.) Pòl te di Timote pou l “kontinye konsantre” sou sa l ap fè e pou l “pèsevere” pou l ka vin yon pi bon anseyan. Nou ka suiv konsèy sa a tou pou kèlkeswa sa nou ta renmen fè pou Jewova. — 1 Tim. 4:13, 16.

17. Ki jan Efezyen 5:15, 16 ka ede w rive fè sa w te deside yo?

17 Byen sèvi ak tan w. (Li Efezyen 5:15, 16.) Chwazi yon tan pou w fè sa w deside a epi respekte l. Pa ret ap tann se lè tout bagay anfòm pou w kòmanse. Petèt, moman sa a pap janm rive (Ekl. 11:4). Veye pou w pa kite bagay ki gen mwens enpòtans yo pran tan w ak enèji w bezwen pou w fè bagay ki pi enpòtan yo (Flp. 1:10). Si sa posib, chwazi pou w fè sa w planifye a nan yon lè lòt moun pap deranje w. Fè lòt moun konnen ou bezwen tan pou w konsantre. Petèt ou ka bezwen fèmen telefòn ou epi w ka verifye imel ou oswa enfòmasyon ki sou rezo sosyal yo annapre *.

18-19. Ki sa k ka anpeche w vag sou yon bon desizyon w te pran, menmsi w jwenn obstak?

18 Reflechi ak bon rezilta w ap jwenn. Rezilta desizyon w pran yo tankou lè w ap vwayaje epi w rive kote w prale a. Si w vrèman vle rive kote sa a, w ap kontinye vwayaj la menmsi wout w ap pase a bloke e w oblije pase nan yon lòt wout. Menm jan an tou, si nou reflechi ak bon rezilta n ap jwenn grasa desizyon nou pran an, nou pap kouri bay vag lè nou jwenn obstak oswa difikilte. — Gal. 6:9.

19 Pran bon desizyon pa fasil, e respekte yo ka difisil. Men, grasa èd Jewova, nou ka gen sajès ak fòs nou bezwen pou nou fini sa nou te kòmanse a.

KANTIK 65 Kontinye pwogrese!

^ § 5 Èske w regrèt kèk desizyon w te pran? Oswa èske pafwa ou konn ap lite pou w pran bon desizyon e pou w respekte yo? Atik sa a ap ede w wè ki jan w ka fè fas ak pwoblèm sa yo e pou w fini sa w kòmanse.

^ § 11 Ou ka sèvi ak “Pwogram lekti Labib” ki sou jw.org® la pou w ka li Bib la.

^ § 17 Pou w ka jwenn plis konsèy sou fason pou w jere tan w, gade atik “20 façons de libérer du temps” ki te parèt nan Reveye n! avril 2010.